Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byen fè travay ou antanke moun k ap evanjelize

Byen fè travay ou antanke moun k ap evanjelize

“Travay antanke moun k ap evanjelize, akonpli sèvis ou nèt.” — 2 TIM. 4:5.

1. Sa k fè nou ka di se Jewova ki premye e ki pi gran Evanjelizatè ki egziste?

YON moun k ap evanjelize se yon moun k ap anonse bon nouvèl. Jewova Dye se premye Evanjelizatè ki egziste e se li ki pi gran Evanjelizatè a. Tousuit apre rebelyon premye paran nou yo, Jewova te anonse yon bon nouvèl: Sèpan an, anpalan de Satan Ledyab, gen pou l detwi (Jen. 3:15). Pandan plizyè syèk, Jewova te enspire kèk gason fidèl pou yo ekri kèk detay sou fason non l pral lave, fason dega Satan lakòz yo ap rive repare ak fason lèzòm kapab jwenn opòtinite Adan ak Èv te pèdi yo.

2. a) Ki wòl zanj yo jwe anrapò ak travay evanjelize a? b) Ki egzanp Jezi kite pou moun k ap evanjelize yo?

2 Zanj yo tou se evanjelizatè. Yo anonse bon nouvèl la, e yo ede lòt moun simaye l tou (Lik 1:19; 2:10; Tra. 8:26, 27, 35; Rev. 14:6). Ki sa nou ka di konsènan Mikayèl, akanj lan? Pandan zanj sa a te sou tè a, li te pote non Jezi e l te kite yon egzanp pou moun k ap evanjelize yo. Sa k te pi enpòtan nan lavi Jezi se te simaye bon nouvèl la. — Lik 4:16-21.

3. a) Ki bon nouvèl n ap simaye? b) Antanke moun k ap evanjelize, ki kesyon ki dwe enterese nou?

3 Jezi te bay disip li yo lòd pou yo evanjelize (Mat. 28:19, 20; Tra. 1:8). Men ki konsèy apot Pòl te bay Timote, konpayon travay li: “Travay antanke moun k ap evanjelize, akonpli sèvis ou nèt.” (2 Tim. 4:5). Antanke disip Jezi, ki bon nouvèl n ap simaye? Bon nouvèl sa a gen ladan l verite rekonfòtan sa a ki se: Jewova, Papa nou ki nan syèl la, renmen nou (Jan 3:16; 1 Pyè 5:7). Wayòm nan se youn nan pi gwo mwayen Jewova demontre lanmou li. Se sa k fè, nou kontan fè konnen tout moun ki soumèt anba dominasyon Wayòm nan, ki obeyi Bondye, e ki fè sa ki jis kapab vin zanmi Jewova (Sòm 15:1, 2). An reyalite,  objektif Jewova se elimine tout bagay k ap fè n soufri san rezon. Li pral elimine tout move souvni nou genyen ki lakòz n ap soufri tou. Ala yon bon nouvèl sa ye (Iza. 65:17)! Antanke moun k ap evanjelize, ann egzamine de kesyon enpòtan: Poukisa li enpòtan pou moun tande bon nouvèl la jodi a? Ki fason nou ka byen fè travay nou antanke moun k ap evanjelize?

POUKISA MOUN YO BEZWEN TANDE BON NOUVÈL LA?

Kesyon ki efikas yo ede moun yo dekouvri rezon ki fè yo gen kwayans sa yo.

4. Ki bagay konsa kèk moun konn di sou Bondye men ki pa verite?

4 Imajine yo ta di w papa w abandone ni ou menm ni fanmi w. Ann sipoze moun ki pretann yo konnen papa w yo di li se yon moun ki pa pran kontak ak moun, ki pa renmen di sa l santi e ki mechan anpil. Gen kèk moun ki gendwa menm vle fè w konprann ou pa menm bezwen eseye pran kontak ak papa w paske l mouri. Anfèt, yo fè anpil moun konprann se konsa Bondye ye. Yo anseye yo Bondye se yon mistè, moun pa ka rive konnen l oswa li mechan anpil. Pa egzanp, gen kèk chèf relijye ki fè konnen Bondye pral pini mechan yo yon kote y ap toumante pou toutan. Gen lòt menm ki fè konnen se Bondye ki lakòz soufrans katastwòf natirèl yo pote. Byenke ni moun ki bon ni moun ki mechan konn mouri nan katastwòf sa yo, lè sa rive, yo fè konnen se Bondye k ap pini moun.

Kesyon ki efikas yo ouvri lespri yo ak kè yo pou yo aksepte verite a.

5, 6. Ki efè teyori evolisyon an ak fo doktrin yo gen sou moun yo?

5 Gen lòt moun ki fè konnen Bondye pa egziste. Nan sans sa a, ann konsidere teyori evolisyon an. Anpil moun k ap defann teyori sa a fè konnen lavi parèt pa aza e pa gen okenn moun entèlijan ki te kreye l. Gen lòt menm ki fè konnen moun se yon lòt kalite bèt, e konsa, sa pa ta dwe fè n sezi lè n wè moun aji tankou bèt. Yo fè konnen moun ki gen anpil fòs k ap toupizi moun ki pi piti yo, se sèlman suiv y ap suiv swadizan lwa natirèl yo. Se sa k fè, nou pa etone dèske anpil moun panse ap toujou gen enjistis. Kidonk, moun ki kwè nan evolisyon yo pa gen okenn vrè esperans.

6 Pa gen dout nan sa, teyori evolisyon an ak fo doktrin yo jwe yon gwo wòl nan soufrans lèzòm ap sibi nan dènye jou yo (Wom. 1:28-31; 2 Tim. 3:1-5). Ansèyman sa yo ki soti nan lèzòm pa pot okenn bon nouvèl k ap dire vre. Okontrè, jan apot Pòl montre sa, yo ‘lakòz lespri moun yo nan fènwa e yo fè yo vin lwen lavi ki soti nan Bondye a’. (Efe. 4:17-19.) Anplis de sa, teyori evolisyon an ansanm ak fo doktrin anpeche moun aksepte bon nouvèl ki soti nan Bondye a. — Li Efezyen 2:11-13.

Kesyon ki efikas yo ede yo rezone yon fason pou yo ka rive jwenn bon konklizyon yo.

7, 8. Ki sèl fason yon moun kapab byen konprann bon nouvèl la?

7 Toudabò, pou lèzòm rive rekonsilye ak Bondye, yo bezwen kwè l egziste toutbon e gen bonjan rezon pou yo pwoche bò kote l. Nou kapab ede yo konprann sa lè n ankouraje yo egzamine kreyasyon an. Lè yon moun egzamine kreyasyon an ak yon bon etadespri, l ap aprann konnen sajès ak pisans Bondye (Wom. 1:19, 20). Nan efò n ap fè pou n ede moun yo vin gen lakrentif pou Bondye, nou ka sèvi ak bwochi La vie a-t-elle été créée? a ansanm ak bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a, pou n ede yo reflechi sou sa Gran Kreyatè nou an akonpli. Menm la a ankò, si se kreyasyon an sèlman yon moun ap egzamine, li pap jwenn repons pou kèk kesyon ki pi enpòtan nan lavi a tankou: Poukisa Bondye pèmèt soufrans? Ki objektif Bondye gen pou tè a? Èske Bondye gen sousi pou chak moun?

 8 Sèl fason yon moun ka byen konprann bon nouvèl Bondye a ak objektif li se lè l etidye Labib. Se pa ti privilèj nou genyen dèske n kapab ede moun yo jwenn repons pou kesyon yo genyen yo! Men, pou n rive touche kè moun k ap koute n yo, nou bezwen fè plis pase bay yo enfòmasyon, nou dwe konvenk yo (2 Tim. 3:14). Lè n suiv egzanp Jezi, n ap kapab pale ak plis konviksyon. Sa k fè Jezi te jwenn bon rezilta konsa? Youn nan rezon yo sèke li te konn byen sèvi ak kesyon. Ki jan nou ka imite l?

MOUN K AP EVANJELIZE KI JWENN BON REZILTA YO SÈVI AK KESYON KI EFIKAS

9. Ki sa n dwe fè lè n ap ede moun yo nan domèn espirityèl?

9 Poukisa n dwe sèvi ak kesyon nan travay n ap fè antanke moun k ap evanjelize a menm jan Jezi te konn fè sa? Ann pran yon egzanp. Imajine doktè w fè w konnen li gen yon bon nouvèl pou ou. Li di w li ka geri maladi w la akondisyon ou aksepte fè yon gwo operasyon. Ou ta gendwa kwè l. Men, e si l ta fè w pwomès sa a san l pa menm poze w okenn kesyon sou sante w? Lè sa a, ou ta gendwa pa kwè l. Menmsi doktè a gen anpil eksperyans, li dwe poze w kesyon epi koute sa w ap di anvan l ba w kèlkeswa èd la. Menm jan an tou, pou n ede moun yo aksepte bon nouvèl Wayòm nan, nou dwe vin maton nan poze kesyon ki efikas. Se sèlman lè n fin byen konnen sitiyasyon yo nan domèn espirityèl n ap kapab ede yo.

Pou n touche kè moun k ap koute n yo, nou dwe konvenk yo.

10, 11. Lè n imite fason Jezi te konn anseye, ki sa n ap kapab fè?

10 Jezi te konnen lè yon anseyan byen chwazi kesyon l yo nonsèlman sa ede l konnen etidyan an, men tou, etidyan an santi l enplike nan konvèsasyon an. Pa egzanp, lè Jezi te vle anseye disip li yo yon leson sou imilite, toudabò, li te poze yo yon kesyon ki te fè yo reflechi (Mak 9:33). Pou Jezi te montre Pyè fason pou l rezone sou prensip yo, li te poze Pyè yon kesyon ki te ba l opòtinite pou l bay plizyè repons (Mat. 17:24-26). Nan yon lòt okazyon, pou Jezi te konnen sa k nan kè disip li yo, li te poze yo yon bann kesyon ki te fè yo bay opinyon yo. (Li Matye 16:13-17.) Lefètke Jezi te konn sèvi ak kesyon e l te konn bay esplikasyon, li te fè plis pase annik bay kèk enfòmasyon. Li te touche kè moun yo, li te ankouraje yo pou yo aji ann amoni ak bon nouvèl la.

11 Lè n imite fason Jezi te konn byen sèvi ak kesyon, n ap rive fè omwen twa bagay. N ap wè pi bon fason pou n ede moun yo, n ap devanse objeksyon yo, e n ap ede moun ki gen imilite yo wè fason sa ap pwofitab pou yo. Ann konsidere twa egzanp k ap montre n fason pou n byen sèvi ak kesyon.

12-14. Ki jan w kapab ede yon timoun gen plis asirans lè l ap pataje bon nouvèl la? Bay yon egzanp.

12 Egzanp 1: Antanke paran, ki sa w t ap fè si pitit ou ki adolesan ta fè w konnen li gen difikilte pou l defann kwayans li konsènan kreyasyon an lè l ap pale ak yon kondisip li? Sandout, w ap anvi ede l gen asirans lè l ap pataje bon nouvèl la. Kidonk, olye w kritike l oswa w kouri ba l konsèy, poukisa w pa imite egzanp Jezi lè w poze l kèk kesyon pou w fè l bay opinyon l? Ki jan w ap rive fè sa?

13 Apre w fin li kèk pati nan bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a ak pitit ou a, ou ka mande l ki prèv  li jwenn ki kapab fè moun reflechi pi plis? Ankouraje l pou l chèche konnen rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè e poukisa li vle fè volonte Bondye (Wom. 12:2). Fè pitit ou konnen li pa oblije gen egzakteman menm rezon avè w.

14 Esplike pitit ou a lè l ap pale ak yon kondisip li, li ka fè menm jan w sot fè a. Sa vle di, li kapab egzamine kèk enfòmasyon ak moun nan epi poze l kèk kesyon pou l fè l bay opinyon l. Pa egzanp, li ka mande yon kondisip li pou l li kare ki nan paj 21 bwochi Origine de la vie a. Apre sa, pitit ou a kapab mande l: “Èske se vre kapasite ADN nan genyen pou l stoke enfòmasyon pa gen parèy menm nan epòk nou an kote enfòmatik fin gaye nèt?” Petèt kondisip la ap reponn wi. Annapre, pitit ou a kapab mande l: “Si enfòmatisyen yo pa ka rive fè sa, kòman yon bagay ki pa gen okenn entèlijans ditou ta ka rive fè sa poukont li?” Ou kapab fè kèk seyans pratik ak pitit ou a regilyèman yon fason pou l ka vin pi alèz lè l ap pale ak lòt moun konsènan lafwa l. Si w fòme pitit ou pou l sèvi ak kesyon ki efikas, w ap ede l byen fè travay li antanke moun k ap evanjelize.

15. Ki fason n ka sèvi ak kesyon yo nan efò n ap fè pou n ede yon moun ki ate?

15 Egzanp 2: Nan travay predikasyon an, nou konn rankontre moun ki pa kwè Bondye egziste. Pa egzanp, yon moun gendwa di n li se yon ate. Olye pou n kite pawòl sa a fè n kanpe konvèsasyon an, avèk respè, nou te kapab mande l depi konbyen tan li ate e ki sa k te pouse l adopte pwennvi sa a. Apre n fin koute repons li e n felisite l dèske li bay sijè sa a anpil enpòtans, nou kapab mande l èske l panse sa t ap mal si l ta li piblikasyon ki bay prèv se kreye lavi te kreye. Si se yon moun ki konn koute opinyon ak sijesyon lòt moun bay, petèt li  te kapab di sa pa t ap rezonab pou yon moun ta refize wè yon prèv konsa. Lè sa a, nou ka ofri l swa bwochi La vie a-t-elle été créée? a oswa Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a. Yon kesyon nou poze avèk tak e nou reponn avèk respè tankou yon kle ki ouvri kè moun pou yo aksepte bon nouvèl la.

16. Poukisa nou pa dwe kite yon etidyan Labib senpleman li repons ki nan piblikasyon n ap fè etid la?

16 Egzanp 3: Lè n ap kondui yon etid biblik, etidyan an gendwa senpleman repete repons ki tou enprime nan piblikasyon n ap fè etid la. Sepandan, si nou fè l konsa, n ap anpeche etidyan an pwogrese nan domèn espirityèl. Sa k fè sa? Se paske lè yon etidyan repete repons yo san l pa medite sou yo, sa ka fè l pa vin anrasinen nan domèn espirityèl. Li kapab fasil pou l vin seche tankou yon plant lè l jwenn gwo chalè opozisyon (Mat. 13:20, 21). Pou n ede etidyan an pou l pa tonbe nan malè sa a, nou bezwen mande l kòman l santi l parapò ak sa l ap aprann yo. Chèche wè si l dakò ak sa l ap aprann yo. Sa k pi enpòtan an, mande l rezon ki fè l dakò oswa li pa dakò. Apre sa, ede l rezone sou Ekriti yo yon fason pou l ka rive jwenn bon konklizyon an poukont li (Ebre 5:14). Si nou byen sèvi ak kesyon yo, petèt, moun n ap anseye yo ap pi byen anrasinen nan lafwa e y ap ka reziste kont efò moun ki opoze ak yo oswa ki vle twonpe yo ap fè (Kol. 2:6-8). Ki lòt bagay nou ka fè pou n byen fè travay nou antanke moun k ap evanjelize?

MOUN K AP EVANJELIZE KI JWENN BON REZILTA YO EDE YOUN LÒT

17, 18. Lè w akonpaye yon moun nan travay predikasyon an, ki jan nou ka travay ann ekip?

17 Jezi te voye disip li yo al preche de pa de (Mak 6:7; Lik 10:1). Annapre, apot Pòl te pale de “konpayon travay” li ki te “lite kòtakòt avèk [li] pou bon nouvèl la”. (Fil. 4:3.) Ann amoni ak egzanp sa yo nou jwenn nan Bib la, nan ane 1953, pwoklamatè Wayòm nan te kòmanse ak yon pwogram pou bay lòt moun fòmasyon nan travay predikasyon an.

18 Lè w akonpaye yon lòt kretyen nan travay predikasyon an, ki jan nou ka travay ann ekip? (Li 1 Korentyen 3:6-9.) Chèche vèsè patnè w la ap itilize a nan Bib ou. Lè patnè w la oswa moun nou rankontre a ap pale, konsantre w sou sa yo chak ap di. Byen suiv konvèsasyon an pou sizoka patnè w la ta bezwen èd pou l fè fas ak yon objeksyon (Ekl. 4:12). Sepandan, men yon prekosyon w dwe pran: Fè tout sa w kapab pou w pa entèwonp patnè w la lè l ap fè yon rezònman ki efikas. Sinon, ou ka dekouraje l oswa w ka lage moun nou rankontre a nan konfizyon. Pafwa, li kapab apwopriye pou w patisipe nan konvèsasyon an. Men, si w chwazi di yon bagay, fè sèlman youn oubyen de kòmantè ki brèf. Apre sa, kite patnè w la kontinye dirije konvèsasyon an.

19. Ki sa l ap bon pou n sonje, e poukisa?

19 Ki jan ou menm ak patnè w ka ede youn lòt pandan n ap sot nan yon kay pou n al nan yon lòt kay? Poukisa nou pa sèvi ak tan sa a pou n pale sou fason nou ta ka amelyore prezantasyon nou yo? Fè atansyon pou w pa fè kòmantè ki dekourajan sou moun k ap viv nan tèritwa a. Menm jan an tou, evite tonbe nan pyèj pou n ap pale evanjelizatè parèy nou yo mal san rete (Pwo. 18:24). L ap bon pou n sonje nou se veso ki fèt an tè. Jewova demontre bonte li pou nou yon fason estrawòdinè lè l konfye nou travay predikasyon bon nouvèl la ki se yon trezò. (Li 2 Korentyen 4:1, 7.) Kidonk, annou tout montre n apresye trezò sa a lè n fè tout sa n kapab pou n byen fè travay nou antanke moun k ap evanjelize!