Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kiyès “pitit vrè Dye” (NW) ki t ap viv anvan delij la yo pale de yo nan Jenèz 6:2, 4 la te ye?

Sa klè, ekspresyon sa a gen rapò ak pitit gason espirityèl Bondye yo. Sepandan, ki prèv nou genyen?

Men ki sa nou li nan vèsè 2 a: “Pitit vrè Dye a genyen yo te vin remake pitit fi lèzòm yo, yo wè yo te bèl. E yo te pran yo pou madanm yo, sa vle di, yo te pran tout sa yo te chwazi yo.” — Jen. 6:2, NW.

Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, ekspresyon “pitit vrè Dye” (NW) ak “pitit Bondye yo” (NW) parèt nan Jenèz 6:2, 4; Jòb 1:6; 2:1; 38:7 ak Sòm 89:6. Ki sa vèsè sa yo aprann nou sou “pitit Bondye yo”?

Sa klè, ekspresyon “pitit vrè Dye” ki nan Jòb 1:6 la fè referans ak kreyati espirityèl ki te rasanble devan Bondye yo. Pami yo te gen Satan ki te “sot moute desann toupatou sou latè”. (Jòb 1:7; 2:1, 2.) Menm jan an tou, Jòb 38:4-7 fè konnen “pitit Bondye yo te pran bat bravo” lè Bondye te “poze wòch ki kenbe” tè a. Piske Bondye potko kreye lèzòm lè sa a, yo dwe t ap pale de zanj yo nan vèsè sa yo. Pa gen dout nan sa, ekspresyon “pitit Bondye yo” ki parèt nan Sòm 89:6 la gen rapò ak kreyati k ap viv nan syèl la bò kote Bondye, li pa gen rapò ak lèzòm.

Kounye a, kiyès “pitit vrè Dye” yo pale de yo nan Jenèz 6:2, 4 la ye? Ann amoni ak esplikasyon nou sot jwenn pi wo a, li lojik pou n di vèsè sa yo ap pale de pitit gason espirityèl Bondye yo ki te vin sou tè a.

Gen kèk moun ki twouve l difisil pou yo kwè zanj yo ta ka enterese nan fè relasyon seksyèl. Se vre, pawòl Jezi te di nan Matye 22:30 lan montre pa gen maryaj ak relasyon seksyèl nan syèl la. Sepandan, nan kèk okazyon, gen kèk zanj ki te pran fòm kò moun e ki te menm manje ak bwè avèk lèzòm (Jen. 18:1-8; 19:1-3). Se sa k fè, li rezonab pou n di, lè zanj yo te pran fòm kò moun, yo te kapab gen relasyon seksyèl ak fi.

Nou jwenn anpil prèv nan Bib la ki fè n kwè se sa menm kèk zanj te fè. Nan Jid 6, 7, Pawòl Bondye a montre gen yon rapò ant peche gason Sodòm yo te fè a, lè yo t ap kouri dèyè dezi lachè ki pa natirèl, ak “zanj ki pa t rete nan pozisyon yo te ye a, ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete a”. Gen yon gwo resanblans ant zanj sa yo ak moun Sodòm yo piske toule de gwoup moun sa yo “t ap benyen nan fònikasyon e yo t ap kouri dèyè dezi lachè ki pa natirèl”. Menm jan an tou, 1 Pyè 3:19, 20 montre gen yon lyen ant zanj ki te dezobeyi yo ak “jou Noye yo”. (2 Pyè 2:4, 5.) Kidonk, nou kapab di, pa gen diferans ant konduit zanj ki te dezobeyi nan jou Noye yo ak peche moun Sodòm ak Gomò yo te fè yo.

Li nòmal pou n dakò ak esplikasyon sa a piske nou vin konnen “pitit vrè Dye” yo pale de yo nan Jenèz 6:2, 4 la se te zanj ki te pran fòm kò moun pou y al fè imoralite ak medam yo.

 Bib la fè konnen Jezi “t al preche espri ki nan prizon yo”. (1 Pyè 3:19.) Ki sa sa vle di?

Apot Pyè fè konnen espri sa yo se “espri ki te dezobeyi nan tan lontan yo, lè Bondye t ap tann avèk pasyans nan jou Noye yo”. (1 Pyè 3:20.) Sa klè, Pyè t ap pale de kreyati espirityèl ki te chwazi suiv Satan nan rebelyon l lan. Jid li menm pale de zanj ki “pa t rete nan pozisyon yo te ye a, ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete a” lè l fè konnen Bondye “rezève yo nan chenn etènèl, anba yon fènwa pwès, pou jijman k ap fèt nan gran jou a”. — Jid 6.

Ki jan kreyati espirityèl yo te dezobeyi nan jou Noye yo? Anvan delij la, espri mechan sa yo te pran fòm kò moun, alòske Bondye pa t kreye yo pou sa (Jen. 6:2, 4). Anplis de sa, lefètke zanj sa yo te gen relasyon seksyèl ak fi, yo te fè yon bagay ki pa t natirèl. Bondye pa t fè kreyati espirityèl yo pou yo gen relasyon seksyèl ak fi (Jen. 5:2). Bondye gen pou detwi zanj mechan sa yo, ki te dezobeyi, nan moman li fikse a. Jan Jid fè konn sa, pou kounye a, zanj sa yo nan yon “fènwa pwès”. Nan yon sans, se kòmsi yo te nan yon prizon espirityèl.

Ki lè Jezi t al preche “espri ki nan prizon yo” e ki jan l te fè sa? Pyè fè konnen sa te rive apre Jezi “te jwenn lavi antanke espri”. (1 Pyè 3:18, 19.) N ap remake tou Pyè di Jezi “t al preche”. Fason Pyè itilize vèb la montre predikasyon sa a te fèt anvan l te ekri premye lèt li a. Kèk tan apre Jezi fin resisite, sanble Jezi t al preche espri mechan sa yo konsènan santans ki jis yo gen pou yo resevwa a. Jezi pa t pote okenn espwa pou yo. Okontrè, se te yon mesaj kondanasyon li te ba yo (Yona 1:1, 2). Piske Jezi te fin demontre lafwa l ak fidelite l jiskaske l mouri e l te resisite, yon prèv ki montre Dyab la pa gen okenn pouvwa sou li, Jezi te nan pozisyon pou l te bay mesaj kondanasyon sa a. — Jan 14:30; 16:8-11.

Pi devan, Jezi pral mare Satan ansanm ak zanj sa yo epi li pral pimpe yo nan twou san fon an (Lik 8:30, 31; Rev. 20:1-3). Men, annatandan, espri ki te dezobeyi yo nan yon fènwa pwès nan domèn espirityèl, e se sèten y ap gen pou yo detwi nèt. — Rev. 20:7-10.