Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Ki sa bibliyomansi a ye, e kòman kretyen yo ta dwe konsidere l?

Bibliyomansi a se yon pratik ki mande pou yon moun annik ouvri Bib la nan nenpòt ki paj paske l kwè premye vèsè je l tonbe sou li a ap kapab ede l. Vrè kretyen yo pap chèche konn bagay ki gen pou rive. Olye de sa, yo etidye Labib pou yo ka jwenn konesans egzak ak direksyon nan men Bondye. — 15/12, paj 3.

Ki “monn” sa a ki gen pou pase a?

“Monn” ki gen pou pase a se tout moun ki pap viv ann amoni ak volonte Bondye yo (1 Jan 2:17). Tè a ansanm ak moun ki fidèl yo pap detwi. — 1/1, paj 5-7.

Nan ki sans Abèl kontinye ap pale avè n byenke l mouri? (Ebre 11:4)

Li fè sa grasa lafwa. Nou ka aprann sa Abèl te fè pou l gen yon lafwa solid e nou ka fè efò pou n imite l. Egzanp lafwa li kite a toujou vivan, li se yon modèl pou n suiv. — 1/1, paj 12.

Nan ki domèn nou ta dwe fè atansyon pou n pa pran distans nou ak Bondye?

Kèk ladan yo se: Travay nou ak karyè nou, detant ak divètisman nou chwazi, atachman nou gen pou yon manm fanmi nou ki eskominye, fason nou sèvi ak teknoloji, enkyetid nou genyen pou sante nou, yon move pwennvi sou lajan ak lè n bay pwennvi nou oswa pozisyon nou twòp enpòtans. — 15/1, paj 12-21.

Ki sa n ka aprann nan egzanp imilite Moyiz?

Olye Moyiz te kite pouvwa l te genyen an fè l pran tèt li pou yon pakèt afè, li te konte sou Bondye pito. Nou pa dwe janm kite talan nou, pouvwa oswa otorite nou genyen fè n pran tèt nou pou yon pakèt afè. Olye de sa, nou dwe met konfyans nou nan Jewova (Pwo. 3:5, 6). — 1/2, paj 5.

Ki kote moun k ap resisite yo pral viv?

Gen 144 000 moun ki pral viv nan syèl la. Men, pifò moun ki pral resisite yo pral viv sou tè a e y ap gen posiblite pou yo viv sou li pou toutan. — 1/3, paj 6.

Nan ki sans Izrayelit yo pa t “sikonsi nan kè yo”? (Jer. 9:26, NW.)

Kè Izrayelit yo te di, yo te rebèl e yo te dwe jete tout bagay ki te fè kè yo lou tankou fason yo panse, sa yo renmen ak aksyon ki pa ann amoni ak volonte Bondye (Jer. 5:23, 24). — 15/3, paj 9-10.

Nan ki sans Jezi se yon egzanp antanke moun ki te mennen yon lavi ki gen sans?

Li te gen yon objektif nan lavi l ki se fè volonte Bondye. Li te renmen Papa l anpil, e l te renmen moun. Mete sou sa, Jezi te konnen Papa l renmen l e li gen apwobasyon Papa l. Bagay sa yo se kle pou lavi nou gen sans. — 1/4, paj 4-5.

Ki sa pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a gen ladan l?

Li gen ladan l Kolèj santral la, komite filyal yo, siveyan itineran yo, gwoup ansyen yo, kongregasyon yo ak chak Temwen. — 15/4, paj 29.

Ki sa k fè n kapab di Bondye pa fè zak mechanste lè l ap egzekite jijman l yo?

Jewova pa pran plezi nan lanmò moun ki mechan yo (Eze. 33:11). Fason l te konn aji nan tan lontan montre lanmou li genyen paske l te avèti moun yo anvan l te egzekite jijman l sou yo. Sa fè n gen espwa n ap ka chape nan jijman ki gen pou vini yo. — 1/5, paj 5-6.

Èske Izrayelit yo te konn met kriminèl yo sou yon poto pou yo touye yo?

Non. Gen lòt nasyon nan tan lontan ki te konn fè sa, men, Izrayelit yo pa t konn fè sa. Nan epòk yo t ap ekri Liv ki te ekri ann ebre yo, yo te dwe touye kriminèl yo anvan, tankou yo te konn kalonnen yo ak kout wòch (Lev. 20:2, 27). Apre sa, yo te ka met kò a sou yon poto pou sèvi lòt moun avètisman. — 15/5, paj 13.

Poukisa pa gen lapè nan monn nan?

Byenke lèzòm rive fè anpil bagay, yo pa gen kapasite pou yo dirije tèt yo (Jer. 10:23). Piske se Satan k ap dirije monn nan, lèzòm pap janm rive met lapè (1 Jan 5:19). — 1/6, paj 16.