Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè maryaj ou vin pi djanm grasa bonjan kominikasyon

Fè maryaj ou vin pi djanm grasa bonjan kominikasyon

“Yon pawòl moun di nan moman apwopriye, se tankou pòm annò ki nan kabare ann ajan.” — PWO. 25:11, NW.

1. Lè de moun ki marye ansanm gen bonjan kominikasyon youn ak lòt, ki jan sa ede yo nan maryaj yo?

MEN sa yon frè k ap viv nan peyi Kanada di: “Mwen prefere pase tan ak madanm mwen pase nenpòt lòt moun. Lè m ak madanm mwen, mwen gen plis jwa e tout soufrans mwen diminye.” Gen yon frè k ap viv nan peyi Ostrali ki di: “Mwen gen 11 an depi m marye, e pandan tout ane sa yo, mwen pa janm kite yon jou pase san m pa pale ak madanm mwen. Nou fè youn lòt konfyans ak tout kè nou. Pi gwo rezon ki fè sa, se paske nou pale souvan e nou pale konsènan bagay ki enpòtan tou.” Men sa yon sè k ap viv nan peyi Kostarika di: “Lefètke m gen bonjan kominikasyon ak mari m, nonsèlman sa fè maryaj nou vin pi djanm, men tou, sa fè n vin pi pwòch ak Jewova, sa ede n pou n pa tonbe nan tantasyon, nou fè yon sèl e nou damou youn lòt pi plis.”

2. Ki sa k ka anpeche de moun ki marye ansanm gen bonjan kominikasyon?

2 Èske w renmen gen bèl ti konvèsasyon ak moun ou marye avè l la oswa w twouve l difisil pou w pale konsènan bagay ki enpòtan? Li klè, de moun ki marye ansanm konn fè fas ak sitiyasyon ki difisil paske yo enpafè e yo chak gen pèsonalite pa yo, san wete yo gendwa pa gen menm kilti e yo pa t leve menm jan (Wom. 3:23). Mete sou sa, yo gendwa gen plizyè fason pou yo kominike youn ak lòt. Se pa san rezon John M. Gottman ak Nan Silver, de moun ki fè anpil rechèch sou kesyon maryaj, fè konnen: “Pou yon maryaj dire, sa mande kouraj, detèminasyon e fòk moun yo ka sipòte.”

3. Ki sa ki ede moun ki marye yo ranfòse maryaj yo?

3 Se vre, pou yon maryaj reyisi, sa mande anpil travay, men, sa ap pote anpil kè kontan. Lè de moun ki marye renmen youn lòt, sa ka fè yo viv ak kè kontan toutbonvre (Ekl. 9:9). Ann fè yon ti pale konsènan maryaj Izarak ak Rebeka (Jen. 24:67). Yo te kontinye renmen youn  lòt, aktout yo te gen lontan depi yo marye. Nou kapab di menm bagay la tou pou anpil moun ki marye jodi a. Ki sekrè yo genyen? Piske yo aprann demontre kalite tankou bon konprann, lanmou, gwo respè ak imilite, yo aprann di youn lòt sa yo panse ak sa yo santi yon fason ki onèt, e yo fè sa avèk respè. Kounye a, nou pral wè ki jan lè de moun ki marye demontre kalite sa yo ki gen anpil enpòtans nan maryaj yo, sa ap pèmèt yo toujou kominike youn ak lòt.

MONTRE W GEN BON KONPRANN

4, 5. Lè de moun ki marye ansanm gen bon konprann, ki jan sa ede yo konprann youn lòt pi byen? Bay kèk egzanp.

4 Labib fè konnen: “Yon moun ki montre l gen bon konprann ap jwenn sa ki bon.” (Pwo. 16:20, NW). Pawòl sa yo valab tou pou fanmi yo ak moun ki marye yo. (Li Pwovèb 24:3.) Pawòl Bondye a se pi bon kote yon moun ka jwenn bon konprann ak sajès. Nan Jenèz 2:18, nou aprann Bondye te kreye fi pou l te ka yon konpleman pou gason, men li pa t kreye fi pou l jwe egzakteman menm wòl ak gason. Wòl yon fi parèt nan fason l pale. Se vre, tout moun pa menm, men, an jeneral, fi renmen di sa l santi, li renmen pale de moun ansanm ak relasyon moun gen ak lòt moun. Yo renmen gen bèl ti konvèsasyon ki sensè paske sa fè yo santi moun renmen yo. Yon lòt bò, anpil gason gendwa pa renmen di sa yo santi e yo gendwa prefere pale konsènan aktivite, pwoblèm ak solisyon. Gason renmen lè moun respekte yo tou.

5 Men sa yon sè k ap viv nan peyi Grann Bretay fè konnen: “Mari m prefere rezoud pwoblèm yo byen vit olye l pran tan pou l koute m. Yon sitiyasyon konsa kapab vrèman dekourajan lè tout sa m ta renmen [se pou mari m pran tan pou l koute m epi konprann sa k nan kè m].” Gen yon mesye ki marye ki di: “Lè m te fèk marye ak madanm mwen, mwen te gen tandans kouri rezoud nenpòt ti pwoblèm madanm mwen te genyen. Sepandan, mwen pa t pran tan pou m vin konprann sa l te bezwen toutbon se pou m koute l.” (Pwo. 18:13; Jak 1:19). Yon mari ki gen bon konprann chèche konn santiman madanm li, e lè l ap pale avè l, li fè efò pou l adapte l ak fason madanm li santi l. Mete sou sa, li bay madanm li asirans sa l panse ak sa l santi gen anpil enpòtans pou li (1 Pyè 3:7). Madanm nan bò kote pa l fè efò pou l konprann fason mari l wè bagay yo. Lè yon mari ak madanm li konprann wòl Bondye ba yo a, yo apresye l e yo ranpli l, y ap jwenn anpil kè kontan nan maryaj yo. Mete sou sa, y ap met tèt yo ansanm pou yo pran desizyon ki saj e ki rezonab.

6, 7. a) Ki jan prensip nou jwenn nan Eklezyas 3:7 la ka ede yon koup marye vin gen bon konprann? b) Ki jan yon madanm ka montre l gen bon konprann, e ki efò yon mari dwe fè?

6 Yon mari ak madanm ki gen bon konprann konnen tou gen yon ‘lè pou yo pale, e gen yon lè pou yo rete san pale’. (Ekl. 3:1, 7.) Gen yon sè ki gen 10 an depi l marye ki di: “Kounye a, mwen rann mwen kont se pa tout lè ki bon pou m regle kèk pwoblèm. Si mari m gen anpil travay pou l fè oswa li gen lòt responsablite, mwen kite yon ti tan pase anvan m pale avè l sou yon pwoblèm. Kòm rezilta, konvèsasyon nou vin pi swa.” Etandone madanm ki gen bon konprann yo konnen jan yon pawòl ki byen chwazi e ki “di nan moman apwopriye” (NW) alafwa bèl e atiran, sa fè yo pale avèk cham. — Li Pwovèb 25:11.

Jès ki toupiti fè yon gwo diferans nan yon maryaj.

7 Yon mari kretyen dwe jwe wòl pa l tou. L ap fè sa nonsèlman lè l koute sa madanm li ap di l, men tou, lè l fè efò pou l di madanm li aklè tout sa k nan kè l. Gen yon ansyen ki gen 27 an depi l marye ki di: “Mwen dwe fè efò pou m aprann di madanm mwen sa k nan fon kè m.” Gen yon frè ki gen 24 an depi l marye ki di: “Mwen te panse m te ka annik kenbe pwoblèm yo pou mwen. Mwen te di ‘si m annik pa pale de pwoblèm nan, l ap disparèt’. Sepandan, mwen te vin rann mwen kont lè yon moun montre sa l santi, sa pa vle di li fèb pou sa. Lè l difisil pou m di sa m santi, mwen priye pou m jwenn bon mo yo epi pou m di yo fason ki kòrèk la. Annapre, mwen respire byen fò epi m kòmanse pale.” Yon lòt bagay k ap ede koup marye yo tou se  lè yo chwazi bon moman pou yo pale, petèt lè yo poukont yo pandan y ap fè tèks pou jounen an oswa pandan y ap li Labib ansanm.

8. Ki bagay ki kapab ede kretyen ki marye yo gen anvi pou yo fè maryaj yo reyisi?

8 Li enpòtan anpil pou ni mari ni madanm priye Jewova epi gen gwo anvi pou yo amelyore fason yo kominike youn ak lòt. Yon bagay ki sèten, sèke li ka difisil pou yon moun chanje fason l te konn aji. Men, lè de moun ki marye ansanm renmen Jewova, yo mande l lespri sen l e yo konsidere maryaj yo kòm yon bagay ki sakre, y ap anvi fè efò nan sans sa a. Men sa yon sè ki gen 26 an depi l marye te fè konnen: “Mari m avè m pran pwennvi Jewova genyen sou maryaj la trèzoserye, se sa k fè, sa pa janm travèse lespri nou pou n ta separe [yon jou]. Sa ankouraje n pou n pale konsènan pwoblèm nou rankontre yo epi fè efò pou n rezoud yo ansanm.” Lè de moun ki marye montre yo fidèl youn anvè lòt nan fason sa a, e yo gen kalite atachman sa a pou Bondye, yo fè kè Bondye kontan, e kòm rezilta, li vide benediksyon sou yo. — Sòm 127:1.

DEMONTRE PLIS LANMOU

9, 10. Ki fason pratik yon koup marye kapab ranfòse lanmou yo ki tankou yon chenn?

9 Lanmou se yon “chenn ki ini moun yon fason ki san fay” e se kalite sa a ki pi enpòtan nan yon maryaj (Kol. 3:14). Tank de moun ki marye e ki fidèl youn ak lòt ap fè eksperyans ansanm nan lavi a, kit se nan bon tan kou move tan, se tank y ap vin gen bonjan lanmou youn pou lòt. Y ap menm vin pi bon zanmi epi y ap apresye konpayi youn lòt. Nan fim yo, yo konn montre se sèlman lè de moun ki marye yo fè kèk gwo bagay youn pou lòt maryaj yo ap reyisi. Men, an reyalite, se plizyè ti jès tou senp moun marye yo fè youn anvè lòt ki fè maryaj la reyisi. Se gendwa lè youn pran lòt la nan bra l, yon ti mo byen janti youn di lòt, yon ti jès ki demontre atansyon, yon ti souri ki vle di anpil bagay oswa lè youn mande lòt “kòman jounen an te pase pou ou?” san se pa pou lafòm. Jès sa yo ki toupiti ka fè yon gwo diferans nan yon maryaj. Gen yon koup marye, ki gen kè kontan nan maryaj yo depi 19 an, ki fè konnen yo konn telefone youn lòt oswa voye mesaj youn bay lòt pandan tout jounen an. Mari a fè konnen yo fè sa “senpleman pou yo ka konnen kòman tout bagay ye”.

10 Lanmou ap pouse yon koup marye kontinye aprann konnen youn lòt tou (Fil. 2:4). Konsa, lefètke yo vin konnen youn lòt, lanmou yo gen youn pou lòt la ap grandi pi plis toujou malgre enpèfeksyon yo. Yon maryaj ki reyisi se yon maryaj ki vin pi solid chak jou ki pase. Kidonk, si w marye, mande tèt ou: ‘Èske m byen konnen moun mwen marye avè l la? Èske m konprann sa l santi  oswa sa l panse? Konbyen fwa m panse ak moun mwen marye avè l la, petèt lè m reflechi sou kalite li gen lakay li ki te atire m premye fwa m te wè l la?’

DEMONTRE RESPÈ

11. Pou yon maryaj reyisi, poukisa li enpòtan pou de moun ki marye yo demontre respè youn pou lòt? Bay yon egzanp.

11 Menm maryaj ki bay plis kè kontan an pa yon maryaj ki pafè, e de moun ki damou pa toujou dakò sou tout bagay. Abraram ak Sara pa t toujou dakò youn ak lòt (Jen. 21:9-11). Sepandan, yo pa t kite pwoblèm yo te genyen met divizyon nan mitan yo. Sa k fè sa? Se paske yo te konn trete youn lòt ak onè ak respè. Pa egzanp, Abraram te di Sara “tanpri” lè l t ap pale avè l (Jen. 12:11, 13). Sara, bò kote pa l, te obeyi Abraram, e l te pale de li antanke “mèt” li (Jen. 18:12). Lè de moun ki marye manke respè youn pou lòt, byen souvan, sa parèt nan fason yo pale youn ak lòt oswa nan ton vwa yo (Pwo. 12:18). Si yo pa chèche rezoud pwoblèm yo genyen yo, sa ka fè yo jwenn anpil tètchaje nan maryaj yo. — Li Jak 3:7-10, 17, 18.

12. Poukisa moun ki fèk marye yo dwe fè plis efò pou yo pale avèk respè?

12 Moun ki fèk marye yo dwe fè plis efò toujou pou yo pale ak jantiyès e pou yo demontre respè youn pou lòt. Konsa, y ap kreye yon anviwònman kote youn santi l alèz pou l kominike ak lòt. Men sa yon mari fè konnen: “Byenke premye ane maryaj la pote anpil kè kontan, konsa tou, pafwa, li kapab bay anpil fristrasyon. Tank w ap vin abitye ak santiman madanm ou, abitid li ak sa l bezwen, e li menm l ap abitye ak pa w yo tou, se tank bagay yo kapab vin yon ti jan konplike! Sepandan, si nou toule de gen yon atitid ki rezonab, si n aprann wè aspè ki amizan nan yon sitiyasyon, si n chèche gen kèk kalite enpòtan tankou imilite, pasyans epi n konte sou Jewova, sa ap ede nou toule de.” Sa mari sa a di a se yon verite!

DEMONTRE BONJAN IMILITE

13. Poukisa imilite se yon kalite ki enpòtan pou gen kè kontan nan yon maryaj?

13 Yon bon kominikasyon nan yon maryaj tankou yon ti sous dlo k ap koule tou dousman nan yon jaden. Pou n kontinye gen ti sous dlo sa a k ap koule a, li enpòtan anpil pou n “gen kè sansib ak imilite”. (1 Pyè 3:8.) Gen yon frè ki gen 11 an depi l marye ki fè konnen: “Imilite se mwayen ki pi rapid pou w rezoud yon pwoblèm paske l ankouraje w di: ‘Mwen mande w padon.’” Gen yon ansyen  ki gen 20 an depi l ap viv ak kè kontan nan maryaj li ki fè konnen: “Pafwa, ekspresyon ‘mwen mande w padon’ an pi enpòtan lontan pase di ‘mwen renmen w’. ” Li te kontinye pou l di: “Lapriyè se youn nan mwayen ki pi rapid pou n vin gen imilite. Lè mwen menm ak madanm mwen ap priye Jewova ansanm, nou sonje jan nou enpafè e nou sonje favè san parèy Bondye fè n nan. Ti rapèl sa a ede m gen yon bon pwennvi sou bagay yo.”

Kontinye gen bonjan kominikasyon nan maryaj ou.

14. Ki efè ògèy kapab genyen nan yon maryaj?

14 Sepandan, lè gen ògèy, sa fè bagay yo vin pi mal. Li met baryè pou bonjan kominikasyon paske l fè moun pa ni anvi mande padon ni gen kouraj pou yo fè sa. Moun ki gen ògèy lakay li a toujou ap chèche eskiz olye pou l di avèk imilite: “Eskize m tanpri; mwen mande w padon.” Olye l rekonèt yon feblès li gen lakay li avèk kouraj, li pito lage fot la sou do lòt moun. Lè l santi l blese, olye l chèche fè lapè, li vin ofanse, e petèt li chèche vanje tèt li lè l reponn byen di oswa l ret an silans (Ekl. 7:9). Vrèmanvre, ògèy ka detwi yon maryaj. Li enpòtan pou n sonje “Bondye opoze ak moun ki ògeye, men, li bay moun ki enb yo favè san parèy la”. — Jak 4:6.

15. Esplike kòman lè yon koup marye aplike prensip nou jwenn nan Efezyen 4:26, 27 la sa kapab ede yo fè fas ak pwoblèm yo ka jwenn.

15 Nòmalman, nou t ap montre nou pa reyalis si n ta panse pap janm gen ògèy nan yon maryaj. Nou bezwen aksepte sa epi chèche rezoud sa byen vit. Apot Pòl te di kretyen parèy li yo: “Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè, e pa kite jwen pou Dyab la.” (Efe. 4:26, 27). Lè yon moun pa suiv konsèy ki nan Pawòl Bondye a, sa ka fè l tonbe nan pwoblèm li te ka evite. Gen yon sè ki t ap plenyen, ki te di: “Gen kèk fwa, mari m avè m pa t suiv konsèy ki nan Efezyen 4:26, 27 la. Kòm rezilta, nuit sa yo se kèk nan pi move nuit mwen te pase nan vi m!” Li pi bon lontan pou n pale sou pwoblèm yo san pèdi tan nan objektif pou n rekonsilye. Nòmalman, de moun ki marye yo gendwa bezwen bay youn lòt yon ti tan pou yo vin kalme. Li enpòtan tou pou n mande Jewova èd li nan lapriyè yon fason pou n vin gen bon etadespri a. Sa mande pou n gen imilite, paske kalite sa a ap ede n konsantre n sou pwoblèm nan olye n konsantre n sou tèt nou, yon fason pou n pa fè sitiyasyon an vin pi mal. — Li Kolosyen 3:12, 13.

16. Ki jan imilite kapab ede yon koup marye byen konsidere pwen fò yo genyen yo?

16 Imilite ak modesti ap ede yon moun ki marye pou l konsantre l sou pwen fò moun li marye avè l la genyen. Ann pran yon egzanp pou n montre sa. Yon madan marye gendwa sèvi ak kèk talan l genyen pou byennèt fanmi an. Si mari a gen imilite ak modesti, li pap santi l nan konpetisyon ak madanm li, okontrè, l ap ankouraje l pou l itilize don l genyen yo. Konsa, l ap montre li bay madanm li valè e li ancheri l (Pwo. 31:10, 28; Efe. 5:28, 29). Menm jan an tou, yon madanm ki gen imilite ak modesti lakay li pap mache fè djòlè pou kapasite l genyen yo ni li pap rabese mari l. Dayè, yo toule de fòme “yon sèl chè”, e sa k fè youn soufri fè lòt la soufri tou. — Mat. 19:4, 5.

17. Ki sa k ka ede moun ki marye nan epòk nou an pou yo jwenn kè kontan e pou yo fè louwanj pou Bondye nan maryaj yo?

17 Sandout, ou ta renmen pou maryaj ou menm jan ak maryaj Abraram ak Sara oswa Izarak ak Rebeka, sa vle di pou l bay bonjan kè kontan, pou l dire epi pou l fè Jewova jwenn louwanj. Si se sa w ta renmen, kontinye gen menm pwennvi ak Bondye sou maryaj. Chèche jwenn sajès ak bon konprann nan Pawòl li a. Chèche gen vrè lanmou an, ki se ‘dife ki soti nan Bondye a’, pou moun ou marye avè l la lè w montre w apresye bèl kalite l genyen yo (Kan. 8:6). Fè gwo efò pou w gen imilite. Trete moun ou marye avè l la avèk respè. Si w fè bagay sa yo, w ap jwenn lajwa nan maryaj ou, e maryaj ou ap fè kè Papa w ki nan syèl la kontan (Pwo. 27:11). Mete sou sa, ou gendwa vin gen menm santiman ak yon frè ki gen 27 an depi l marye ki te di: “Mwen pa ka imajine lavi m san madanm mwen. Chak jou ki pase, maryaj nou vin pi djanm. Sa rive fèt paske nou gen lanmou pou Jewova e nou kominike youn ak lòt regilyèman.”