Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE GEN MOUN KI KA PREDI LAVNI?

Kèk moun reyisi men anpil lòt echwe

Kèk moun reyisi men anpil lòt echwe

Èske w ta renmen konnen ki jan demen w ap ye? Se yon kesyon ki enterese anpil moun. Gen anpil moun ki predi evènman ki gen pou rive, gen kèk ki reyisi men gen anpil ki echwe. Ann konsidere egzanp ki vin apre yo:

  • SYANTIFIK YO sèvi ak aparèy sofistike e yo depanse anpil kòb pou yo fè prediksyon nan divès domèn, tankou jan polisyon pral afekte tè a ak si lapli ap tonbe nan zòn bò lakay ou demen.

  • ESPESYALIS K AP FÈ ANALIZ YO konn predi fason bagay yo prale nan domèn biznis ak nan domèn politik. Yo rele Warren Buffett, youn nan moun ki pi rich nan monn nan, yon divinò paske li byen reyisi nan envestisman l fè nan biznis li. Gen yon lòt espesyalis ki rele Nate Silver ki konn entèprete chif pou l predi kòman tout bagay pral ye nan peyi Etazini depi nan domèn politik rive jis nan ki fim y ap bay rekonpans Oliwoud.

  • NAN DOKIMAN ANSYEN YO gen kèk bagay moun konn entèprete kòm pwofesi. Moun sa yo panse bagay k ap pase nan epòk nou an se bagay Michel de Notredame (Nostradamous) te ekri depi nan 16yèm syèk. Gen yon sik nan yon kalandriye maya ki te fini 21 desanm 2012, gen kèk moun ki te entèprete dat sa a kòm yon dat kote t apral gen evènman k ap pote malè nan monn nan.

  • CHÈF RELIJYE YO konn predi yon seri evènman trajik ki pral rive nan monn nan pou yo avèti moun yo epi pou yo fè disip. Harold Camping, yon pwofèt k ap anonse lafendimonn ansanm ak disip li yo te fè konnen tè a pral detwi an 2011. Sa klè, tè a toujou la jis kounye a.

  • MOUN KI MISTIK YO fè konnen yo gen kapasite espesyal pou yo predi lavni. Edgar Cayce ak Jeane Dixon te predi kèk evènman ki te rive nan 20yèm syèk la. Sepandan, yo toule de te predi anpil bagay ki pa t rive vre. Pa egzanp, Dixon te predi t ap gen yon Twazyèm Gè mondyal nan ane 1958, epi Cayce te predi Nouyòk t ap koule anba lanmè nan mitan ane 1970 yo.

Èske gen yon mwayen ki fyab ki ka ede n konnen lavni toutbonvre? Se yon kesyon ou merite poze tèt ou. Si w te ka prevwa evènman ki gen pou rive, lavi w t ap vrèman diferan.