Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Antanke bèje, ann imite Gran Bèje yo

Antanke bèje, ann imite Gran Bèje yo

“Kris [...] te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye.” — 1 PYÈ 2:21.

1, 2. a) Ki rezilta sa bay lè bèje yo byen pran swen mouton yo? b) Poukisa anpil moun nan epòk Jezi a te tankou mouton ki san bèje?

MOUTON yo byen viv lè yon bèje demontre bonjan enterè pou twoupo ki sou kont li a. Men sa yon liv ki pale sou elvaj mouton fè konnen: “Yon moun ki annik mennen twoupo a manje, ki pa ba l anpil atansyon oswa ki pa panse avè l, nan kèk ane, moun sa a ap gen pou l fè fas ak anpil mouton ki malad e ki pa ka bay bon rannman.” Sepandan, lè yon bèje byen pran swen mouton yo, tout twoupo a ap anfòm.

2 Kalite swen ak atansyon bèje k ap veye sou twoupo Bondye a bay chak mouton ki sou kont yo ap gen efè sou espirityalite tout kongregasyon an. Ou kapab sonje jan Jezi te pran pitye pou foul moun yo paske l te wè “yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. (Mat. 9:36.) Ki sa k fè pèp la te nan move kondisyon sa a? Se paske moun ki te gen responsablite pou anseye yo Lalwa Bondye a, se te yon bann moun ki te di, ki te egzijan e ki te ipokrit. Olye pou chèf relijye ann Izrayèl yo te ede twoupo ki sou kont yo a epi nouri yo, yo te pito met yon seri “chay lou” sou zepòl yo. — Mat. 23:4.

3. Ak ki bagay ansyen nan kongregasyon yo ta dwe fè atansyon toutpandan y ap ranpli wòl yo antanke bèje espirityèl?

3 Kidonk, bèje kretyen nan epòk nou an, anpalan de ansyen ki nome yo, gen yon gwo responsablite. Mouton ki fè pati twoupo ki sou kont yo a se pou Jewova yo ye, e yo pou Jezi tou piske l rele tèt li “bon bèje a”. (Jan 10:11.) Jezi te “peye yon pri pou [...] achte” mouton yo ak pwòp san l, yon “san ki gen anpil valè”. (1 Kor. 6:20; 1 Pyè 1:18, 19.) Li tèlman renmen mouton yo, li te dispoze sakrifye lavi l pou yo. Ansyen yo dwe toujou sonje yo se bèje ki anba siveyans Jezi Kris, Pitit gason  Bondye renmen an e ki se “gran bèje mouton yo”. — Ebre 13:20.

4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Nan ka sa a, ki fason yo atann pou bèje kretyen yo trete mouton yo? Moun ki fè pati kongregasyon an jwenn ankourajman pou yo “obeyi moun k ap dirije” pami yo. Yon lòt bò, ansyen yo jwenn egzòtasyon pou yo pa “domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye” yo a. (Ebre 13:17; li 1 Pyè 5:2, 3.) Donk, ki fason ansyen yo ka dirije twoupo a san yo pa domine sou li? Oubyen, ki fason ansyen yo ka bay mouton yo sa yo bezwen san yo pa mal sèvi ak otorite Bondye ba yo pou yo siveye twoupo a?

“L AP POTE YO SOU LESTOMAK LI”

5. Ki sa pawòl nou jwenn nan Izayi 40:11 lan aprann nou konsènan Jewova?

5 Men ki sa pwofèt Izayi te di konsènan Jewova: “Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li. L ap mennen sa ki nouris yo [avèk prekosyon].” (Iza. 40:11, NW). Egzanp sa a montre Jewova gen sousi pou moun nan kongregasyon an ki fèb e ki pi fasil pou pran nan pyèj. Piske Jewova se yon bèje ki konsyan de bezwen chak mouton ki nan twoupo a, e li toujou pare pou l ede yo, li konnen ki sa tout moun nan kongregasyon an bezwen e l kontan ba yo sa yo mande. Menm jan yon bèje konn pote timouton ki fèk fèt yo nan rad li lè sa nesesè, se konsa tou, Jewova, “Papa ki gen kè sansib la”, ap pran swen nou nan sitiyasyon difisil yo. L ap rekonfòte nou lè n ap fè fas ak yon gwo eprèv oswa lè nou gen yon bezwen espesyal. — 2 Kor. 1:3, 4.

6. Antanke bèje espirityèl, ki jan yon ansyen ka suiv egzanp Jewova?

6 Ala yon bèl leson yon bèje espirityèl ka aprann nan men Papa nou ki nan syèl la! Menm jan ak Jewova, bèje sa a dwe montre li enterese nan bezwen mouton yo. Lè yon ansyen konnen ki difikilte mouton yo ap rankontre e l konnen ki bezwen espesyal mouton yo genyen ki mande pou l aji byen vit, ansyen sa a ap byen plase pou l bay mouton yo ankourajman ak èd ki nesesè (Pwo. 27:23). Sa klè, yon ansyen dwe gen bonjan kominikasyon ak kwayan parèy li yo. Toutpandan ansyen an ap respekte vi prive frè ak sè yo, li bay sa l wè ak sa l tande nan kongregasyon an anpil atansyon, e avèk lanmou, li rann tèt li disponib pou l “ede moun ki fèb yo”. — Tra. 20:35; 1 Tes. 4:11.

7. a) Ki fason yo te konn trete mouton Bondye yo nan epòk Ezekyèl ak Jeremi an? b) Ki sa n ka aprann nan kondanasyon Jewova te bay bèje espirityèl ki pa t fidèl yo?

7 Ann egzamine atitid bèje Bondye te kondane yo. Nan epòk Ezekyèl ak Jeremi an, Jewova te denonse moun ki te dwe pran swen mouton l yo, men ki pa t byen fè sa. Piske pèsonn pa t kontinye voye je sou mouton yo, twoupo a te an danje e yo te gaye. Olye pou bèje sa yo te bay mouton yo manje, yo te eksplwate yo epi “se tèt pa yo ase yo [te] konnen”. (Eze. 34:7-10; Jer. 23:1.) Nou kapab aplike kondanasyon Bondye te bay bèje sa yo ak chèf relijye ki nan lakretyente yo. Men, kondanasyon sa a fè ansyen yo wè jan li enpòtan tou pou yo bay twoupo Jewova a bonjan atansyon ki gen lanmou.

“MWEN BAN NOU EGZANP”

8. Ki jan Jezi te kite yon bon egzanp sou fason pou n korije move tandans?

8 Akoz enpèfeksyon lèzòm, gen kèk nan mouton Bondye yo ki ka lan pou yo konprann sa Jewova atann nan men yo. Yo gendwa pa rive aji ann amoni ak konsèy nou jwenn nan Ekriti yo, oswa yo gendwa aji yon fason ki montre yo pa gen ase matirite nan domèn espirityèl.  Ki fason ansyen yo dwe reyaji? Yo dwe imite pasyans Jezi te demontre anvè disip li yo lè sa k te plis enterese disip yo se te chèche konnen kiyès pami yo ki t ap vin pi gran nan Wayòm nan. Olye pou Jezi te pèdi pasyans ak disip li yo, li te kontinye anseye yo, epi, avèk lanmou, li te ba yo konsèy sou enpòtans pou yo demontre imilite (Lik 9:46-48; 22:24-27). Lè Jezi te lave pye yo a, li te ba yo yon bon leson sou fason pou yo demontre imilite, yon kalite siveyan kretyen yo dwe demontre. — Li Jan 13:12-15; 1 Pyè 2:21.

9. Ki atitid Jezi te mande disip li yo pou yo genyen?

9 Pwennvi Jezi genyen sou wòl yon bèje espirityèl dwe jwe te diferan ak konpòtman Jak ak Jan te manifeste yon lè a. De apot sa yo t ap chèche asire yo y ap jwenn gwo pozisyon nan Wayòm nan. Men, Jezi te korije tandans yo te genyen an lè l te di yo: “Nou konnen jan chèf nasyon yo fè diktatè sou yo epi grannèg yo domine sou nasyon yo. Men, pou nou menm, sa p ap konsa. Okontrè, moun ki ta vle vin gran nan mitan nou, yo dwe sèvitè nou.” (Mat. 20:25, 26, Bib Kreyòl La). Apot yo te bezwen goumen ak tandans yo te genyen pou yo “domine” sou konpayon yo oswa ‘sou moun nan nasyon yo’.

10. Ki fason Jezi vle pou ansyen yo trete twoupo a, e ki egzanp Pòl kite pou nou nan sans sa a?

10 Jezi atann pou ansyen yo trete twoupo a menm jan li menm li trete twoupo a. Ansyen yo dwe dispoze aji antanke moun k ap sèvi konpayon yo, men, yo pa dwe domine sou yo tankou mèt. Apot Pòl te gen menm imilite sa a, se sa k fè l te di ansyen nan kongregasyon Efèz la: “Nou konnen byen ki fason m te viv nan mitan nou depi premye jou mwen te met pye m nan zòn Azi. Mwen te travay tankou esklav pou Seyè a ak anpil imilite.” Apot la te vle pou ansyen sa yo ede lòt moun avèk imilite e yon fason ki serye. Men sa l te di: “Mwen te montre nou nan tout bagay se pou nou travay di menm jan an pou nou ede moun ki fèb yo.” (Tra. 20:18, 19, 35). Pòl te di Korentyen yo li pa t vle domine sou lafwa yo. Olye de sa, avèk imilite, li te di yo li se konpayon travay yo pou yo ka gen lajwa (2 Kor. 1:24). Pòl kite yon bèl egzanp pou ansyen yo jodi a antanke moun ki te gen imilite e ki te konn travay di.

“RETE KOLE SOU PAWÒL KI FIDÈL LA”

11, 12. Ki fason yon ansyen gendwa ede yon kwayan parèy li pran yon desizyon?

11 Yon ansyen dwe “rete kole sou pawòl ki fidèl la nan fason l ap anseye”. (Tit 1:9.) Men, li dwe fè sa “avèk dousè”. (Gal. 6:1.) Olye pou yon bon bèje espirityèl eseye fòse frè ak sè yo nan kongregasyon an aji yon fason, li dwe chèche wè fason pou l touche kè yo pito. Yon ansyen gendwa met aksan sou kèk prensip biblik yon frè dwe konsidere lè l gen yon desizyon enpòtan pou l pran. Li gendwa reegzamine atik ki te pale sou sijè a ak frè a. Li gendwa ankouraje frè a tou pou l reflechi pou l wè ki efè desizyon l pral pran yo ap gen sou relasyon l ak Jewova. Ansyen an ka fè l wè enpòtans pou l chèche direksyon nan men Bondye nan lapriyè anvan l pran yon desizyon (Pwo. 3:5, 6). Apre ansyen an fin egzamine bagay sa yo ak kwayan parèy li a, li dwe kite l pran pwòp desizyon l. — Wom. 14:1-4.

12 Se nan Ekriti yo otorite siveyan kretyen yo genyen an soti. Kidonk, li enpòtan anpil pou yo byen sèvi ak Bib la e pou yo suiv sa l di. Lè ansyen yo fè sa, sa ap ede yo evite nenpòt bagay ki te ka fè yo  mal sèvi ak otorite yo genyen an. Dayè, se bèje yo ye sèlman, e chak moun nan kongregasyon an ap gen pou rann Jewova ak Jezi kont pou desizyon yo te pran. — Gal. 6:5, 7, 8.

“EGZANP POU TWOUPO A”

Ansyen yo ede moun nan fanmi yo prepare yo pou ministè a. (Gade paragraf 13.)

13, 14. Nan ki domèn yon ansyen dwe yon egzanp pou twoupo a?

13 Apre apot Pyè te fin ankouraje ansyen nan kongregasyon yo pou yo pa ‘domine sou moun ki sou kont yo a’, li te egzòte yo pou yo “tounen egzanp pou twoupo a”. (1 Pyè 5:3.) Ki jan yon ansyen kapab yon egzanp pou twoupo a? Ann konsidere de bagay nou dwe jwenn lakay yon moun k ap “chèche vin siveyan”. Li “dwe gen bonsans”, e li dwe se “yon moun ki dirije pwòp kay li yon fason ki kòrèk”. Si yon ansyen se yon chèf fanmi, li dwe dirije fanmi sa a yon fason ki kòrèk paske: “Si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a?” (1 Tim. 3:1, 2, 4, 5). Pou yon moun kalifye pou l vin siveyan, li dwe gen bonsans, sa vle di, li bezwen byen konprann prensip Bondye yo e l dwe konn kòman pou l aplike yo nan lavi l. Li dwe se yon moun ki ekilibre, e l pa dwe kouri jije. Lè frè ak sè nan kongregasyon an wè ansyen yo gen kalite sa yo lakay yo, sa fè yo gen konfyans nan mitan yo.

14 Lè ansyen yo pran latèt nan travay predikasyon an, se yon lòt fason ankò yo kite yon egzanp pou kretyen parèy yo. Jezi ba yo egzanp nan sans sa a. Predikasyon bon nouvèl Wayòm nan te yon aspè enpòtan nan aktivite Jezi te konn fè lè l te sou tè a. Li te montre disip li yo kòman pou yo fè travay sa a (Mak 1:38; Lik 8:1). Jodi a, se pa ti ankourajan sa ankourajan pou pwoklamatè yo lè yo preche kòtakòt ak ansyen yo, lè yo wè fason ansyen montre yo zele nan travay sa a k ap sove lavi moun ak lè yo aprann nan fason ansyen yo anseye! Detèminasyon ansyen yo genyen pou yo montre yo zele nan fason y ap bay tan yo ak enèji yo pou preche bon nouvèl la malgre yo gen yon pwogram ki chaje, ap ankouraje tout kongregasyon an pou yo demontre menm zèl sa a. Ansyen yo ka kite yon bon egzanp pou frè yo tou lè yo prepare yo pou yo patisipe nan reyinyon kongregasyon an ansanm ak lòt aktivite tankou netwayaj ak antretyen Sal Wayòm nan. — Efe. 5:15, 16; li Ebre 13:7.

Ansyen yo bay egzanp nan travay predikasyon an. (Gade paragraf 14.)

“SOUTNI MOUN KI FÈB YO”

15. Bay kèk rezon ki fè ansyen yo fè vizit pastoral.

15 Yon bon bèje ap kouri aji pou l ede yon mouton lè mouton an blese oswa lè l malad. Menm jan an tou, ansyen yo dwe aji byen vit pou yo ede nenpòt moun nan kongregasyon an k ap soufri oswa ki bezwen èd nan domèn espirityèl. Moun ki aje yo ak moun ki malad yo kapab bezwen atansyon akoz bezwen yo genyen  nan domèn fizik, men, yo sitou bezwen èd ak ankourajman nan domèn espirityèl (1 Tes. 5:14). Jèn ki nan kongregasyon an kapab ap fè fas ak kèk difikilte tankou kòman pou yo reziste ak “dezi ki natirèl lakay jèn yo”. (2 Tim. 2:22.) Kidonk, bèje yo dwe dispoze vizite frè ak sè nan kongregasyon an detanzantan nan objektif pou yo konnen sitiyasyon frè ak sè yo ap andire epi ba yo konsèy apwopriye nan Ekriti yo pou ankouraje yo. Lè ansyen yo trete kesyon sa yo nan bon moman, yo ka rive rezoud anpil pwoblèm nan kongregasyon an anvan yo vin pi mal.

16. Lè yon moun nan kongregasyon an bezwen èd nan domèn espirityèl, ki jan ansyen yo kapab ede l?

16 Ki sa n dwe fè si yon pwoblèm vin tèlman grav opwen li menase sante espirityèl yon moun nan kongregasyon an? Men sa Jak, youn nan moun ki te ekri Bib la, te di: “Èske gen yon moun pami nou ki malad? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè, e Jewova ap leve l. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” (Jak 5:14, 15). Menmsi moun k ap soufri nan domèn espirityèl la pa ta “rele ansyen yo” vin kote l, men, si ansyen yo vin okouran de sitiyasyon an, yo dwe aji byen vit pou ede l. Lè ansyen yo priye avèk frè yo oswa yo priye pou frè yo epi yo soutni yo nan moman yo bezwen sa, ansyen yo ap montre yo se bonjan èd ak ankourajman espirityèl pou moun ki sou kont yo. — Li Izayi 32:1, 2.

17. Ki rezilta ansyen yo ka jwenn lè yo imite “gran bèje” a?

17 Bèje kretyen yo fè efò pou yo imite Jezi Kris, “gran bèje” a, nan tout sa y ap fè nan òganizasyon Jewova a. Piske twoupo a jwenn èd espirityèl nan men gason sa yo ki responsab, twoupo a jwenn anpil byenfè e yo kontinye pwogrese. Pou tout rezon sa yo, nou rekonesan anvè Jewova, Bèje nou an ki san parèy, e se pa ti anvi sa fè nou anvi louwe l!