Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Li gen 100 an, e l te fòtifye lafwa

Li gen 100 an, e l te fòtifye lafwa

“Moun sa a plis sanble ak frè Russell pase frè Russell li menm!” — Yon moun ki te gade “Fotodram” nan an 1914.

ANE sa a fè 100 an depi premye fwa yo te pase “Fotodram kreyasyon an”, yon fim yo te fè pou ede moun vin gen plis lafwa nan Bib la antanke Pawòl Bondye. Nan yon epòk kote kwayans nan teyori evolisyon an, gwo kritik ansanm ak dout t ap minen lafwa anpil moun, “Fotodram” nan te defann Jewova antanke Kreyatè a.

Charles T. Russell, ki te pran latèt pami Etidyan Labib yo, te toujou ap chèche jwenn yon mwayen ki pi efikas e ki pi rapid pou l gaye verite ki nan Bib la. Etidyan Labib yo te gentan gen plis pase 30 an depi yo t ap sèvi ak piblikasyon enprime yo. Kounye a, gen yon lòt ide ki te vin pase nan lespri yo: Fim.

YO TE GAYE EVANJIL YO PA MWAYEN YON FIM

Nan ane 1890 yo, yo te kòmanse pase fim ki pa gen son pou moun yo. Se sa k fè, byen bonè nan ane 1903, yo te pase yon fim ki pale sou relijyon nan yon legliz ki nan Nouyòk. Sepandan, endistri sinema a te fèk kòmanse pran jarèt nan ane 1912 lè Russell te kòmanse preparasyon “Fotodram” nan. Li te rann li kont mwayen kominikasyon sa a t ap pèmèt li simaye verite ki nan Bib la yon fason piblikasyon yo poukont pa yo pa t ap ka fè.

Byen souvan, yo te konn pase “Fotodram” nan, ki se yon prezantasyon ki dire uit èdtan, an kat pati. Li te gen ladan l 96 lekti Labib tou kout yon oratè, tout moun te byen konnen kòm moun ki gen yon bèl vwa, te fè. Te gen yon seri mizik klasik ki te akonpaye anpil sèn. Gen yon seri moun ki byen kalifye ki te konn pase mizik yo ak vwa yo ki te tou anrejistre sou fonograf toutpandan yo t ap fè son an jwe anmenmtan ak kèk imaj an koulè ansanm ak montaj yon seri fim ki rakonte kèk bèl istwa nan Bib la.

“Li te gen tout foto yo ladan l, soti nan kreyasyon zetwal yo pou rive nan fen glorye rèy mil an Kris la.” — F. Stuart Barnes, ki te gen 14 an an 1914.

Se achte yo te achte pifò nan montaj fim yo ak anpil nan imaj yo. Gen kèk atis pwofesyonèl ki soti Filadèlfi, Nouyòk, Pari ak Lonn ki te desine imaj yo ansanm ak fim nan youn apre lòt. Gen kèk moun k ap travay nan sèvis atistik Betèl la ki te travay nan desen yo anpil tou, e yo te menm prepare kèk imaj pou ranplase sa ki gate yo. Anplis fim yo te achte yo,  yo te filme kèk moun nan fanmi Betèl la toupre vil Yonkers, ki nan Nouyòk, toutpandan yo t ap jwe wòl Abraram, Izarak ansanm ak zanj ki pa t kite Abraram sakrifye Izarak la. — Jen. 22:9-12.

Gen frè kalifye ki te sipèvize prezantasyon 26 anrejistreman fonograf, anviwon 500 imaj an koulè, ak yon seri woulo fim ki te rive plis pase twa kilomèt.

Gen youn nan kolaboratè frè Russell yo ki te fè laprès konnen mwayen kominikasyon sa a t ap “fè plizyè milye moun vin enterese nan Ekriti yo pi plis lontan pase nenpòt lòt bagay yo te fè, anvan sa, pou ede relijyon pwogrese”. Èske manm klèje a te kontan pou kalite efò sa a frè yo te fè pou yo ede pakèt moun ki te grangou nan domèn espirityèl yo? Non. Okontrè, tout manm lakretyente yo te kritike “Fotodram” nan, gen kèk nan yo ki te menm sèvi ak kèk taktik anba anba pou anpeche moun yo gade fim nan. Gen youn nan yo ki te menm koupe kouran an pandan yo t ap pase fim nan yon kote.

Kèk sè nan kongregasyon ki nan zòn nan te distribye plizyè milyon kopi senaryo a ki gen kèk imaj “Fotodram” nan.

Moun ki t ap asiste yo te resevwa yon ensiy ki rele epeng “Lapè” ki te gen yon foto Jezi lè l te timoun. Ensiy nan te fè yo sonje yo dwe vin yon “pitit lapè”.

Aktout sa, gen foul moun ki te konn ranpli teyat yo pou yo gade “Fotodram” nan san yo pa peye. Ozetazini, chak jou, yo te konn pase “Fotodram” nan nan plis pase 80 vil. Gen anpil nan moun yo ki te sezi wè yon ‘fim ki gen son’ pou premye fwa. Grasa metòd sekans foto k ap pase byen vit la, yo te wè yon ti poul k ap kraze kokiyaj li pou l soti, e yo te wè yon flè k ap ouvè. Enfòmasyon nan domèn syantifik konsènan jou kreyasyon an te fè moun yo wè kokennchenn sajès Jewova genyen. Jan sa parèt nan entwodiksyon atik sa a, pandan yon moun ki t ap gade “Fotodram” nan te wè frè Russell sou ekran an k ap anonse fim nan, li te menm panse moun k ap pale a “plis sanble ak frè Russell pase frè Russell li menm”.

YON ETAP ENPÒTAN NAN ANSÈYMAN BIB LA

Premye fwa yo te pase “Fotodram” nan se te 11 janvye 1914, nan teyat vil Nouyòk la. Se Sosyete entènasyonal Etidyan Labib yo ki te mèt teyat la lè sa a.

Tim Dirks, yon moun ki ekri fim e ki se yon istoryen nan zafè fim, te dekri “Fotodram” nan kòm “premye pi gwo senaryo ki gen ladan l son (diskou ki anrejistre) k ap pase anmenmtan ak fim k ap jwe ansanm ak imaj an koulè”. Gen kèk fim yo te fè anvan “Fotodram” nan ki te itilize kèk nan teknik sa yo, men, yo pa t konn gen tout teknik yo nan yon sèl prezantasyon sitou sa ki gen rapò ak yon sijè biblik. Epi, pa t janm gen tout kantite moun sa a ki te gade fim sa yo, sa vle di, anviwon nèf milyon moun nan Amerik dinò, ann Ewòp, Ostrali ak Nouvèl Zelann pou premye ane a sèlman!

Premye fwa yo te pase “Fotodram” nan, se te 11 janvye 1914, nan vil Nouyòk. Kokennchenn katastwòf yo te vin rele Premye Gè mondyal la te fèt sèt mwa annapre. Malgre sa, toupatou sou tè a, gen foul moun ki te kontinye ap rasanble ansanm pou yo gade “Fotodram” nan yon fason pou yo jwenn rekonfò nan sèn sa yo ki te montre benediksyon Wayòm nan ap pote. Kèlkeswa sa yo te ka konpare ak “Fotodram” nan, pou ane 1914 la, vrèmanvre, se te yon prezantasyon ki te remakab anpil.

Gen kèk ekip ki te sèvi ak 20 koleksyon “Fotodram” nan nan tout Amerik dinò.