Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w wè “Sila a ki envizib la”?

Èske w wè “Sila a ki envizib la”?

“Li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la.” — EBRE 11:27.

1, 2. a) Esplike rezon ki fè Moyiz sanble te an danje. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa k fè Moyiz pa t pè kòlè wa a?

NAN je Ejipsyen yo, Farawon te yon dirijan ki estrawòdinè, e yo te konsidere l tankou yon dye. Dapre sa yon liv fè konnen: Pou Ejipsyen yo, Farawon te “gen plis sajès ak pouvwa lontan pase tout lòt kreyati ki sou tè a”. (When Egypt Ruled the East.) Pou Farawon te fè moun l ap dirije yo pè, nan kouwòn li te gen sou tèt li a, te gen imaj yon kobra ki tou prèt pou l atake. Kouwòn sa a te fè yo sonje wa a t ap elimine ènmi l yo san pèdi tan. Kidonk, imajine jan Moyiz te santi l lè Jewova te di l: “Kounyeya, ale! Se mwen menm k’ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an sòti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi sa a.” — Egz. 3:10.

2 Vrèmanvre, Moyiz t al nan peyi Ejip, li te fè Farawon konn mesaj Bondye a, epi l te fè Farawon fache. Apre Jewova te fin lage nèf flewo sou peyi a, Farawon te di Moyiz: “Gade! Pa janm parèt devan m ankò, paske jou ou ta parèt devan m ankò, m’ap disparèt ou.” (Egz. 10:28). Anvan Moyiz te deplase devan Farawon, li te fè Farawon konnen premye pitit gason l lan t ap mouri (Egz. 11:4-8). Finalman, Moyiz te bay chak fanmi Izrayelit yo lòd pou yo touye yon kabrit oswa yon belye, yon bèt ki te sakre pou dye  Ejipsyen ki te rele Ra a. Moyiz te mande yo pou yo pase san bèt la sou lento pòt yo (Egz. 12:5-7). Ki jan Farawon t ap reyaji? Moyiz pa t pè. Sa k fè sa? Se paske, grasa lafwa, li te obeyi Jewova san l “pa t pè kòlè wa a, paske li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la.” — Li Ebre 11:27, 28.

3. Ki sa nou pral egzamine konsènan lafwa Moyiz te genyen nan “Sila a ki envizib la”?

3 Èske lafwa w tèlman solid opwen w ka di se kòmsi w “wè Bondye”? (Mat. 5:8.) Ann konsidere egzanp Moyiz pou n kapab amelyore vizyon espirityèl nou yon fason pou n ka wè “Sila a ki envizib la”. Ki jan lafwa Moyiz te gen nan Jewova a te pwoteje l kont lakrentif pou lòm? Ki fason Moyiz te demontre lafwa nan pwomès Bondye yo? Ki jan kapasite Moyiz te genyen pou l wè “Sila a ki envizib la” te fè l vin gen plis kouraj, lè li menm ansanm ak pèp Izrayèl la te an danje?

LI PA T PÈ “KÒLÈ WA A”

4. Pou yon moun ki pa gen lafwa, nan ki sitiyasyon Moyiz te ye devan Farawon?

4 Yon moun ki pa gen lafwa kapab di Moyiz pa t ka kanpe devan Farawon. Yon moun konsa te gendwa panse ni lavi Moyiz, ni byennèt li ak avni l te nan men Farawon. Dayè, Moyiz li menm te mande Jewova: “Ki moun mwen ye menm pou m ta penmèt mwen ale bò kote farawon an pou m fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip?” (Egz. 3:11). Anviwon 40 an anvan sa, Moyiz te kouri kite peyi Ejip paske l te nan mawon. Petèt, li t ap mande tèt li: ‘Pou di l saj toutbon pou m ta retounen nan peyi Ejip epi pou m ta pran chans met wa a an kòlè?’

5, 6. Ki sa k te ede Moyiz pou l gen lakrentif pou Jewova, e pou l pa t pè Farawon?

5 Anvan Moyiz te retounen nan peyi Ejip, Bondye te anseye l yon prensip ki enpòtan anpil. Se menm prensip sa a Moyiz te vin ekri nan liv Jòb la annapre. Men sa l te di: “Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann.” (Jòb 28:28). Pou Jewova te ede Moyiz vin gen lakrentif sa a, epi pou l te ede Moyiz aji avèk sajès, Jewova te montre l diferans ki genyen ant lèzòm ak Bondye Toupisan an. Men sa Jewova te mande l: ‘Kiyès ki bay moun bouch pou yo pale? Kiyès ki fè yo bèbè, kiyès ki fè yo soud? Kiyès ki fè yo wè, kiyès ki fè yo avèg? Èske se pa mwen menm, Jewova?’ — Egz. 4:11.

6 Ki leson nou ka aprann? Moyiz pa t gen rezon pou l te pè. Se Jewova ki te voye l, e Jewova t ap ba l tout sa l te bezwen pou l fè Farawon konn mesaj Jewova a. Anplis de sa, Farawon pa t ka kanpe devan Jewova. Dayè, se pa t premye fwa sèvitè Bondye yo t ap fè fas ak danje anba men yon dirijan ejipsyen. Petèt Moyiz te medite sou fason Jewova te pwoteje Abraram, Jozèf, e menm li menm, pandan rèy Farawon ki te pase yo (Jen. 12:17-19; 41:14, 39-41; Egz. 1:22–2:10). Lefètke Moyiz te gen lafwa nan Jewova, “Sila a ki envizib la”, li te parèt devan Farawon avèk kouraj, e l te di Farawon tout pawòl Jewova te mande l pou l di l yo.

7. Ki jan lafwa yon sè te gen nan Jewova te pwoteje l?

7 Menm jan an tou, lafwa yon sè ki rele Ella te gen nan Jewova te pwoteje l pou l pa t vin gen lakrentif pou lòm. Nan ane 1949, moun KGB yo te arete Ella nan peyi Estoni. Yo te mete l toutouni toutpandan yon pakèt jèn ofisye t ap gade l. Men sa Ella fè konnen: “Mwen te santi m imilye. Sepandan, apre m te fin priye Jewova, mwen te santi m anpè epi m te vin kalm.” Apre sa, yo te met Ella nan yon kacho poukont li pandan twa jou. Men sa l fè konnen: “Ofisye yo te di m: ‘Nou pral fè moun nan peyi Estoni bliye non Jewova! N ap voye w nan yon kan epi n ap voye lòt yo Siberi!’ Toutpandan yo t ap pase m nan rizib, yo te di m: ‘Kot Jewova w la?’” Èske Ella t ap gen lakrentif pou lòm oswa l t ap fè Jewova konfyans? Pandan yo t ap poze l kesyon yo, san l pa pè, li te di moun k ap pwovoke l yo:  “Mwen te reflechi anpil ak pwopozisyon nou an, e m prefere ret nan prizon toutpandan m gen yon bon relasyon ak Bondye olye pou m ta libere epi pou m pèdi favè l.” Pou Ella, Jewova te yon moun reyèl menm jan ak mesye ki te devan l yo. Grasa lafwa l te genyen, li te kenbe entegrite l.

8, 9. a) Ki remèd ki genyen kont lakrentif pou lòm? b) Si w gen tandans sede devan lakrentif pou lòm, sou ki moun ou ta dwe fikse lespri w?

8 Lafwa w gen nan Jewova a ap ede w venk laperèz ou genyen yo. Si otorite ki gen anpil pouvwa yo ap eseye anpeche w adore Bondye, petèt, sa ka parèt kòmsi lavi w, byennèt ou ak avni w nan men moun sa yo. Ou gendwa menm mande tèt ou si l saj pou w kontinye sèvi Jewova epi pou w kontinye met otorite yo an kòlè. Sonje sa: Se lafwa nan Bondye ki remèd lakrentif pou lòm. (Li Pwovèb 29:25.) Men sa Jewova mande: “Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?” — Eza. 51:12, 13.

9 Fikse lespri w sou Papa w, li menm ki toupisan an. Li wè moun k ap soufri akoz enjistis dirijan yo, li mete l nan plas yo, e l ap aji an favè yo (Egz. 3:7-10). Menm lè w dwe defann lafwa w devan otorite ki gen anpil pouvwa, ‘pa enkyete w pou fason w ap gen pou w pale oswa pou sa w ap gen pou w di, paske w ap konnen sa w ap gen pou w di a lè lè a rive’. (Mat. 10:18-20.) Ni dirijan imen yo ni otorite gouvènman yo pa ka kanpe devan Jewova. Lè w fè lafwa w vin pi solid depi kounye a, w ap rive wè Jewova kòm yon Moun reyèl ki swaf pou l ede w.

LI TE DEMONTRE LAFWA NAN PWOMÈS BONDYE YO

10. a) Ki enstriksyon Jewova te bay Izrayelit yo nan mwa Nizan 1513 anvan nan epòk nou an? b) Poukisa Moyiz te obeyi enstriksyon Bondye yo?

10 Nan mwa Nizan 1513 anvan epòk nou an, Jewova te mande Moyiz ak Arawon pou yo bay Izrayelit yo yon seri enstriksyon yo pa t abitye tande. Li te di yo pou yo te touye yon mal mouton oswa yon mal kabrit epi, pou yo pase san an sou lento pòt yo (Egz. 12:3-7). Ki jan Moyiz te reyaji? Men sa apot Pòl te vin ekri annapre konsènan Moyiz: “Grasa lafwa l te genyen, li te selebre Pak la, e li te pase san sou montan pòt yo, dekwa pou sila a ki t ap fè destriksyon an pa t fè premye pitit Izrayelit yo okenn mal.” (Ebre 11:28). Moyiz te konnen l te ka fè Jewova konfyans, e li te demontre lafwa nan pwomès Jewova te fè pou l touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo.

11. Poukisa Moyiz te avèti lòt Izrayelit yo?

11 Sanble pitit gason Moyiz yo t ap viv Madyàn, byen lwen “sila a ki t ap fè destriksyon an” *. (Egz. 18:1-6.) Malgre sa, li te montre l obeyisan lè l te fè lòt fanmi Izrayelit yo, yo menm lavi premye pitit yo te an danje a, konnen enstriksyon Jewova te bay la. Lavi moun sa yo te an danje, e Moyiz te renmen frè l yo. Men sa Bib la di: ‘Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: Touye ti mouton an pou fèt delivrans lan’. — Egz. 12:21.

12. Ki mesaj enpòtan Jewova ban nou lòd pou n bay?

12 Anba direksyon zanj yo, pèp Jewova a ap bay yon mesaj enpòtan. Men sa y ap di: “Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Epi, adore Moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.” (Rev. 14:7). Kounye a, se moman pou n fè konnen mesaj sa a. Nou dwe avèti moun yo pou yo soti nan Gran Babilòn nan yon fason pou yo pa “resevwa yon pati nan kalamite l yo”. (Rev. 18:4.) “Lòt mouton” yo met ansanm ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la pou yo sipliye moun ki lwen Bondye yo yon fason pou yo “vin rekonsilye” ak Bondye. — Jan 10:16; 2 Kor. 5:20.

Lafwa w gen nan pwomès Jewova yo ap fè w vin plis anvi fè lòt moun konnen bon nouvèl la. (Gade paragraf 13.)

13. Ki sa k ka fè w vin gen plis anvi pou w fè lòt moun konnen bon nouvèl la?

 13 Nou gen konviksyon ‘lè pou Jewova fè jijman l lan’ rive toutbon. Nou kwè tou, Jewova pa montre l egzajere lè l fè n konnen jan travay predikasyon an ak travay fè disip la se travay ki ijan. Nan yon vizyon, apot Jan te ‘wè kat zanj ki kanpe nan kat kwen tè a e ki kenbe kat van latè yo’. (Rev. 7:1.) Èske lafwa w genyen an fè w wè zanj sa yo ki pare pou yo lage van destriksyon gwo tribilasyon an sou monn nan? Si w wè zanj sa yo ak je lafwa w genyen yo, w ap kapab preche bon nouvèl la avèk kran.

14. Ki sa k pouse n ‘avèti mechan yo pou yo chanje’?

14 Vrè kretyen yo deja gen yon bon relasyon ak Jewova e yo deja gen esperans pou yo viv pou toutan an. Men, nou rann nou kont se nou menm ki gen responsablite pou n ‘avèti mechan yo pou yo chanje, pou yo kite move chemen y ap suiv la yon fason pou yo ka sove lavi yo’. (Li Ezekyèl 3:17-19.) Se sèten, nou pa annik preche senpleman paske n pa vle responsab san moun yo. Nou fè sa paske n renmen Jewova, e paske n renmen pwochen nou. Nan parabòl Jezi te bay konsènan bon Samariten an, li te montre ki sa lanmou ak mizèrikòd vle di toutbon. Nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Èske, menm jan ak Samariten an, se paske ‘kè m fè m mal’ ki fè m bay yon temwayaj?’ Anplis de sa, nou pa t ap janm renmen vin menm jan ak Prèt ak Levit nan parabòl la, pou n ap chèche eskiz, epi pou n “travèse nan lòt bò wout la”. (Lik 10:25-37.) Lafwa nou gen nan pwomès Bondye yo ak lanmou nou gen pou pwochen nou ap pouse n patisipe ak tout kè n nan travay predikasyon an anvan lè rive a rive.

 “YO TE TRAVÈSE LANMÈ WOUJ”

15. Poukisa Izrayelit yo te santi yo pran nan pyèj?

15 Lafwa Moyiz te gen nan “Sila a ki envizib la” te ede l lè Izrayelit yo te an danje apre yo te fin kite peyi Ejip. Men sa Bib la fè konnen: “Moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t ap rapousib yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye [Jewova].” (Egz. 14:10-12). Èske Izrayelit yo pa t atann yo ak yon sitiyasyon difisil konsa? Wi, paske men sa Jewova te fè yo konnen alavans: “M’ap fè farawon an fè tèt di ankò, l’a rapousib nou. Men, m’ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki [Jewova].” (Egz. 14:4). Sepandan, Izrayelit yo te wè sa k te parèt devan je yo sèlman, sètadi, lanmè Wouj la ki te devan yo, chadegè Farawon yo ki t ap vin byen vit dèyè yo ansanm ak yon bèje ki te gen 80 an ki t ap dirije yo! Konsa, yo te santi yo pran nan pyèj.

16. Ki jan lafwa te ede Moyiz vin gen plis kouraj lè l te devan lanmè Wouj?

16 Sepandan Moyiz pa t pè. Sa k fè sa? Se paske grasa lafwa, li te wè yon bagay ki pi pisan lontan pase yon lanmè a oswa yon lame. Li te kapab wè “delivrans Jewova ap bay la”, e l te konnen Jewova t apral konbat pou Izrayelit yo. (Li Egzòd 14:13, 14.) Lafwa Moyiz te genyen an te ankouraje pèp Bondye a. Men sa Bib la di: “Grasa lafwa Izrayelit yo te genyen, yo te travèse lanmè Wouj tankou se sou tè sèk, men, lè Ejipsyen yo te eseye pase, lanmè a te anglouti yo.” (Ebre 11:29). Apre sa, “pèp Izrayèl la [te] vin gen krentif pou Senyè a. Yo [te] mete konfyans yo nan Senyè a ak nan Moyiz, sèvitè l la”. — Egz. 14:31.

17. Ki evènman ki gen pou rive ki pral pase lafwa nou anba eprèv?

17 Talè konsa, lavi nou pral parèt an danje. Lè n rive nan dènye faz gwo tribilasyon an, gouvènman nan monn nan ap gentan detwi tout òganizasyon relijye ki te pi gwo e ki te gen plis moun pase òganizasyon nou an (Rev. 17:16). Jewova gentan fè n konnen jan nou pral parèt tankou yon pèp san defans lè l te di n ap tankou “yon peyi san defans [...] kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè”. (Eze. 38:10-12, 14-16.) Si se ak je fizik nou n ap gad bagay yo, sanble pap gen okenn espwa pou nou. Ki jan w pral reyaji?

18. Esplike ki sa k fè n kapab rete tennfas pandan gwo tribilasyon an.

18 Nou pa dwe pè. Sa k fè sa? Se paske Jewova gentan fè pèp li a konnen yo pral atake l. Li te gentan predi ki jan atak sa a pral fini tou. Men sa l te di: “Senyè sèl Mèt la pale, li di konsa: ‘Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m ap moute m. M’ap fè gwo kòlè, m’ap move.’” (Eze. 38:18-23). Lè sa a, Jewova pral detwi tout moun ki te vle detwi pèp li a. Lafwa w pral demontre pandan “gran jou Jewova [...] ki bay lakrentif la” ap ede w “wè delivrans Jewova ap bay la” e l ap ede w kenbe entegrite w. — Yow. 2:31, 32, NW.

19. a) Jis nan ki pwen Jewova te gen yon relasyon sere sere ak Moyiz? b) Ki benediksyon w ap jwenn si w kontinye sonje Jewova nan tout sa w ap fè?

19 Se depi kounye a pou n prepare n pou kokennchenn evènman ki gen pou vini yo lè n kontinye “rete tennfas, kòmsi [n] te wè Sila a ki envizib la”! Nou bezwen ranfòse relasyon nou gen ak Jewova Dye a lè n etidye Bib la regilyèman ak lè n priye l regilyèman. Se yon relasyon sere konsa Moyiz te gen ak Jewova, e Jewova te tèlman sèvi ak Moyiz yon fason ki pisan, Bib la di Jewova te konn pale ak Moyiz “fas pou fas”. (Det. 34:10.) Se vre Moyiz te yon pwofèt estrawòdinè. Sepandan, grasa lafwa, nou menm tou nou kapab vin tèlman konnen Jewova fen e byen opwen nou kapab menm di se kòmsi nou wè l. Si w kontinye sonje Bondye “nan tout sa w ap fè”, jan Pawòl li a ankouraje w fè sa, Bondye ap “fè chemen w yo dwat”. — Pwo. 3:6, NW.

^ § 11 Li klè, Jewova te voye plizyè zanj egzekite jijman l sou Ejipsyen yo. — Sòm 78:49-51.