Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pran swen moun ki aje yo

Pran swen moun ki aje yo

“Timoun, youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl sèlman, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa.” — 1 JAN 3:18.

1, 2. a) Ki pwoblèm anpil fanmi ap rankontre, e ki kesyon sa soulve? b) Ki jan paran yo ak timoun yo kapab rive fè fas ak chanjman sitiyasyon yo?

LÈ YON moun ap gade jan paran l yo, ki te djanm yon lè e ki te ka fè tout afè yo poukont yo, pa ka pran swen tèt yo kounye a, sa ka dechire kè l. Petèt manman yo oswa papa yo te tonbe e yo vin gen pwoblèm nan senti. Yo konn aprann tou, paran yo te pèdi wout kay yo, yo vin entatad oswa yo fè yon maladi grav. Yon lòt bò, li kapab difisil pou moun ki aje a aksepte pwoblèm li yo oswa aksepte jan sitiyasyon l fè l pa ka kontinye fè tout sa l te konn fè anvan sa (Jòb 14:1). Ki sa n ka fè pou yo? Ki jan nou kapab pran swen yo?

2 Men sa yon atik ki pale sou fason pou nou pran swen moun ki aje yo fè konnen: “Byenke li kapab difisil pou fanmi yo abòde kesyon laj la, fanmi ki fè bonjan planifikasyon e ki aplike dispozisyon yo pran yo ap pi byen prepare pou yo afwonte kèlkeswa sitiyasyon ki ta ka prezante.” N ap pi byen apresye sajès ki gen nan pawòl sa yo lè nou rekonèt nou pa ka evite pwoblèm laj pote. Sepandan, fanmi an ka fè kèk preparasyon alavans, epi yo ka pran kèk desizyon alavans tou. Ann wè ki sa fanmi yo ka fè pou yo ka kolabore nan tèt ansanm yon fason pou yo ka rive fè fas ak kèk nan pwoblèm yo.

 BYEN PLANIFYE ANVAN ‘VYE JOU YO RIVE SOU NOU’

3. Ki sa fanmi yo ka fè lè paran ki aje yo vin bezwen plis èd tank tan ap pase? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Gen yon moman nan lavi a kote kèk moun aje vin pa ka kontinye pran swen tèt yo poukont yo nèt ankò. Lè konsa, yo bezwen moun ki pou ede yo. (Li Eklezyas 12:1-7.) Lè paran yo vin granmoun e yo pa ka pran swen tèt yo poukont yo ankò, yo menm ak timoun ki fin gran yo dwe chèche wè ki èd ki pi bon, e yo dwe chèche jwenn yon solisyon ki apwopriye. An jeneral, li saj pou fanmi an reyini ansanm pou yo pale sou fason chak moun ka kolabore, pou yo pale sou bezwen ki genyen yo ak ki jan yo kapab rive konble bezwen sa yo. Tout moun ki konsène yo, sitou paran yo, dwe fè konnen sa yo panse de sitiyasyon an byen klè, epi, yo dwe montre yo reyalis lè y ap abòde pwoblèm yo. Yo kapab pale tou konsènan posiblite pou paran yo kontinye ret nan pwòp kay yo an sekirite si yo ta rive jwenn plis èd *. Oubyen yo kapab chèche wè ki jan chak moun nan fanmi an ka kolabore pou yo pran responsablite yo (Pwo. 24:6). Pa egzanp, gen nan yo ki ka anmezi pou yo ede chak jou, tandiske gen lòt, yo menm, ki ka bay plis sipò nan domèn materyèl. Tout moun dwe rekonèt yo gen wòl pa yo. Sepandan, tank tan ap pase, yo ka bezwen fè kèk chanjman nan wòl kèk nan moun yo te jwe.

4. Ki kote manm fanmi yo ka chèche èd?

4 Si w ap pran swen paran w, pran tan pou w chèche konnen tout sa w kapab sou sitiyasyon l. Si l gen yon maladi k ap depafini l, chèche konnen ki enpak maladi a ka vin genyen sou li pi devan (Pwo. 1:5). Kontakte sèvis Leta mete sou pye ki la pou bay moun aje yo èd. Nan zòn kote w ap viv la, chèche konnen ki pwogram ki disponib nan sans sa a ki kapab fè l pi fasil pou w pran swen paran w, e ki ka fè paran w yo jwenn pi bon swen. Tank sitiyasyon fanmi an ap chanje, ou kapab vin santi w pèdi espwa, ou ka sezi wè nan ki eta paran w vin twouve l epi ou ka pa konn sa pou w fè. Esplike yon zanmi w fè konfyans sa w santi. Sa k pi enpòtan an, fè Jewova konn tout sa k nan kè w. Li ka ba w lapè w bezwen pou w fè fas ak kèlkeswa sitiyasyon an. — Sòm 55:22; Pwo. 24:10; Fil. 4:6, 7.

5. Anrapò ak swen sante ki disponib pou moun ki aje yo, ki sa k fè l saj pou fanmi yo pran enfòmasyon alavans?

5 Nan sans sa a, gen kèk moun aje ak fanmi yo ki konn chèche konnen kèk enfòmasyon alavans, tankou, si l ap pi bon pou yon paran viv nan menm kay ak pitit gason l oswa pitit fi l, si l ap pi bon pou yon paran viv nan yon mezon retrèt, oswa pou paran an pwofite avantaj ki disponib nan zòn kote l ap viv la. Yo konn wè kèk bagay ki ka bay ‘traka e ki ka nuizib’ alavans, e yo prepare yo pou sa (Sòm 90:10, NW). Se pa ni de ni twa fanmi ki pa fè planifikasyon alavans, konsa, lè pwoblèm yo rive, fanmi sa yo oblije pran desizyon nan kouri. Gen yon espè ki fè konnen, “moman sa a, se prèske pi move moman pou yon moun pran yon desizyon”. Lè fanmi an dwe pran desizyon nan sitiyasyon sa yo, yo konn strese anpil, e yo konn pa ka antann yo. Yon lòt bò, lè fanmi an fè planifikasyon alavans, yo gen mwens strès. — Pwo. 20:18.

Fanmi an ka reyini pou yo pale sou fason yo ka bay èd yo. (Gade paragraf 6-8.)

6. Ki jan ni paran ni pitit ka jwenn byenfè lè yo pale konsènan aranjman ki dwe fèt anrapò ak kote paran yo pral viv?

6 Petèt ou ka santi w jennen pou w pale ak paran w konsènan kèk chanjman ki ka bezwen fèt nan kay kote y ap viv la, oswa w ka bezwen pale avèk yo tou konsènan posiblite pou yo deplase al viv yon lòt kote. Sepandan, anpil moun fè konnen konvèsasyon sa yo te itil anpil pi devan. Sa k fè sa? Se paske sa te ba yo opòtinite pou yo planifye nan tèt ansanm yon fason ki demontre respè youn pou lòt. Yo rann yo kont  lè youn di lòt sa yo panse alavans, e yo fè sa avèk yon etadespri ki demontre lanmou ak bonte, li pi fasil lontan pou yo pran desizyon lè sa nesesè. Menm lè moun aje yo ta vle kontinye konte sou pwòp fòs yo oswa yo ta vle pou se yo menm ki gen kontwòl pwòp vi yo toutotan sa posib, li toujou bon pou yo pale ak pitit yo konsènan ki kalite swen yo ta renmen jwenn lè sa nesesè.

7, 8. Sou ki sijè moun nan fanmi yo ta dwe pale, e poukisa?

7 Ou menm paran, pwofite reyinyon sa a pou w fè fanmi w konnen sa w ta renmen, kantite kòb ou dispoze depanse, ansanm ak ki sa w prefere. Enfòmasyon sa yo ka bay fanmi an posiblite pou yo pran bonjan desizyon si sa ta rive yon lè ou pa ka pran desizyon ankò. Petèt y ap vle respekte desizyon w te pran yo epi y ap pèmèt ou kontinye fè kèk aktivite poukont ou toutotan sa posib (Efe. 6:2-4). Pa egzanp, èske w atann pou youn nan pitit ou yo envite w vin viv lakay li ansanm ak fanmi l oswa èske w ap atann yon lòt bagay? Ou bezwen reyalis, epi w bezwen rekonèt tout moun nan fanmi an pap toujou wè bagay yo menm jan avè w. Mete sou sa, ou dwe rekonèt tou kèlkeswa moun nan, kit se ou menm oswa pitit ou, bezwen tan pou l chanje fason l panse.

8 Tout moun nan fanmi an ta dwe rekonèt lè yo fè planifikasyon e lè yo gen kominikasyon, sa ka fè yo evite pwoblèm (Pwo. 15:22). Pa egzanp, nou ka pale konsènan swen medikal ansanm ak sa moun nan fanmi an prefere. Mete sou sa, nou dwe pale de pwen nou jwenn nan kat Instructions médicales (DPA), Temwen Jewova yo konn itilize a. Chak moun gen dwa pou l konn ki tretman y ap ba li, e l gen dwa pou l swa aksepte oswa refize tretman yo gendwa ofri l yo. Lè yon moun konn enfòmasyon sa yo alavans, sa ap fè l wè ki sa l ta renmen. Lè n chwazi yon moun pou pran desizyon nan plas nou (kote sa posib selon lalwa, e kote yo aksepte sa), sa ka pèmèt moun sa a nou fè konfyans lan pran desizyon ki apwopriye pou nou lè sa nesesè. Gen kèk moun ki konn sere kopi sa yo menm kote ak testaman yo ansanm ak lòt dokiman enpòtan tankou asirans, dokiman ki gen rapò ak lajan, ki gen enfòmasyon pou kontakte biwo Leta, elatriye.

FÈ FAS AK CHANJMAN SITIYASYON YO

9, 10. Lè paran yo vin pa gen menm kapasite yo te genyen anvan an, ki jan sa ka gen efè sou fason timoun yo te konn ede yo?

9 Nan anpil ka, tout moun nan fanmi an konn pèmèt moun ki aje yo kontinye fè kèk aktivite selon kapasite yo ak limit yo. Yo gendwa fè manje, fè netwayaj, pran medikaman yo, epi kominike san pwoblèm. Konsa, yo montre timoun yo pa bezwen twò enplike nan aktivite y ap fè chak jou. Sepandan, toutpandan tan ap pase, si l vin pi difisil pou paran yo deplase, pou yo achte sa yo bezwen, oswa si yo kòmanse gen pwoblèm memwa, nan ka sa yo timoun yo ka bezwen aji an konsekans.

10 Lè yon moun ap antre nan laj, li konn vin nan yon eta kote l pa konn ki desizyon pou l pran, li konn fè depresyon, li gendwa ap pipi sou li, li gendwa pa ka ni tande ni  wè byen, e li ka pa gen bon memwa. Gen tretman ki egziste pou kèk nan pwoblèm sa yo. Depi nou remake moun nan kòmanse gen youn nan pwoblèm sa yo, chèche wè doktè avè l tousuit. Nan ka sa a, timoun yo gendwa bezwen aji. Rive yon lè, timoun yo ka bezwen kòmanse pran latèt pou regle kèk bagay paran yo te konn regle poukont yo. Pou timoun yo ka pèmèt paran yo jwenn pi bon swen, yo gendwa bezwen defann yo, regle zafè papye pou yo, mennen yo nan randevou, san wete lòt bagay ankò. — Pwo. 3:27.

11. Ki sa nou ka fè pou l ka pi fasil pou paran yo adapte yo ak chanjman ki fèt yo?

11 Si paran yo pa ka jwenn solisyon pou pwoblèm yo genyen yo, gen chanjman ki gendwa bezwen fèt pou pran swen yo oswa pou fè aranjman nan kay kote y ap viv la. Mwens gen chanjman, se plis l ap fasil pou yo fè ajisteman yo. Pa egzanp, si w ap viv lwen paran w, èske li pa t ap bon pou yon Temwen parèy ou oswa yon vwazen vizite yo regilyèman yon fason pou l ba w nouvèl yo? Èske yo jis bezwen yon moun ede yo fè manje epi fè netwayaj? Èske si ta gen yon ti chanjman ki fèt nan kay la sa pa t ap fè l pi fasil pou yo mache nan kay la, pou y al nan douch ak lòt kote ankò? Petèt sèl sa moun aje yo gendwa bezwen pou yo kontinye viv nan kay yo jan yo ta renmen an, se jwenn yon moun ki ka pran swen yo lakay yo. Sepandan, si lè yo ret nan kay la sa reprezante yon danje pou yo, li t ap pi bon pou yo ta jwenn yon moun k ap la pou ede yo toutan. Kèlkeswa sitiyasyon an, chèche konnen ki èd yo kapab jwenn nan zòn kote y ap viv la *. — Li Pwovèb 21:5.

FASON KÈK MOUN RIVE FÈ FAS AK PWOBLÈM NAN

12, 13. Ki jan timoun k ap viv lwen paran yo kontinye onore yo epi pran swen yo?

12 Timoun ki renmen paran yo vle pou paran yo santi yo alèz. Lè yo konnen yo byen pran swen paran yo, sa fè lespri yo anpè. Sepandan, anpil nan moun ki fin gran yo konn oblije viv lwen paran yo akoz lòt responsablite yo genyen. Lè konsa, kèk nan yo konn pran vakans pou yo vizite paran yo yon fason pou yo ka pran swen yo, epi pou yo fè kèk komisyon paran yo pa anmezi pou yo fè. Lè Timoun yo rele paran yo regilyèman, e menm chak jou si sa posib, yo ekri yo, yo voye imel pou yo, sa ka fè paran yo santi timoun yo renmen yo. — Pwo. 23:24, 25.

13 Kèlkeswa sitiyasyon an, timoun yo dwe egzamine ki kalite swen paran yo bezwen chak jou. Si w ap viv lwen paran w e yo se Temwen Jewova, ou kapab pale ak ansyen ki nan kongregasyon kote yo ye a pou mande yo konsèy. Mete sou sa, priye Jewova konsènan sitiyasyon an. (Li Pwovèb 11:14.) Menmsi paran w yo pa Temwen, ou dwe “onore papa w ak manman w”. (Egz. 20:12 NW; Pwo. 23:22.) Yon bagay ki sèten sèke se pa tout fanmi k ap toujou pran menm desizyon. Gen fanmi ki fè aranjman yon fason pou paran yo ki aje vin viv lakay yo oswa vin viv toupre yo. Sepandan, sa pa toujou posib. Gen kèk paran ki pa dakò viv ak pitit yo ansanm ak fanmi yo, yo pa renmen depann de moun, ni yo pa vle vin yon chay pou fanmi an. Gen lòt menm ki gen mwayen, e ki prefere peye yon moun pou ede yo toutpandan yo kontinye viv nan pwòp kay yo. — Ekl. 7:12.

14. Ki pwoblèm premye moun ki gen responsablite pou pran swen paran ki aje yo ka vin genyen?

14 Nan anpil fanmi, pifò responsablite yo konn tonbe sou do youn nan pitit gason oswa pitit fi k ap viv pi pre paran ki aje yo. Sepandan, premye moun ki gen responsablite pou pran swen paran yo dwe fè ekilib ant bezwen paran l yo ak bezwen fanmi pa l. Li bezwen rezève tan ak enèji pou yo chak. Sitiyasyon moun k ap pran swen paran yo ka chanje. Lè konsa, fanmi an ka bezwen fè kèk lòt aranjman. Pa egzanp, èske gen yon moun nan fanmi an ki gen twòp responsablite sou do l? Èske gen lòt timoun ki ka fè  plis, pa egzanp, lè yo bay èd yo nan jou ak nan lè yo kapab?

15. Ki sa moun ki gen responsablite pou pran swen moun ki aje yo ka fè pou l pa santi l about?

15 Lè yon paran ki aje toujou bezwen pou moun pran swen l, moun k ap pran swen l lan ka rive nan yon pwen kote li santi l about (Ekl. 4:6). Timoun ki renmen paran yo vle fè tout sa yo kapab pou yo, men, lè yo oblije pran swen paran yo toutan, sitiyasyon an konn vin twòp pou yo. Moun k ap pran swen moun ki aje ki twouve yo nan sitiyasyon konsa bezwen montre yo reyalis, e yo ka bezwen mande èd. Lè yo jwenn moun ki pou ede yo detanzantan, y ap kapab kontinye pran swen moun sa yo, e konsa, yo pap oblije mete yo nan mezon retrèt anvan lè.

16, 17. Ki difikilte timoun yo gendwa jwenn pandan y ap pran swen paran yo ki aje, e ki jan yo ka fè fas ak difikilte sa yo? (Gade kare ki gen tit  “Jewova apresye efò konsa”.)

16 Lè n wè efè laj gen sou paran nou renmen yo, sa ka fè nou tris anpil. Anpil nan moun k ap pran swen moun ki aje yo konn vin tris, yo konn enkyè, yo konn vin desi, yo konn fache, yo konn santi yo koupab oswa, yo menm konn vin gen degoutans. Pafwa, paran ki aje yo konn di pawòl ki blesan oubyen pawòl ki montre yo manke rekonesans. Si sa ta rive, pa kouri fache pou sa. Men sa yon espesyalis ki etidye maladi mantal fè konnen: “Pi bon fason pou w jere kèlkeswa santiman w genyen an, sitou si se yon santiman ki fè w pa anpè ak tèt ou, se admèt ou gen santiman sa a. Pa fè kòmsi w pa konnen w gen santiman sa a, epi, pa jije tèt ou yon fason ki di poutèt ou santi w konsa.” Ou ka fè madanm ou, yon lòt moun nan fanmi an oswa yon zanmi w fè konfyans, konnen sa w santi. Lè w fè sa, sa ap ede w konprann santiman w epi, sa ap ede w kenbe ekilib ou.

17 Rive yon lè, fanmi w ka vin pa gen mwayen pou yo kontinye pran swen yon moun yo renmen ki aje k ap viv lakay li, e yo ka pa konn kòman pou yo kontinye fè sa. Lè konsa, yo gendwa bezwen met moun nan nan yon mezon retrèt. Men sa yon sè ki te konn vizite manman l prèske chak jou nan yon mezon retrèt, di konsènan fanmi l: “Nou pa t ka kontinye pran swen manmi 24 sou 24 ankò. Li pa t fasil pou n pran desizyon mete l nan yon mezon retrèt. Sa te fè nou mal anpil. Sepandan, pandan dènye mwa anvan l mouri yo, se pi bon solisyon nou te ka jwenn pou li, e li te aksepte sa.”

18. Ki asirans moun k ap pran swen moun ki aje yo kapab genyen?

18 Responsablite w genyen pou w pran swen paran w pandan y ap antre nan laj la kapab vin konplike, e sa kapab afekte w. Se vre, pa gen yon fason ki tou fèt pou pran swen moun ki aje yo. Men, lè w fè bonjan planifikasyon, ou kolabore ak lòt moun nan fanmi an, ou gen bonjan kominikasyon ak yo epi w priye Jewova ak tout kè w, w ap rive byen ranpli responsablite w genyen pou w onore moun sa yo ou renmen. Konsa, w ap gen satisfaksyon dèske w konnen ou pran swen yo epi w ba yo atansyon yo bezwen. (Li 1 Korentyen 13:4-8.) Sa k pi enpòtan an, ou mèt gen asirans w ap santi w anpè paske w konnen Jewova beni moun ki demontre konsiderasyon pou paran yo. — Fil. 4:7.

^ § 3 Desizyon paran yo ak timoun yo ap pran yo gendwa depann de kilti kote y ap viv la. Gen kèk peyi kote li nòmal pou manm fanmi ki soti nan plizyè jenerasyon viv nan menm kay oubyen pou yo gen konvèsasyon entim youn ak lòt regilyèman, e fanmi yo konn menm prefere sa.

^ § 11 Si paran w yo toujou ap viv lakay yo, asire w moun ou fè konfyans k ap ede yo a gen yon doub kle kay la pou sizoka ta gen ijans.