Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ‘pote chay la pou mwen chak jou’

Jewova ‘pote chay la pou mwen chak jou’

Aktout mwen toujou gen gwo pwoblèm sante ki ta ka parèt twòp pou mwen, mwen santi bon Papa nou ki nan syèl la soutni m avèk lanmou pandan tout vi m. Mwen gen plis pase 20 an depi m ap sèvi Jewova ak kè kontan antanke pyonye.

Mwen fèt an 1956, e depi lè m fèt, mwen gen yon pwoblèm nan kolòn vètebral mwen ki rele spina bifida. Pwoblèm sa a te fè l difisil pou m mache, e li te lakòz mwen gen anpil lòt pwoblèm sante tou.

Yon ti tan anvan m fèt, manman m ak papa m te kòmanse etidye Labib ak yon koup misyonè ki te Temwen Jewova. Lè m te timoun, se sèlman kèk grenn pwoklamatè ki t ap viv nan vil Usakos, nan peyi Namibi, kote m te grandi a. Donk, etandone pa t gen yon kongregasyon nan zòn nan, nou te konn etidye sa yo fè nan reyinyon yo ansanm an fanmi. Lè m te vin gen setan, etandone mwen te gen pwoblèm pou m pipi, mwen te fè yon gwo operasyon ki rele urostomie pou m te ka rive pipi. Lè m te gen 14 an, mwen te fè malkadi. Etandone lekòl segondè ki te pi pre a te lwen anpil e paran m te oblije pran swen m, mwen pa t rive fini lekòl.

Sepandan, mwen te detèmine pou m gen yon pi bon relasyon ak Jewova. Anpil nan piblikasyon nou yo pa t disponib nan lang Afrikaans, lang mwen pale a. Donk mwen te aprann li anglè yon fason pou m te ka etidye plizyè nan liv nou yo. Mwen te preche epi mwen te batize lè m te gen 19 an. Pandan kat ane ki te vin apre yo, mwen te vin gen anpil pwoblèm sante ak pwoblèm sikolojik. Mete sou sa, nan zòn kote m t ap viv la moun yo te pwòch youn lòt, e lefètke m te pè moun sa te anpeche m patisipe plis nan ministè a.

Lè m te nan kòmansman ventèn mwen, nou te kite Namibi pou n al viv Afrik disid. Se premye fwa nan vi m mwen te vin fè pati yon kongregasyon. Se pa ti kontan mwen te kontan! Men, mwen te oblije fè yon lòt gwo operasyon ankò ki rele colostomie.

Kèk tan annapre, mwen te tande yon siveyan sikonskripsyon ki t ap pale de sèvis pyonye. Sa l te di yo te touche m anpil. Se vre, mwen te konnen mwen pa t viv sante, men, mwen te wè jan Jewova te ede m nan moman difisil yo. Se sa k fè, mwen te ranpli yon fòmilè pou m vin pyonye pèmanan. Sepandan, ansyen yo te ezite apwouve demann mwen an akoz pwoblèm sante m yo.

Men, aktout sa, mwen te deside fè tout sa m kapab nan travay predikasyon Wayòm nan. Grasa èd manman m ak lòt moun te ban mwen, mwen te rive bay lè pyonye pèmanan pandan sis mwa. Sa te montre jan m te detèmine pou m vin pyonye, e sa te montre tou mwen te ka jere pwoblèm sante m yo. Mwen te ranpli yon lòt fòmilè, e fwa sa a yo te apwouve m. Mwen te nome pyonye pèmanan 1ye septanm 1988.

Pandan m pyonye a, se toutan mwen wè men Jewova k ap ede m. Lefètke m ap anseye lòt moun laverite olye m ret ap konsantre m sou pwòp sitiyasyon m, sa pwoteje m, sa fè m santi m byen e sa fè m vin pi pwòch Jewova tou. Mwen kontan anpil dèske m ede anpil moun pou yo vwe lavi yo bay Jewova e pou yo batize.

Se vre, mwen toujou pa viv sante, men Jewova ‘pote chay la pou mwen chak jou’. (Sòm 68:19.) Jewova pa annik kite m mennen yon vi konsa konsa, li fè m anvi viv!