Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki rezon Juif ki t ap viv nan premye syèk yo te genyen pou yo te “tann” Mesi a?

Bib la fè konnen, nan epòk Jan ki te konn batize moun nan t ap viv la, “pèp la t ap tann Kris la, [e] tout moun t ap mande tèt yo konsènan Jan: ‘Ou kwè se pa li menm ki Kris la?’” (Lik 3:15). Ki rezon konsa ki gendwa te pouse Juif yo atann yo Mesi a t ap parèt nan moman sa a? Gen anpil rezon ki te fè sa.

Apre Jezi fin fèt, gen yon zanj Jewova ki te parèt devan kèk bèje ki t ap veye mouton yo nan yon jaden ki te toupre Betleyèm. Men sa zanj lan te di yo: “Jodi a, nan vil David la, gen yon Sovè ki fèt pou nou. Li se Kris, Seyè a.” (Lik 2:8-11). Apre sa, te vin gen “yon pakèt zanj nan lame selès la [ki te] met ansanm ak zanj sa a pou yo bay Bondye louwanj, yo t ap di *: ‘Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pami moun li apwouve yo.’” — Lik 2:13, 14.

Pa gen dout nan sa, enfòmasyon sa a te gen yon gwo efè sou bèje sa yo ki te gen imilite. San pèdi tan, yo te pran wout pou y al Betleyèm, e lè yo te jwenn Jozèf ak Mari ansanm ak Jezi, ki te yon tibebe, “yo [te] rakonte [yo] pawòl zanj lan te di yo sou li” a. Sa te fè “tout moun ki te tande sa bèje yo te di yo [...] sezi”. (Lik 2:17, 18.) Ekspresyon “tout moun ki te tande” a montre te gen lòt moun apa Jozèf ak Mari ki te tande sa bèje yo t ap rakonte a. Apre sa, toutpandan bèje yo t ap retounen lakay yo, yo t ap “bay Bondye glwa, yo t ap ba l louwanj, paske tout sa yo te tande e tout sa yo te wè, se te egzakteman sa zanj lan te di yo”. (Lik 2:20.) Se sèten, bèje sa yo pa t kenbe bon nouvèl yo te tande konsènan Kris la pou yo sèlman!

Lè Mari te mennen pitit gason l lan ki te fèk fèt Jerizalèm yon fason pou l te prezante l bay Jewova, selon sa lwa Moyiz la te mande, pwofetès Ana te “kòmanse di Bondye mèsi, e li [te] kòmanse pale de tipitit la ak tout moun ki t ap tann delivrans Jerizalèm” yo (Lik 2:36-38; Egz. 13:12). Konsa, nouvèl konsènan prezans Mesi a te kontinye ap gaye.

Kèk tan annapre, “gen kèk astwològ ki soti nan Lès ki [te] vin Jerizalèm. Yo [te] di: ‘Kote wa Juif yo ki fèk fèt la? Paske, nou te wè zetwal li lè nou te nan Lès, e nou vini pou nou rann li omaj.’” (Mat. 2:1, 2). Lè “wa Ewòd tande sa, sa boulvèse l, e sa boulvèse tout Jerizalèm tou. Li rasanble tout prèt an chèf yo ak tout espè nan Lalwa yo, e li kòmanse poze yo kesyon  sou ki kote Kris la ta gen pou l fèt.” (Mat. 2:3, 4). Konsa, gen yon bon kantite moun ki te aprann nouvèl sa a: Moun ki t ap vin Mesi a te rive *!

Lik 3:15 nou te site pi wo a fè konnen gen kèk Juif ki te panse gendwa se Jan ki te konn batize moun nan ki te Kris la. Sepandan, pawòl Jan te di yo te pèmèt Juif yo sispann panse konsa. Men sa l te di yo: “Moun k ap vini apre m nan, Moun mwen pa diy pou m retire sandal li a, pi pisan pase m. Moun sa a ap batize nou nan lespri sen ak nan dife.” (Mat. 3:11). Repons sa a Jan te bay la ki te chaje ak modesti, te fè Juif yo vin pi enpasyan toujou pou yo tann Mesi a.

Èske Juif nan premye syèk yo te kalkile moman Mesi a t ap parèt la sou baz pwofesi 70 semèn nou jwenn nan Dànyèl 9:24-27 la? Byenke sa te posib, men, nou pa ka sèten yo te fè sa. Rezon an se paske nan epòk Jezi a, moun yo te entèprete pwofesi 70 semèn nan plizyè fason e okenn nan entèpretasyon sa yo pa ale nan menm sans ak fason nou konprann pwofesi sa a jodi a *.

Esenyen yo, yon sèk anpil moun kwè ki te yon sèk juif, te fè konnen gen de Mesi ki t ap gen pou parèt nan fen yon peryòd ki t ap dire 490 lane. Men, nou pa ka fin konnen si Esenyen yo te baze kalkil yo te fè a sou pwofesi Dànyèl la. Menmsi yo te fè sa, li difisil pou n ta panse Juif yo t ap kite pawòl yon ti gwoup izole konsa gen enfliyans sou yo.

Nan dezyèm syèk epòk nou an, gen kèk Juif ki te panse pwofesi 70 semèn nan t ap yon peryòd ki soti nan destriksyon premye tanp lan nan ane 607 anvan epòk nou an pou rive nan destriksyon dezyèm tanp lan nan ane 70 epòk nou an. Gen lòt menm ki te panse pwofesi sa a te akonpli nan epòk Makabe yo, sètadi pandan dezyèm syèk anvan epòk nou an. Kidonk, pa t vrèman gen yon ide ki klè sou fason pou moun te konte 70 semèn yo.

Si moun ki t ap viv nan premye syèk la te byen konprann pwofesi 70 semèn nan, nou kapab panse apot yo ansanm ak kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo t ap sèvi ak pwofesi sa a pou yo pwouve Mesi Bondye te pwomèt la te parèt nan bon moman an, e se te Jezi Kris. Sepandan, nou pa gen okenn prèv ki montre premye kretyen yo te fè sa.

Gen yon lòt pwen ankò nou dwe note. Byen souvan, moun ki te ekri Evanjil yo montre gen kèk nan pwofesi nou jwenn nan liv ki te ekri ann ebre yo ki te akonpli sou Jezi Kris (Mat. 1:22, 23; 2:13-15; 4:13-16). Sepandan, pa gen youn nan yo ki te fè yon lyen ant lè Jezi te vin sou tè a ak pwofesi 70 semèn nan.

Men sa n ka di kòm konklizyon: Nou pa ka di egzakteman si moun nan epòk Jezi a te byen konprann pwofesi 70 semèn nan. Sepandan, Evanjil yo fè n wè kèk lòt bon rezon ki fè moun yo t ap “tann” Mesi a.

^ § 4 Bib la pa di zanj yo te “chante” nan moman Jezi te fèt la.

^ § 7 Nou gendwa ap mande: Ki sa k te pouse astwològ yo fè yon lyen ant “zetwal” ki te parèt nan Lès la ak nesans “wa Juif yo”? Èske se paske yo te tande nouvèl konsènan nesans Jezi a pandan yo t ap vwayaje pou y al Izrayèl?

^ § 9 Pou nou wè ki fason nou konprann pwofesi 70 semèn nan jodi a, gade chapit 11 liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel! la.