Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan nou ta dwe “reponn chak moun”?

Ki jan nou ta dwe “reponn chak moun”?

“Se pou pawòl nou toujou bèl, [...] yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” — KOL. 4:6.

1, 2. a) Bay yon egzanp ki montre jan l enpòtan pou n byen chwazi kesyon n ap poze yo. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Poukisa n pa dwe pè pou n pale sou kèk sijè ki difisil?

SA GEN kèk ane, gen yon sè ki t ap pale sou Bib la ak mari l ki pa kwayan. Anvan sa, mari a te manm youn nan legliz lakretyente yo. Pandan konvèsasyon an, mari l te fè l konnen li kwè nan doktrin Trinite a. Lè sè a te vin rann li kont mari l pa t fin byen konprann tout sa ki gen nan doktrin sa a, avèk respè, sè a te mande l: “Èske w kwè Bondye se Bondye, Jezi se Bondye epi lespri sen se Bondye tou, toutpandan w kwè pa gen twa Bondye, se yon sèl ki genyen?” Mari a te sezi, epi l te di: “Non, mwen pa kwè sa!” Se konsa yo te kòmanse yon bèl konvèsasyon konsènan kiyès Bondye ye toutbonvre.

2 Egzanp sa a montre jan l enpòtan pou n byen chwazi kesyon n ap poze yo ak jan l enpòtan pou n poze kesyon yo avèk respè. Li fè n wè yon pwen enpòtan tou, ki se: Nou pa bezwen pè pou n pale sou kèk sijè ki difisil tankou Trinite, dife lanfè ak egzistans yon Kreyatè. Si n konte sou Jewova epi n konte sou fòmasyon l ap ban nou an, byen souvan, n ap ka bay yon repons ki kapab konvenk moun k ap koute n yo e ki kapab touche kè yo (Kol. 4:6). Kounye a, ann wè ki sa pwoklamatè ki jwenn bon rezilta yo konn  fè lè y ap pale sou sijè sa yo ak lòt moun. Nou pral wè: 1) Kòman kesyon yo ka pouse yon moun di sa l panse, 2) kòman pou n rezone ak yon moun sou Ekriti yo, epi 3) kòman pou n sèvi ak egzanp pou n ede yon moun konprann sa n ap di yo.

POZE KESYON KI POU FÈ MOUN YO DI SA YO PANSE

3, 4. Poukisa l enpòtan pou n sèvi ak kesyon pou n rive wè nan ki sa yon moun kwè? Bay yon egzanp.

3 Lè n poze kesyon, sa kapab ede n rive wè nan ki sa yon moun kwè. Poukisa sa enpòtan? Se paske Pwovèb 18:13 fè konnen: “Moun ki prese reponn san koute sa y’ap di l, se moun sòt li ye. Li gen pou l wont.” Kidonk, anvan n kòmanse montre yon moun sa Bib la di sou yon sijè, li pi bon pou n eseye wè nan ki sa moun nan kwè toutbon. Si nou pa fè sa, nou gendwa pase anpil tan ap diskite avè l sou yon sijè li pa t janm kwè ladan l! — 1 Kor. 9:26.

4 Ann sipoze w ap pale ak yon moun konsènan lanfè. Se pa tout moun ki kwè lanfè se yon kote moun pral toumante nan dife toutbon. Gen anpil moun ki kwè lanfè a se yon eta kote yon moun konsyan li lwen Bondye. Nan ka sa a, nou te kapab di moun nan konsa: “Etandone chak moun gen pwòp opinyon pa yo sou lanfè, èske m ka mande w sa w panse?” Apre w fin tande repons moun nan bay la, w ap ka pi byen ede l konprann sa Bib la di sou sijè a.

5. Ki jan kesyon nou poze yo ka ede n rive konnen poukisa yon moun kwè nan sa l kwè a?

5 Lè n poze kesyon nou yo avèk respè, sa ka ede n rive konnen poukisa yon moun kwè nan sa l kwè a tou. Pa egzanp, ki sa n dwe fè si yon moun nou rankontre nan travay predikasyon an ta di n li pa kwè nan Bondye? Li gendwa fasil pou n di se kèk pwennvi pwofàn tankou, teyori evolisyon an, ki enfliyanse moun nan (Sòm 10:4). Sepandan, gen kèk moun ki vin pèdi lafwa nan Bondye paske yo te wè kèk moun k ap soufri anpil oswa paske yo te soufri anpil. Yo kapab twouve l difisil pou yo kwè nan egzistans yon Kreyatè ki gen lanmou toutpandan gen tout soufrans sa yo. Sepandan, si yon moun montre n li gen dout sou egzistans Bondye, nou kapab mande l: “Èske w te toujou santi w konsa?” Si moun nan reponn non, nou gendwa mande l si gen yon bagay an patikilye ki te fè l vin gen dout sou egzistans Bondye. Repons li bay la ka ede n jwenn pi bon fason pou n ede l nan domèn espirityèl. — Li Pwovèb 20:5.

6. Ki sa nou dwe fè apre n fin poze yon kesyon?

6 Apre n fin poze yon kesyon, nou bezwen pran tan pou n koute repons moun nan ap bay la, epi n dwe konprann santiman moun nan. Pa egzanp, yon moun kapab di n se akoz yon gwo malè ki te rive l ki fè l vin gen dout sou egzistans yon Kreyatè ki gen lanmou. Anvan nou bay moun nan prèv ki montre Bondye egziste, l ap pi bon pou n montre l nou konprann sa l santi, epi n dwe fè l konnen pa gen anyen ki mal pou l mande poukisa n ap soufri (Aba. 1:2, 3). Lè n montre nou pasyan epi n aji avèk lanmou, sa ka pouse moun nan anvi aprann plis bagay  *.

REZONE SOU EKRITI YO

Ki bagay enpòtan nou plis bezwen fè pou n jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an? (Gade paragraf 7.)

7. An jeneral, rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an depann de ki sa?

7 Kounye a, ann wè ki jan nou kapab rezone sou sa Ekriti yo di. Nòmalman, Bib la se prensipal zouti nou itilize nan travay predikasyon an. Li ede n pou n vin “kalifye nèt, pou [n] vin gen tout sa [n] bezwen pou [n] fè tout bon travay”. (2 Tim. 3:16, 17.) An jeneral, bon rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an pa depann de kantite vèsè nou li yo, men, li depann de fason nou rezone sou vèsè sa yo ak fason nou esplike yo. (Li Travay 17:2, 3.)  Ann konsidere twa egzanp ki vin apre yo pou n montre sa.

8, 9. a) Bay yon fason nou kapab rezone ak yon moun ki di l kwè Jezi egal ak Bondye. b) Ki lòt rezònman w konn fè sou sijè sa a ou twouve ki bay bon rezilta?

8 Egzanp 1: Nan travay predikasyon an, nou rankontre yon moun ki kwè Jezi egal ak Bondye. Ak ki vèsè nou kapab sèvi pou n rezone ak moun nan sou kesyon an? Nou gendwa mande l pou l li Jan 6:38. Men sa Jezi te di nan vèsè sa a: “Mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men mwen desann pou m vin fè volonte sila a ki voye m nan.” Apre moun nan fin li vèsè a, nou kapab mande l: “Si Jezi se Bondye, ki moun ki te voye Jezi vin sou tè a? Èske Moun sa a pa pi gran lontan pase Jezi? Dayè, yon moun ki voye yon moun dwe pi enpòtan pase moun li voye a.”

9 Nan menm sans lan tou, nou kapab li Filipyen 2:9 ak moun nan, yon vèsè kote apot Pòl t ap pale konsènan sa Bondye te fè apre lanmò ak rezirèksyon Jezi. Men sa vèsè a di: “Bondye leve l [Jezi] met nan yon pozisyon ki pi wo e, avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an.” Pou n ede moun nan rezone sou vèsè sa a, nou kapab mande l: “Si anvan Jezi te mouri li te egal ak Bondye, epi, apre Bondye fin leve l, Bondye mete l nan yon pozisyon ki pi wo, èske sa pa t ap vle di Jezi vin nan yon pi gwo pozisyon pase Bondye? Men, ki jan yon moun ta ka fè vin nan pi gwo pozisyon pase Bondye?” Si moun nan respekte Pawòl Bondye a epi l se yon moun ki sensè, yon rezònman konsa kapab ankouraje l pou l pi byen egzamine sijè a. — Tra. 17:11.

10. a) Ki jan n ka rezone ak yon moun ki kwè nan dife lanfè? b) Ki rezònman w konn fè sou dife lanfè ou twouve ki bay bon rezilta?

10 Egzanp 2: Yon moun ki atache ak relijyon l anpil twouve l difisil pou l kwè mechan yo pa pral toumante pou toutan nan yon dife lanfè. Yon moun konsa kapab kwè nan dife lanfè paske l ta renmen pou mechan yo peye pou move aksyon yo fè. Ki jan n ka rezone ak yon moun ki panse konsa? Toudabò, nou kapab ba l asirans mechan yo gen pou yo peye pou sa yo fè (2 Tes. 1:9). Apre sa, nou kapab mande l pou l li Jenèz 2:16, 17 ki montre sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò. Nou kapab esplike l Adan te lakòz tout moun nèt fèt antanke pechè akoz peche l te fè a (Wom. 5:12). Sepandan, nou kapab fè l konnen Bondye pa di anyen sou zafè pini moun nan yon dife lanfè. Annapre, nou kapab di moun nan: “Si te gen posiblite pou Adan ak Èv t al toumante pou toutan nan yon dife lanfè, èske l pa t ap jis pou Bondye te fè yo konn sa?” Apre sa, nou kapab mande l li Jenèz 3:19, pou n montre l lè Bondye t ap bay Adan ak Èv  santans yo apre yo te fin peche a, li pa t di anyen konsènan yon dife lanfè. Olye de sa, Bondye te di Adan t ap retounen nan pousyè. Pou n fini, nou gendwa mande l: “Èske sa t ap jis pou Bondye ta di Adan li t ap retounen nan pousyè alòske, an reyalite, se nan yon dife lanfè li t aprale?” Si moun nan se yon moun ki konn koute opinyon lòt moun, yon kesyon konsa kapab fè l reflechi pi plis sou sijè a.

11. a) Bay yon fason nou kapab rezone ak yon moun ki kwè tout moun ki bon yo pral nan syèl. b) Ki rezònman w konn fè sou kesyon al nan syèl la ou twouve ki bay bon rezilta?

11 Egzanp 3: Nan travay predikasyon an, nou rankontre yon moun ki kwè tout moun ki bon yo pral nan syèl. Yon kwayans konsa kapab gen efè sou fason moun nan konprann Bib la. Pa egzanp, ann sipoze nou ta li Revelasyon 21:4 ak moun nan. (Li vèsè a.) Moun nan gendwa panse se nan syèl la nou pral jwenn benediksyon yo pale de yo nan vèsè sa a. Ki jan n ka rezone ak moun sa a? Olye pou n li kèk lòt vèsè pou n konvenk moun nan, nou kapab konsantre nou sou yon detay ki nan vèsè a. Vèsè a di: “Pap gen lanmò ankò.” Nou kapab mande moun nan si l dakò pou yon bagay pa yon kote ankò, fòk bagay sa a te deja egziste kote sa a. Sandout, l ap di wi. Apre sa, nou kapab esplike l pa t janm gen lanmò nan syèl la, se sou tè a sèlman moun mouri. Donk, li lojik pou n konprann pawòl ki nan Revelasyon 21:4 yo gen rapò ak benediksyon nou pral jwenn sou tè a. — Sòm 37:29.

SÈVI AK EGZANP POU W EDE YO KONPRANN SA W AP DI A

12. Poukisa Jezi te konn sèvi ak egzanp?

12 Nonsèlman Jezi te konn sèvi ak kesyon nan travay predikasyon l lan, men, li te konn sèvi ak egzanp tou. (Li Matye 13:34, 35.) Egzanp Jezi te konn pran yo te ede l rive wè sa k nan kè moun ki te konn koute l yo (Mat. 13:10-15). Egzanp Jezi te konn pran yo te fè ansèyman l yo parèt bèl, e yo te pèmèt moun yo sonje ansèyman sa yo tou. Ki jan n ka sèvi ak egzanp lè n ap anseye?

13. Ki egzanp nou ka pran pou n montre Bondye nan yon pi gwo pozisyon pase Jezi?

13 Byen souvan, se egzanp ki senp yo ki pi efikas. Pa egzanp, lè n ap esplike yon moun Bondye nan yon pi gwo pozisyon pase Jezi, nou kapab eseye sèvi ak egzanp ki vin annapre a. Nou kapab fè l konnen ni Bondye ni Jezi te sèvi ak relasyon ki gen nan yon fanmi lè y ap pale de relasyon yo gen youn ak lòt. Pa egzanp, Bondye pale de Jezi antanke Pitit gason l, e Jezi li menm, pale de Bondye antanke Papa l (Lik 3:21, 22; Jan 14:28). Apre sa, nou gendwa mande moun nan: “Si w ta vle montre m de moun egal youn ak lòt, ki kalite relasyon ki gen nan yon fanmi ou ta ka pran kòm egzanp pou w montre m sa?” Petèt moun nan te kapab di frè ak sè, oswa menm jimo. Si l ta reponn konsa, nou kapab montre l jan yon konparezon konsa parèt nòmal. Apre sa, nou gendwa mande l: “Si l fasil pou ou menm avè m rive pran yon egzanp konsa, èske w pa panse Jezi, gran Anseyan an, te ka pran menm egzanp sa a tou? Epoutan, Jezi te fè konnen Bondye se Papa l. Konsa, Jezi te tou montre Bondye pi gran pase l epi Bondye gen plis otorite pase l.”

14. Ki egzanp ki montre li pa t ap fè sans pou Bondye ta bay Satan pouvwa pou l toumante moun nan yon dife lanfè?

14 Ann pran yon lòt egzanp. Gen kèk moun ki kwè, nan yon sans, se Satan k ap dirije lanfè. Nou kapab pran yon egzanp pou n ede yon paran konprann jan li pa t ap fè sans pou Bondye ta bay Dyab la pouvwa pou l toumante moun nan yon dife lanfè. Nou ta kapab di moun nan: “Ann imajine pitit ou ta vin rebèl anpil, epi l ta tonbe fè anpil move zak. Ki jan w t ap reyaji?” Sandout, paran an t ap di li t ap disipline pitit li a. Li ta gendwa kontinye fè tout sa l kapab pou l ede pitit li a  sispann fè sa k mal (Pwo. 22:15). Lè sa a, nou ta gendwa mande paran an ki sa l t ap fè si pitit li a pa ta bay tout efò l fè yo regle anyen pou li. Pifò paran t ap di, finalman, yo t ap oblije pini timoun nan. Apre sa, nou ta gendwa mande l: “Ki sa w t ap fè si w ta vin aprann se yon moun ki mechan ki pouse pitit ou a aji jan l ap aji a?” Se sèten, paran an t ap fache kont moun sa a. Pou n fè lyen ak egzanp nou te pran an, nou ta gendwa mande paran an: “Lefètke w vin konnen se yon moun ki mechan ki pouse pitit ou a aji jan l ap aji a, èske w t ap mande menm moun sa a pou l pini pitit ou a pou ou?” Pa gen dout nan sa, li t ap reponn non. Donk, li klè, Bondye pa t ap janm sèvi ak Satan pou l pini menm moun Satan ap pouse fè sa k mal yo!

KENBE YON PWENNVI EKILIBRE

15, 16. a) Poukisa nou pa ta dwe atann tout moun n ap preche yo ap aksepte mesaj Wayòm nan? b) Èske nou oblije gen don pou n rive jwenn bon rezilta lè n ap anseye? Esplike. (Gade kare ki gen tit “ Yon zouti k ap ede nou bay yon repons” lan.)

15 Nou rann nou kont se pa tout moun nou preche yo k ap aksepte mesaj Wayòm nan (Mat. 10:11-14). Sa ap toujou konsa menmsi n ta byen chwazi kesyon n ap poze yo, menmsi n ta sèvi ak pi bon rezònman ki te kapab genyen an, e menmsi n ta sèvi ak pi bèl egzanp lan. Dayè, se yon tikras moun sèlman ki te byen reyaji devan mesaj Jezi t ap anseye yo, epoutan, Jezi se te pi gran Anseyan ki te pase sou tè a! — Jan 6:66; 7:45-48.

16 Yon lòt bò, menm lè n santi n pa gen don pou n fè travay predikasyon an, nou kapab jwenn bon rezilta ladan l kanmenm. (Li Travay 4:13.) Pawòl Bondye a ban nou bonjan rezon pou n kwè “tout moun ki [...] nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” ap aksepte bon nouvèl la (Tra. 13:48). Kidonk, ann aprann wè ni nou menm ni moun n ap preche bon nouvèl Wayòm nan yon fason ki ekilibre, epi, ann fè efò pou n kenbe pwennvi sa a. Ann byen pwofite fòmasyon Jewova ap bay la toutpandan nou gen konfyans fòmasyon sa a ap pote byenfè ni pou nou menm ni pou moun k ap koute n yo (1 Tim. 4:16). Jewova ka ede n wè ki jan n ta “dwe reponn chak moun”. Youn nan fason nou kapab jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an, se lè n aplike prensip moun yo gen abitid rele Règ annò a. Se sa nou pral wè nan atik ki vin apre a.

^ § 6 Gade atik “Èske sa posib pou yon moun vin kwè gen yon Kreyatè?” a ki te parèt nan Toudegad 1ye oktòb 2009.