Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: ÈSKE W KA FÈ RELIJYON KONFYANS?

Poukisa ou dwe egzamine relijyon ou ye a?

Poukisa ou dwe egzamine relijyon ou ye a?

Imajine ou ta gen pou w fè yon operasyon paske w gen yon maladi ki grav. Ou t ap chèche gen gwo konfyans nan doktè ki pral opere w la, piske lavi w ap nan men l. Èske li pa t ap pridan pou w ta chèche enfòmasyon sou pase doktè a, pou w ka konnen si l konn fè operasyon byen?

Menm jan an tou, li bon pou w byen egzamine relijyon w ye a. Anfèt, si w nan yon relijyon, se lage ou lage lavi espirityèl ou nan men relijyon sa a. Donk, li enpòtan pou w byen egzamine relijyon ou ye a, paske lavi etènèl ou depann de li.

Jezi te bay yon prensip ki ka ede nou wè si yon relijyon bon oubyen si l pa bon. Li te di: “Se fwi yon pyebwa bay k ap fè yo rekonèt li.” (Lik 6:44). Pa egzanp, lè w ap egzamine yon relijyon byen presi, ki fwi ou wè l bay? Èske responsab nan relijyon sa a ensiste sou zafè lajan? Èske moun ki nan relijyon sa a suiv sa Bib la di nan zafè lagè e èske yo gen bon konduit? Finalman, èske gen yon relijyon ki merite pou w fè l konfyans? Nou envite w egzamine sijè ki vin apre yo.

“Se fwi yon pyebwa bay k ap fè yo rekonèt li.” — Lik 6:44