Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANSEYE PITIT OU

Ki leson yon kriminèl ka aprann nou?

Ki leson yon kriminèl ka aprann nou?

Kriminèl ki ka aprann nou yon leson an se kriminèl Jezi t ap pale avè l la, jan nou wè sa nan foto a. Kriminèl sa a regrèt zak li te fè yo. Men sa l te di Jezi: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” Bon, jan nou ka wè sa nan foto a, Jezi ap pale ak kriminèl la. Èske w konnen ki sa Jezi ap di l *— Men sa Jezi di l: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.”

Dapre ou menm, ki jan Paradi sa a pral ye? — Pou nou ka asire nou nou jwenn bon repons lan, ann fè yon ti pale sou Paradi Bondye te fè pou premye moun yo, anpalan de Adan ak Èv. Ki kote Paradi sa a te ye? Èske se nan syèl la li te ye oubyen èske se sou tè a? 

Ou bay bon repons lan si w di se te sou tè a. Donk, lè nou panse ak kriminèl la k ap gen pou viv nan “Paradi” a, sa dwe klè nan tèt nou se sou tè a menm li pral viv lè Bondye fè tè a tounen yon paradi. Ki jan bagay yo pral ye nan Paradi a? — Ann wè jan Paradi a te ye.

Apre Jewova te fin kreye premye moun yo sou tè a, Adan ak Èv, Bib la fè konnen Bondye te mete yo nan yon paradi sou tè a. Yo te rele kote sa a “jaden Edenn”. Èske w ka imajine jan “jaden Edenn” nan te dwe bèl anpil? — Se sèten, jaden sa a se te pi bèl kote pou moun viv pase nenpòt kote ki genyen jodi a!

Sa w panse? Èske Jezi ap sou tè a ansanm ak kriminèl la ki te repanti pou peche l te fè yo? — Non, detan Jezi nan syèl la, li pral dirije kòm Wa sou tè a ki gen pou vin yon paradi. Donk, Jezi ap ansanm ak kriminèl la nan sans li pral leve kriminèl la sot nan lanmò e Jezi ap asire l kriminèl la pral byen viv sou tè a k ap yon paradi. Men, poukisa Jezi ap kite yon moun ki te yon kriminèl viv nan Paradi a? — Ann fè yon ti pale sou sa.

Se vre, kriminèl la te fè plizyè bagay ki pa t bon ditou. Men, gen plizyè milya moun ki te viv sou tè a ki te fè anpil bagay ki pa t bon tou. Sepandan, pifò nan yo te fè sa paske yo pa t janm aprann konnen Jewova ak sa L vle pou yo fè.

Donk, jan de moun sa yo, sa gen ladan l kriminèl ki te pale ak Jezi lè l te sou poto a, pral leve sot nan lanmò pou viv sou tè a ki pral yon paradi. Y ap ka aprann sa Bondye vle yo fè. Apre sa, y ap ka demontre lanmou yo gen pou Jewova.

Èske w konn ki jan y ap ka demontre lanmou sa a? — Se lè yo fè sa Bondye vle yo fè. Ala bèl sa pral bèl pou nou viv nan Paradi a, konsa n ap ka toujou ansanm ak moun ki renmen Jewova e ki renmen lòt moun!

Li vèsè sa yo nan Bib ou

^ § 3 Si w ap li atik sa a ak timoun, tirè a ap fè w sonje pou w fè yon poz e pou w kite timoun nan di sa l panse.