Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann apresye kalite Jewova yo: Li renmen bay e li rezonab

Ann apresye kalite Jewova yo: Li renmen bay e li rezonab

“Jewova bon anvè tout moun, e li montre mizèrikòd anvè tout sa l fè.” — SÒM 145:9, NW.

1, 2. Ki opòtinite zanmi Jewova yo genyen?

MEN sa yon sè ki rele Monika te di: “Mwen menm ak mari m gen prèske 35 an depi nou marye. Nou youn konn lòt trè byen. Sepandan, menm apre tout ane sa yo, nou toujou ap aprann yon seri bagay nou pa t janm konnen anvan sa youn sou lòt!” Sandout, nou ka di menm bagay la pou anpil moun marye ak moun ki zanmi.

2 Nou jwenn anpil lajwa lè n vin pi byen konnen moun nou renmen yo. Sepandan, pami tout zanmi nou kapab genyen yo, pa gen youn ki pi enpòtan pase Jewova. Nou pap janm fin konn tout bagay nou dwe konnen sou li (Wom. 11:33). Nou pral gen opòtinite ak lajwa pou n vin gen plis apresyasyon pou kalite Jewova yo pandan tout letènite. — Ekl. 3:11.

3. Ki sa n pral konsidere nan atik sa a?

3 Atik nou te etidye anvan an te ede n vin gen plis apresyasyon pou de kalite Jewova gen lakay li: Li abòdab e li pa gen patipri. Kounye a, ann konsidere de lòt bèl kalite Jewova genyen: Li renmen bay e li rezonab. Konsa, n ap pi byen konprann rezon ki fè “Jewova bon anvè tout moun, e li montre mizèrikòd anvè tout sa l fè”. — Sòm 145:9, NW.

JEWOVA RENMEN BAY

4. Ki sa renmen bay toutbon vle di?

4 Ki sa renmen bay vle di? Nou jwenn repons lan nan pawòl Jezi te di ki nan Travay 20:35 lan. Men sa l te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” Grasa senp deklarasyon sa a, Jezi montre tout sa ki enplike nan renmen bay toutbon. Yon moun ki renmen bay se yon moun ki bay tan l, enèji l ak bagay materyèl li posede pou l ede lòt moun san grate tèt, e l fè sa ak kè  kontan. Vrèmanvre, se pa gwosè kado yon moun bay k ap fè yo konsidere l kòm yon moun ki renmen bay, men, se rezon ki pouse moun nan bay la. (Li 2 Korentyen 9:7.) Pa gen pèsonn ki pi renmen bay pase Jewova, “Bondye [nou an] ki gen kè kontan”. — 1 Tim. 1:11.

5. Ki fason Jewova montre l renmen bay?

5 Ki fason Jewova montre l renmen bay? Li bay tout moun sa yo bezwen pou yo viv, menm moun ki poko ap adore l. Kidonk, “Jewova bon anvè tout moun”. Li “fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki enjis”. (Mat. 5:45.) Se rezon sa a ki fè, pandan apot Pòl t ap pale ak kèk moun ki pa kwayan, li te kapab di Jewova “fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa”. (Tra. 14:17.) Li klè, Jewova renmen bay, li donan anvè tout moun. — Lik 6:35.

6, 7. a) Ki moun sitou Jewova pran plezi pou l fè yo jwenn sa yo bezwen? b) Bay yon egzanp ki montre kòman Bondye fè adoratè fidèl li yo jwenn sa yo bezwen.

6 Jewova sitou pran plezi pou l fè adoratè fidèl li yo jwenn sa yo bezwen. Wa David te di: “Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.” (Sòm 37:25). Gen anpil kretyen fidèl ki te fè kèk eksperyans ki ba yo prèv Jewova konn pran swen moun vre. Ann konsidere yon egzanp.

7 Sa gen kèk ane, te gen yon sèvitè aplentan ki rele Nancy ki te twouve l nan yon sitiyasyon ki te difisil anpil. Men sa Nancy fè konnen: “Mwen te bezwen 66 dola ameriken pou m peye lwaye kay mwen ki t apral bout nan demen. Mwen pa t konn kòman m t apral fè jwenn lajan sa a. Mwen te priye Jewova konsènan pwoblèm nan, e apre sa, mwen t al travay nan restoran m t ap travay la. Jou aprèmidi sa a, mwen pa t panse m t apral jwenn tout kòb sa a kòm tep paske, se te yon jou nan semèn nan kote pa t konn gen afè. Men, mwen te sezi wè kantite moun ki te vin nan restoran an jou swa sa a. Apre m te fin travay epi m te fin konte tep mwen te resevwa yo, mwen te jwenn 66 dola ameriken.” Nancy gen konviksyon Jewova te fè l jwenn egzakteman sa l te bezwen. — Mat. 6:33.

8. Ki pi gwo kado Jewova bay?

8 Tout moun gen posiblite pou yo benefisye pi gwo kado Jewova bay la. Ki kado sa a? Se sakrifis ranson Pitit li a. Jezi te di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li [Pitit la] pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Kontèks vèsè sa a montre “monn nan” reprezante limanite. Vrèmanvre, tout moun ki aksepte pi  gwo kado Jewova bay la gen posiblite pou yo benefisye l, paske moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi yo pral resevwa lavi ki pap janm fini an (Jan 10:10). Èske gen pi gwo prèv pase sa ki montre jan Jewova renmen bay?

ANN RENMEN BAY MENM JAN AK JEWOVA

Izrayelit yo te jwenn ankourajman pou yo aprann bay menm jan ak Jewova. (Gade  paragraf 9.)

9. Ki jan n ka montre n renmen bay menm jan ak Jewova?

 9 Ki jan n ka montre n renmen bay menm jan ak Jewova? Etandone Jewova “ban nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo”, nou ta dwe “dispoze pataje” ak lòt moun yon fason pou n ede yo gen lajwa (1 Tim. 6:17-19). Nou kontan bay moun nou renmen yo kado e nou kontan itilize bagay materyèl nou posede pou n ede moun ki nan bezwen. (Li Detewonòm 15:7.) Ki sa k ka ede n sonje pou n renmen bay? Gen kèk kretyen ki sèvi ak metòd sa a: Chak fwa yo resevwa yon kado, yo chèche okazyon pou yo bay yon lòt moun yon kado. Kongregasyon yo chaje ak frè ak sè ki renmen bay.

10. Bay youn nan pi bon fason nou ka montre n se moun ki renmen bay.

10 Youn nan pi bon fason nou ka montre n se moun ki renmen bay, se lè n montre n disponib ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou. Ki jan n ka fè sa? Nou ka fè sa lè n sèvi ak tan nou ak enèji nou pou n ede lòt moun epi ankouraje yo (Gal. 6:10). Pou n wè kòman n ye nan domèn sa a, nou gendwa mande tèt nou: ‘Èske lòt moun wè m kòm yon moun ki rann tèt li disponib pou l koute yo lè yo gen pwoblèm? Si yon moun mande m ede l nan yon pwojè oswa rann li yon sèvis, èske m di l wi depi sa posib? Ki dènye fwa mwen te felisite yon manm fanmi m oswa yon kwayan parèy mwen ak tout kè m?’ Lè n “pran abitid bay”, n ap gen asirans n ap vin pi pwòch ak Jewova ansanm ak zanmi nou yo. — Lik 6:38; Pwo. 19:17.

11. Bay kèk fason nou kapab montre n renmen bay Jewova.

  11 Nou kapab montre n se moun ki renmen bay Jewova tou. Ekriti yo ankouraje nou pou n “onore Jewova avèk bagay [nou] genyen ki gen valè” yo (Pwo. 3:9, NW). “Bagay [nou] genyen ki gen valè” yo gen ladan yo bagay nou ka bay nan sèvis Jewova a san grate tèt tankou: tan nou, enèji nou ak byen materyèl nou posede. Menm timoun piti yo ka aprann renmen bay Jewova. Men sa yon papa ki rele Jason di: “Lè fanmi nou ap fè ofrann nan Sal Wayòm nan, nou kite timoun yo met kòb la nan bwat ofrann nan. Yo kontan fè sa paske, lè yo met kòb la, ‘yo bay Jewova yon bagay’. ” Pa gen dout nan sa, timoun ki pran plezi bay Jewova pandan yo toupiti ap kontinye renmen bay Jewova menm lè yo vin gran. — Pwo. 22:6.

JEWOVA REZONAB

12. Ki sa sa vle di pou yon moun rezonab?

12 Jewova gen yon lòt bèl kalite lakay li: li rezonab. Ki sa sa vle di pou yon moun rezonab? Nan lang orijinal la, mo yo abitye itilize pou tradui “rezonab” nan Tradiksyon monn nouvo a, vle di mo pou mo konsilyan (Tit 3:1, 2). Yon moun ki rezonab pa toujou ap fòse moun respekte lalwa, se pa yon moun ki strik depase limit, ni ki sevè oswa ki di. Okontrè, se yon moun ki fè gwo efò pou l aji ak jantiyès nan fason l boule ak lòt moun, e ki pran sitiyasyon yo an konsiderasyon. Li toujou pare pou l koute lòt moun, epi, lè sa apwopriye, li aksepte sede epi l fè ajisteman nan sa l ap atann de yo.

13, 14. a) Ki fason Jewova montre l se yon moun ki rezonab? b) Ki sa nou aprann sou kalite sa a nan fason Bondye te boule ak Lòt la?

13 Ki fason Jewova montre l rezonab? Avèk jantiyès, li pran santiman sèvitè l yo an konsiderasyon, e, byen souvan, li dispoze ba yo sa yo mande l. Pa egzanp, ann konsidere fason Jewova te boule ak Lòt, yon moun ki te jis. Lè Jewova te deside detwi vil Sodòm ak Gomò, li te bay Lòt enstriksyon byen klè pou l kouri pran mòn. Sepandan, pou yon rezon kèlkonk, Lòt te sipliye Jewova pou l ba l pèmisyon pou l al yon lòt kote. Ou imajine sa, Lòt te mande Jewova pou Jewova chanje enstriksyon L te ba l yo! — Li Jenèz 19:17-20.

14 Li gendwa fasil pou yon moun panse Lòt te yon moun ki fèb oswa ki pa obeyisan. Dayè, se sèten Jewova t ap pèmèt Lòt chape vivan kèlkeswa kote a. Se sa k fè, Lòt pa t gen okenn rezon vre pou l te pè. Sepandan, Lòt te pè kanmenm e l pa t ka fè anyen kont sa, e Jewova te pran sa an konsiderasyon. Li te pèmèt Lòt al nan yon vil Li te gen entansyon detwi. (Li Jenèz 19:21, 22.) Sa klè, Jewova pa ni sevè, ni di. Okontrè, li konsilyan e li rezonab.

15, 16. Ki jan Lwa Jewova te bay Moyiz la montre Jewova rezonab? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

15 Ann konsidere yon lòt egzanp ki montre Jewova rezonab jan sa parèt nan Lwa li te bay Moyiz la. Si yon Izrayelit te twò pòv pou l ofri yon mouton oswa yon kabrit kòm sakrifis, li te ka ofri de toutrèl oswa de pijon nan plas yo. Men, ki sa k t ap pase si yon Izrayelit te tèlman pòv opwen li pa t ka menm ofri de pijon? Nan ka sa a, Jewova te pèmèt Izrayelit sa a ofri enpe farin. Sepandan, nou dwe note detay sa a ki enpòtan: Farin nan pa t dwe nenpòt ki farin, men, li te dwe “farin bon kalite”, sa vle di, kalite farin yo te konn itilize pou onore moun yo envite lakay yo (Jen. 18:6). Poukisa sa te enpòtan? — Li Levitik 5:7, 11.

16 Imajine w se yon Izrayelit ki pòv anpil. Lè w rive nan tabènak la avèk ti farin ou an ki toupiti, ou wè Izrayelit ki rich yo k ap bay anpil bèt kòm sakrifis. Ou ta gendwa santi w jennen ak ti farin w ap bay kòm sakrifis la ki sanble pa gen okenn valè. Men, ou sonje ofrann ou an gen anpil valè nan je Jewova. Pou ki rezon? Pou yon sèl bagay: Jewova te mande pou w  ofri l yon farin bon kalite. An reyalite, se kòmsi Jewova te di Izrayelit ki pòv anpil yo: ‘Mwen konnen nou pa ka ofri m menm kantite bagay ak moun ki gen mwayen yo, men, mwen konnen tou se sa k pi bon an nou ban mwen.’ Vrèmanvre, Jewova montre l rezonab lè l pran limit sèvitè l yo ak sitiyasyon yo an konsiderasyon. — Sòm 103:14.

17. Ki kalite sèvis nou kapab gen asirans Jewova ap aksepte?

 17 Lefètke n konnen Jewova rezonab, nou kapab jwenn rekonfò paske n konnen l ap aksepte sèvis nou ba l ak tout nanm nou (Kol. 3:23). Men sa yon sè aje k ap viv ann Itali, ki rele Constance te di: “Bagay mwen plis renmen fè se pale ak lòt moun konsènan Kreyatè m nan. Se sa k fè m kontinye preche epi kondui etid biblik. Pafwa, mwen regrèt dèske m pa ka fè plis akoz sante m. Men, mwen rann mwen kont Jewova konn limit mwen, li renmen m e li apresye sa m kapab ba li.”

ANN MONTRE N REZONAB MENM JAN AK JEWOVA

18. Bay yon fason paran yo ka imite egzanp Jewova.

18 Ki jan n ka montre n rezonab menm jan ak Jewova? Ann fè yon ti reflechi ankò sou fason Jewova te boule ak Lòt la. Se Jewova sèl ki te gen otorite, sepandan, avèk jantiyès, li te koute Lòt lè Lòt t ap eksprime sa l santi. Epi Bondye te pèmèt Lòt fè sa l te mande l la. Si w se yon paran, èske w ka imite egzanp Jewova? Èske w ka koute sa pitit ou mande w, epi, pèmèt yo fè sa yo mande a lè sa apwopriye? Nan menm sans lan, nan Toudegad 1ye septanm 2007, yo te fè konnen kèk paran ka pèmèt pitit yo bay opinyon yo lè y ap pale konsènan règ ki gen nan kay la. Pa egzanp, paran yo ka deside fikse yon lè pou timoun yo rantre, e se sèten, paran yo gen dwa fè sa. Aktout sa, paran ki kretyen yo gendwa koute opinyon pitit yo sou sa. Nan kèk sikonstans, paran yo ka chwazi fè kèk ajisteman nan lè yo te fikse a, depi sa pa vyole prensip Bib la bay yo. Paran yo kapab wè, lè yo pran sa timoun yo panse konsènan règ ki gen nan kay la an konsiderasyon, timoun yo pi dispoze konprann règ sa yo epi obeyi yo.

19. Ki fason ansyen yo ka fè anpil efò pou yo montre yo rezonab menm jan ak Jewova?

19 Nan kongregasyon an, ansyen yo fè anpil efò pou yo montre yo rezonab menm jan ak Jewova lè yo pran sitiyasyon kwayan parèy yo an konsiderasyon. Pa bliye Jewova te menm bay sakrifis Izrayelit ki te pi pòv yo anpil valè. Menm jan an tou, gen kèk frè ak sè ki vrèman limite nan sa yo ka fè nan travay predikasyon an, petèt akoz pwoblèm sante oswa paske y ap antre nan laj. Ki sa n ka fè si moun sa yo nou renmen yo ta santi yo dekouraje akoz yo limite? Avèk jantiyès, ansyen yo ka ba yo asirans Jewova renmen yo paske yo ba l sa yo genyen ki pi bon an. — Mak 12:41-44.

20. Èske montre n rezonab vle di pou n pa fè tout sa n kapab nan sèvis n ap bay Bondye a? Esplike.

20 Nòmalman, nou pa dwe janm konfonn yon moun ki rezonab ak yon moun ki pa fè tout sa l kapab nan sèvis Bondye a senpleman paske l vle menaje tèt li (Mat. 16:22). Nou pa dwe aji konsa, epi, apre sa, pou n ap defann tèt nou lè n di nou te montre n rezonab. Olye de sa, nou tout dwe “fè gwo efò” pou n ede enterè Wayòm nan avanse (Lik 13:24). Vrèmanvre, nou fè anpil efò pou n montre n ekilibre. Yon bò, nou fè gwo efò pou n fè tout sa n kapab nan sèvis n ap bay Jewova a. Yon lòt bò, nou sonje Jewova pap janm mande n plis pase sa n ka ba li. Lè n bay Jewova sa n genyen ki pi bon an, nou kapab gen asirans sa fè l plezi. Èske n pa kontan sèvi yon Mèt ki konn apresye e ki rezonab konsa? Nan atik ki vin apre a, nou pral pale konsènan de lòt aspè ankò ki gen nan pèsonalite Jewova. — Sòm 73:28.

“Onore Jewova avèk bagay ou genyen ki gen valè.” — Pwo. 3:9, NW. (Gade  paragraf 11.)

“Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou.” — Kol. 3:23. (Gade  paragraf 17.)