Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite disiplin Jewova bay modle nou

Kite disiplin Jewova bay modle nou

“Avèk konsèy ou w ap dirije m, e ansuit w ap mennen m nan laglwa.” — SÒM 73:24, NW.

1, 2. a) Ki bagay enpòtan nou dwe fè pou n gen yon bon relasyon ak Jewova? b) Lè n egzamine istwa Bib la rakonte konsènan fason kèk moun te reyaji devan disiplin Bondye, kòman sa ap pwofitab pou nou?

GEN yon salmis ki te di: “Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. Se nan Jewova, Souvren Seyè a, mwen pran refij mwen.” (Sòm 73:28NW). Pawòl sa yo montre jan salmis la te gen konfyans nan Bondye. Ki sitiyasyon ki te pouse l di kalite pawòl sa yo? Pandan salmis la t ap gade fason mechan yo t ap viv anpè, li te kòmanse santi l gen lapenn nan kè l. Men sa l te di: “Gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè?” (Sòm 73:2, 3, 13, 21). Sepandan, lè l te antre nan “sangtyè grandyoz Bondye a” (NW), sa te ede l chanje fason l wè bagay yo epi kontinye kenbe bonjan relasyon l te gen ak Bondye a (Sòm 73:16-18). Eksperyans sa a te aprann salmis sa a, ki te gen lakrentif pou Bondye, yon leson ki enpòtan anpil: Si yon moun vle gen yon relasyon sere ak Jewova, li enpòtan anpil pou l vin fè pati pèp Jewova a, pou l aksepte konsèy Jewova bay epi aplike konsèy sa yo. — Sòm 73:24.

2 Nou menm tou, nou vle gen bonjan relasyon ak vrè Dye a, li menm ki se Bondye vivan an. Pou n atenn objektif sa a, li enpòtan anpil pou n kite konsèy oswa disiplin li yo modle vi nou yon fason pou n ka vin tounen moun ki fè l plezi! Nan tan lontan, avèk mizèrikòd, Bondye te bay plizyè moun ak plizyè nasyon opòtinite pou yo aji devan disiplin li bay. Yo ekri fason yo te reyaji yo nan Bib la “pou enstriksyon nou”, epi ‘pou sèvi nou avètisman, nou menm fen sistèm yo rive sou nou an’. (Wom. 15:4; 1 Kor. 10:11.) Lè n byen egzamine istwa sa yo, sa ap fè n pi byen konprann pèsonalite Jewova, e sa ap montre n fason nou kapab jwenn byenfè lè n kite l modle nou.

 FASON POTYE A EGZÈSE OTORITE L

3. Ki jan egzanp nou jwenn nan Izayi 64:8 ak Jeremi 18:1-6 yo montre otorite Jewova gen sou lèzòm? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Nan Izayi 64:8 (NW), nou jwenn yon egzanp ki montre otorite Jewova gen sou moun ak sou nasyon yo. Men sa vèsè sa a di: “O Jewova, ou se Papa nou. Nou se ajil la, e ou se Potye nou, e nou tout nou se travay ou fè ak men w.” Yon potye se yon moun ki gen tout dwa pou l modle yon ajil pou l fè l tounen nenpòt veso l vle. Ajil la pa gen kontwòl ditou sou sa k ap fèt la. Se menm bagay la tou pou lèzòm ak Bondye. Menm jan ajil la pa ka di potye k ap ba l fòm nan anyen, se konsa tou, lèzòm pa gen dwa di Bondye anyen sou fason Bondye ap modle yo. — Li Jeremi 18:1-6.

4. Èske Bondye konn annik deside modle kèk moun oswa kèk nasyon? Esplike.

4 Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te montre kapasite l genyen pou l fè sa yon potye konn fè ak yon ajil. Men, gen yon gwo diferans ant Jewova ak yon potye. Yon potye ka fè nenpòt kalite veso l vle ak yon moso ajil. Èske Jewova konn annik deside modle kèk moun oswa kèk nasyon pou l fè yo vin bon oswa mechan? Repons Bib la bay se non. Jewova bay lèzòm yon kado ki gen anpil valè ki se libète pou yo deside. Li pa egzèse otorite l genyen antanke Souvren an yon fason ki fè kado sa a pa gen valè. Se lèzòm ki dwe chwazi kite Jewova, Kreyatè yo a, modle yo. — Li Jeremi 18:7-10.

5. Ki fason Jewova egzèse otorite l sou lèzòm lè yo refize kite l modle yo?

5 E si lèzòm refize kite Gran Potye a modle yo? Nan ka sa a, ki jan l ap egzèse otorite l antanke Dye? Fè yon ti reflechi ak sa k ap rive ajil la si l pa ta ka fè sa potye a te vle fè avè l la. Potye a ka fè yon lòt kalite veso avè l oswa l ka annik jete l! An jeneral, se fòt potye a si ajil la pa ka pran fòm potye a vle ba li a. Sa pap janm rive nan ka Potye nou an (Det. 32:4). Lè yon moun pa kite Jewova modle l, se toujou fòt moun sa a. Jewova egzèse otorite l genyen antanke Potye a sou lèzòm lè l fè ajisteman nan fason l boule ak yo dapre fason yo reyaji. Jewova bay moun ki byen reyaji yo yon fòm ki pwofitab pou yo. Pa egzanp, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo se “veso li deside fè mizèrikòd” paske l modle yo pou yo tounen “veso pou yon sèvis ki onorab”. Yon lòt bò, moun ki kontinye opoze ak Bondye yo ap tounen “veso li gen pou l devide kòlè l sou yo, veso ki merite destriksyon”. — Wom. 9:19-23.

6, 7. Ki jan wa David ak wa Sayil te montre yo diferan nan fason yo te reyaji lè Jewova te ba yo konsèy?

 6 Youn nan fason Jewova modle moun se pa mwayen konsèy oswa disiplin li ba yo. Nou kapab wè fason Jewova egzèse otorite l sou moun li modle yo lè n konsidere lavi de premye wa ann Izrayèl yo, anpalan de Sayil ak David. Lè wa David te komèt adiltè avèk Batcheba, aksyon l te fè a te afekte ni li menm ni lòt moun. Malgre David te yon wa, Jewova te ba l bonjan disiplin. Bondye te voye pwofèt Natàn al bay David yon mesaj pisan (2 Sam. 12:1-12). Kòman David te reyaji? Li te regrèt anpil e l te repanti. David te vin tounen yon veso Bondye te deside fè mizèrikòd. — Li 2 Samyèl 12:13.

 7 Kontrèman ak David, Sayil, wa ki te la anvan David la, pa t byen reyaji devan konsèy Jewova yo. Pa mwayen pwofèt Samyèl, Jewova te bay Sayil yon lòd byen klè ki se: Touye tout Amalekit yo ansanm ak bèt yo te genyen yo. Sayil pa t obeyi lòd Jewova te ba l la. Sayil pa t touye wa Agag, e l te chwazi kèk nan bèt Amalekit yo te genyen yo. Ki sa k fè l te aji konsa? Se paske l te vle onore tèt li (1 Sam. 15:1-3, 7-9, 12). Sayil te dwe chanje kè l lè l te jwenn konsèy, li te dwe kite Gran Potye a modle l.  Olye de sa, li te refize yo modle l e l te chèche jistifye konpòtman l te genyen an. Li te fè konnen sa l te fè a te bon paske yo te ka sèvi ak bèt yo pou fè sakrifis, e l pa t bay konsèy Samyèl te ba l la okenn valè. Jewova te rejte Sayil antanke wa, e Sayil pa t janm tounen gen bon relasyon ak vrè Dye a ankò. — Li 1 Samyèl 15:13-15, 20-23.

Sayil pa t koute konsèy e l pa t ba yo okenn valè. Li te refize kite Jewova modle l! (Gade  paragraf 7.)

David te regrèt anpil e l te aksepte konsèy. Li te kite Bondye modle l. Èske w imite l? ( Gade paragraf 6.)

BONDYE PA GEN PATIPRI

8. Ki leson n ka aprann nan fason nasyon Izrayèl la te reyaji lè Jewova t ap modle yo?

8 Se pa moun sèlman Jewova bay opòtinite pou yo kite l modle yo, men, li bay nasyon yo opòtinite sa a tou. Nan ane 1513 anvan epòk nou an, pitit Izrayèl yo te libere anba esklavaj ann Ejip, e Bondye te fè yon alyans ak yo. Bondye te chwazi nasyon Izrayèl la, e yo te gen privilèj pou l modle yo kòmsi yo te sou wou Gran Potye a. Sepandan, pèp la te kontinye fè sa k mal nan je Jewova, e yo te menm al adore dye lòt nasyon ki te ozalantou yo. Se pa ni de ni twa fwa Jewova te voye pwofèt li yo al ede yo retounen nan bon sans yo, men, pèp Izrayèl la pa t koute (Jer. 35:12-15). Etandone pèp Izrayèl la te gen kou rèd, Jewova te disipline yo yon fason ki di anpil. Menm jan ak yon veso ki merite detwi, 10 tribi ki te nan nò peyi a te sibi destriksyon anba men Asiryen yo, e wayòm de tribi ki te nan sid la te sibi menm sò a tou anba men Babilonyen yo. Ala yon gwo leson sa aprann nou! Lè Jewova ap modle nou, se sèlman si n byen reyaji devan disiplin li ban nou an, sa ap pwofitab pou nou.

9, 10. Ki fason Ninivit yo te reyaji devan avètisman Jewova te ba yo?

9 Jewova te bay Asiryen ki t ap viv Niniv, kapital peyi Asiri a, opòtinite pou yo  byen reyaji devan avètisman l te ba yo tou. Jewova te di pwofèt Yona: “Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.” Ninivit yo te merite detwi. — Jo. 1:1, 2; 3:1-4.

10 Sepandan, lè Yona te fè yo konnen malè ki t apral tonbe sou yo, “moun lavil yo te kwè nan mesay Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo”. Wa peyi a “leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife”. Ninivit yo te byen reyaji devan efò Jewova te fè pou l modle yo, e yo te repanti. Kòm rezilta, Jewova pa t detwi yo. — Jo. 3:5-10.

11. Ki kalite Jewova gen lakay li ki te parèt aklè nan fason l te boule ak pèp Izrayèl la ansanm ak Ninivit yo?

11 Se pa paske nasyon Izrayèl la te yon nasyon Jewova chwazi ki fè l pa t merite pou Jewova disipline l. Yon lòt bò, Bondye pa t fè okenn alyans ak Ninivit yo. Epoutan, Jewova te fè yo konnen mesaj jijman l te pwononse kont yo e l te demontre mizèrikòd anvè yo piske yo te kite l modle yo tankou ajil ki nan men l. De egzanp sa yo montre yon fason klè jan Jewova, Bondye nou an, “pa nan paspouki ak pèsonn”! — Det. 10:17, NW.

JEWOVA REZONAB E LI FLEKSIB

12, 13. a) Ki sa k fè Bondye konn deside chanje fason l te di l ap aji lè gen moun ki byen reyaji lè l modle yo? b) Ki sa ekspresyon “santi l regrèt” la te vle di nan ka Sayil ak Ninivit yo?

12 Fason Bondye dispoze modle nou an montre li se yon Dye ki rezonab e ki fleksib. Sa parèt byen klè nan kèk sitiyasyon kote Jewova te deside aji kont kèk moun sou baz jijman l lan ki jis, epi, apre sa, li chanje lide akoz fason moun sa yo te reyaji. Konsènan Sayil, premye wa Izrayèl la, Ekriti yo fè konnen Jewova te santi l ‘regrèt li te fè l wa’. (1 Sam. 15:11.) Lè moun Niniv yo te repanti epi yo te kite move bagay yo t ap fè yo, Bib la di: “Vrè Dye a te santi l regrèt kalamite li te di li t ap lage sou yo a, e li pa t fè sa.” — Yona 3:10, NW.

13 Anfèt, mo ebre lè yo tradui l yo met “santi l regrèt” pou li a gen rapò ak chanje lide oswa chanje entansyon. Apre Jewova te fin chwazi Sayil antanke wa, li te chanje lide lè l te rejte l. Se pa paske Jewova te fè yon erè lè l te chwazi Sayil la ki fè l te fè chanjman sa a, men pito, se paske Sayil pa t montre l gen lafwa nan Jewova e l te vin dezobeyisan. Nan ka Ninivit yo, vrè Dye a te santi l regrèt, sa vle di, li te chanje sa l te gen entansyon fè yo a. Se pa ti rekonfòte sa rekonfòte nou dèske n konnen Jewova, Potye nou an, rezonab e li fleksib, li gen bonte ak mizèrikòd, li dispoze chanje fason l te di l ap aji lè moun ki te fè erè yo demontre yo gen yon bon atitid!

PINGA NOU REJTE DISIPLIN JEWOVA

14. a) Ki fason Jewova modle nou jodi a? b) Kòman nou ta dwe reyaji lè Bondye ap modle nou?

14 Jodi a, Jewova modle nou prensipalman pa mwayen Pawòl li a, Labib, ansanm ak òganizasyon l lan (2 Tim. 3:16, 17). Èske n pa ta dwe aksepte kèlkeswa konsèy oswa disiplin nou resevwa grasa dispozisyon sa yo? Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n batize oswa kantite privilèj nou genyen nan kongregasyon an, nou dwe kontinye byen reyaji devan konsèy Jewova ban nou lè n kite l modle nou pou n tounen veso ki fèt pou yon sèvis ki onorab.

15, 16. a) Ki santiman negatif yon moun ka genyen lè l pèdi privilèj li te genyen akoz disiplin li resevwa? Bay yon egzanp. b) Ki sa k ka ede n fè fas ak santiman negatif nou ka genyen akoz yon disiplin nou resevwa?

15 Gen kèk disiplin nou ka resevwa sou fòm enstriksyon oswa sou fòm  reprimann. Sepandan, kèk lòt fwa, nou kapab bezwen yo disipline nou paske nou pa t fè sa ki bon. Yon disiplin konsa ka fè n pèdi privilèj nou te genyen yo. Ann konsidere egzanp Dennis * ki t ap sèvi antanke ansyen. Li te tonbe nan fè sa k pa bon akoz move desizyon l te pran nan zafè biznis e l te resevwa yon reprimann an prive. Ki jan Dennis te santi l jou swa yo t ap anonse kongregasyon an li pap sèvi kòm ansyen ankò? Men sa l di: “Mwen te santi m echwe totalman. Pandan 30 ane ki te pase yo, mwen te gen anpil privilèj. Mwen te pyonye pèmanan, mwen te sèvi nan Betèl, mwen te vin nome asistan ministeryèl epi ansyen. Mwen te fèk sot bay premye diskou m nan kongrè distri tou. Epi, bridsoukou, mwen te pèdi tout bagay sa yo. Mwen te santi m wont e m te jennen, mete sou sa, mwen te panse pa t gen okenn plas pou mwen nan òganizasyon an ankò.”

16 Dennis te dwe chanje konduit li te genyen an epi l te dwe kite move bagay ki te fè l pran reprimann nan. Men, ki sa k te ede l fè fas ak santiman negatif yo? Men ki esplikasyon l bay: “Mwen te detèmine pou m kontinye gen bon abitid nan domèn espirityèl. Èd mwen te resevwa nan fanmi entènasyonal nou fòme a ansanm ak piblikasyon nou yo te enpòtan anpil pou mwen. Atik ki te gen tit ‘Èske w te gen privilèj deja nan kongregasyon an? Èske w ka chèche gen privilèj ankò?’ ki te parèt nan Toudegad 15 out 2009 la te tankou yon lèt Jewova ekri m kòm repons pou priyè m yo. Konsèy mwen te pi renmen nan atik sa a, se konsèy ki di: ‘Pandan ou pa gen responsablite nan kongregasyon an kounye a, chèche fòtifye espirityalite w.’” Ki fason Dennis te jwenn byenfè grasa disiplin sa a? Apre kèk ane, li fè konnen: “Jewova te beni m ankò lè m te vin gen privilèj pou m sèvi antanke asistan ministeryèl.”

17. Lè yo eskominye yon moun, ki jan sa ka ede moun sa a retounen vin jwenn Jewova? Bay yon egzanp.

17 Yon lòt fason Jewova bay disiplin se lè yo eskominye moun ki pa repanti yo. Disiplin sa a pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans e l ka ede moun ki te peche a retounen vin jwenn Jewova (1 Kor. 5:6, 7, 11). Robert te prèske gen 16 an depi l te eskominye. Pandan tout tan sa a, avèk fidelite e yon fason ki fèm, paran l yo ak frè l yo te aplike konsèy yo jwenn nan Pawòl Bondye a ki mande pou yo pa pran kontak ak moun ki fè peche e pou yo pa menm salye moun sa yo. Kounye a, sa gen kèk ane depi Robert te reyentegre e l ap fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Lè yo te mande l ki sa k te pouse l retounen vin jwenn Jewova ansanm ak pèp Li a apre tout tan sa a, li te fè konnen se pozisyon fèm fanmi l te pran an ki te gen gwo efè sou li. Men sa l di: “Si fanmi m te manke pran kontak avè m menm pou yon ti moman, tankou pou yo konn kòman m ye, ti kontak sa a sèlman t ap sifi pou mwen, e petèt, sa pa t ap fè anvi m te genyen pou m ansanm ak yo a fè m retounen vin jwenn Bondye.”

18. Ki kalite ajil nou ta dwe ye nan men Gran Potye a?

18 Nou gendwa pa nan sitiyasyon ki mande pou n resevwa yon disiplin konsa, men, ki kalite ajil n ap montre nou ye nan men Gran Potye a? Ki jan n ap reyaji lè l disipline nou? Èske n ap montre nou menm jan ak David oswa nou menm jan ak Sayil? Gran Potye a se Papa nou. Pa janm bliye sa: “Moun Jewova renmen, li reprimande l, menm jan yon papa fè pou yon pitit li pran plezi nan li.” Kidonk, “pinga w rejte disiplin Jewova, e pinga w gen degoutans pou blam li bay”. — Pwo. 3:11, 12, NW.

^ § 15 Yo chanje non moun yo.