Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Lefètke m obeyi Jewova, mwen jwenn anpil benediksyon

Lefètke m obeyi Jewova, mwen jwenn anpil benediksyon

Men sa papa m te konn di: “Ala yon bèl leson nou aprann nan men Noye. Li te obeyi Jewova e l te renmen fanmi l. Tout fanmi l te chape nan delij la paske yo te antre nan lach la.”

LÈ M panse ak papa m, premye bagay ki vin nan lespri m se pawòl sa yo. Papa m te yon moun ki te konn limit li e l te konn travay di. Piske l te renmen sa ki jis anpil, li pa t pran tan pou l te aksepte mesaj ki nan Bib la lè l te tande l nan ane 1953. Depi lè sa a, li te fè tout sa l kapab pou l anseye pitit li yo sa l t ap aprann yo. Okòmansman, manman m te yon ti jan renka pou l kite tradisyon katolik yo. Men, annapre, li menm tou te kòmanse aplike sa l t ap aprann nan Bib la.

Li pa t fasil pou paran nou etidye Labib avè n, paske, se apèn si manman m te konn li ak ekri, e papa m te toujou konn ap travay di nan jaden. Pafwa, papa m te konn tèlman fatige, dòmi te konn pran l pandan l ap fè etid nou. Sepandan, li pa t fè tout efò sa yo pou granmesi. Etandone se mwen ki te pi gran, mwen te konn ede l fè etid sè m nan ak de frè m yo. Souvan, nou te konn pale konsènan jan Noye te renmen fanmi l anpil ak fason l te obeyi Bondye. Se pa ti renmen mwen te renmen istwa sa a! Yon ti tan apre n te kòmanse etidye Labib, nou tout t al asiste reyinyon nan yon Sal Wayòm ki nan vil Roseto degli Abruzzi, yon vil nan peyi Itali ki nan zòn Adriyatik, yon zòn ki bò lanmè a.

Nan ane 1955, mwen te apèn gen 11 an lè manman m avè m te travèse plizyè tèt mòn, ki nan zòn lwès, pou n al asiste premye kongrè nou nan vil Wòm. Depi lè sa a, mwen te konsidere gwo rasanbleman sa yo kòm youn nan pi bèl bagay nan lavi yon kretyen.

Mwen te batize nan ane ki vin apre a, e tousuit apre, mwen te antre nan sèvis aplentan. Lè m te gen 17 an, mwen t al sèvi kòm pyonye espesyal nan Latina, yon vil ki nan sid Wòm, ki nan yon distans 300 kilomèt parapò ak lakay mwen. Vil sa a pa t gen lontan depi l te bati, e moun yo pa t bay sa lòt moun panse twòp enpòtans. Mwen menm ansanm ak lòt pyonye ki te patnè m nan te pran plezi pou n distribye anpil piblikasyon ki baze sou Bib la. Men, etandone m te jèn, mwen te sonje lakay mwen anpil! Malgre sa, mwen te vle obeyi enstriksyon mwen te jwenn yo.

Jou maryaj nou.

Annapre, mwen te jwenn asiyasyon pou m al sèvi nan vil Milan pou m te ka bay èd nan preparasyon yon kongrè  entènasyonal ki te fèt nan ane 1963, ki te gen pou tèm: “Bon nouvèl etènèl la.” Pandan kongrè sa a, mwen menm ansanm ak anpil lòt moun ankò te travay kòm volontè. Pami yo te gen yon jèn frè ki te soti nan vil Florence, ki te rele Paolo Piccioli. Nan dezyèm jou kongrè a, frè sa a te bay yon bèl diskou sou seliba. Mwen sonje m te di tèt mwen: “Se sèten, frè sa a pap janm marye!” Sepandan, nou te kòmanse ekri youn lòt e sa te vin parèt klè, te gen anpil bagay nou toule de te dakò sou yo tankou objektif nou, lanmou nou gen pou Jewova ak gwo anvi nou genyen pou n obeyi l. Nou te marye nan ane 1965.

NOU RANKONTRE AK CHÈF LEGLIZ YO

Mwen te pase dizan ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan vil Florence. Mwen te kontan wè pwogrè ki t ap fèt nan kongregasyon yo, sitou pami jèn yo. Paolo avè m te renmen pran tan pou n pale sou Bib la ak jèn sa yo, e n te renmen pran detant ak yo tou. Pou Paolo, pran detant te konn vle di jwe foutbòl ak yo. Nòmalman, mwen te renmen pase tan ak mari m. Men, mwen te wè jan jèn sa yo ak fanmi ki nan kongregasyon an te jwenn byenfè lè mari m te montre l enterese nan yo ak lè l te konn pase tan ansanm avèk yo, paske yo te bezwen sa.

Lè m panse ak kantite etid nou te konn kondui, sa toujou fè kè m kontan. Mwen te etidye Labib ak yon dam ki rele Adriana, e Adriana te pataje sa l te aprann yo ak de lòt moun nan fanmi l. Yo te planifye yon reyinyon ak yon prèt pou yo te ka pale sou kèk doktrin tankou Trinite ak nanm imòtèl. Te gen twa chèf legliz ki te vin nan reyinyon sa a. Esplikasyon chèf legliz yo te bay yo te tèlman difisil pou moun konprann e yo te tèlman depaman youn ak lòt opwen etidyan nou yo te rive wè diferans lan byen fasil lè yo konpare sa chèf legliz yo te di ak sa yo menm yo te aprann nan Bib la. Vrèmanvre, reyinyon sa a te pouse yo pran yon desizyon. Annapre, anviwon 15 moun nan fanmi sa a te vin sèvi Jewova.

Fason nou preche jodi a diferan ak fason nou te konn preche lontan. Nan epòk pa nou, Paolo te tèlman konn ap fè deba ak prèt yo sou Bib la, li te vin yon ekspè nan domèn nan. Mwen sonje, gen youn nan deba sa yo ki te fèt devan yon gwoup moun ki pa t Temwen. Opozan yo te planifye alavans pou kèk moun nan asistans lan poze yon seri kesyon ki difisil anpil. Men, konvèsasyon an te vin chanje pandan reyinyon an. Gen yon moun ki te mande èske legliz gen dwa pou l mele nan zafè politik jan l ap fè sa depi plizyè syèk. Tout moun te ka wè aklè kesyon an te bay prèt yo pwoblèm. Menm kote a, limyè yo te etenn e reyinyon an te anile. Kèk ane apre, nou te aprann se prèt yo ki te planifye blakawout sa a pou sizoka bagay yo pa t pase egzakteman jan yo te prevwa a.

 LÒT PRIVILÈJ SÈVIS

Dizan apre Paolo avè m te fin marye, nou te jwenn envitasyon pou n al sèvi nan travay sikonskripsyon an. Se pa t yon desizyon ki te fasil pou n pran, paske Paolo te gen yon bon travay. Men, apre nou te fin priye anpil sou sa, nou te rann nou disponib pou privilèj sa a. Nou te renmen pase tan ak fanmi ki te konn akeyi nou lakay yo. Nou te konn etidye ansanm ak yo leswa, e Paolo te konn ede timoun yo fè devwa yo, sitou devwa matematik. Mete sou sa, Paolo te renmen li anpil e l te pran plezi pataje sa l te twouve ki enteresan e ki ankourajan yo ak moun nan fanmi sa yo. Byen souvan, lè lendi, nou te konn al preche nan ti vil ki pa t gen Temwen yo, e nou te konn envite moun yo vin tande yon diskou nan aswè.

Nou te renmen pase tan ak jèn yo, e souvan Paolo te konn jwe foutbòl ak yo.

Apre nou te fin pase dezan sèlman nan travay sikonskripsyon an, nou te jwenn envitasyon pou n al sèvi nan Betèl ki nan vil Wòm nan. Paolo t ap travay nan sèvis jiridik e mwen te nan sèvis peryodik. Se sèten chanjman sa a pa t fasil pou nou, men, nou te vle obeyi. Nou te pran plezi pou n wè jan filyal la t ap agrandi ofiramezi ak jan kantite frè ak sè yo pa t sispann ogmante nan peyi Itali. Se nan epòk sa a, yo te vin rekonèt Temwen Jewova yo nan peyi sa a. Se sèten, nou te vrèman kontan nouvo asiyasyon nou an.

Paolo te renmen travay li te gen nan Betèl la.

Nan epòk nou t ap sèvi nan Betèl, pwennvi nou genyen sou kesyon san an, yon pwennvi ki baze sou Bib la, te vin yon sijè enpòtan nan peyi Itali. Nan kòmansman ane 1980 yo, yo te fè yon pwosè anrapò ak kesyon sa a ki te atire atansyon anpil moun. Yo te akize yon koup Temwen Jewova kòmkwa yo te lakòz lanmò yon pitit fi yo paske yo te refize bay pitit la san. An reyalite, timoun nan te mouri akoz yon maladi grav li te gen nan san l, yon maladi anpil moun k ap viv nan zòn Meditèrane a fèt avè l. Frè ak sè nan fanmi Betèl la te ede avoka ki t ap defann paran timoun nan. Gen yon feyè ak yon Réveillez-vous! espesyal ki te ede moun yo konprann sa k te pase a epi esplike yo egzakteman sa Pawòl Bondye a di sou kesyon san an. Pandan mwa pwosè a te dire yo, souvan, Paolo te konn fè plis pase 16 èdtan pa jou ap travay san pran souf. Mwen te fè tout sa m kapab pou m soutni l nan efò l t ap fè yo.

YON LÒT CHANJMAN NAN LAVI N

Apre 20 an maryaj, gen yon bagay ki te rive nou sanzatann. Mwen te gen 41 an, e Paolo te gen 49 an, lè m te fè l konnen mwen genlè ansent. Men sa m te jwenn Paolo ekri nan kanè sekrè l la jou sa a: “Priyè: [Bondye] si se vre, ede nou rete nan sèvis aplentan, pou nou pa pran lèz kò nou nan domèn espirityèl. Ede nou tou pou nou bay bon egzanp antanke paran. Sa k pi enpòtan an, ede m aplike pou pi piti yon pousan nan tout sa m te konn di nan diskou m yo pandan 30 ane ki sot pase yo.”  Lè m ap reflechi ak priyè l te fè Jewova a, mwen kapab di, Jewova te vrèman reponn ni priyè pa l ni priyè pa m.

Lè llaria te fèt, lavi n te chanje anpil. Pafwa, jan Pwovèb 24:10 (NW) fè konn sa, Paolo avè m te konn santi n vrèman dekouraje. Men sa vèsè sa a di: “Èske w montre w dekouraje nan jou detrès? Fòs ou ap piti.” Men, nou te ede youn lòt e nou te toujou sonje jan sa enpòtan pou n fè sa.

llaria renmen di jan l kontan dèske l se pitit de Temwen ki te okipe anpil nan sèvis aplentan. Li pa t janm santi nou neglije l, e l te grandi nan yon fanmi ki te byen pran responsablite l. Pandan jounen an, mwen te la pou li. Nan aswè, lè Paolo antre, li te konn gen travay pou l fin fè. Malgre sa, li te pase tan avè l, li te konn jwe avè l e l te konn ede l fè devwa l. Li te konn fè sa menm lè l te oblije rete jiska dezè oswa twazè dimaten pou l fini travay li. Souvan, Ilaria te konn di: “Papi se pi bon zanmi m.”

Jan nou ka imajine sa, pafwa, sa te mande pèseverans pou n te ka ede llaria kontinye konpòte l antanke kretyen, e nou te konn oblije aji yon fason ki fèm avè l. Yon lè, mwen sonje li te aji mal ak yon zanmi l pandan yo t ap jwe. Nou te sèvi ak Bib la pou n esplike l rezon ki fè l pa t dwe aji konsa. Nou te fè l mande zanmi l lan padon devan nou.

llaria toujou kontan fè konnen jan li apresye lanmou paran l te demontre pou travay predikasyon an. Piske l marye kounye a, li pi byen konprann enpòtans sa genyen pou l obeyi Jewova epi suiv direksyon Jewova ba li.

NOU OBEYI MENM NAN MOMAN KI TRIS YO

Nan ane 2008, Paolo te aprann li fè kansè. Okòmansman, sanble Paolo te ka chape anba maladi a, e l te ankouraje m anpil. Nonsèlman llaria avè m te chèche jwenn bonjan konsèy nan men doktè, men tou, nou te konn fè anpil tan ap priye Jewova ansanm pou l ede n fè fas ak sa ki t ap tann nou. Sepandan, mwen t ap gade yon moun ki te djanm e ki te aktif anpil k ap depafini devan je m. Nou te pran yon gwo kou lè Paolo te mouri nan ane 2010. Men, mwen jwenn anpil rekonfò nan sa nou te akonpli pandan 45 ane nou te pase ansanm yo. Nou te bay Jewova sa k te pi bon an. Mwen konnen travay nou te fè ap toujou gen valè nan je Jewova. Se sa k fè, ann amoni ak pawòl Jezi yo nou jwenn nan Jan 5:28, 29 la, mwen pa ka tann pou Paolo resisite.

“Nan fon kè m, mwen toujou rete ti pitit ki te renmen istwa Noye a. Mwen toujou gen menm detèminasyon an.”

Nan fon kè m, mwen toujou rete ti pitit ki te renmen istwa Noye a. Mwen toujou gen menm detèminasyon an. Mwen vle obeyi Jewova nan kèlkeswa sa l mande m. Mwen sèten, pa gen okenn obstak, okenn sakrifis oswa okenn pèt nou kapab konpare ak bèl benediksyon Bondye nou an, ki gen lanmou, ban nou. Mwen te fè eksperyans sa a, e mwen ban nou garanti, sa vo lapenn.