Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske n ‘zele pou n fè bèl travay’?

Èske n ‘zele pou n fè bèl travay’?

“Kris Jezi [...] te bay tèt li pou nou [...] pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay.” — TIT 2:13, 14.

1, 2. Ki onè san parèy Temwen Jewova yo genyen, e ki jan w santi w dèske yo fè w onè sa a?

GEN anpil moun ki konsidere se yon gwo onè sa ye pou yo rekonpanse yo pou yon bagay enpòtan yo reyalize. Pa egzanp, gen kèk moun ki te resevwa yon pri Nobèl pou aksyon ki mande kouraj yo te fè pou etabli lapè ant de gwoup ki nan kont. Sepandan, onè yon moun genyen pou l sèvi antanke anbasadè Bondye oswa pou l ede lòt moun vin gen relasyon pezib ak Kreyatè yo a, se yon onè ki san parèy!

2 Antanke Temwen Jewova, nou gen onè san parèy sa a. Anba direksyon Bondye ak Kris, n ap sipliye moun yo pou yo “vin rekonsilye ak Bondye”. (2 Kor. 5:20.) Jewova sèvi avè n pou l atire moun vin jwenn li. Se fason sa a plizyè milyon moun nan plis pase 235 peyi te jwenn èd pou yo vin gen yon bon relasyon ak Bondye, e konsa, yo vin gen espwa pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an (Tit 2:11). Nou zele pou n envite kèlkeswa “moun ki vle [pou yo vin] pran dlo lavi a gratis” e nou fè sa ak tout kè n (Rev. 22:17). Etandone nou cheri privilèj sa a ki gen anpil valè e nou byen ranpli responsablite nou, se avèk bonjan rezon nou kapab di nou se yon pèp “ki zele pou l fè bèl travay”. (Tit 2:14.) Kounye a, ann egzamine kòman lè n zele pou n fè bèl travay sa ede nou atire moun vin jwenn Jewova. Youn nan fason nou fè sa se pa mwayen travay predikasyon an.

IMITE ZÈL JEWOVA AK JEZI

3. Ki asirans “zèl Jewova” ban nou?

3 Men sa nou li nan Izayi 9:7 (NW) konsènan sa dominasyon Pitit Bondye a pral fè: “Se zèl Jewova Chèf lame yo menm k ap fè sa.” Pawòl sa yo montre jan Papa nou ki nan syèl la kontinye ap travay pou l sove limanite. Egzanp Jewova bay antanke moun ki zele montre byen klè nou dwe fè travay li ban n fè antanke pwoklamatè Wayòm nan ak tout kè n e nou dwe zele ladan l. Lè n chofe pou n ede moun yo vin konnen Bondye, se yon fason nou imite zèl Jewova. Kidonk, antanke konpayon  travay Bondye, èske n detèmine pou n patisipe pi plis toujou nan pwoklame bon nouvèl la selon sitiyasyon nou? — 1 Kor. 3:9.

4. Ki jan Jezi te bay egzanp antanke moun ki te pèsevere avèk zèl nan travay predikasyon an?

4 Ann pale konsènan zèl Jezi te demontre a tou. Antanke moun ki te pèsevere avèk zèl nan travay predikasyon an, li kite yon egzanp pafè nan sans sa a. Malgre l te jwenn gwo opozisyon, li te kenbe zèl li genyen pou travay predikasyon an jiskaske l te fini lavi l sou tè a yon fason terib (Jan 18:36, 37). Lè moman pou Jezi te bay lavi l kòm sakrifis la t ap pwoche pi pre, detèminasyon l te genyen pou l ede lòt moun vin konnen Jewova a te vin pi plis.

5. Ki jan Jezi te aji ann amoni ak egzanp li te bay konsènan pye fig frans lan?

5 Pa egzanp, ann otòn ane 32 epòk nou an, Jezi te bay yon egzanp konsènan yon moun ki te gen yon pye fig frans, nan yon jaden rezen l te genyen, ki pa t bay fwi pandan twazan. Apre mèt jaden an te fin di mesye ki t ap travay nan jaden rezen an pou l koupe pye fig frans lan, mesye a te mande l yon ti tan pou l fè pye fig la bay fwi. (Li Lik 13:6-9.) Lè sa a, se sèlman kèk disip travay predikasyon Jezi a te bay kòm fwi. Men, jan sa parèt nan egzanp lan, li te sèvi ak ti tan li te rete a, anviwon sis mwa, pou l te ogmante aktivite predikasyon l lan nan Jide ak nan Pere. Kèk jou anvan Jezi mouri, li te kriye pou konpatriyòt li yo dèske yo ‘te tande e yo pa t reyaji’. — Mat. 13:15; Lik 19:41.

6. Poukisa nou dwe ogmante aktivite nou nan travay predikasyon an?

6 Lè n konsidere jan nou fon nan tan lafen an, èske l pa enpòtan pou n ogmante efò n ap fè nan travay predikasyon an plis toujou? (Li Dànyèl 2:41-45.) Ala yon bèl privilèj nou genyen dèske n se Temwen Jewova! Nou se sèl pèp sou tè a k ap bay moun espwa konsènan vrè solisyon pwoblèm limanite. Sa pa gen twò lontan, gen yon jounalis ki te fè konnen kesyon “Poukisa move bagay rive bon moun?” nan, se yon kesyon ki pa gen repons. Antanke kretyen, nou gen responsablite ak privilèj pou n pataje repons Bib la bay pou kèk kesyon konsa ak moun ki dispoze koute yo. Nou gen bonjan rezon pou n santi “lespri a chofe nou” toutpandan n ap akonpli travay Bondye ban nou fè a (Wom. 12:11). Antanke moun k ap evanjelize, grasa benediksyon Jewova, zèl nou ka ede lòt moun vin konnen Jewova epi renmen l.

LÈ N DEMONTRE LESPRI SAKRIFIS SA ONORE JEWOVA

7, 8. Ki jan lè n demontre lespri sakrifis sa onore Jewova?

7 Eksperyans apot Pòl te fè yo montre, nou ka “pase nuit blanch” e nou ka pase kèk moman “san manje” akoz travay predikasyon an (2 Kor. 6:5). Ekspresyon sa yo montre byen klè ki sa espri sakrifis ye, e yo ka fè n sonje kèk pyonye ki met travay predikasyon an an premye nan lavi yo toutpandan y ap pran swen tèt yo nan domèn ekonomik. Nou ka di menm bagay la tou konsènan misyonè yo ki devwe e ki ‘vide tèt yo tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann sou sakrifis’ pou yo sèvi nan peyi etranje (Fil. 2:17). Ki sa n ka di menm konsènan ansyen yo k ap travay di, ki rete san manje oswa ki pa dòmi pou pran swen mouton Jewova yo? Gen moun aje yo ak moun ki pa an sante yo tou ki fè tout sa yo kapab pou yo asiste reyinyon yo e pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Se pa ti kontan kè n kontan lè n ap reflechi ak tout sakrifis sa yo sèvitè Bondye yo fè. Efò sa yo gen efè sou fason lòt moun wè travay predikasyon an.

8 Men sa yon moun ki pa Temwen te di nan yon lèt li te ekri yon jounal ki rele Boston Target, ki nan Lincolnshire, nan Wayòm Ini: “Moun yo ap pèdi lafwa yo gen nan relijyon yo [...] Ki sa chèf legliz yo ap fè tout lajounen? Sa k sèten, yo pa deplase al rankontre moun yo jan Jezi te konn fè sa [...] Sèl relijyon ki sanble gen sousi toutbon pou moun se Temwen Jewova yo, piske yo  deplase al rankontre moun yo epi se yo menm ki preche laverite toutbon.” Lè n demontre lespri sakrifis nan monn sa a kote moun yo wè tèt yo sèlman, sa kontribye anpil pou onore Jewova Dye. — Wom. 12:1.

Lefètke nou la nan travay predikasyon an, sa bay moun k ap gade yo yon temwayaj pisan.

9. Ki sa k kapab pouse n rete zele nan fè bèl travay nan ministè a?

9 Men, ki sa n ka fè si n remake n ap pèdi zèl nou nan travay predikasyon an? L ap bon pou n reflechi sou sa Jewova ap akonpli pa mwayen travay sa a. (Li Women 10:13-15.) Pou yon moun sove, li dwe envoke non Jewova ak lafwa, men, moun yo pap ka fè sa si nou pa preche yo. Lè n reflechi sou sa, sa ap ankouraje n pou n rete zele nan fè bèl travay epi pwoklame bon nouvèl Wayòm nan avèk kouraj.

BON KONDUIT NOU ATIRE MOUN VIN JWENN BONDYE

Lè nou onèt epi nou travay di, sa pa pase inapèsi.

10. Ki sa k fè n ka di bon konduit nou atire moun vin jwenn Jewova?

10 Byenke li enpòtan pou n zele nan travay predikasyon an, sa sèlman pap sifi pou n atire moun yo vin jwenn Bondye. Dezyèm bagay ki atire moun vin jwenn Bondye grasa zèl nou nan travay n ap fè a se bon konduit nou. Pòl te montre enpòtans konduit nou genyen lè l te di: “Nan okenn fason, nou pap bay okenn okazyon pou moun bite, pou yo pa kritike sèvis nou an.” (2 Kor. 6:3). Bon pawòl nou di ansanm ak bon konduit nou fè ansèyman Bondye a vin pi bèl, e yo atire lòt moun vin nan adorasyon Jewova a (Tit 2:10). Anfèt, byen souvan, nou tande bon rezilta sa bay lè moun ki gen kè sensè yo remake konduit nou antanke kretyen.

11. Poukisa nou ta dwe egzamine efè konduit nou genyen nan lapriyè?

11 Byenke nou rekonèt aksyon nou ka pouse moun fè sa k byen, men, li posib tou pou yo gen move efè sou moun. Se sa k fè, kit se nan travay nou, lakay nou oswa nan lekòl nou, nou pa dwe bay pèsonn okenn okazyon pou yo kritike konduit nou ak travay predikasyon an. Si n ap  pratike peche volontèman, konsekans yo ap grav pou nou (Ebre 10:26, 27). Pawòl sa yo ta dwe pouse n priye Jewova pou n egzamine konpòtman nou ak efè konduit nou gen sou lòt moun. Toutpandan prensip moral ki nan monn nan ap fin depafini, moun ki sensè yo ap byen “wè diferans [...] ant moun k’ap sèvi Bondye ak moun ki p’ap sèvi l”. (Mal. 3:18.) Vrèmanvre, bon konduit nou antanke kretyen jwe yon wòl enpòtan nan ede moun vin rekonsilye ak Bondye.

12-14. Ki jan fason nou andire lè lafwa nou ap pase anba eprèv gen efè sou fason lòt moun konsidere travay predikasyon nou an? Bay yon egzanp.

12 Nan lèt Pòl te ekri kretyen Korent yo, li te fè konnen li te jwenn tribilasyon, difikilte, yo te bat li e yo te mete l nan prizon. (Li 2 Korentyen 6:4, 5.) Lè lafwa nou ap fè fas ak eprèv, andirans nou demontre ka ede moun k ap gade yo vin aksepte laverite. Pa egzanp, sa gen kèk ane, gen moun ki te eseye elimine tout Temwen Jewova ki t ap viv nan yon zòn nan peyi Angola. Yo te mare de Temwen ki batize ansanm ak 30 moun ki enterese ak Pawòl Bondye a pandan yo t ap asiste reyinyon. Apre sa, moun nan zòn nan te rasanble pou gade opozan yo k ap bat inosan sa yo jiskaske yo met san yo deyò. Menm medam yo ak timoun yo pa t epaye anba mechanste sa a. Opozan yo te gen entansyon entimide moun nan zòn nan pou pèsonn pa koute Temwen Jewova yo. Men, apre yo te fin bat frè ak sè nou yo devan tout moun, plizyè moun nan zòn nan te vin kot Temwen yo e yo te mande yo pou etidye Labib avèk yo lakay yo. Annapre, travay predikasyon Wayòm nan te kontinye vanse, e sa te fè vin gen anpil benediksyon ak anpil moun ki aksepte laverite.

13 Egzanp sa a montre, lè n pran pozisyon fèm pou prensip ki nan Bib la sa ka gen gwo efè sou lòt moun. Nou gendwa ap mande ki kantite moun ki te vin rekonsilye ak Bondye akoz kouraj Pyè ak lòt apot yo te demontre (Tra. 5:17-29). Nan ka pa nou, elèv parèy nou, kòlèg travay nou oswa moun nan fanmi nou gendwa byen reyaji lè yo wè jan n kenbe fèm nan fè sa ki dwat.

14 Kèk nan frè nou yo ka sibi pèsekisyon nenpòt ki lè. Pa egzanp, nan peyi Ameni, gen anviwon 40 frè ki nan prizon akoz netralite yo, e petèt, gen plizyè douzèn lòt ankò ki gen pou y al nan prizon nan mwa k ap vin yo. Nan peyi Eritre, gen 55 sèvitè Jewova yo met nan prizon, e kèk ladan yo gen plis pase 60 an. Nan peyi Kore disid, gen anviwon 700 Temwen yo met nan prizon akoz lafwa yo. Sitiyasyon sa a egziste nan peyi sa a depi 60 an. Ann priye pou fidelite frè nou yo, k ap fè fas ak pèsekisyon nan plizyè peyi, fè moun bay Bondye glwa, e pou l ede moun ki renmen sa ki dwat yo pran pozisyon pou vrè adorasyon an. — Sòm 76:8-10.

15. Bay yon egzanp ki montre, lè n montre nou se moun ki onèt nan fason n ap viv, sa kapab atire lòt moun vin nan laverite.

15 Lè n montre nou onèt nan fason n ap viv, sa kapab atire moun vin nan laverite tou. (Li 2 Korentyen 6:4, 7.) Pa egzanp: Pandan yon sè t ap met lajan nan yon machin pou l achte tikè pou bis, gen yon zanmi l ki te di l li pa oblije peye yon tikè pou yon trajè ki kout konsa. Sè a te fè l konnen li nòmal pou l peye pou plas li a menmsi bis la pral kanpe pi devan. Apre sa, zanmi l lan te desann bis la. Lè sa a, chofè a vire gade sè a epi l di l: “Èske w se yon Temwen Jewova?” Sè a reponn li: “Wi. Ki sa k fè w poze m kesyon sa a?” Mesye a te reponn: “Mwen te tande sa w te di konsènan tikè yo, e m konnen Temwen Jewova yo fè pati ti gwoup moun ki konpòte yo konsa e ki montre yo se moun ki onèt nan tout bagay.” Kèk mwa annapre, pandan sè a te nan reyinyon, gen yon mesye ki te pwoche kote l epi l mande l: “Ou konn kiyès  mwen ye? Mwen se chofè ki te pale avè w konsène tikè yo. Lè m te wè fason w te konpòte w, mwen te deside etidye Labib ak Temwen Jewova yo.” Lè moun yo konnen nou kòm moun ki onèt, y ap fè n konfyans antanke minis bon nouvèl la.

KONTINYE DEMONTRE NOU GEN KALITE KI ONORE BONDYE

16. Ki sa k fè kalite tankou pasyans, lanmou ak bonte se kalite ki touche kè moun? Bay yon egzanp.

16 Lè n demontre nou gen kalite tankou pasyans, lanmou ak bonte, sa jwe yon wòl tou nan atire moun vin jwenn Jewova. Kèk moun k ap gade gendwa anvi konn kèk bagay konsènan Jewova, objektif li ansanm ak pèp li a. Gen yon gwo diferans ant atitid vrè kretyen yo, fason yo konpòte yo ak yon senp demonstrasyon yon moun fè pou l montre l gen atachman pou Bondye, byen souvan ki se yon estrateji ipokrit. Gen kèk chèf relijye ki vin rich lefètke y ap vòlè lajan brebi yo, e yo sèvi ak pifò lajan sa yo pou achte kay ak machin ki chè anpil. Gen youn ki te menm achte yon kaj klimatize pou chen l. Vrèmanvre, anpil moun ki di yo se disip Kris pa gen okenn anvi pou yo ‘bay gratis’. (Mat. 10:8.) Olye de sa, menm jan ak prèt rebèl nan Izrayèl tan lontan yo, moun sa yo “esplike lalwa a pou lajan”, e pifò nan sa y ap anseye yo pa soti nan Bib la (Mi. 3:11). Kalite konduit ipokrit sa a pap fè okenn moun rekonsilye ak Bondye.

17, 18. a) Lè n imite kalite Jewova yo, ki jan sa onore Jewova? b) Ki sa k pouse w pèsevere nan fè bèl travay?

17 Yon lòt bò, kè moun yo ap touche grasa bon ansèyman kretyen yo ansanm ak bon aksyon nou fè anvè vwazen nou yo. Pa egzanp, yon lè, pandan yon pyonye t ap preche kay an kay, gen yon dam aje ki vèv ki kouri di l li pap ka pale avè l. Dam nan te fè frè a konnen, lè l te frape pòt la, se sou yon nechèl li te ye li t ap eseye chanje yon anpoul nan kuizin nan. Frè a te di l: “Li pa pridan pou w fè travay sa a poukont ou.” Pyonye a te chanje anpoul la pou dam nan, apre sa, li te ale. Lè pitit gason dam nan te vin aprann sa k te pase a, sa te tèlman gen efè sou li, li te fè tout sa l kapab pou l jwenn frè a pou l te ka di l mèsi. Annapre, pitit gason dam nan te aksepte etidye Labib.

18 Ki sa k fè w detèmine pou w pèsevere nan fè bèl travay? Sandout, se paske w konnen lè n montre nou zele nan travay predikasyon an epi n aji ann amoni ak volonte Jewova, n ap onore Jewova e n ap ka ede lòt moun sove. (Li 1 Korentyen 10:31-33.) Pou n zele nan fè bèl travay nan predikasyon bon nouvèl la epi pou n konpòte n yon fason k ap fè Bondye plezi, nou bezwen gen yon gwo anvi pou n demontre lanmou pou Bondye ak pwochen nou (Mat. 22:37-39). Si nou zele pou n fè bèl travay, n ap jwenn anpil benediksyon ak satisfaksyon depi kounye a e kè n ap kontan. Anplis de sa, n ap kapab ret tann jou kote tout limanite pral montre yo zele pou vrè adorasyon an yon fason pou yo onore Jewova, Kreyatè nou an.