Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen

Èske w te konnen

Nan tan biblik yo, ki sa sa te vle di lè yon moun chire rad sou li?

EKRITI yo pale de anpil sitiyasyon kote gen moun ki te chire rad sou yo. Jodi a, yon aksyon konsa ka parèt dwòl pou yon moun k ap li Ekriti yo. Sepandan, pou Juif yo, se te yon fason pou yo eksprime gwo santiman yo te genyen, tankou dezespwa, lapenn, imilyasyon, kòlè ak tristès.

Pa egzanp, Ribenn te “chire rad ki te sou li” a lè l te wè plan l te genyen pou l te delivre Jozèf la te echwe, paske lòt frè Jozèf yo te vann Jozèf kòm esklav. Jakòb, papa yo, te “chire rad ki te sou li” a tou paske l te panse se yon bèt sovaj ki te devore Jozèf (Jen. 37:18-35). Lè yo te fè Jòb konnen tout pitit li yo te mouri, li te “chire rad [ki te] sou li” a (Jòb 1:18-20). Moun ki te vin fè gran prèt Eli konnen Izrayelit yo te pèdi batay la, de pitit gason l yo te mouri, epi yo te pran lach Alyans lan, “te chire rad [ki te] sou li” a tou (1 Sam. 4:12-17). Pandan yo t ap li liv Lalwa a pou Yochiya, lè Yochiya te wè tout fot pèp la te fè, li te “chire rad [ki te] sou li a”. — 2 Wa 22:8-13.

Lè yo t ap jije Jezi a, Kayif, gran prèt la, te “chire rad [ki te] sou li” a lè l te tande Jezi di yon pawòl li te konsidere kòm yon blasfèm (Mat. 26:59-66). Selon yon tradisyon raben yo te genyen, yon moun ki te tande y ap blasfeme non Bondye te dwe chire rad ki sou li a. Sepandan, selon yon lòt tradisyon raben yo te vin genyen apre destriksyon tanp Jerizalèm nan, “yon moun ki te tande yo blasfeme non Bondye pa t bezwen chire rad sou li, paske si l te kontinye fè sa, finalman li t ap fin chire tout rad li te genyen an miyèt moso”.

Nòmalman, lè yon moun ki pa sensè te chire rad li, sa pa t konn gen okenn valè nan je Bondye. Se sa k fè, men sa Jewova te di pèp li a: “Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an.” — Jowèl 2:13.