Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo fè nou vin sen

Yo fè nou vin sen

“Yo lave nou, yo fè nou vin sen.” — 1 KOR. 6:11.

1. Ki evènman ki bay kè sote Neyemya te jwenn lè l te retounen Jerizalèm? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

MOUN k ap viv Jerizalèm yo ap pale anpil. Gen yon moun lòt nasyon tout moun byen konnen ki rete nan yon chanm nan tanp lan. Levit yo kite sèvis yo. Olye pou ansyen yo pran latèt nan adorasyon an, y ap fè komès pito nan jou Saba a. Gen anpil Izrayelit k ap marye ak fi ki pa Juif. Bagay sa yo se kèk nan evènman ki bay kè sote Neyemya te jwenn lè l retounen Jerizalèm kèk tan apre nan ane 443 anvan epòk nou an. — Ney. 13:6.

2. Ki jan Izrayèl te vin yon nasyon ki sen?

2 Nasyon Izrayèl la te yon nasyon Bondye te chwazi. Nan ane 1513 anvan epòk nou an, Izrayelit yo te chofe pou yo fè volonte Jewova. Men sa yo te di: “N’a fè tou sa Senyè a di nou fè.” (Egz. 24:3). Se sa k fè, Bondye te fè yo vin sen, oswa li te mete yo apa antanke pèp li chwazi. Ala yon gwo privilèj sa te ye! Men sa Moyiz te fè yo sonje 40 an apre: “Se yon pèp k’ap viv apa pou Senyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Senyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l pa l.” — Det. 7:6.

3. Lè Neyemya te rive Jerizalèm dezyèm fwa a, nan ki kondisyon espirityèl Juif yo te ye?

3 Malerezman, anvi Izrayelit yo te genyen pou yo vin yon nasyon ki sen an pa t dire lontan. Byenke te toujou gen kèk moun ki t ap sèvi Bondye, men, an jeneral, Juif yo te konn gen plis sousi pou yo parèt sen, oswa zele, pase pou yo te fè volonte Bondye. Lè Neyemya te rive Jerizalèm dezyèm fwa a, anviwon 100 an te gentan pase depi yon rès Izrayelit ki te fidèl te retounen soti Babilòn pou yo vin retabli vrè adorasyon an. Yon lòt fwa ankò, nasyon Izrayèl la t ap febli nan domèn espirityèl.

4. Ki bagay nou pral egzamine k ap ede n rete yon pèp ki sen?

4 Menm jan ak Izrayelit yo, jodi a, Bondye fè Temwen Jewova yo vin sen. Ni kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, ni kretyen ki fè pati “gwo foul  moun” nan, toule de gwoup moun sa yo sen, sa vle di Bondye mete yo apa pou sèvis sakre y ap ba li a (Rev. 7:9, 14, 15; 1 Kor. 6:11). Okenn nan nou pa ta renmen pèdi pozisyon nou genyen antanke moun ki vin sen devan Bondye a menm jan sa te rive Izrayelit yo. Ki sa k kapab ede nou pou nou pa kite sa rive yon fason pou nou ka rete sen epi pou Jewova toujou itilize nou nan sèvis li a? Nan atik sa a, nou pral konsidere kat pwen enteresan ki parèt nan chapit 13 liv Neyemya a: 1) evite move frekantasyon; 2) soutni dispozisyon teyokratik yo; 3) mete bagay espirityèl yo an premye; 4) pwoteje idantite w antanke kretyen. Kounye a, annou egzamine pwen sa yo youn apre lòt.

EVITE MOVE FREKANTASYON

Ki jan Neyemya te montre li fidèl anvè Jewova? (Gade paragraf 5 ak 6.)

5, 6. Kiyès Elyachib ak Tobya te ye, e ki rezon petèt ki fè Elyachib te vin zanmi Tobya?

5 Li Neyemya 13:4-9. Piske se tout kote nou jwenn bagay ki pa pwòp, li pa fasil pou nou rete sen. Ann konsidere egzanp Elyachib ak Tobya. Elyachib te gran prèt la e Tobya te yon Amonit, ki petèt, te yon ofisyèl ki t ap travay kòm administratè pou wa peyi Pès la nan Jide. Tobya ansanm ak zanmi l yo te opoze ak efò Neyemya t ap fè pou l rebati miray Jerizalèm yo (Ney. 2:10). Amonit yo pa t gen dwa antre nan tanp lan (Det. 23:3). Kidonk, poukisa gran prèt la te bay yon moun tankou Tobya yon kote nan salamanje tanp lan pou l rete?

6 Tobya te vin bon zanmi Elyachib. Tobya ansanm ak pitit gason l, Yewoyanàn, te marye ak fi ki Juif, e anpil Juif te konn pale an byen de Tobya (Ney. 6:17-19). Gen youn nan pitit pitit Elyachib yo ki te marye ak pitit fi Sànbalat. Sànbalat t ap dirije Samari e li te youn nan pi bon zanmi Tobya yo (Ney. 13:28). Petèt, se akoz relasyon sa yo ki fè Elyachib, gran prèt la, te kite yon moun ki pa kwayan e ki te yon opozan gen enfliyans sou li. Sepandan, Neyemya te montre l fidèl anvè Jewova lè l te voye tout mèb Tobya te gen nan salamanje a jete.

7. Antanke moun ki sen, ki jan ansyen yo ak lòt moun fè efò pou yo pa gate relasyon yo gen ak Jewova a?

7 Etandone nou se moun ki vwe lavi nou bay Bondye, nou dwe toujou montre nou fidèl anvè Jewova anvan tout bagay. Si nou pa obeyi prensip li yo ki jis, nou pap ka rete sen devan l. Nou pa dwe kite relasyon nou gen ak fanmi nou gen plis enpòtans pase prensip biblik yo. Lè ansyen yo ap pran desizyon, yo fè sa selon fason Jewova panse, men, yo pa fè sa selon opinyon yo oswa santiman yo (1 Tim. 5:21). Ansyen yo fè anpil efò pou yo evite fè nenpòt bagay ki kapab sal relasyon yo gen ak Bondye a. — 1 Tim. 2:8.

8. Ki sa tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova ta dwe sonje lè y ap chwazi zanmi?

8 Li bon pou n sonje tou “move frekantasyon gate abitid ki pwofitab”. (1 Kor. 15:33.) Gen kèk moun nan fanmi nou ki gendwa pa gen bon enfliyans sou lavi nou. Elyachib te bay pèp la yon bèl egzanp nan fason l te soutni Neyemya lè Neyemya t ap rekonstwi miray Jerizalèm nan (Ney. 3:1). Sepandan, anmezi tan t ap pase, move enfliyans Tobya ansanm ak lòt moun sanble te fè Elyachib fè aksyon ki fè l vin sal devan Jewova. Yon bon zanmi ap ankouraje n pousuiv aktivite ki pwofitab tankou li Labib, asiste reyinyon, epi patisipe nan travay predikasyon an. Nou rekonesan anvè moun nan fanmi nou ki ankouraje n fè sa ki dwat, e nou renmen yo anpil.

SOUTNI DISPOZISYON TEYOKRATIK YO

9. Ki sa k fè dispozisyon yo te pran nan tanp lan te kanpe, e ki moun Neyemya te blame pou sa?

9 Li Neyemya 13:10-13. Sanble moun yo te prèske pa fè ofrann ankò nan moman  Neyemya te retounen Jerizalèm nan. Piske Levit yo pa t jwenn èd, yo te kite sèvis yo pou y al travay nan jaden. Neyemya te blame chèf adjwen yo pou sitiyasyon sa a. Sanble, yo pa t ranpli responsablite yo. Swa yo pa t konn ranmase ladim pèp la te konn bay yo oswa yo pa t konn voye ladim nan nan tanp lan, jan yo te mande yo pou yo fè sa (Ney. 12:44). Se sa k fè, Neyemya te pran dispozisyon pou yo ranmase ladim yo. Li te nome kèk gason ki fidèl pou yo sipèvize depo tanp yo ak distribisyon ladim ki te gen pou fèt yo.

10, 11. Ki privilèj pèp Bondye a genyen nan kesyon soutni vrè adorasyon an?

10 Èske nou ka aprann yon leson nan sa? Wi, piske nou menm tou nou jwenn rapèl konsènan privilèj nou genyen pou n onore Jewova ak bagay nou genyen ki gen valè yo (Pwo. 3:9). Lè nou fè ofrann pou soutni travay Jewova a, nou senpleman ba li sa k te deja pou li (1 Kwo. 29:14-16). Nou gendwa panse nou pa gen anpil pou nou bay, men, si nou gen anvi a, nou tout ka jwenn yon bagay pou n bay. — 2 Kor. 8:12.

11 Pandan plizyè ane, gen yon fanmi ki te konn envite yon koup pyonye espesyal ki aje vin manje avèk yo yon fwa pa semèn. Byenke fanmi sa a te gen uit pitit, manman an te toujou konn di: “Ki sa de plat manje anplis reprezante sou yon tab yo ranje pou dis moun?” Yon repa chak semèn te ka pa parèt anpil afè, men, se pa ti rekonesan pyonye sa yo te rekonesan pou fason fanmi sa a te konn akeyi yo! Kòm rezilta, yo te vin yon benediksyon pou fanmi sa a. Pawòl ankourajan ak eksperyans koup la te fè, te ankouraje timoun yo fè pwogrè nan domèn espirityèl. Annapre, yo tout te antre nan sèvis aplentan.

12. Ki bèl egzanp frè nome nan kongregasyon yo bay?

12 Yon lòt leson nou aprann ankò sèke: Menm jan ak Neyemya, jodi a, frè nome yo pran latèt nan soutni dispozisyon teyokratik yo. Lòt moun nan kongregasyon an jwenn byenfè nan egzanp yo. Nan sans sa a, ansyen yo imite egzanp apot Pòl tou. Li te soutni vrè adorasyon an e l te bay bonjan enstriksyon. Pa egzanp, li te bay plizyè sijesyon ki pratik sou fason pou nou fè ofrann. — 1 Kor. 16:1-3; 2 Kor. 9:5-7.

METE BAGAY ESPIRITYÈL YO AN PREMYE

13. Ki jan kèk Juif te montre yo pa t respekte saba a?

13 Li Neyemya 13:15-21. Si nou pase tout tan nou ap reflechi sou bagay materyèl, nou kapab vin pèdi relasyon nou gen  ak Bondye a tikras pa tikras. Selon sa nou li nan Egzòd 31:13, Izrayelit yo te konn obsève yon saba chak semèn yon fason pou yo te sonje yo se yon pèp ki sen. Jou saba a te yon jou yo te dwe fè adorasyon an fanmi, yo te dwe lapriyè ak medite sou Lwa Bondye a. Sepandan, pou kèk moun ki t ap viv nan epòk Neyemya a, jou saba a te vin yon jou kote yo fè biznis menm jan ak lòt jou yo. Yo pa t bay adorasyon Bondye a premye plas la. Lè Neyemya te wè sa, li te fè fèmen baryè vil la lè l kòmanse fènwa nan sizyèm jou a yon fason pou l chase komèsan sa yo ki soti nan lòt nasyon anvan saba a kòmanse.

14, 15. a) Ki sa k ka rive nou si nou pa limite tan nou pase nan biznis nou? b) Ki jan nou ka antre nan repo Bondye a?

14 Ki sa nou aprann nan egzanp Neyemya a? Yon leson nou aprann sèke nou dwe limite tan n ap pase nan biznis nou. Si nou pa fè sa, nou gendwa vin distrè byen fasil, oswa nou gendwa menm pa ka sèvi Jewova ak tout kè nou, sitou si nou renmen travay pwofàn nou an. Sonje avètisman Jezi te bay konsènan moun k ap travay pou de mèt anmenmtan an. (Li Matye 6:24.) Aktout Neyemya te posede byen materyèl, ki jan l te sèvi ak tan l lè l te Jerizalèm (Ney. 5:14-18)? Olye pou l te ret nan fè biznis ak moun peyi Ti yo, oswa ak lòt moun ankò, li te bay tout li menm pou l ede frè l yo e li te fè aksyon ki te kontribye pou fè non Jewova vin sen. Menm jan an tou, jodi a, ansyen yo ak asistan ministeryèl yo bay tan yo ak enèji yo pou yo ede kongregasyon an, e kwayan parèy yo renmen yo pou sa. Kòm rezilta, gen lanmou, lapè ak sekirite pami pèp Bondye a. — Eze. 34:25, 28.

15 Byenke kretyen yo pa oblije obsève yon jou saba chak semèn, Pòl te fè konnen “rete yon repo ki tankou yon saba pou pèp Bondye a”. Men sa l te ajoute: “Moun ki antre nan repo Bondye a pran repo nan travay pa l tou, menm jan Bondye pran repo nan travay li.” (Ebre 4:9, 10). Antanke kretyen, nou kapab antre nan repo Bondye a lè nou travay fidèlman ann amoni ak objektif li. Èske ou menm ak fanmi w bay adorasyon an fanmi an, asistans reyinyon yo ak travay predikasyon an premye plas nan lavi nou? Nou bezwen fè patwon nou oswa moun nou fè biznis ak yo konnen nou pa negosye aktivite espirityèl nou yo, sitou si moun sa yo pa bay aktivite sa yo enpòtans. Anfèt, nan yon sans, nou ka bezwen fèmen baryè vil la epi chase moun peyi Ti yo yon fason pou n ka met bagay sakre yo an premye epi ba yo bonjan atansyon. Piske Bondye fè nou vin sen, l ap bon pou nou mande tèt nou tou: ‘Èske fason m ap viv la montre mwen met tèt mwen apa pou sèvis Jewova a?’ — Mat. 6:33.

PWOTEJE IDANTITE W ANTANKE KRETYEN

16. Nan epòk Neyemya a, ki sa k te menase idantite nasyon an antanke yon pèp ki sen?

16 Li Neyemya 13:23-27. Nan epòk Neyemya a, mesye Izrayelit yo te marye ak fi ki soti nan lòt nasyon. Nan premye vizit Neyemya te fè Jerizalèm nan, li te fè tout ansyen yo siyen yon akò ki fè konnen yo pa t ap marye ak moun ki pa t ap sèvi Jewova (Ney. 9:38; 10:30). Sepandan, kèk ane annapre, Neyemya te wè nonsèlman Juif yo te marye ak fi ki soti nan lòt nasyon, men tou, yo te prèske pèdi idantite yo antanke pèp Bondye te fè vin sen an! Pitit medam ki soti nan lòt nasyon yo pa t ka ni li ni ekri ebre. Nan ka sa a, èske yo t ap ka di yo se Izrayelit lè yo vin pi gran? Oswa èske yo t ap konsidere tèt yo kòm Achdodit, Amonit oswa Mowabit? Si yo pa t konnen lang ebre a, èske l t ap posib pou yo rive konprann Lwa Bondye a? Ki jan yo t ap fè rive konnen Jewova epi chwazi sèvi l nan plas fo dye  manman yo te konn adore yo? Neyemya te dwe aji byen vit, men yon fason ki fèm, e se sa l te fè. — Ney. 13:28.

Ede timoun nou yo vin gen yon relasyon sere ak Jewova. (Gade paragraf 17 ak 18.)

17. Ki jan paran yo kapab ede timoun yo vin gen yon relasyon sere ak Jewova?

17 Jodi a, nou bezwen aji yon fason pou nou ede timoun nou yo vin gen yon idantite antanke kretyen. Ou menm paran, mande tèt ou: ‘Jis nan ki pwen timoun mwen yo pale “lang pwòp” la, anpalan de verite ki nan Bib la (Sef. 3:9, NW)? Èske konvèsasyon timoun mwen yo montre yo gen lespri Bondye oswa lespri monn nan?’ Pinga nou kouri dekouraje si n wè gen amelyorasyon ki dwe fèt. Sa pran tan pou n aprann yon lang, sitou si nou antoure ak bagay ki ka distrè nou. Timoun nou yo ap fè fas ak gwo presyon pou yo fè konpwomi. Kidonk, avèk pasyans, nou bezwen sèvi ak adorasyon an fanmi an ansanm ak lòt okazyon nou jwenn pou n ede timoun yo vin gen yon relasyon sere ak Jewova (Det. 6:6-9). Montre yo ki byenfè y ap jwenn lè yo pa suiv monn Satan an (Jan 17:15-17). Fè tout sa n kapab pou n touche kè yo.

18. Poukisa se paran kretyen yo ki pi byen plase pou ede timoun yo vwe lavi yo bay Jewova?

18 Finalman, se chak timoun k ap deside si wi ou non l ap sèvi Bondye. Sepandan, gen anpil bagay paran yo kapab fè. Sa gen ladan l bay timoun yo bon egzanp, esplike yo limit nou fikse yo yon fason ki klè epi pale avèk yo sou konsekans desizyon yo pran yo ap genyen. Ou menm paran, pa gen moun ki pi byen plase pase w pou ede timoun ou yo vwe lavi yo bay Jewova. Yo bezwen w ede yo vin gen yon idantite antanke kretyen epi pwoteje idantite sa a. Nòmalman, se nou tout ki pou veye pou nou pa pèdi “rad” senbolik nou an, anpalan de kalite ak prensip nou genyen ki idantifye nou antanke moun k ap suiv Kris. — Rev. 3:4, 5; 16:15.

L AP SONJE N “POU SA KI BON”

19, 20. Ki sa nou ka fè pou Jewova sonje nou “pou sa ki bon”?

19 Pwofèt Malaki, yon moun ki te viv nan menm epòk ak Neyemya, te fè konnen gen “yon liv souvni yo te kòmanse ekri [...] pou moun ki krenn Jewova e pou moun k ap panse a non l”. (Mal. 3:16, 17, NW.) Bondye pap janm bliye moun ki gen lakrentif pou li e ki renmen non l. — Ebre 6:10.

20 Men sa Neyemya te di nan yon priyè l te fè: “Sonje m, o Bondye m nan, pou sa ki bon.” (Ney. 13:31, NW). Menm jan ak Neyemya, si nou kontinye evite move frekantasyon, si nou soutni dispozisyon teyokratik yo, si nou mete bagay espirityèl yo an premye nan lavi nou epi nou pwoteje idantite nou antanke kretyen, Bondye ap ekri non nou nan liv souvni l la. Kidonk, annou “kontinye verifye si nou nan lafwa”. (2 Kor. 13:5.) Si nou kenbe relasyon nou gen ak Jewova a, yon relasyon ki sen, l ap sonje nou “pou sa ki bon”.