Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”

“Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”

“Ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” — MAT. 24:3.

1. Menm jan ak apot yo, ki sa nou swaf pou n konnen?

TRAVAY predikasyon Jezi t ap fè sou tè a te prèske rive nan bout li, e disip yo te swaf pou yo konnen ki sa k ap tann yo pi devan. Se sa k fè, kèk jou sèlman anvan Jezi mouri, gen kat nan apot li yo ki te mande l: “Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” (Mat. 24:3; Mak 13:3). Pou Jezi te reponn yo, li te bay yon pwofesi ki gen anpil enpòtans nou jwenn nan Matye chapit 24 ak chapit 25. Nan pwofesi sa a, Jezi te predi yon pakèt gwo evènman ki t ap gen pou rive. Pawòl li te di yo gen anpil enpòtans pou nou paske nou menm tou, nou swaf pou n konnen ki sa k ap tann nou pi devan.

2. a) Ki sa nou te chèche vin pi byen konprann pandan ane ki pase yo? b) Bay twa kesyon nou pral egzamine.

2 Pandan plizyè ane, sèvitè Jewova yo te etidye pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo, e yo te egzamine l nan lapriyè. Yo te chèche pi byen konprann ki lè pawòl Jezi te di yo t ap reyalize. Pou n montre kòman nou vin pi byen konprann pawòl Jezi te di yo, nou pral egzamine twa kesyon ki montre “ki lè” yon seri evènman pral rive. Men kesyon yo: Ki lè “gwo tribilasyon” an ap kòmanse? Ki lè Jezi ap separe “mouton” yo ak “kabrit” yo? Ki lè Jezi ap “vini” oswa ap rive? — Mat. 24:21; 25:31-33.

KI LÈ GWO TRIBILASYON AN AP KÒMANSE?

3. Ki sa nou te konprann konsènan gwo tribilasyon an?

3 Pandan plizyè ane, nou te panse gwo tribilasyon an te kòmanse an 1914 lè Premye Gè mondyal la te eklate, epi, an 1918, Jewova te “retire nan jou sa yo” lè gè a te fini yon fason pou ti rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la te ka jwenn opòtinite pou yo preche bon nouvèl la nan tout nasyon (Mat. 24:21, 22). Nou te panse anpi Satan an t ap detwi apre travay predikasyon an fin fèt. Konsa, nou te panse gen twa faz nan gwo tribilasyon an: T ap gen yon  kòmansman (1914-1918), tribilasyon an t ap kanpe (apati 1918), epi l t ap fini nan Amagedòn.

4. Ki sa k te ede n vin pi byen konprann pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo?

4 Sepandan, apre n te fin pi byen egzamine pwofesi Jezi a, nou rive konprann gen yon pati nan pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo ki gen de akonplisman (Mat. 24:4-22). Te gen yon premye akonplisman ki te fèt nan Jide pandan premye syèk epòk nou an, e t ap gen yon lòt akonplisman ki t ap fèt sou tout tè a nan epòk nou an. Konpreyansyon sa a te vin fè n konprann plizyè lòt bagay *.

5. a) Ki epòk difisil ki te kòmanse an 1914? b) Ak ki epòk nan premye syèk la, doulè sa yo te koresponn?

5 Nou te vin konprann tou premye faz gwo tribilasyon an pa t kòmanse an 1914. Sa k fè sa? Se paske pwofesi ki nan Bib la fè konnen gwo tribilasyon an pa t ap kòmanse ak yon gè pami nasyon yo, men, li t ap kòmanse ak atak yo t apral fè sou fo relijyon. Kidonk, evènman ki te kòmanse an 1914 yo pa t kòmansman gwo tribilasyon an, men, se te “kòmansman doulè yo” pito (Mat. 24:8). “Doulè” sa yo gen rapò ak sa k te rive nan Jerizalèm ak nan Jide soti ane 33 epòk nou an pou rive ane 66 epòk nou an.

6. Ki evènman ki pral deklannche gwo tribilasyon an?

6 Ki evènman ki pral deklannche gwo tribilasyon an? Jezi te di: “Lè nou wè bagay repiyan ki lakòz dezolasyon an nan yon kote ki sen, bagay pwofèt Dànyèl te pale de li a (se pou moun k ap li a chèche konprann), lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn.” (Mat. 24:15, 16). Pwofesi ki gen rapò ak kanpe “yon kote ki sen” an te jwenn premye akonplisman l nan ane 66 epòk nou an lè lame women an (“bagay repiyan” an) te atake Jerizalèm ansanm ak tanp li an (yon kote ki sen pou Juif yo). Pwofesi sa a ap jwenn pi gwo akonplisman l lè  Nasyonzini (“bagay repiyan” nan epòk nou an) pral atake lakretyente (yon kote ki sen pou moun ki di yo se kretyen yo) ansanm ak rès Gran Babilòn nan. Revelasyon 17:16-18 pale de atak sa a tou. Se evènman sa a ki pral deklannche gwo tribilasyon an.

7. a) Ki jan ‘kèk moun te sove lavi yo’ nan premye syèk la? b) Ki sa nou atann ki pral rive?

7 Jezi te di tou: “Y ap retire nan jou sa yo.” Pwofesi sa a te jwenn premye akonplisman l nan ane 66 epòk nou an lè lame women an te “retire” nan jou atak li a. Konsa, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki t ap viv nan Jerizalèm ak nan Jide yo te kouri, e konsa, yo te “sove [lavi yo]”. (Li Matye 24:22; Mal. 3:17.) Nan ka sa a, ki sa nou atann ki pral rive pandan gwo tribilasyon ki gen pou vini an? Jewova pral “retire” nan jou atak Nasyonzini pral fè kont fo relijyon yo, li pap kite yo detwi vrè relijyon an nan moman y ap detwi fo relijyon yo. Sa pral bay pèp Bondye a asirans l ap sove.

8. a) Ki evènman ki gen pou rive apre premye faz gwo tribilasyon an? b) Nan ki moman, petèt, dènye moun ki fè pati 144 000 moun yo ap resevwa rekonpans li nan syèl la? (Gade nòt la.)

 8 Ki sa k ap rive apre premye faz gwo tribilasyon an? Pawòl Jezi yo montre pral gen yon kantite tan k ap pase anvan Amagedòn kòmanse. Ki sa k pral rive pandan tan sa a? Nou jwenn repons lan nan Ezekyèl 38:14-16 ak Matye 24:29-31. (Li vèsè yo.) * Apre sa, se pral Amagedòn ki se dènye faz gwo tribilasyon an, e ki koresponn ak destriksyon Jerizalèm nan ki te fèt nan ane 70 epòk nou an (Mal. 4:1). Piske batay Amagedòn nan se pral dènye faz gwo tribilasyon an, nou kapab di gwo tribilasyon ki gen pou vini an pral yon evènman san parèy, yon evènman “ki potko janm rive depi monn nan egziste”. (Mat. 24:21.) Apre sa, Rèy mil an Kris la ap kòmanse.

9. Ki efè pwofesi Jezi te bay konsènan gwo tribilasyon an gen sou pèp Jewova a?

 9 Pwofesi sa a ki gen rapò ak gwo tribilasyon an ban nou fòs. Poukisa? Se paske l ban nou asirans kèlkeswa pwoblèm nou kapab ap andire, pèp Jewova a ap chape anba gwo tribilasyon an antanke gwoup (Rev. 7:9, 14). Sa k pi enpòtan an, nou kontan dèske Jewova pral jistifye souvrènte l e l pral sangtifye non l pandan Amagedòn. — Sòm 83:18; Eze. 38:23.

KI LÈ JEZI AP SEPARE MOUTON YO AK KABRIT YO?

10. Anvan sa, ki sa nou te konprann konsènan ki lè separasyon mouton yo ak kabrit yo t ap fèt?

10 Kounye a, ann wè ki lè yon lòt pati nan pwofesi Jezi a ap akonpli. Nou vle pale de parabòl konsènan separasyon mouton yo ak kabrit yo (Mat. 25:31-46). Anvan sa, nou te panse separasyon moun ki tankou mouton yo ak moun ki tankou kabrit yo t ap fèt apati 1914 e l t ap kontinye pandan tout peryòd dènye jou yo t ap dire a. Nou te konprann moun ki pa t aksepte mesaj Wayòm nan e ki te mouri anvan kòmansman gwo tribilasyon an t ap mouri antanke kabrit, sa vle di, yo pa t ap gen espwa pou yo resisite.

11. Ki sa k fè separasyon moun ki tankou mouton yo oswa kabrit yo pa t ka kòmanse an 1914?

11 Nan mitan ane 1990 yo, yon lòt fwa ankò, Toudegad te egzamine pwofesi nou jwenn nan Matye 25:31 an ki di: “Lè Pitit lòm nan ap vini nan glwa li, ansanm ak tout zanj yo, li pral chita sou twòn li a nan laglwa.” Toudegad la te fè konnen se vre Jezi te vin Wa nan Wayòm Bondye a an 1914, men, li pa t “chita sou twòn li a nan laglwa” antanke Jij “tout nasyon yo”. (Mat. 25:32; konpare ak Dànyèl 7:13.) Sepandan, nan parabòl mouton yo ak kabrit yo, yo pale de Jezi prensipalman antanke Jij. (Li Matye 25:31-34, 41, 46.) Piske Jezi potko ap sèvi antanke Jij sou tout nasyon yo an 1914, separasyon moun ki tankou mouton yo ak moun ki tankou kabrit yo pa t ka fèt nan ane sa a *. Nan ka sa a, ki lè jijman Jezi a pral kòmanse?

12. a) Ki lè Jezi pral aji antanke Jij sou tout nasyon yo pou premye fwa? b) De ki evènman Matye 24:30, 31 ak Matye 25:31-33, 46 pale?

 12 Pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo montre, premye fwa Jezi pral aji antanke Jij sou tout nasyon yo se pral apre destriksyon fo relijyon an. Jan nou te di sa nan  paragraf 8 la, Matye 24:30, 31 pale de kèk evènman ki pral rive nan moman sa a. Lè n egzamine vèsè sa yo, n ap remake Jezi te predi yon seri evènman ki sanble ak evènman li te pale de yo nan parabòl mouton yo ak kabrit yo. Pa egzanp, li di: Pitit lòm nan ap vini nan glwa li ansanm ak zanj yo, tout tribi ak tout nasyon ap rasanble devan l, e moun ki tankou mouton yo ap “leve tèt [yo]” paske yo pral jwenn “lavi ki pap janm fini an” *. Moun ki tankou kabrit yo pral “frape lestomak yo tèlman y ap tris” paske y ap rann yo kont yo pral “detwi pou toutan”. — Mat. 25:31-33, 46.

13. a) Ki lè Jezi pral jije moun yo pou l fè konnen si yo se mouton oswa kabrit? b) Ki efè konpreyansyon sa a genyen sou fason nou konsidere travay predikasyon an?

13 Nan ka sa a, ki sa nou kapab di? Nou kapab di se pandan gwo tribilasyon an Jezi pral jije moun nan tout nasyon yo pou l fè konnen si yo se mouton oswa kabrit. Annapre, moun ki tankou kabrit yo pral “detwi” pou toutan nan Amagedòn ki se dènye faz gwo tribilasyon an. Ki efè konpreyansyon sa a genyen sou fason nou konsidere travay predikasyon an? Li ede nou wè jan travay predikasyon nou an enpòtan. Annatandan gwo tribilasyon an kòmanse, moun yo gen tan devan yo toujou pou yo chanje fason yo panse epi pou yo kòmanse mache nan wout jennen ki “mennen nan lavi a”. (Mat. 7:13, 14.) Se  vre, depi kounye a moun yo ka montre si yo se mouton oswa kabrit. Sepandan, nou ta dwe sonje, dènye jijman moun ki tankou mouton yo ak moun ki tankou kabrit yo pral fèt pandan gwo tribilasyon an. Se sa k fè, nou gen bonjan rezon pou n kontinye bay plis moun toujou posiblite pou yo tande mesaj Wayòm nan epi reyaji devan mesaj sa a.

Moun yo gen tan devan yo toujou pou yo chanje fason yo panse anvan gwo tribilasyon an kòmanse. (Gade paragraf 13.)

KI LÈ JEZI AP VINI OSWA AP RIVE?

14, 15. Site kat vèsè ki fè referans ak lè Kris ap vini antanke Jij.

14 Èske yon pi bon egzamen konsènan pwofesi Jezi a ap montre nou bezwen fè ajisteman nan fason nou te konprann ki lè kèk lòt evènman enpòtan gen pou rive? N ap jwenn repons lan lè n egzamine pwofesi Jezi te bay la. Ann wè kòman.

15 Nan pwofesi Jezi te bay nou jwenn nan Matye 24:29–25:46 la, Jezi te pale sitou konsènan sa k pral rive pandan dènye jou yo e pandan gwo tribilasyon ki gen pou vini an. Nan vèsè sa yo, Jezi te pale konsènan lè l ap “vini” an oswa l ap rive a pandan uit fwa *. Men sa l te di konsènan gwo tribilasyon an: “Yo pral wè Pitit lòm nan k ap vini sou nyaj” yo, “nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini” epi, “se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini”. Nan parabòl mouton ak kabrit Jezi te bay la, li te di: “Pitit lòm nan ap vini nan glwa li.” (Mat. 24:30, 42, 44; 25:31). Toule kat vèsè sa yo gen rapò ak lè Kris ap vini antanke Jij. Men, ki kote nan pwofesi Jezi te bay la nou jwenn kat lòt referans yo?

16. Ki lòt vèsè ki pale konsènan lè Jezi ap vini an?

16 Men sa Jezi te di konsènan esklav fidèl ki prevwayan an: “Esklav sa a byennere si lè Mèt li rive [“vini”; Rbi8-F, nòt], li jwenn se sa l ap fè!” Nan parabòl Jezi te bay konsènan vyèj yo, li te di: “Pandan y al achte, lemarye rive [“vini”, Kingdom Interlinear].” Nan parabòl talan an, Jezi te di: “Apre yon bon tan, mèt esklav sa yo retounen [vini].” Nan menm parabòl sa a, mèt la te di: “Lè m vini, mwen ta jwenn li.” (Mat. 24:46; 25:10, 19, 27). Ak ki moman kat vèsè sa yo, ki gen rapò ak vini Jezi ap vini an, fè referans?

17. Ki sa nou te di anrapò ak vini Jezi ap vini an jan sa parèt nan Matye 24:46 la?

17 Pandan lontan nou te fè konnen,  nan piblikasyon nou yo, kat vèsè nou sot site la yo gen rapò ak vini Jezi te vini oswa l te rive nan ane 1918. Pa egzanp, ann konsidere pawòl Jezi te di konsènan “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Li Matye 24:45-47.) Nou te panse “rive [oswa vini]” yo site nan vèsè 46 la te gen yon rapò ak moman kote Jezi te vin enspekte kondisyon espirityèl moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan ane 1918, epi, nou te panse Mèt la te met esklav la responsab tout byen l yo nan ane 1919 (Mal. 3:1). Sepandan, yon pi bon egzamen konsènan pwofesi Jezi te bay la montre li te nesesè pou nou fè yon ajisteman nan fason nou te konprann ki lè kèk aspè nan pwofesi sa a ap reyalize. Poukisa sa te nesesè?

18. Lè n konsidere kontèks pwofesi Jezi a, ki sa nou rive konprann konsènan vini Jezi ap vini an?

18 Nan vèsè ki vin anvan Matye 24:46 la, yon seri vèsè kote nou jwenn mo “vini” an, mo sa a toujou gen rapò ak moman Jezi ap vin pou l jije epi egzekite jijman l pandan gwo tribilasyon an (Mat. 24:30, 42, 44). Menm jan an tou, jan nou te wè sa nan  paragraf 12 la, “vini” Jezi ap vini yo site nan Matye 25:31 an gen rapò ak menm jijman sa a. Donk, jan sa parèt nan Matye 24:46, 47 la, li lojik pou n di vini Jezi ap vin met esklav fidèl la responsab tout byen l yo gen rapò tou ak lè l ap vini alavni pandan gwo tribilasyon an *. Vrèmanvre, lè n egzamine pwofesi Jezi a nèt, nou vin konprann toule uit vèsè ki pale de vini Jezi ap vini an gen rapò ak jijman ki gen pou fèt pandan gwo tribilasyon an.

19. Ki sa nou sot egzamine nan atik sa a, e ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre yo?

19 Ki sa nou te aprann nan atik sa a? Nan kòmansman atik la, nou te poze twa kesyon ki gen rapò ak “ki lè” yon seri evènman pral rive. Toudabò, nou te wè gwo tribilasyon an pa t kòmanse an 1914, men, li pral deklannche lè Nasyonzini atake Gran Babilòn nan. Annapre, nou te egzamine rezon ki fè Jezi pa t kòmanse separe mouton yo ak kabrit yo an 1914, men, li pral fè sa pandan gwo tribilasyon an. Pou fini, nou te wè rezon ki fè n kwè Jezi pa t vin mete esklav fidèl la responsab tout byen l yo an 1919, men, li pral fè sa pandan gwo tribilasyon an. Kidonk, toule twa kesyon sa yo gen rapò ak yon seri evènman ki gen pou rive nan menm epòk la, sa vle di pandan gwo tribilasyon an. Ki efè ajisteman sa a genyen sou fason nou konprann egzanp konsènan esklav fidèl la? Ki efè l genyen tou sou fason nou konprann lòt parabòl oswa lòt egzanp Jezi te bay ki gen pou rive pandan tan lafen an? N ap jwenn repons kesyon enpòtan sa yo nan atik ki vin apre yo.

 

^ § 4 Paragraf 4: [1] Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade Toudegad 15 fevriye 1994, paj 8-21 (fransè) ak 1ye me 1999, paj 8-20 (fransè).

^ § 8 Paragraf 8: [2] Yon lòt evènman yo pale de li nan vèsè sa yo se ‘rasanbleman moun Bondye chwazi yo’. (Mat. 24:31.) Kidonk, sanble se apre premye faz gwo tribilasyon an, nan yon lè nou pa konnen, tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl la k ap sou tè a toujou ap monte nan syèl anvan batay Amagedòn nan deklannche. Sa se yon ajisteman ki fèt konsènan sa ki te parèt nan ribrik “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 out 1990, paj 30 (fransè).

^ § 11 Paragraf 11: [3] Gade Toudegad 15 oktòb 1995, paj 18-28 (fransè).

^ § 12 Paragraf 12: [4] Gade jan Lik 21:28 pale de pwofesi sa a.

^ § 15 Paragraf 15: [5] Mo grèk lè yo tradui l yo mete “vini” ak “rive” pou li a soti nan menm vèb grèk la ki se er′kho·mai.

^ § 18 Paragraf 18: [6] Jan nou te di sa, mo grèk lè yo tradui l yo mete “rive” pou li nan Matye 24:46 la se yon lòt fòm vèb grèk lè yo tradui l yo mete “vini” pou li nan Matye 24:30, 42, 44.