Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE LANMÒ METE FEN NAN TOUT BAGAY?

Lèzòm ap lite kont lanmò

Lèzòm ap lite kont lanmò

ANPERÈ QIN SHI HUANG

EKSPLORATÈ PONCE DE LEÓN

Lanmò se yon ènmi moun pè anpil. N ap lite kont li ak tout fòs nou. Lè lanmò frape yon moun ki pwòch nou, li ka difisil pou n aksepte reyalite a. Oswa, lefètke nou jèn anpil, nou ka panse ènmi sa a pap janm frape nou. Se yon move konsepsyon sa ye, men nou ret atache avè l toutotan nou kapab.

Pa gen anpil moun ki te panse ak kesyon imòtalite a plis pase ansyen Farawon yo. Farawon sa yo ansanm ak plizyè milye moun ki t ap travay pou yo te pase yon bon pati nan lavi yo ap fè efò pou yo rive venk lanmò. Piramid yo te konstwi yo se prèv ki montre jan yo te fè tout sa yo kapab pou yo pa mouri, e se prèv ki montre jan yo te echwe tou.

Anperè chinwa yo tou te reve pou yo gen imòtalite, byenke yo te itilize lòt mwayen. Pa egzanp, yo te konn itilize yon seri remèd yo te kwè ki ka fè yo pa mouri. Anperè Qin Shi Huang te mande alchimis li yo pou yo fè yon pòsyon majik ki ka fè lanmò kanpe lwen yo. Men, anpil nan remèd sa yo te gen yon pwazon ladan yo ki rele mèki, e petèt, se youn nan remèd sa yo ki te touye l.

Nan 16yèm syèk epòk nou an, gen yon eksploratè espayòl ki rele Juan Ponce de León ki te vwayaje nan Karayib la. Li t ap chèche yon sous dlo yo rele fontèn jouvans. Pandan vwayaj la, li t al tonbe Florid, nan Etazini. Men, kèk ane apre, li te mouri nan yon konba avèk ameriken natif natal yo. Li pa t janm jwenn okenn fontèn jouvans.

Farawon yo, anperè yo ak eksploratè yo t ap chèche venk lanmò. Men, kiyès nan nou ki ka meprize objektif yo te genyen an, menmsi nou pa renmen metòd yo te itilize yo? Ofon, nou tout ta renmen viv nètale.

ÈSKE YO KA VENK LANMÒ?

Poukisa n ap goumen kont lanmò? Bib la esplike rezon an. Anrapò ak Kreyatè nou an, Jewova Dye *, men sa Bib la di: “Li fè tout bagay bèl  nan tan pa yo. Li menm mete letènite nan kè [lèzòm].” (Eklezyas 3:11, NW). Se pa pou 80 ane sèlman nou ta renmen pwofite bèl bagay ki sou tè a, men se pou toutan (Sòm 90:10). Se sa nou ta renmen ak tout kè nou.

Poukisa Bondye mete “letènite” nan kè nou? Èske se pou l ka fè nou fristre tou senpleman? Jamè. Okontrè, Bondye pwomèt nou li pral ranpòte laviktwa sou lanmò. Byen souvan, Bib la di yo pral elimine lanmò e li pale sou pwomès Bondye fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an. — Gade kare ki gen tit:  “Yo ranpòte laviktwa sou lanmò.”

Jezi Kris te di aklè: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Se sa k fè, konba n ap mennen kont lanmò a pa sanzespwa. Men, Jezi fè konnen se Bondye sèlman ki ka genyen batay sa a pou nou.

^ § 9 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.