Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwoteje eritaj ou a lè w pran desizyon ki saj

Pwoteje eritaj ou a lè w pran desizyon ki saj

“Gen degoutans pou sa ki mal, rete atache ak sa ki byen.” — WOM. 12:9.

1, 2. a) Ki sa k te fè w pran desizyon pou w sèvi Bondye? b) Ki kesyon nou kapab poze konsènan eritaj espirityèl nou an?

GEN plizyè milyon moun ki montre yo saj lefètke yo chwazi sèvi Jewova epi suiv tras Jezi Kris pye pou pye (Mat. 16:24; 1 Pyè 2:21). Nou pa pran ve nou fè pou n bay Bondye lavi n nan alalejè. Chwa nou te fè a pa baze sou yon konesans konsa konsa nou gen sou kèk vèsè, men, li baze sou bonjan etid nou fè nan Pawòl Bondye a. Kòm rezilta, nou vin aprann anpil bagay ki ranfòse lafwa nou nan eritaj Jewova plase devan moun ki ‘aprann konnen l, e ki aprann konnen sila a li te voye a: Jezi Kris’. — Jan 17:3; Wom. 12:2.

2 Pou n kenbe pozisyon nou antanke kretyen, nou dwe pran desizyon k ap fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Se sa k fè, nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon enpòtan sa yo: Ki sa eritaj nou an ye? Ki jan nou konsidere l? Ki jan nou kapab asire n nou jwenn eritaj nou an? Ki sa k ap ede n pran desizyon ki saj?

KI SA ERITAJ NOU AN YE?

3. Ki eritaj k ap tann a) kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak b) “lòt mouton” yo?

3 Gen yon ti gwoup kretyen k ap tann pou yo resevwa “yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen”, sa vle di privilèj san parèy yo genyen pou y al dirije avèk Kris nan syèl la (1 Pyè 1:3, 4). Moun sa yo dwe “fèt yon lòt fwa ankò” pou yo ka resevwa eritaj sa a (Jan 3:1-3). Ki eritaj plizyè milyon moun ki fè pati “lòt mouton” Jezi yo pral jwenn, yo menm k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a ansanm ak disip Jezi Bondye chwazi pou al nan syèl la (Jan 10:16)? Lòt mouton yo pral resevwa eritaj Adan ak Èv pa t janm jwenn nan, sa vle di lavi etènèl nan yon paradi sou tè a kote pap gen soufrans, lanmò ak tristès (Rev. 21:1-4). Se sa k fè, Jezi te kapab fè yon malfektè ki t apral mouri bò kote l pwomès  sa a lè l te di: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” — Lik 23:43.

4. Ki benediksyon nou gentan jwenn?

4 Depi kounye a, nou gentan ap pwofite kèk bagay nan eritaj nou an. Lefètke n demontre lafwa nan “ranson Kris Jezi te peye a”, nou santi n anpè ak tèt nou e nou vin gen yon relasyon sere ak Bondye (Wom. 3:23-25). Nou byen konprann pwomès ki gen anpil valè nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Anplis de sa, lefètke n fè pati yon fanmi entènasyonal ki gen lanmou youn pou lòt, sa fè n gen yon jwa estrawòdinè. Epitou, nou gen yon gwo privilèj dèske n se Temwen Jewova. Pa gen dout nan sa, nou bay eritaj nou an anpil valè!

5. Ki sa Satan ap eseye enfliyanse sèvitè Bondye yo pou yo fè, e ki sa k kapab ede n kenbe fèm kont manèv li yo?

5 Sepandan, pou nou ka kenbe bèl eritaj nou an fèm, nou bezwen rete sou pinga nou pou n pa pran nan pyèj Satan yo. Satan toujou ap eseye enfliyanse sèvitè Bondye yo pou l fè yo pran desizyon k ap fè yo pèdi eritaj yo a (Nonb 25:1-3, 9). Etandone Satan konnen pa gen anpil tan ki rete pou l detwi, li fè plis efò toujou pou l fè nou fè erè. (Li Revelasyon 12:12, 17.) Si nou vle kontinye “kenbe fèm kont manèv Dyab la”, nou dwe kontinye bay eritaj nou an plis valè toujou (Efe. 6:11). Nan sans sa a, Ezayi, pitit patriyach ki te rele Izarak la, kite yon egzanp ki sèvi nou avètisman e nou dwe pran leson nou jwenn nan egzanp sa a trèzoserye.

PA VIN MENM JAN AK EZAYI

6, 7. Ki moun Ezayi te ye, e ki eritaj ki t ap tann li?

6 Sa gen prèske 4 000 an, Izarak ak Rebeka te vin gen de pitit gason, Ezayi ansanm ak frè jimo l la Jakòb. Ofiramezi jimo yo t ap grandi, yo te montre yo pa gen menm tanperaman e yo te montre yo diferan nan chwa yo t ap fè. Bib la fè konnen: “Ezayi te vin yon bon chasè, yon nonm ki te konn savann yo byen”, tandiske “Jakòb te vin yon moun ki dwat ki t ap viv anba tant”. (Jen. 25:27, NW.) Gen yon tradiktè Labib ki rele Robert Alter ki fè konnen mo ebre lè yo tradui l yo mete “dwat” pou li a “gen rapò ak entegrite oswa menm inosans”.

7 Lè Ezayi ak Jakòb te gen 15 an, Abraram, granpapa yo te mouri. Men, pwomès Jewova te fè Abraram nan pa t mouri. Annapre, Jewova te fè Izarak menm pwomès la lè l te fè konnen tout nasyon sou tè a t ap jwenn benediksyon grasa semans Abraram nan. (Li Jenèz 26:3-5.) Dapre pwomès sa a, Mesi a, “desandans” (NW) ki fidèl yo pale de li nan Jenèz 3:15 lan, t ap gen pou l soti nan fanmi Abraram. Antanke premye pitit gason Izarak, Ezayi te gen dwa legal pou l eritye pwomès sa a. Ala yon bèl eritaj ki t ap tann Ezayi! Èske l te apresye eritaj sa a?

Pa met eritaj espirityèl ou a an danje.

8, 9. a) Ki chwa Ezayi te fè anrapò ak eritaj ki t ap tann li a? b) Ki sa Ezayi te vin rann li kont kèk ane annapre, e kòman l te reyaji?

8 Yon jou, pandan Ezayi te sot nan jaden, li te wè Jakòb ki t ap “kwit yon bon bouyon”. Ezayi te di Jakòb: “M’ap mouri grangou. Tanpri, ban m ti gout nan bouyon pwa wouj ou a.” Kòm repons, Jakòb te di l: “M’ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit.” Ki chwa Ezayi te fè? San reflechi, li te di: “Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m?” Vrèmanvre, Ezayi te chwazi yon bòl bouyon pwa nan plas dwa l te genyen antanke premye pitit la! Pou echanj sa a te ka legal, Jakòb te ensiste, li te di: “Fè m sèman anvan.” San grate tèt, Ezayi te bay dwa l te genyen antanke premye pitit la. Apre sa, “Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. [Ezayi] manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, [Ezayi] te  konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen”. — Jen. 25:29-34.

9 Kèk ane annapre, lè Izarak te santi l pral mouri, Rebeka te pran dispozisyon pou l asire l se Jakòb ki t ap resevwa dwa Ezayi te genyen antanke premye pitit la toutbonvre. Lè Ezayi te vin rann li kont li te fè yon move chwa, li te gentan twò ta. Se sa k fè, li te plenyen nan pye Izarak, li te di l: “Beni m tou non, papa! [...] Eske ou pa gen yon lòt benediksyon pou mwen?” Lè Izarak te fè l konnen li pa ka fè anyen pou l chanje benediksyon li te deja bay Jakòb la, “[Ezayi te] pete yon sèl rèl, li kriye byen fò”. — Jen. 27:30-38.

10. Ki jan Jewova te konsidere Ezayi ak Jakòb, e poukisa?

10 Ki leson nou aprann konsènan chwa Ezayi te fè a? Ezayi te montre satisfè dezi lachè l te pi enpòtan pou li pase tout benediksyon eritaj li a t apral fè l jwenn yo. Ezayi pa t bay dwa l te genyen antanke premye pitit la okenn valè, e konsa, li te montre l pa t renmen Bondye vre. Anplis de sa, Ezayi pa t reflechi sou enpak chwa l te fè a t apral genyen sou desandans li yo. Yon lòt bò, Jakòb li menm te bay eritaj li a anpil valè. Pa egzanp, lè l te gen pou l chwazi yon madanm, li te aji ann amoni ak enstriksyon l te jwenn nan men paran l (Jen. 27:46–28:3). Lefètke chwa Jakòb te fè a te mande pasyans ak anpil sakrifis, li te vin tounen zansèt Mesi a. Ki jan Bondye te konsidere Jakòb ak Ezayi? Pa mwayen pwofèt Malaki, Jewova te di: “Mwen [te] renmen Jakòb [...]. Men, mwen [te] rayi [Ezayi].” — Mal. 1:2, 3.

11. a) Ki sa k fè egzanp Ezayi a konsène nou antanke kretyen? b) Poukisa Pòl te makònen fònikasyon ak aksyon Ezayi te fè a?

11 Èske sa Bib la di konsènan Ezayi a konsène kretyen yo jodi a? Wi, li konsène yo. Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo fè atansyon pou pa “gen fònikatè nan mitan [yo], ni moun ki pa apresye bagay sakre, tankou Ezayi, ki te boukante dwa li te genyen kòm premye pitit la pou yon plat manje”. (Ebre 12:16.) Avètisman sa a toujou valab pou kretyen yo. Nou dwe kontinye bay bagay sakre yo valè yon fason pou n pa kite dezi lachè pran pye sou nou epi pou n pèdi eritaj espirityèl nou an. Sepandan, poukisa Pòl te makònen fònikasyon ak aksyon Ezayi te fè a? Se paske, lè yon moun kite dezi lachè l mennen l menm jan ak Ezayi, l ap pi fasil pou l vire do bay bagay sakre yo pou l al chèche plezi imoral, tankou fònikasyon.

PREPARE KÈ W DEPI KOUNYE A

12. a) Ki jan Satan met tantasyon sou wout nou? b) Bay kèk egzanp ki soti nan Ekriti yo ki kapab ede n lè n ap fè yon chwa ki difisil.

12 Antanke sèvitè Jewova, se sèten nou pap chèche met tèt nou nan sitiyasyon  ki ka fè n tonbe nan tantasyon pou n fè imoralite seksyèl. Olye de sa, nou priye Jewova Dye pou l pa kite n tonbe lè yon moun ap tante n pou n dezobeyi L (Mat. 6:13). Men, tank n ap fè gwo efò pou n kenbe entegrite nou nan monn sa a k ap depafini, se tank Satan ap kontinye eseye kraze relasyon nou gen ak Bondye (Efe. 6:12). Antanke dye sistèm mechan sa a, Dyab la konn ki jan pou l eksplwate dezi enpafè nou gen lakay nou lè l met yon seri tantasyon sou wout nou, yon seri tantasyon tout moun enpafè konn jwenn (1 Kor. 10:8, 13). Pa egzanp, ann imajine ou nan yon sitiyasyon kote w gen posiblite pou w satisfè yon dezi w genyen yon fason ki imoral. Ki chwa w t ap fè? Èske w t ap fè menm jan ak Ezayi epi w di: ‘Tanpri, ban mwen l vit!’ Oswa, èske w t ap reziste anba tantasyon an epi w kouri pou li menm jan Jozèf, pitit gason Jakòb la, te fè lè madan Potifa t ap tante l? — Li Jenèz 39:10-12.

13. a) Jodi a, ki jan anpil moun aji menm jan ak Jozèf, men, ki jan kèk moun aji menm jan ak Ezayi? b) Lè n konsidere egzanp moun ki aji menm jan ak Ezayi yo, ki bagay enpòtan nou wè nou bezwen fè?

13 Gen anpil nan frè ak sè nou yo ki te nan sitiyasyon kote yo te gen pou yo chwazi ant aji menm jan ak Ezayi oswa menm jan ak Jozèf. Pifò nan yo te aji yon fason ki saj, e konsa, yo te fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Sepandan, gen kèk nan kwayan parèy nou yo ki te chwazi aji menm jan ak Ezayi lè yo t ap fè fas ak tantasyon, e konsa, yo te met eritaj espirityèl yo a an danje. Anfèt, anpil aksyon ki mennen nan disiplin relijye ak eskominye moun ki fèt chak ane yo, gen rapò ak konduit seksyèl ki pa kòrèk. Se pa ti enpòtan li enpòtan pou n prepare kè n depi kounye a, sa vle di anvan menm nou twouve n nan sitiyasyon kote entegrite nou ap pase anba eprèv (Sòm 78:8)! Gen omwen de bagay nou kapab fè ki pral sèvi n pwoteksyon kont tantasyon e k ap ede nou fè bonjan chwa pi devan.

REFLECHI EPI RANFÒSE DEFANS OU

N ap ranfòse defans nou lè n chèche sajès Jewova bay la.

14. Ki kesyon, lè n reflechi sou yo, ki kapab ede n vin “gen degoutans pou sa ki mal” epi “rete atache ak sa ki byen”?

14 Premye bagay nou bezwen fè se reflechi sou konsekans aksyon nou yo. Plis nou renmen Jewova, Sila a ki ban nou eritaj sa a, se plis n ap apresye eritaj espirityèl nou an. Epitou, si nou renmen yon moun, nou pap vle fè moun sa a fache. Olye de sa, n ap fè tout sa n kapab pou n montre nou merite apwobasyon l. Piske se konsa, n ap byen fè si n pran tan pou n reflechi sou konsekans sa ap gen sou nou menm ak lòt moun, si n ta sede bay dezi lachè ki pa pwòp. Nou ta dwe mande tèt nou: ‘Ki efè sa m pral fè a ap gen sou relasyon m ak Jewova? Ki efè move aksyon m nan ap gen sou fanmi m? Ki efè li pral genyen sou frè m ak sè m yo nan kongregasyon an? Èske m ap fè lòt moun trebiche?’ (Fil. 1:10). Nou gendwa mande tèt nou tou: ‘Èske sa vo lapenn pou m sibi tout soufrans chwa m fè a pral pote yo akoz yon ti moman plezi? Èske se toutbon mwen vle fini menm jan ak Ezayi, pou m kriye kont kriye m lè m vin konprann sa m te fè a?’ (Ebre 12:17). Lè n reflechi sou kesyon sa yo, sa ap ede n vin “gen degoutans pou sa ki mal” epi “rete atache ak sa ki byen”. (Wom. 12:9.) Se sitou lanmou nou gen pou Jewova k ap pouse n kenbe eritaj nou an. — Sòm 73:28.

15. Ki sa k ap ranfòse defans nou kont fòs ki ka met espirityalite nou an danje yo?

15 Dezyèm bagay nou bezwen fè se ranfòse defans nou. Jewova ban nou anpil bagay pou ede n ranfòse defans nou kont bagay nan monn sa a ki reprezante yon danje pou espirityalite nou. Pami bagay Jewova ban nou yo nou jwenn etid Labib, reyinyon yo, travay predikasyon an ansanm ak lapriyè (1 Kor. 15:58).  Chak fwa n ouvri kè n bay Jewova nan lapriyè, e chak fwa nou patisipe nan ministè a otank nou kapab, se kòmsi nou te ranfòse defans nou kont tantasyon yo. (Li 1 Timote 6:12, 19.) Yon bagay nou dwe note, sèke, pou n gen yon defans ki solid, nou bezwen fè efò pou sa (Gal. 6:7). Sa parèt byen klè nan dezyèm chapit liv Pwovèb la.

‘KONTINYE CHÈCHE L’

16, 17. Ki jan n ka rive gen kapasite pou n pran desizyon ki saj?

16 Nan dezyèm chapit liv Pwovèb la, nou jwenn ankourajman pou n chèche gen sajès ak kapasite pou n reflechi. Don sa yo ap pèmèt nou chwazi ant sa ki bon ak sa ki mal, ant disipline tèt nou ak satisfè dezi egoyis nou. Sepandan, pou n rive fè sa, sa depann de fason nou dispoze fè efò pou sa. Verite fondamantal sa a parèt byen klè nan Bib la. Men sa Bib la di: “Pitit gason m, si w resevwa pawòl mwen yo, e si w konsève kòmandman m yo bò kote w tankou yon trezò, dekwa pou w koute sajès ak zòrèy ou, poutèt pou w ka panche kè w sou disènman, si, anplis de sa, ou rele entèlijans e si w leve vwa w byen fò pou w gen disènman, si w kontinye ap chèche l tankou ajan, e si w kontinye ap chèche l san rete tankou trezò kache, konsa, w ap rive konprann lakrentif pou Jewova, e w ap rive jwenn konesans Bondye bay la. Paske, se Jewova menm ki bay sajès, se nan bouch li konesans ak disènman soti.” — Pwo. 2:1-6, NW.

17 Li klè, pou n rive gen kapasite nou bezwen pou n pran desizyon ki saj, sa depann de efò nou fè pou n ranpli kondisyon liv Pwovèb la bay yo. N ap ka kenbe fèm devan tantasyon nou jwenn yo si n kite pawòl Jewova a enfliyanse moun nou ye pa anndan an, si n kontinye priye Bondye pou n jwenn direksyon l, e si n kontinye chèche konesans Bondye bay la kòmsi nou t ap chèche trezò ki kache.

18. Ki sa w detèmine pou w kontinye fè, e poukisa?

18 Jewova bay moun ki fè efò pou yo jwenn don l bay yo, konesans, entèlijans, disènman ak sajès. Plis nou chèche don sa yo e nou sèvi ak yo, se plis n ap vin pi pre Jewova, Sila ki bay yo a. Kòm rezilta, relasyon entim nou vin gen ak Jewova Dye a ap pwoteje n lè n devan tantasyon. Lè n rete pwòch ak Jewova epi n gen bonjan lakrentif pou li, sa ap pwoteje n pou n pa lage kò n nan move bagay (Sòm 25:14; Jak 4:8). Se pou lajwa nou jwenn dèske nou se zanmi Jewova a ansanm ak sajès li bay la pouse nou tout kontinye fè chwa k ap fè kè l kontan e k ap pwoteje eritaj nou an!