Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova — Li pran swen nou e li pwoteje n

Jewova — Li pran swen nou e li pwoteje n

“M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.” — SÒM 91:14.

1, 2. Nan ki sans sitiyasyon fanmi yo ak fason nou te aprann laverite diferan?

SE Jewova ki te vin ak dispozisyon pou fanmi egziste (Efe. 3:14, 15). Sepandan, menm lè n sot nan menm fanmi, pèsonalite nou ak sitiyasyon nou diferan. Gen moun ki gendwa t ap viv ak paran yo depi lè yo fèt jiskaske yo ka responsab tèt yo. Gen lòt menm ki gendwa te pèdi paran yo akoz yon maladi, yon aksidan oswa akoz kèk lòt katastwòf. Konsa tou gen lòt ki pa menm konn paran yo.

2 Menm jan an tou, antanke moun k ap adore Jewova e ki fè pati fanmi Jewova a, fason nou chak te aprann laverite a diferan. Petèt, jan kèk moun ka di sa, ou te grandi nan laverite, e se paran w yo ki te antre prensip Jewova yo nan kè w (Det. 6:6, 7). Oubyen, petèt ou fè pati plizyè milye moun ki te aprann laverite grasa travay predikasyon lòt sèvitè Jewova yo ap fè a. — Wom. 10:13-15; 1 Tim. 2:3, 4.

3. Ki bagay tout moun gen lakay yo?

3 Se vre nou kapab grandi yon fason diferan youn parapò ak lòt, men, gen kèk bagay, se nou tout ki genyen yo lakay nou. Pa egzanp, se nou tout k ap soufri akoz konsekans dezobeyisans Adan an, e se nou tout ki eritye enpèfeksyon, peche ak lanmò (Wom. 5:12). Aktout sa, antanke vrè adoratè Jewova, nou gen dwa pou n rele Jewova “Papa nou”. Anrapò ak pèp Bondye te chwazi  nan tan lontan an, men sa nou li nan Izayi 64:8 (NW): “O Jewova, ou se Papa nou.” Anplis de sa, lè Jezi t ap kòmanse priyè li te bay kòm modèl la, li te di: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” — Mat. 6:9.

4, 5. Ki sa l ap bon pou n egzamine toutpandan n ap reflechi pou n wè jis nan ki pwen nou renmen Jewova, Papa nou an?

4 Piske n se yon pèp ki envoke non Papa nou ki nan syèl la ak lafwa, li pran swen nou e li pwoteje nou. Gen yon salmis ki pale de Jewova antanke yon moun ki di: “M’ap sove moun [vrè adoratè] ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.” (Sòm 91:14). Vrèmanvre, avèk lanmou, Jewova Dye sove n anba men ènmi n yo antanke pèp e li pwoteje nou yon fason pou n pa detwi.

5 Pou ede nou vin gen plis apresyasyon pou Papa nou ki nan syèl la, nou pral egzamine twa pwen enpòtan ki se: 1) Papa nou an se Sila a ki pran swen nou an. 2) Jewova se Sila a ki pwoteje nou. 3) Bondye se pi bon Zanmi nou. Toutpandan n ap egzamine pwen sa yo, l ap bon pou n medite sou relasyon nou gen ak Bondye a epi pou n wè ki fason nou kapab onore l antanke Papa nou. N ap jwenn byenfè tou si n reflechi ak benediksyon Jewova pwomèt l ap vide sou moun ki pwoche kote l yo. — Jak 4:8.

JEWOVA PRAN SWEN NOU

6. Bay youn nan fason Jewova pwouve se li menm ki bay “tout bèl don”.

6 Men sa disip Jak te ekri: “Tout bèl don ak tout kado pafè sot anwo, yo soti nan men sila a ki Papa limyè yo ki nan syèl la.” (Jak 1:17). Lavi a se yon bèl kado Jewova ban nou (Sòm 36:9). Si n sèvi ak lavi n pou n fè volonte Bondye, n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a, e n ap gen esperans pou n viv pou toutan nan monn nouvo a (Pwo. 10:22; 2 Pyè 3:13). Men, lè n konsidere move konsekans dezobeyisans Adan an pote, ki jan sa ap fè posib?

7. Ki jan Bondye te ouvri yon chemen pou nou yon fason pou n ka vin gen yon bon relasyon avè l?

7 Anfèt, Jewova se Sila a ki pran swen nou yon seri fason nou pa menm ka imajine. Pa egzanp, favè san parèy li gen lakay li a pouse l sove nou. Wi, nou tout peche e nou eritye enpèfeksyon nan men premye papa nou an ki t ap viv sou tè a (Wom. 3:23). Sepandan, lefètke Jewova gen lanmou lakay li, li pran inisyativ pou l ouvri yon chemen pou nou yon fason pou n ka vin gen yon bon relasyon avè l. Men sa apot Jan te ekri: “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li.” — 1 Jan 4:9, 10.

8, 9. Nan epòk Abraram ak Izarak la, ki jan Jewova te montre l se Sila a ki pran swen nou an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Gen yon evènman ki te rive nan 19yèm syèk anvan epòk nou an ki montre kòman, grasa lanmou, Jewova t apral pran dispozisyon pou l bay moun ki obeyisan yo lavi ki pap janm fini an. Men sa Ebre 11:17-19 fè konnen: “Grasa lafwa Abraram te genyen, se kòmsi li te bay Izarak kòm sakrifis lè Bondye te teste l la, e li menm ankò ki te resevwa pwomès yo avèk jwa, li te eseye bay sèl pitit li a, alòske yo te gentan di l: ‘Moun yo pral rele “desandans ou” an ap soti nan Izarak.’ Men, li te kwè Bondye te ka menm leve l sot nan lanmò. E se la pitit li a te soti lè l te resevwa l la, e gen yon siy nan sa.” Li pa difisil pou n wè rapò a, sèke, Jewova te ofri Jezi Kris, Pitit li a, pou limanite. — Li Jan 3:16, 36.

9 Se pa ti soulaje Izarak dwe te santi l soulaje lè l te rann li kont li pa t oblije mouri! Pa gen dout, li te montre l rekonesan anvè Bondye dèske Bondye te bay yon  belye, ki te anbarase nan yon ti touf bwa ki te toupre a, pou mouri nan plas li (Jen. 22:10-13). Nou konprann rezon ki fè yo te vin rele zòn sa a “Jewova-Jire”, ki vle di “Jewova ap bay”. — Jen. 22:14, NW; nòt.

LI PRAN DISPOZISYON POU N REKONSILYE AVÈ L

10, 11. Ki moun ki pran latèt nan travay ‘fè moun vin rekonsilye ak Jewova a’, e ki jan yo fè travay sa a?

10 Toutpandan n ap medite sou fason Jewova montre l se Sila a ki pran swen nou an, nou montre nou rekonesan anpil tou anvè Jezi Kris pou wòl enpòtan li jwe a. Nou santi nou menm jan ak apot Pòl ki te di: “Men sa nou rive konprann: yon sèl moun te mouri pou tout moun. Kidonk, tout moun te mouri. Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a.” — 2 Kor. 5:14, 15.

11 Piske kretyen premye syèk yo te renmen Jewova e yo te rekonesan pou privilèj san parèy yo te genyen pou yo sèvi l la, yo te kontan aksepte ‘misyon yo te genyen pou yo fè moun vin rekonsilye ak Jewova a’. Travay predikasyon ak ansèyman yo a te ouvri yon chemen pou moun ki gen kè sensè yo vin fè lapè ak Bondye, pou yo vin zanmi l, e pou yo vin pitit espirityèl li pi devan. Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap fè menm travay sa a. Travay y ap fè antanke anbasadè Bondye ak Kris la, bay moun ki nan dispozisyon kòrèk yo posiblite pou yo pwoche bò kote Jewova epi pou yo vin kwayan. — Li 2 Korentyen 5:18-20; Jan 6:44; Tra. 13:48.

12, 13. Ki jan nou ka montre nou apresye tout sa Jewova ban nou yo?

12 Lefètke moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a renmen Jewova antanke Sila a ki pran swen yo a, yo ede kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la nan travay predikasyon Wayòm nan. Pou nou fè travay sa a, nou sèvi ak Labib, ki se yon lòt bèl kado Bondye ban nou (2 Tim. 3:16, 17). Lè n sèvi ak Pawòl Bondye enspire a yon fason ki efikas nan ministè a, n ap bay lòt moun posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Gen yon lòt kado ankò Jewova ban nou pou ede nou fè travay sa a, e nou chak dwe konte sou li: Se lespri sen (Zek. 4:6; Lik 11:13). Jan sa toujou parèt nan chak Annuaire des Témoins de Jéhovah nou resevwa yo, rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an vrèman enpresyonan! Se pa ti onè sa ye dèske n gen posiblite pou n patisipe nan travay sa a pou n fè louwanj pou Papa nou an ki pran swen nou!

13 Lè nou konsidere tout sa Jewova ban nou, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m fè tout sa m kapab nan ministè a yon fason pou m demontre rekonesans mwen anvè Jewova pou tout sa l fè m jwenn yo? Ki jan m ka pwogrese pou m vin pi efikas nan fason m preche bon nouvèl la?’ Nou ka demontre nou rekonesan pou tout bèl bagay Jewova ban nou yo lè n met enterè Wayòm nan an premye nan lavi nou. Si nou fè sa, Jewova ap asire l nou jwenn tout sa n bezwen (Mat. 6:25-33). Pa gen dout nan sa, piske n wè jan Bondye renmen nou, nou vle fè tout sa n kapab pou n fè l plezi epi, pou n fè kè l kontan. — Pwo. 27:11.

14. Ki jan Jewova te montre l se Sila a ki konn pwoteje pèp li a?

14 Men sa salmis David te di nan yon chante: “Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen.” (Sòm 40:17). Jewova te toujou montre l se Sila a ki konn pwoteje pèp li a antanke gwoup, sitou lè y ap sibi gwo pèsekisyon ak lè ènmi yo ap pwovoke yo san rete. Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Bondye dèske l ede nou nan moman difisil sa yo epi l pa janm sispann pran dispozisyon pou fè n jwenn anpil manje nan domèn espirityèl!

 JEWOVA TE PWOTEJE YO

15. Bay yon egzanp ki montre fason yon papa ki gen lanmou toujou ap chèche pwoteje pitit li.

15 Yon papa ki gen lanmou pap sèlman bay pitit li sa yo bezwen, men, l ap pwoteje yo tou. Nòmalman, l ap toujou eseye pwoteje yo si yo an danje. Gen yon frè ki sonje yon evènman ki te pase nan lavi l lè l te jèn gason. Li menm ak papa l te oblije travèse yon ti kanal dlo pandan yo t ap retounen lakay yo apre yo fin preche. Gen yon gwo lapli ki te tonbe nan maten ki te lakòz kanal la inonde. Sèl mwayen yo te genyen pou yo janbe dlo a se vole sot sou yon bò pou al sou lòt bò a. Pandan l pran devan papa l pou l vole, li pèdi ekilib sou youn nan wòch yo, li tonbe nan dlo a epi tèt li plonje anba dlo de fwa. Se pa ti rekonesan jèn gason sa a te rekonesan anvè papa l dèske papa l te kouri pran l nan zepòl epi l rale l sot nan dlo a! Menm jan an tou, Papa nou ki nan syèl la delivre nou anba yon seri bagay nou ka konsidere tankou gwo dlo k ap desann nan monn mechan sa a, e li delivre nou tou anba Satan ki se chèf monn nan. Se sèten, Jewova se Sila a ki pi byen konn pwoteje moun pase nenpòt lòt moun nou te ka panse. — Mat. 6:13; 1 Jan 5:19.

16, 17. Ki jan Jewova te ede Izrayelit yo epi l te pwoteje yo lè yo t ap goumen kont Amalekit yo?

16 Sa k te pase nan ane 1513 anvan epòk nou an apre Jewova te fin delivre Izrayelit yo anba men Ejipsyen yo epi l te fè yon mirak pou l pwoteje yo pandan yo t ap travèse lanmè Wouj la, ede n pi byen konprann pwoteksyon ki plen lanmou Jewova ban nou an. Apre pèp la te fin mache kont mache yo nan dezè a pou y al mòn Sinayi, yo te rive Refidim.

17 Lè n konsidere pwofesi Jewova te anonse nan Jenèz 3:15 lan, petèt, Satan te chèche tout mwayen posib pou l atake Izrayelit yo ki te parèt san defans. Li te fè sa lè l te sèvi ak Amalekit yo, yon pèp ki pa t vle  wè pèp Bondye a (Nonb 24:20). Ann konsidere tout sa Jewova te fè pa mwayen Jozye, Moyiz, Arawon ak Ou, kat gason ki te fidèl. Toutpandan Jozye t ap goumen kont Amalekit yo, Moyiz, Arawon ak Ou te kanpe sou tèt yon ti mòn ki pa t twò lwen. Lè Moyiz te kite men l anlè, Izrayelit yo te pi fò nan batay la e yo te bat ènmi an. Lè men Moyiz te fè l mal e l pa t ka kite l anlè ankò, Arawon ak Ou te soutni men l. Konsa, grasa èd Jewova ansanm ak pwoteksyon Jewova, Jozye te rive “bat Amalèk ak moun li yo byen bat”. (Egz. 17:8-13.) Moyiz te bati yon lotèl nan zòn sa a, e l te rele lotèl la “Jewova-Nisi” ki vle di “Jewova se siyal mwen.” — Li Egzòd 17:14, 15; nòt.

JEWOVA PWOTEJE NOU KONT PYÈJ SATAN YO

18, 19. Ki pwoteksyon Jewova bay sèvitè l yo jodi a?

18 Jewova pwoteje tout moun ki renmen l e ki obeyi l. Menm jan ak Izrayelit yo lè yo te twouve yo nan Refidim, nou menm tou, nou konte sou Bondye pou l pwoteje nou lè n ap fè fas ak ènmi nou yo. Byen souvan, Jewova pwoteje nou antanke gwoup, e li pwoteje nou kont pyèj Dyab la. Fè yon ti reflechi ak kantite fwa Jewova te pwoteje frè nou yo ki te kontinye kenbe netralite yo antanke kretyen. Pa egzanp, Jewova te fè sa ann Almay, nan epòk Nazi a, e l te fè sa nan kèk lòt peyi tou pandan ane 1930 yo ak kòmansman ane 1940 yo. Lè nou li byografi yo ak istwa ki parèt nan Annuaire yo ki montre jan Jewova te pwoteje frè ak sè yo nan moman eprèv yo, e nou medite sou yo, sa ap fè nou vin gen plis konfyans nan Jewova antanke refij nou. — Sòm 91:2.

Jewova kapab sèvi ak kwayan parèy nou yo pou l ede nou ret fidèl nan moman difisil yo. (Gade paragraf 18-20.)

19 Pa mwayen òganizasyon Jewova a ansanm ak piblikasyon yo, nou jwenn bonjan rapèl ki la pou pwoteje nou. Ann wè kòman rapèl sa yo te pwoteje nou pandan ane ki sot pase yo. Toutpandan monn nan ap antre pi fon nan debòch ak nan pònografi, Jewova fè n jwenn bonjan rapèl ki mande pou n aji san pèdi tan, e li ban nou konsèy pratik ki la pou ede n pa tonbe nan imoralite. Pa egzanp, nou jwenn konsèy pou n evite move frekantasyon sou rezo sosyal yo *. — 1 Kor. 15:33.

20. Ki pwoteksyon ak direksyon nou jwenn nan kongregasyon an?

20 Ki jan nou ka montre se Jewova k ap “anseye” nou toutbonvre? Se lè n obeyi kòmandman l yo ak tout kè nou (Iza. 54:13). Nou jwenn direksyon ak pwoteksyon nou bezwen yo nan kongregasyon an ki se yon refij, e se la tou n ap jwenn yon seri gason fidèl k ap sèvi antanke ansyen ki la pou ban n èd ak konsèy ki soti nan Ekriti yo (Gal. 6:1). Se pa mwayen “gason kòm kado” sa yo Jewova ban nou pifò nan swen l ap ban nou avèk tandrès la (Efe. 4:7, 8). Ki reyaksyon nou ta dwe genyen? Lè nou soumèt devan yo epi nou obeyi yo volontèman, Bondye ap beni nou. — Ebre 13:17.

21. a) Ki detèminasyon nou dwe pran? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

21 Annou pran detèminasyon pou n kite lespri sen aji nan nou yon fason pou n kite Papa nou ki nan syèl la gide nou. Nou bezwen medite tou sou lavi Jezi Kris, Pitit gason Bondye a, te mennen an, epi fè tout sa n kapab pou n suiv egzanp san fay li te kite a. Lefètke Jezi te obeyi Bondye jiskaske l mouri, li te resevwa yon gwo rekonpans (Fil. 2:5-11). Menm jan an tou, Jewova ap beni nou si nou met konfyans nou nan li ak tout kè nou (Pwo. 3:5, 6). Kidonk, annou toujou konte sou Jewova, Sila a ki pran swen nou e ki pwoteje nou yon fason ki san parèy la. Se pa ti jwa e se pa ti privilèj nou genyen pou n sèvi l! Tank nou reflechi ak twazyèm fason Papa nou an pran swen nou, sètadi, relasyon nou gen avè l la, se tank lanmou nou gen pou li a ap vin pi plis. Atik ki vin apre a pral ede n wè ki fason Jewova se pi bon Zanmi nou.

^ § 19 Nou kapab jwenn kèk egzanp konsènan rapèl sa yo nan atik ki gen tit “Entènèt — Byen sèvi ak zouti sa a” ki te parèt nan Toudegad 15 out 2011, paj 3-5, ansanm ak atik ki gen tit “Veye kò nou ak pyèj Dyab la!” ak “Kenbe fèm epi veye kò w ak pyèj Satan yo!” ki te parèt nan Toudegad 15 out 2012, paj 20-29.