Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Rezon ki fè lavi n gen sans toutbon

Rezon ki fè lavi n gen sans toutbon

DEPI lè Gary, pitit gason m nan, te fèt nan ane 1958, mwen te santi gen yon bagay ki pa t nòmal nan li. Sepandan, sa te pran dis mwa anvan doktè yo te wè ki maladi l te fè e espesyalis nan vil Lonn yo te pran senkan ankò pou yo konfime sa. Se pa ti tris mwen te tris lè Louise, pitit fi m nan, ki te fèt nevan apre Gary, te gen menm sentòm maladi sa a, e ka pa l la te pi grav toujou!

Avèk jantiyès, doktè a te di m: “Toule de pitit ou yo gen sendwom LMBB a *, e malerezman pa gen tretman pou maladi sa a.” Nan epòk sa a, moun pa t konn anpil bagay sou maladi jenetik sa a ki ra anpil. Men kèk nan bagay maladi sa a fè moun ki genyen l yo: Li fè l difisil pou moun nan wè klè jiskaske l vin avèg, li vin ap gwosi depase limit, li fèt ak plis dwèt oswa zòtèy, li anreta nan devlopman l, li gen pwoblèm pou l fè mouvman, li fè dyabèt, li gen pwoblèm zo ak pwoblèm nan ren. Kidonk, sa t apral yon gwo defi pou mwen pou m pran swen timoun mwen yo. Gen yon etid ki pa gen twò lontan depi l fèt ki fè konnen, sou chak 125 000 moun ki nan peyi Grann Bretay, gen youn nan yo ki gen maladi sa a, byenke gendwa gen plis moun toujou ki gen menm maladi sa a san sa pa twò afekte yo.

JEWOVA TOUNEN “YON REFIJ KI WO” POU NOU

Yon ti tan apre m fin marye, mwen te gen yon konvèsasyon ak yon Temwen Jewova e lapoula mwen te rekonèt sa l te di m yo se laverite. Men, sa pa t enterese mari m. Akoz travay mari m, nou te oblije ap deplase toutan, e konsa, m pa t ka asiste reyinyon nan okenn kongregasyon. Sepandan, mwen te kontinye priye Jewova e mwen te kontinye li Bib la. Se pa ti soulaje m te santi m soulaje, lè m te aprann “Jewova ap tounen yon refij ki wo ki bay moun ki kraze a sekirite, yon refij ki wo ki bay sekirite nan moman detrès”! — Sòm 9:9, 10, NW.

Etandone Gary pa t ka wè byen, lè l te gen sizan, nou te oblije voye l nan yon pansyon ki fèt pou moun ki pa ka aprann menm jan ak tout lòt moun. Pansyon sa a te nan yon zòn ki bò lanmè nan sid peyi Angletè. Li te konn rele m lè l te gen yon bagay ki t ap enkyete l, e pa mwayen telefòn, mwen te konn ede l konprann prensip fondamantal ki nan Bib la. Kèk ane apre Louise te fin fèt, doktè te dekouvri mwen fè yon maladi ki atake yon pati nan sèvo m ak mis mwen e k ap paralize m. Mete sou sa, mwen te fè yon lòt maladi grav ki rele fibwomyalji. Lè Gary te gen 16 an, li te kite pansyon an e l te retounen viv nan kay la. Men, detanzantan, vizyon l te vin ap bese jiskaske l te vin avèg nèt nan ane 1975. An 1977, mari m te kite nou.

Yon ti tan apre Gary te retounen nan kay la, nou te kòmanse patisipe nan aktivite kongregasyon an, yon kongregasyon ki gen lanmou, e m te batize nan ane 1974. Mwen gen anpil rekonesans pou yon ansyen ki te ede Gary jere chanjman fizik li yo lè l te nan laj adolesans. Gen lòt Temwen ki te ede m ak travay ki merite fèt nan kay la, e finalman, sèvis sosyal zòn nan te chwazi senk nan yo pou ede nou e yo te peye yo. Se pa ti benediksyon sa te ye pou nou!

Gary te kontinye fè bonjan pwogrè nan laverite, e l te batize nan ane 1982. Piske l te gen objektif vin pyonye oksilyè, mwen te deside akonpaye l nan sèvis  sa a e m te kontinye fè sa pandan plizyè ane. Kèk tan apre, Gary te kontan anpil lè siveyan sikonskripsyon an te di l: “Poukisa w pa vin pyonye pèmanan?” Se te egzakteman ankourajman sa a Gary te bezwen, e nan ane 1990 li te nome pyonye.

Yo te met de fo ranch pou Gary, yo te met premye a nan ane 1999 e dezyèm nan an 2008. Sepandan, pwoblèm sante Louise yo te pi grav lontan. Li te fèt avèg nèt, e lè m te wè yon dwèt anplis nan pye l, mwen te konprann li menm tou te gen sendwom LMBB a. Sa pa t pran tan pou egzamen yo revele li gen kèk pwoblèm grav nan plizyè ògàn tou. Pandan ane ki pase yo, li te sibi gwo operasyon e senk nan yo te fèt nan ren l. Menm jan ak Gary, li gen maladi dyabèt tou.

Piske Louise konnen ki difikilte sa ka bay lè yon moun dwe opere, li te pale ak anestezis yo ansanm ak moun ki responsab lopital la alavans pou l esplike yo desizyon l pran anrapò ak tretman medikal ki mande pou moun sèvi ak san. Kòm rezilta, li gen bon relasyon ak tout moun ki gen bonjan sousi pou pwoblèm fizik li yo.

LAVI NOU GEN YON SANS

Nou fè anpil aktivite nan kay la pou n adore Jewova. Anvan aparèy elektwonik modèn yo te vin disponib, mwen te gen abitid pase plizyè èdtan ap li pou Gary ak Louise. Kounye a, gen CD ak DVD ansanm ak anrejistreman ki disponib sou sit www.pr418.com la ki pèmèt nou tout pwofite pwogram etid biblik la chak semèn nan kèlkeswa moman an, e nou ka fè bonjan kòmantè nan reyinyon yo tou.

Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Jewova te fè ekri a!

Kèk fwa, Gary aprann kòmantè l yo pa kè, e si l gen yon diskou nan Lekòl ministè teyokratik, li ka fè l nan pwòp mo pa l. An 1995, li te nome asistan ministeryèl e l toujou okipe nan Sal Wayòm nan nan sèvis akèy ak sonorizasyon.

Gen lòt Temwen ki akonpaye Gary nan travay predikasyon an, e souvan, yo pouse chèz woulant li a pou li akoz li fè rimatis. Gen yon frè ki te ede l kondui yon etid biblik ak yon mesye ki te enterese. Gary te ankouraje yon kretyen tou ki te gen 25 an depi l inaktif. Kounye a, toule de moun sa yo asiste reyinyon yo regilyèman.

Lè Louise te gen nevan, grann li te aprann li fè triko. Mwen menm ansanm ak youn nan moun ki t ap okipe l yo, te aprann li bwode. Piske l renmen travay anpil ak egwi, li fè plizyè bèl dra koulè pou tibebe ak pou moun ki granmoun nan kongregasyon an. Li sèvi tou ak plizyè ti foto pou l fè kat remèsiman. Moun ki resevwa kat sa yo ba yo anpil enpòtans. Lè Louise te nan kòmansman adolesans li, li te aprann tape san l pa gade klavye a. Kounye a, grasa èd yon òdinatè espesyal ki pale, li voye imel bay zanmi l yo regilyèman. Louise te batize lè l te gen 17 an. Pandan kanpay predikasyon espesyal yo, nou pran plezi pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ansanm. Menm jan ak Gary, Louise aprann vèsè yo pa kè pou l ka eksprime lafwa l nan pwomès Bondye fè pou gen yon monn nouvo kote “je avèg yo pral ouvri” e “pa gen moun ki abite la k ap di: ‘Mwen malad.’” — Iza. 33:24; 35:5, NW.

Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Jewova te fè ekri a! Nou gen anpil rekonesans pou èd ki chaje ak lanmou frè ak sè nan kongregasyon an ban nou, paske san yo, gen kèk aktivite nou pa t ap ka fè. Vrèmanvre, grasa èd Jewova, lavi n gen sans toutbon.

^ § 5 Maladi jenetik sa a pote non sendwom Laurence-Moon-Bardet-Biedl apre 4 doktè te fin idantifye l. Timoun vin genyen l lè toule de paran l yo gen jèm nan nan san yo. Jodi a, yo konn rele maladi sa a sendwom Bardet-Biedl tou. Pa gen tretman pou li.