Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann adore Jewova, Wa letènite a

Ann adore Jewova, Wa letènite a

“Se pou Wa letènite a [...] jwenn onè ak glwa pou toutan gen tan.” — 1 TIM. 1:17.

1, 2. a) Ki moun ki “Wa letènite a”, e ki sa k fè tit sa a apwopriye? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki aspè nan fason Jewova ap dirije antanke Wa a ki atire n vin jwenn li?

WA SOBHUZA II te fè prèske 61 an ap dirije peyi Swazilann. Sa se yon rekò pou yon wa nan epòk nou an. Byenke kantite tan wa Sobhuza te fè ap dirije a ka parèt enpresyonan, gen yon wa k ap reye, e rèy li an pa gen limit piske wa sa a pa menm jan ak lèzòm ki viv yon tikras tan. Anfèt, Bib la pale de li antanke “Wa letènite a”. (1 Tim. 1:17.) Gen yon salmis ki ban nou non Souvren sa a lè l te di: “Jewova se Wa pou tan endefini, wi pou toutan.” — Sòm 10:16, NW.

2 Kantite tan Bondye genyen depi l ap dirije a fè gouvènman l lan diferan ak kèlkeswa gouvènman lèzòm nan. Sepandan, se fason Jewova ap dirije a ki atire nou vin jwenn li. Men ki jan yon wa ki te dirije Izrayèl tan lontan an pandan 40 an te fè louwanj pou Bondye: “Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon, li pa an kòlè fasil e li chaje bonte ki plen lanmou nan kè l. Se Jewova menm ki tabli twòn li nan syèl la byen fèm, e l ap domine antanke wa sou tout bagay.” (Sòm 103:8, 19, NW). Jewova pa sèlman Wa nou, men, li se Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou tou. Sa soulve de kesyon: Ki fason Jewova aji antanke yon Papa? Ki jan Jewova egzèse otorite l antanke Wa depi rebelyon ki te fèt ann Edenn nan? Repons kesyon sa yo pral pouse n vin pi pwòch Jewova epi adore l ak tout kè nou.

 WA LETÈNITE A KREYE YON FANMI INIVÈSÈL

3. Ki premye moun ki te vin fè pati fanmi inivèsèl Jewova a, e ki lòt moun Bondye te kreye antanke “pitit” li?

3 Se pa ti kontan Jewova dwe te kontan lè l te kreye sèl Pitit gason l lan! Bondye pa t trete premye Pitit gason l lan tankou yon senp kreyati. Okontrè, li te renmen l menm jan yon papa renmen pitit li. Bondye te bay Pitit gason l lan posiblite pou l pataje jwa l genyen an lè l te pèmèt Pitit gason sa a patisipe nan kreyasyon lòt kreyati ki pafè yo (Kol. 1:15-17). Pami kreyati sa yo te gen plizyè milyon zanj. Bib la fè konnen zanj sa yo ap sèvi Bondye ak kè kontan antanke ‘minis k ap fè volonte l’. Bondye onore zanj yo paske l rele yo “pitit” li. Yo fè pati fanmi inivèsèl Jewova a. — Sòm 103:20-22, NW; Jòb 38:7, NW.

4. Ki fason lèzòm te vin fè pati fanmi inivèsèl Bondye a?

4 Yonfwa Jewova te fin kreye syèl la ak tè a, li te elaji fanmi inivèsèl li a. Apre Jewova te fin prepare tè a tankou yon bèl kay ki gen tout sa k nesesè ladan l, Jewova te bay travay li t ap fè sou tè a dènye kouch la lè l te kreye Adan, premye moun nan, pòtre avè l (Jen. 1:26-28). Antanke Kreyatè, Jewova te gen bonjan rezon pou l atann li Adan t ap obeyi l. Antanke Papa, Jewova te bay lèzòm enstriksyon l yo avèk lanmou ak bonte. Enstriksyon sa yo pa t retire nan libète lèzòm genyen an yon fason ki pa t rezonab. — Li Jenèz 2:15-17.

5. Ki dispozisyon Bondye te pran pou tè a te ranpli ak moun?

5 Kontrèman ak plizyè dirijan imen, Jewova pran plezi bay moun l ap dirije yo responsablite, epi l trete yo tankou moun nan fanmi l li fè konfyans. Pa egzanp, li te bay Adan otorite sou lòt kreyati vivan yo, e l te menm ba l misyon pou l bay bèt yo non, yon travay ki te bèl e ki te difisil tou (Jen. 1:26; 2:19, 20). Bondye pa t kreye plizyè milyon moun pafè pou ranpli tè a. Olye de sa, li te kreye Èv ki te yon konpleman pafè pou Adan (Jen. 2:21, 22). Apre sa, li te bay koup sa a posiblite pou yo fè pitit pou ranpli tè a. Piske lèzòm t ap viv nan yon kondisyon ki pafè, tikras pa tikras, yo t ap kapab etann Paradi a sou tout kò tè a. Antanke moun ki fè pati fanmi inivèsèl Jewova a, yo t ap ka adore Jewova pou toutan ansanm ak zanj yo ki nan syèl la. Ala yon bèl avni ki t ap tann yo! Ala yon bèl fason Jewova demontre lanmou l antanke Papa!

KÈK PITIT KI REBÈL REJTE BONDYE ANTANKE WA

6. a) Ki fason rebelyon te kòmanse nan fanmi Bondye a? b) Ki sa k fè rebelyon ki te vin genyen an pa t vle di Jewova te pèdi kontwòl tout bagay?

6 Malerezman, Adan ak Èv pa t kontante yo gen Jewova kòm Souvren yo. Olye de sa, yo te chwazi suiv Satan, youn nan pitit espirityèl Bondye yo ki te vin rebèl (Jen. 3:1-6). Lefètke yo te chwazi pa suiv Bondye, sa te pote tristès, soufrans ak lanmò pou yo menm ansanm ak desandans yo (Jen. 3:16-19; Wom. 5:12). Konsa, Bondye te vin pa gen pèsonn sou tè a k ap obeyi l. Èske sa vle di li te pèdi kontwòl tout bagay, kòmkwa li te chwazi pa egzèse souvrènte l sou tè a ak sou moun ki abite sou li yo? Jamè! Li te egzèse otorite l lè l te met mesyedam yo deyò nan jaden Edenn nan ak lè l te met cheriben siveye antre jaden an yon fason pou l te anpeche yo retounen ladan l (Jen. 3:23, 24). Anmenmtan tou, Bondye te montre l se yon Papa ki gen lanmou lè l te bay asirans li t ap akonpli objektif li ki se vin gen yon fanmi inivèsèl ki gen ladan l zanj ansanm ak moun k ap sèvi l ak tout kè yo. Li te fè konnen t ap gen yon desandans ki t apral detwi Satan, e ki t apral elimine efè peche Adan an lakòz yo. — Li Jenèz 3:15.

7, 8. a) Rive nan epòk Noye a, jis nan ki pwen bagay yo te vin mal? b) Ki dispozisyon Jewova te pran pou l te ka netwaye tè a epi prezève limanite?

 7 Pandan syèk ki te vin annapre yo, gen kèk moun ki te chwazi rete fidèl anvè Jewova. Pami moun sa yo te gen Abèl ak Enòk. Sepandan, pifò moun te rejte Jewova kòm Papa yo e kòm Wa yo. Rive nan epòk Noye a, tè a te vin “ranpli ak vyolans”. (Jen. 6:11, NW.) Èske sa vle di Jewova pa t gen kontwòl sou sa k t ap pase sou tè a? Ki sa listwa montre?

8 Ann konsidere egzanp Noye. Jewova te bay Noye yon plan byen detaye ansanm ak enstriksyon pou l bati yon kokennchenn lach ki t apral sove ni Noye, ni fanmi Noye. Bondye te montre l gen yon gwo lanmou pou tout limanite tou lè l te bay Noye misyon pou l “preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Pa gen dout nan sa, nan mesaj Noye t ap preche a, li te mande moun yo pou yo repanti epi l te avèti yo kont destriksyon ki t apral vini an. Men, pèsonn pa t koute l. Pandan plizyè dizèn ane, Noye ak fanmi l te viv nan yon monn ki te vyolan e ki te imoral anpil. Antanke yon Papa ki gen sousi pou pitit li, Jewova te pwoteje uit moun sa yo ki te fidèl epi l te beni yo. Jewova te egzèse otorite l sou moun rebèl yo ansanm ak zanj mechan yo lè l te fè yon delij vin sou tout tè a. Vrèmanvre, Jewova te gen kontwòl tout bagay. — Jen. 7:17-24.

Jewova te toujou egzèse otorite l antanke Wa. (Gade paragraf 6, 8, 10, 12, 17.)

OTORITE JEWOVA ANTANKE WA APRE DELIJ LA

9. Ki opòtinite Jewova te bay lèzòm apre delij la?

9 Se sèten, pandan Noye ak fanmi l t ap met pye yo sou tè a ki te vin pwòp epi yo t ap respire yon lòt lè, yo te gen anpil rekonesans nan kè yo pou Jewova lefètke l te pran swen yo e l te pwoteje yo. Se sa k fè, san pèdi tan, Noye te bati yon lotèl epi l te ofri Jewova kèk sakrifis pou l adore l. Bondye te beni Noye ak fanmi l epi l te di yo: “Se pou nou fè pitit, se pou nou vin anpil, se pou nou ranpli tè a.” (Jen. 8:20–9:1, NW). Yon lòt fwa ankò, lèzòm te gen opòtinite vin fè yon sèl nan adorasyon Bondye a e pou yo ranpli tè a.

10. a) Ki jan te fè vin gen yon rebelyon kont Jewova apre delij la, e ki kote sa te fèt? b) Ki sa Jewova te fè yon fason pou l asire l volonte l t ap fèt?

10 Sepandan, delij la pa t elimine enpèfeksyon lakay lèzòm, epi yo te toujou anba enfliyans Satan ak zanj rebèl yo. Sa pa t pran tan pou te vin gen yon lòt rebelyon ki te fèt bridsoukou kont otorite Jewova. Pa egzanp, Nimwòd, youn nan pitit pitit gason Noye yo te rebele kont otorite Jewova nan yon nivo ki pi mal toujou. Bib la pale de Nimwòd antanke “yon chasè pisan ki opoze ak Jewova”. Li te bati anpil gwo vil, tankou Babèl, epi l te pwoklame tèt li wa “nan peyi Chineya”. (Jen. 10:8-12, NW.) Ki sa Wa letènite a t apral fè kont wa sa a ki te rebèl ansanm ak efò rebèl sa a t ap fè pou l kontrekare objektif Bondye te genyen pou l “ranpli tè a” ak moun? Bondye te konfonn lang moun yo te pale a, sa ki te lakòz moun Nimwòd t ap dirije yo te gaye “toupatou sou latè”. Yo te pote fo adorasyon an ak fason lèzòm gouvène yo ansanm ak yo. — Jen. 11:1-9.

11. Ki fason Jewova te demontre fidelite l anvè Abraram, yon moun li te konsidere kòm zanmi l?

11 Byenke apre delij la te vin gen anpil moun ki t ap adore fo dye, gen kèk gason fidèl ki te kontinye onore Jewova. Youn nan moun sa yo se te Abraram, yon moun ki te obeyi Bondye lè l te kite konfò li te gen nan vil Ou pou l al abite anba tant pandan plizyè ane (Jen. 11:31; Ebre 11:8, 9). Pandan tout tan Abraram te fè ap vwayaje pasipala a, byen souvan, te konn gen kèk wa ki t ap viv toutotou l e anpil nan yo t ap viv nan yon seri vil ki antoure ak miray. Men, Jewova te pwoteje Abraram ak fanmi l. Men sa yon salmis te fè konnen konsènan fason Jewova te pwoteje Abraram tankou yon Papa: “[Bondye] pat  kite pèsonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.” (Sòm 105:13, 14). Pou Jewova te ka demontre fidelite l anvè Abraram, yon moun li te konsidere kòm zanmi l, li te fè l pwomès ki vin annapre a: “Anpil wa ap sòti nan ras ou.” — Jen. 17:6; Jak 2:23.

12. Ki jan Jewova te montre Ejipsyen yo se li menm ki Souvren, e ki efè sa te genyen sou pèp li te chwazi a?

12 Bondye te pwomèt ni Izarak, pitit gason Abraram, ni Jakòb, pitit pitit Abraram, li t ap beni yo, e anpil wa t ap soti nan ras yo (Jen. 26:3-5; 35:11). Sepandan, anvan te vin gen wa ki soti nan ras Jakòb, desandans li yo te vin esklav nan peyi Ejip. Èske sa vle di Jewova pa t ap ka akonpli pwomès li te fè a oswa li te chwazi pa egzèse souvrènte l sou tè a ankò? Non. Nan yon tan Jewova te fikse pou sa, li te demontre kokennchenn pisans li epi l te egzèse souvrènte l sou Farawon ki te rebèl. Izrayelit yo, ki te esklav, te met lafwa yo nan Jewova, e Jewova te fè yon gwo mirak pou l delivre yo nan lanmè Wouj. Sa klè, se Jewova ki te toujou Souvren linivè a, e antanke yon Papa ki gen sousi pou pitit li, li te sèvi ak kokennchenn pouvwa li genyen an pou l pwoteje pèp li a. — Li Egzòd 14:13, 14.

JEWOVA VIN WA ANN IZRAYÈL

13, 14. a) Ki sa Izrayelit yo te di nan yon chante konsènan fason Jewova ap dirije antanke Wa a? b) Ki pwomès Bondye te fè David konsènan yon wayòm?

13 Tousuit apre Jewova te fin fè yon mirak pou l delivre pèp Izrayèl la ann Ejip, Izrayelit yo te chante yon chan viktwa pou yo louwe Jewova. Chante sa a nou jwenn nan Egzòd chapit 15 lan, gen deklarasyon ki vin annapre a nou jwenn nan vèsè 18 la (NW) ki di: “Jewova pral dirije kòm wa pou tan endefini, wi, pou toutan.” Vrèmanvre, Jewova te vin tounen Wa nouvo nasyon sa a (Det. 33:5). Sepandan, pèp la pa t kontante yo pou yo gen Jewova antanke dirijan yo pa t ka wè. Anviwon 400 an apre yo te fin kite Ejip, yo te mande Bondye pou l te ba yo yon wa imen menm jan ak nasyon payen ki te ozalantou yo (1 Sam. 8:5). Aktout sa, se Jewova ki te toujou Wa. Nou jwenn yon prèv klè ki montre sa pandan rèy David la, dezyèm wa ki te dirije pèp Izrayèl la.

14 David te pote lach alyans lan Jerizalèm. Pandan moman sa a ki te bay anpil kè kontan, Levit yo t ap chante yon chan louwanj ki gen bèl pawòl nou jwenn nan 1 Kwonik 16:31 an (NW) ki di: “Fè  nasyon yo konnen ‘Jewova vin Wa!’” Yon moun ta gendwa di: ‘Piske se Jewova ki Wa letènite a, nan ki sans li te vin Wa nan moman sa a?’ Jewova te vin Wa nan sans li te egzèse otorite l oswa li te chwazi yon moun pou reprezante l pandan yon epòk oubyen pou fè fas ak yon sitiyasyon byen presi. Aspè sa a nan otorite Jewova genyen antanke Wa a gen yon kokennchenn enpòtans. Anvan David mouri, Jewova te pwomèt li wayòm li an t ap kontinye egziste pou tout tan gen tan. Men sa Jewova te di l: “M ap fè desandans ou an leve apre w, yon pitit gason w; e vrèman m ap fè wayòm li an solid.” (2 Sam. 7:12, 13, NW). Selon pwofesi yo, “desandans” sa a ki t ap soti nan David la ta dwe parèt plis pase 1 000 an annapre. Ki moun li te ye, e ki lè li te vin Wa?

JEWOVA NOME YON NOUVO WA

15, 16. Ki lè Bondye te chwazi Jezi pou l vin Wa, e ki dispozisyon Jezi te pran pou gouvènman l lan pandan l te sou tè a?

15 Nan ane 29 epòk nou an, Jan ki te konn batize moun nan te kòmanse preche, li t ap di: “Wayòm syèl la vin pi pre.” (Mat. 3:2). Lè Jan te batize Jezi, Jewova te chwazi Jezi pou l vin Mesi li te pwomèt la, epi pou l vin Wa nan Wayòm li an. Men ki pawòl Jewova te di pou l te montre lanmou l genyen pou Jezi antanke Papa l: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen apwouve a.” — Mat. 3:17.

16 Jezi te glorifye Papa l pandan tout ministè l (Jan 17:4). Li te fè sa lè l te preche konsènan Wayòm Bondye a (Lik 4:43). Li te menm anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm nan vini (Mat. 6:10). Antanke Wa Bondye chwazi, Jezi te kapab di opozan l yo: “Wayòm Bondye a nan mitan nou.” (Lik 17:21). Apre sa, nan nuit anvan l mouri a, li te fè ‘yon alyans ak disip li yo pou yon wayòm’. Konsa, li te bay kèk nan disip fidèl li yo opòtinite pou y al dirije avè l antanke wa nan Wayòm Bondye a. — Li Lik 22:28-30.

17. Nan ki sans Jezi te kòmanse egzèse otorite l antanke Wa nan premye syèk la, men, ki sa l te dwe ret tann?

17 Ki lè Jezi t ap kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a? Li pa t ap kòmanse tousuit apre l te fin fè alyans lan paske nan demen aprèmidi, yo te egzekite l epi disip li yo te gaye (Jan 16:32). Sepandan, Jewova te toujou gen kontwòl bagay yo menm jan l te konn toujou fè sa. Sou twazyèm jou a, li te resisite Pitit gason l lan, e nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jezi te etabli yon wayòm espirityèl sou kongregasyon kretyen an ki te gen ladan l frè l yo Bondye te chwazi pou al nan syèl la (Kol. 1:13). Sepandan, Jezi te gen pou l ret tann toujou pou Bondye ba l pouvwa pou l dirije sou tout tè a antanke desandans li te pwomèt la. Men sa Jewova te di Pitit gason l lan: “Chita adwat mwen jiskaske mwen plase ènmi w yo tankou yon tabourè anba pye w.” — Sòm 110:1, NW.

ANN ADORE WA LETÈNITE A

18, 19. Ki sa n detèmine pou n fè, e ki sa nou pral aprann nan atik ki vin apre a?

18 Pandan plizyè milye ane, otorite Jewova antanke Wa te jwenn opozisyon ni nan syèl la ni sou tè a. Jewova pa t janm abandone souvrènte l, li te toujou gen kontwòl tout bagay. Antanke yon Papa ki gen lanmou, li te pwoteje kèk sèvitè fidèl tankou Noye, Abraram ak David, e l te pran swen yo. Èske sa pa ta dwe pouse n soumèt nou devan Papa nou ki nan syèl la, Wa nou an, epi chèche vin pi pwòch avè l?

19 Sepandan, kounye a, nou gendwa ap mande tèt nou: Ki fason Jewova vin Wa nan epòk nou an? Ki jan n ka montre nou fidèl anvè Wayòm Jewova a epi vin fè pati fanmi inivèsèl li a antanke pitit li ki pafè? Lè nou priye pou Wayòm Bondye a vini, ki sa n vle di? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.