Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Jan sa parèt nan Jan 11:35, ki sa k fè dlo te koule nan je Jezi anvan l te resisite Laza?

Lè yon moun nou renmen mouri, li toutafè nòmal pou n kriye pou li paske nou sonje l. Byenke Jezi te renmen Laza, se pa paske Laza te mouri ki fè dlo te koule nan je l. Jan sa parèt nan kontèks istwa sa a nou jwenn nan liv Jan an, dlo te koule nan je Jezi paske l te gen konpasyon pou fanmi ak zanmi Laza yo. — Jan 11:36.

Lè Jezi te fèk aprann Laza malad, li pa t kouri al kay Laza yon fason pou l te ka geri l. Men sa nou li nan istwa a: “Lè [Jezi] tande Laza malad, li fè de jou ankò kote l te ye a.” (Jan 11:6). Poukisa Jezi te pran tan konsa? Li te gen bonjan rezon pou sa. Men sa l te di: “Maladi sa a pa la pou lanmò, men li la pou glwa Bondye, dekwa pou l ka pèmèt Pitit Bondye a jwenn glwa.” (Jan 11:4). Maladi Laza a “pa [t] la” pou lanmò paske Jezi te gen entansyon sèvi ak lanmò sa a “pou glwa Bondye”. Ki jan l t ap fè sa? Jezi t apral fè yon kokennchenn mirak devan tout moun pou l fè zanmi li te renmen anpil la leve sot nan tonm nan.

Nan okazyon sa a, pandan Jezi t ap pale ak disip li yo, li te konpare lanmò ak somèy. Se sa k fè l te di disip li yo li “pral lòtbò a pou [l] reveye [Laza]”. (Jan 11:11.) Pou Jezi, leve Laza sot nan lanmò te tankou lè yon paran ap reveye pitit li k ap kabicha. Donk, Jezi pa t gen okenn rezon pou l vin tris akoz lanmò Laza.

Nan ka sa a, ki sa k fè dlo te koule nan je Jezi? Yon lòt fwa ankò, n ap jwenn repons lan lè n egzamine kontèks la. Lè Jezi te wè Mari, sè Laza a, ak lòt moun yo k ap kriye, Jezi “plenn nan kè l [epi l] vin boulvèse”. Lefètke Jezi te wè jan moun yo te nan lapenn, sa te tèlman fè l mal li “plenn nan kè l”. Se rezon sa a ki fè “dlo [te] koule nan je Jezi”. Jezi te tris anpil lè l te wè jan zanmi l te renmen anpil yo ap soufri. — Jan 11:33, 35.

Istwa sa a montre Jezi gen pouvwa pou l fè moun nou renmen ki mouri yo retounen jwenn lavi ak lasante nan monn nouvo ki gen pou vini an. Li ede n konprann tou Jezi gen konpasyon pou moun ki pèdi yon moun pa yo akoz peche nou eritye nan Adan an. Anplis de sa, li fè n konprann nou ta dwe gen konpasyon pou moun ki nan chagren akoz yo gen moun pa yo ki mouri.

Aktout Jezi te konnen li t apral resisite Laza, dlo te koule nan je l paske l te renmen zanmi l yo anpil e l te gen konpasyon pou yo. Menm jan an tou, si n aprann mete n nan plas lòt moun, sa kapab pouse n “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Lè yon moun montre l tris pou yon moun pa l ki mouri opwen li rive kriye, sa pa vle di li pèdi lafwa nan esperans rezirèksyon an. Se pa ti bon egzanp Jezi kite pou nou nan fason l te montre l byen konprann sitiyasyon moun ki andèy yo lefètke, avèk senserite, dlo te koule nan je l menm lè l te konnen li t apral resisite Laza.