Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske Izrayelit yo te konn met kriminèl yo sou yon poto pou yo touye yo?

Nan tan lontan, nan anpil peyi, yo te konn pann kèk kriminèl sou yon poto oswa yon bwa ki kanpe byen dwat lè y ap egzekite yo. Women yo te konn mare oswa kloure kriminèl la sou poto a, kote l te gendwa kontinye viv pandan plizyè jou jiskaske doulè, swaf, grangou ansanm ak solèy ak lapli ki bat li fin depafini l. Women yo te konsidere pann yon moun sou yon poto kòm yon chatiman pou avili kriminèl ki te pi sadik yo.

Ki sa n ka di konsènan nasyon Izrayèl tan lontan an? Èske Izrayelit sa yo te konn met kriminèl yo sou yon poto pou yo touye yo? Men sa nou li nan lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz la: “Si yo kondannen yon moun pou yon krim li fè, epi lè yo fin touye l, yo pann kadav la nan yon pyebwa, pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l menm jou a.” (Det. 21:22, 23). Sepandan, li klè, nan epòk yo t ap ekri Liv ki ekri ann ebre yo, anvan yo te met yon moun ki merite mouri sou yon poto oswa yon pyebwa, yo te dwe touye l anvan.

Nan sans sa a, Levitik 20:2 fè konnen: “Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k’ap viv nan peyi a, se pou yo touye l. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l wòch jouk li mouri.” Si yon moun te gen “yon espri [sou li] ki pèmèt li fè entèpelasyon oswa yon espri ki pèmèt li anonse sa k pral rive”, yo te dwe touye moun sa a tou. Kòman yo te dwe fè sa? Yo te dwe kalonnen l ak “kout wòch”. — Lev. 20:27NW.

Men sa nou li nan Detewonòm 22:23, 24: “Si yon jenn fi tifi fyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l nan yon lavil, li kouche avè l epi moun bare yo, n’a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou. Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.” Kidonk, nan mitan pèp Izrayèl la, se sitou wòch yo te konn itilize pou egzekite yon moun ki te koupab akoz yon gwo krim li te fè *.

Li klè, nan epòk yo t ap ekri Liv ki ekri ann ebre yo, anvan yo te met yon moun ki merite mouri sou yon poto oswa yon pyebwa, yo te dwe touye l anvan.

Detewonòm 21:23 fè konnen: “Yon kadav [ki] pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi.” Pa gen dout nan sa, pann kadav yon moun “ki pa fè Bondye plezi” devan je Izrayelit yo, t ap gen yon efè sou yo. Se sa k fè, lè yo te fin egzekite yon kalite moun konsa epi yo met kò l sou yon poto oswa yon pyebwa, sa t ap sèvi lòt moun avètisman.

^ § 6 Gen anpil biblis ki dakò pou di, selon lalwa Bondye te bay Moyiz la, yo te dwe touye yon kriminèl anvan yo te pann kadav li sou yon poto. Sepandan, gen prèv ki montre, apati premye syèk la, Juif yo te konn met kèk kriminèl tou vivan sou poto jiskaske yo mouri.