Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann louwe Kris, Wa ki gen glwa a!

Ann louwe Kris, Wa ki gen glwa a!

“Pandan w gen glwa a, al ranpòte laviktwa.” — SÒM 45:4, NW.

1, 2. Ki sa k fè nou dwe enterese nan Sòm 45 lan?

GEN yon wa ki gen glwa ki monte cheval li pou l al batay pou laverite ak lajistis, epi pou l ranpòte laviktwa sou ènmi l yo. Apre l fin ranpòte yon dènye viktwa sou ènmi l yo, li marye ak yon bèl lamarye. Pandan tout jenerasyon ki vin annapre yo, yo toujou sonje sa l te fè yo epi yo fè anpil louwanj pou li. Se konsènan bèl evènman sa yo yo pale nan Sòm 45 lan.

2 Sepandan, Sòm 45 lan gen plis siyifikasyon pase yon bèl istwa ki byen fini. Evènman yo rapòte nan Sòm sa a gen anpil siyifikasyon pou nou. Yo gen efè sou lavi n ap mennen jodi a, e y ap gen efè sou avni nou. Kidonk, ann egzamine Sòm sa a avèk anpil atansyon.

“GEN YON BON BAGAY KI TOUCHE KÈ M”

3, 4. a) Ki “bon bagay” ki konsène nou, e ki efè l gen sou kè nou? b) Nan ki sans ‘chante nou an ap pale de yon wa’, e ki jan lang nou fè vin tounen yon plim?

3 Li Sòm 45:1. “Bon bagay” ki te “touche kè” salmis la gen rapò ak yon wa. Nan lang orijinal la, vèb ebre lè yo tradui l yo met “touche” pou li a vle di “bouyi” oswa “fè bouyi”. Salmis la te tèlman kontan tande bagay sa a, se kòmsi kè l te bouyi.  Sa te menm fè lang li vin tankou “yon plim ki nan men yon moun ki ekri byen”.

4 Ki sa n ka di konsènan nou menm? Bon nouvèl konsènan Wayòm Mesyanik la se yon bon bagay ki touche kè nou. Mesaj Wayòm nan te vin “bon” sitou nan ane 1914. Depi nan ane sa a, mesaj sa a pa gen rapò ak yon Wayòm ki gen pou vini, men, li konsène yon gouvènman ki reyèl k ap dirije nan syèl la kounye a. Se “bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan” n ap preche “sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Èske mesaj Wayòm nan “touche” kè nou? Èske nou montre nou zele nan fason n ap preche bon nouvèl Wayòm nan? Menm jan ak salmis la, ‘chante nou an ap pale de yon wa’, ki se Jezi Kris, Wa nou an. N ap fè konnen Jezi Kris se moun Bondye mete kòm Wa nan Wayòm Mesyanik la. Anplis de sa, nou envite tout moun nèt, kit se moun k ap dirije yo, kit se moun y ap dirije yo, pou yo soumèt yo anba dominasyon Wa sa a (Sòm 2:1, 2, 4-12). Epitou, lefètke nou byen sèvi ak Pawòl Bondye fè ekri a nan travay predikasyon an, lang nou vin tankou “yon plim ki nan men yon moun ki ekri byen”.

Nou kontan pwoklame bon nouvèl konsènan Jezi Kris, Wa nou an.

‘GEN BÈL TI PAWÒL KI TOUJOU AP SOTI NAN BOUCH WA A’

5. a) Nan ki sans Jezi te yon “bèl gason”? b) Ki jan “bèl ti pawòl te toujou ap soti nan bouch” Wa a, e kòman nou kapab fè gwo efò pou n suiv egzanp li?

5 Li Sòm 45:2. Ekriti yo pa di anpil bagay konsènan aparans fizik Jezi. Men, antanke yon moun pafè, pa gen dout nan sa, li te yon “bèl gason”. Sepandan, se fidelite l anvè Jewova ansanm ak entegrite san fay li te genyen an ki te fè l vrèman bèl. Mete sou sa, Jezi te sèvi ak “bèl ti pawòl” lè l t ap preche mesaj Wayòm nan (Lik 4:22; Jan 7:46). Èske n fè tout sa n kapab pou n suiv egzanp Jezi nan travay predikasyon an, epi, èske n eseye sèvi ak bèl ti pawòl pou nou touche kè moun yo? — Kol. 4:6.

6. Ki fason Bondye beni Jezi “pou toutan”?

6 Lefètke Jezi te atache ak Jewova ak tout kè l, Jewova te beni Jezi pandan ministè l sou tè a, epi l te rekonpanse Jezi apre Jezi te fin bay lavi l an sakrifis. Men sa apot Pòl te ekri: “Lè [Jezi] te vini kòm moun, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jis li mouri, wi, jis li mouri sou yon poto soufrans. Se pou rezon sa a tou, Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo e, avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an, yon fason pou tout jenou pliye nan non Jezi, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, kit se anba tè a, e pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè pou glwa Bondye, Papa a.” (Fil. 2:8-11). Jewova te beni Jezi “pou toutan” lè l te resisite l pou l ba l lavi imòtèl. — Wom. 6:9.

WA A VIN PI ENPÒTAN PASE “KONPAYON” L YO

7. Nan ki sans Bondye te vide plis luil sou tèt Jezi pase “konpayon” Jezi yo?

7 Li Sòm 45:6, 7. Etandone Jezi te gen yon gwo lanmou pou sa ki jis epi l te rayi nenpòt bagay ki kapab dezonore Papa l, Jewova te chwazi l pou l vin Wa nan Wayòm Mesyanik la. Jewova te “vide plis luil ki bay kè kontan an” sou li pase sa l te vide sou “konpayon” l yo, sètadi tout wa peyi Jida ki te soti nan fanmi David yo. Sa k fè sa? Rezon an se paske se Jewova li menm ki te chwazi Jezi pou l vin Wa.  Anplis de sa, Jewova te chwazi Jezi nonsèlman antanke Wa, men, antanke Gran Prèt tou (Sòm 2:2; Ebre 5:5, 6). Mete sou sa, se pa yon senp luil Jewova te vide sou tèt Jezi pou l te chwazi l antanke Wa, men, li te fè sa ak lespri sen l. Epitou, Wayòm Jezi a pa sou tè a, men, se nan syèl la li ye.

8. Nan ki sans nou ka di ‘Bondye se twòn Jezi’, e poukisa n kapab gen asirans Jezi pral dirije yon fason ki jis?

8 Jewova te nome Pitit gason l lan Wa Mesyanik nan syèl la an 1914. Lefètke “baton wayòm [li] an se yon baton ladwati”, sa ban nou asirans Jezi pral dirije avèk ladwati epi yon fason ki jis. Li gen tout dwa l pou l vin Wa piske “Bondye se twòn” li, sa vle di, Jewova se fondasyon Wayòm li an. Anplis de sa, twòn Jezi a ap la “pou toutan gen tan”. Èske w pa santi w fyè pou w sèvi Jewova anba direksyon Wa li chwazi a, yon Wa ki pisan?

WA A ‘MARE EPE L NAN REN L’

9, 10. a) Ki lè Kris te mare epe l nan ren l, e ki jan l te sèvi avè l san pèdi tan? b) Ki fason Kris pral sèvi ak epe l ankò?

9 Li Sòm 45:3. Lefètke Jewova mande Wa li chwazi a pou l ‘mare epe l nan ren l’, sa montre li bay Jezi otorizasyon pou l fè lagè kont tout moun ki opoze ak souvrènte L, epi pou l egzekite jijman Bondye sou yo (Sòm 110:2). Piske Kris se yon Wa Gèrye pyès moun pa ka konbat, yo rele l “Gason vanyan”. Premye fwa l te mare epe l nan ren l se te an 1914, lè l te ranpòte laviktwa sou Satan ak demon l yo epi l te mete yo deyò nan syèl la pou l pimpe yo ozalantou tè a. — Rev. 12:7-9.

10 Viktwa sa a se te sèlman yon kòmansman nan viktwa Wa ki monte cheval la pral ranpòte yo. Li toujou poko “fin ranpòte laviktwa“. (Rev. 6:2.) Jewova gen pou l egzekite jijman l sou tout bagay sou tè a ki konpoze sistèm Satan an, epi yo dwe mare Satan ak demon l yo. Toudabò y ap kòmanse ak destriksyon Gran Babilòn nan ki se reprezantan tout fo relijyon sou tè a. Jewova pral sèvi ak dirijan politik monn nan pou l detwi “pwostitye” sa a ki mechan (Rev. 17:16, 17). Apre sa, Wa Gèrye a pral aji kont sistèm politik ki nan monn Satan an, l ap kraze l rapyetè. Konsa, Kris, yo rele “zanj twou san fon an” tou, pral fin ranpòte laviktwa lè l lage Satan ak demon l yo nan twou san fon an (Rev. 9:1, 11; 20:1-3). Annou wè kòman Sòm 45 lan pale konsènan bèl evènman sa yo.

WA A PRAL BATAY POU “LAVERITE”

11. Ki jan Kris monte cheval li pou l “batay pou laverite”?

11 Li Sòm 45:4. Gè Wa Gèrye a ap fè a, se pa yon gè pou l pran tèritwa epi pou l fè lòt moun vin esklav li. Se yon gè ki jis l ap fè, e li gen bonjan rezon pou sa. Li monte cheval li pou l al “batay pou moun ki gen imilite yo, pou laverite ak lajistis”. Pi gwo verite yon moun dwe defann se laverite konsènan souvrènte inivèsèl Jewova. Satan te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije a lè l te rebele kont Jewova. Depi lè sa a, ni demon yo, ni lèzòm toujou opoze ak verite fondamantal sa a. Kounye a, se moman pou Wa Jewova chwazi a monte cheval li pou l al defann laverite konsènan souvrènte Jewova yon fwa pou tout.

12. Nan ki sans Wa a monte cheval li pou l al “batay pou moun ki gen imilite yo”?

12 Wa a monte cheval li pou l al “batay pou moun ki gen imilite yo” tou. Antanke sèl Pitit Bondye fè a, Wa a kite yon bèl egzanp pou nou antanke moun ki te gen imilite e ki te soumèt tèt li fidèlman anba souvrènte Papa l (Iza. 50:4, 5;  Jan 5:19). Tout moun ki fidèl k ap viv anba dominasyon Wa a dwe suiv egzanp li, epi, avèk imilite, yo dwe soumèt yo devan souvrènte Jewova nan tout bagay. Se sèlman moun ki fè sa, k ap gen posiblite viv nan monn nouvo Bondye pwomèt la. — Zek. 14:16, 17.

13. Ki fason Kris pral ‘batay pou lajistis’?

13 Kris pral ‘batay pou lajistis’ tou. Jistis Wa a pral defann nan, se ‘jistis Bondye’, sa vle di, prensip Jewova bay konsènan sa ki bon ak sa ki mal (Wom. 3:21; Det. 32:4). Men sa Izayi te pwofetize konsènan Jezi Kris, Wa a: “Yon wa pral domine pou lajistis.” (Iza. 32:1, NW). Jezi pral dirije “syèl tounèf” ak “tè tounèf” Bondye te pwomèt la, kote ‘jistis pral abite’. (2 Pyè 3:13.) Tout moun ki pral viv nan monn nouvo a ap gen obligasyon pou yo konfòme lavi yo ak prensip Jewova yo. — Iza. 11:1-5.

WA A AP AKONPLI YON SERI “GWO BAGAY”

14. Ki fason men dwat Kris pral akonpli yon seri “gwo bagay”? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

14 Toutpandan Wa a chita sou cheval li, li gen yon epe mare nan ren l (Sòm 45:3). Sepandan, moman an rive pou l pran epe l epi pou l sèvi avè l ak men dwat li. Men sa salmis la di: “W ap akonpli gwo bagay ak men dwat ou.” (Sòm 45:4). Lè Jezi monte cheval li pou l al egzekite jijman Jewova nan Amagedòn, li pral akonpli yon seri “gwo bagay” kont ènmi l yo. Se vre, nou pa konnen egzakteman ki fason li pral detwi sistèm Satan an. Men, aksyon sa a pral pote laperèz pou tout moun ki abite sou tè a ki pa t koute avètisman Bondye te bay pou yo soumèt yo anba dominasyon Wa a. (Li Sòm 2:11, 12.) Nan pwofesi Jezi te bay konsènan tan lafen an, li te di moun yo t ap gen pou yo “faya poutèt y ap pè, e poutèt y ap tann bagay ki gen pou rive sou latè. Paske, pisans ki nan syèl la pral souke”. Men sa l te ajoute: “E apre sa, y ap wè Pitit lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pisans e avèk anpil glwa.” — Lik 21:26, 27.

15, 16. Ki moun ki pral fè pati “lame” ki pral suiv Kris nan batay la?

15 Men sa liv Revelasyon an di konsènan Wa a k ap vini “avèk pisans e avèk anpil glwa” pou l egzekite jijman l: “Epi, mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè yon cheval blan parèt. Yo rele moun ki chita sou li a Fidèl e Veridik, e se avèk jistis li jije e li fè lagè. Epitou, lame nan syèl la t ap suiv li sou cheval blan, yo te abiye ak rad blan ki pwòp e ki fèt ak len bon kalite. Li gen yon epe long byen file ki sot nan bouch li, pou l ka frape nasyon yo, e li pral dirije yo ak yon baton fè. Epitou, l ap pilonnen rezen ki nan près diven ki reprezante gwo kòlè Bondye a, li menm ki Toupisan an.” — Rev. 19:11, 14, 15.

16 Moun sa yo ki se gèrye menm jan ak Kris, ki fè pati lame nan syèl la k ap suiv li nan batay la, kiyès yo ye? Premye fwa Jezi te sèvi ak epe l pou l met Satan ak demon l yo deyò nan syèl la, se “zanj li yo” ki te avè l (Rev. 12:7-9). Kidonk, li nòmal pou n panse nan lagè Amagedòn nan, lame Kris la ap gen zanj ki sen yo ladan l tou. Èske ap gen lòt moun nan lame sa a? Men ki pwomès Jezi te fè frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl la: “Moun ki pote laviktwa a e ki fè sa m te konn fè yo jiska lafen, m ap ba li pouvwa sou nasyon yo, menm jan mwen resevwa pouvwa nan men Papa m. L ap dirije pèp yo ak yon baton fè, jis yo kraze tankou veso ki fèt ann ajil ki kraze fè miyèt moso.” (Rev. 2:26, 27). Donk, frè Kris yo, Bondye chwazi pou al  nan syèl la k ap deja resevwa rekonpans yo nan syèl la, ap fè pati lame Kris la. Moun sa yo Bondye chwazi pou al dirije ak Kris la, ap bò kote Kris nan moman li pral akonpli “gwo bagay” toutpandan l ap dirije pèp yo ak yon baton fè.

WA A AP FIN RANPÒTE LAVIKTWA

17. a) Ki sa cheval blan Kris monte sou li a reprezante? b) Ki sa epe a ak banza a reprezante?

17 Li Sòm 45:5. Wa a monte sou yon cheval blan. Cheval blan an reprezante yon gè ki pwòp e ki jis nan je Jewova (Rev. 6:2; 19:11). Nonsèlman Wa a gen yon epe, men, li gen yon banza nan men l tou. Men sa nou li: ‘Epi mwen gade, mwen wè yon cheval blan, e moun ki chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yo ba li yon kouwòn, epi li derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin ranpòte laviktwa sou yo.’ Ni epe a, ni banza a reprezante mwayen Jezi pral itilize pou l egzekite jijman sou ènmi l yo.

Yo pral voye zwazo yo vin netwaye tè a. (Gade paragraf 18.)

18. Ki fason Kris pral montre “flèch” li yo byen “file”?

18 Salmis la te sèvi ak yon langaj powetik pou l fè konnen ‘flèch Wa a t ap file, yo t ap antre nan kè ènmi l yo’ epi ‘yo t ap fè moun tonbe devan l’. Masak sa a pral fèt sou tout kò tè a. Pwofesi Jeremi an te fè konnen: “Nan jou sa a, moun Jewova touye yo ap soti depi yon bout tè a jis rive nan lòt bout la.” (Jer. 25:33, NW). Gen yon lòt pwofesi ki pale de menm evènman sa yo ki di: “Epitou, mwen wè yon zanj ki kanpe nan solèy la, li di tout zwazo k ap vole nan syèl la byen fò: ‘Vin isit, vin rasanble pou festen Bondye a, pou nou ka manje kò wa yo, kò kòmandan yo, kò gason vanyan yo, kò cheval yo ak kò moun ki chita sou yo, kò tout moun, ni sa ki an libète ni sa ki esklav, ni piti ni gran.’” — Rev. 19:17, 18.

19. Ki fason Kris pral “ranpòte laviktwa”, e ki fason l ap fin ranpòte laviktwa?

19 Apre Kris fin detwi sistèm mechan Satan an, ‘pandan l gen glwa a’ li pral “ranpòte laviktwa”. (Sòm 45:4.) L ap fin ranpòte laviktwa l nèt lè l lage Satan ak demon l yo nan twou san fon an pandan tout rèy mil an an (Rev. 20:2, 3). Etandone Satan ak demon l yo pral nan yon kondisyon kote yo pap ka fè anyen ankò, kòmsi yo te mouri, moun ki abite sou tè a pral libere anba enfliyans Satan, e yo pral gen posiblite pou yo soumèt tèt yo nèt devan Wa ki gen glwa e ki ranpòte laviktwa a. Sepandan, moun sa yo ap jwenn lòt rezon ankò pou yo rejwi ak Wa a ansanm ak moun ki pral dirije avè l nan syèl la anvan tout tè a tounen yon paradi tikras pa tikras. Nou pral pale de evènman sa a ki bay kè kontan nan atik ki vin apre a.