Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Gade Foto a!”

“Gade Foto a!”

Konbyen fwa w te di tèt ou oswa yon lòt moun pawòl sa yo chak fwa w ap li yon nouvo nimewo nan peryodik sa a? Gen yon rezon ki fè yo mete bèl imaj ak foto ki ladan l yo, e sa mande anpil tan ak anpil efò pou yo fè sa. Yo se zouti ki la pou anseye nou, ki fè n reflechi sou sa n ap li a epi viv li tou. Yo kapab itil nou sitou lè n ap prepare etid Toudegad ak lè n ap fè kòmantè ladan l.

Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou rezon ki fè yo chwazi mete yon foto nan kòmansman chak atik etid. Ki sa foto sa a montre? Ki rapò li gen ak tit atik la oswa ak vèsè tèm atik la? Reflechi pou w wè ki rapò foto sa a ansanm ak chak lòt foto ki nan atik la genyen ak sijè y ap pale a e ak pwòp vi pa w.

Kondiktè etid Toudegad la ap bay moun nan kongregasyon an posiblite pou yo fè kòmantè sou chak foto, pou yo di ki rapò foto a genyen ak mesaj y ap fè pase a oswa ki efè li gen sou yo. Nan kèk ka, gen yon ti nòt yo konn met anba foto a ki fè konnen ak ki paragraf foto a mache. Nan lòt ka yo, kondiktè a gendwa deside nan ki paragraf l ap pi bon pou moun yo pale sou chak foto. Konsa, lektè yo ap ka byen pwofite efò ki te fèt pou ede yo viv leson nou jwenn nan Pawòl Bondye a.

Men sa yon frè te di: ‘Apre m fin li yon bèl atik, foto yo tankou yon krèm ki sou yon gato ki fè atik la vin pi bèl toujou.’