Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se yon Bondye ki konn òganize

Jewova se yon Bondye ki konn òganize

“Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè.” —1 KOR. 14:33.

1, 2. a) Ki moun Jewova te kreye an premye, e ki fason Jewova te sèvi avè l? b) Ki sa k fè n konnen zanj yo òganize?

JEWOVA, Sila ki kreye linivè a, fè tout bagay yon fason ki byen òganize. Premye kreyati espirityèl Bondye te fè se sèl Pitit li a, li menm yo rele “Pawòl la”, paske li se prensipal pòt pawòl Bondye. Pawòl la gen lontan depi l ap sèvi Jewova paske Bib la fè konnen: “Okòmansman, Pawòl la te egziste, e Pawòl la te ansanm ak Bondye.” Men sa Bib la di tou: “Bondye te sèvi avè l [Pawòl la] pou l fè tout bagay vin egziste, e pa menm gen yon bagay ki te vin egziste san li.” Sa gen yon tikras plis pase 2 000 an, Bondye te voye Pawòl la vin sou tè a. Se te Jezi Kris, yon moun pafè. Avèk fidelite, Pawòl la te fè volonte Papa l. — Jan 1:1-3, 14.

2 Anvan Pitit Bondye a te vin sou tè a, li t ap sèvi Bondye fidèlman antanke yon “ouvriye abil”. (Pwo. 8:30, NW.) Pa mwayen ouvriye sa a, Jewova te kreye plizyè milyon lòt kreyati espirityèl nan syèl la (Kol. 1:16). Men sa Bib la fè n konnen konsènan zanj sa yo: “Te gen mil milye ki t ap sèvi [Jewova], e te gen dimil fwa dimil ki te kanpe la devan l.” (Dàn. 7:10, NW). Yo pale de tout kreyati espirityèl sa yo k ap sèvi Jewova a antanke “lame” Jewova a ki byen òganize. — Sòm 103:21.

3. Ki kantite zetwal ak planèt ki genyen, e ki fason yo òganize?

3 Ki sa n ka di konsènan kreyasyon fizik la, tankou kantite  zetwal ak planèt ki genyen yo? Anrapò ak zetwal yo, sa pa gen twò lontan gen yon jounal nan vil Tegzas ki te fè konnen gen “300 000 trilyon zetwal, oswa twa fwa plis pase kantite zetwal syantifik yo te di ki genyen anvan sa”. (Houston Chronicle.) Men sa jounal la te ajoute: “Sa vle di se yon 3 ou ajoute 23 zewo dèyè l. Oswa 3 trilyon fwa 100 milya.” Jewova òganize zetwal yo yon fason pou yo fòme plizyè galaksi. Chak galaksi gen plizyè milya oswa menm plizyè trilyon zetwal ak planèt ladan l. Jewova pran pifò galaksi, li òganize yo pou yo fòme yon gwoup, e l pran plizyè gwoup met ansanm pou vin fòme lòt gwoup ki pi gwo.

4. Poukisa li lojik pou n panse Bondye t ap òganize sèvitè l yo sou tè a?

4 Menm jan ak kreyati espirityèl fidèl k ap viv nan syèl la, syèl fizik la òganize yon fason estrawòdinè tou (Iza. 40:26). Kidonk, li lojik pou n panse Jewova t ap òganize sèvitè l yo sou tè a tou. Li vle pou yo kontinye gen bonjan lòd nan mitan yo, e sa enpòtan anpil paske yo gen anpil travay enpòtan pou yo fè. Nou jwenn yon seri bèl istwa ki montre fason moun ki t ap adore Jewova nan tan lontan yo te sèvi l avèk fidelite ak fason moun k ap adore l kounye a kontinye ap sèvi l avèk fidelite. Istwa sa yo ban nou bonjan prèv ki montre Jewova avèk moun sa yo e li “pa yon Bondye dezòd, men [li] se yon Bondye lapè”. — Li 1 Korentyen 14:33, 40.

BONDYE TE ÒGANIZE PÈP LI A NAN TAN LONTAN

5. Ki jan dispozisyon Jewova te pran pou lèzòm ranpli tè a te vin entèwonp?

5 Apre Jewova te fin kreye premye moun yo, li te di yo: “Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li, epi fè pwason nan lanmè ak kreyati k ap vole nan syèl ak tout kreyati vivan k ap bouje sou tè a soumèt yo.” (Jen. 1:28, NW). Toutpandan fanmi ki sou tè a t ap vin anpil, yo t ap òganize yon fason pou yo ranpli tè a epi etann Paradi a jiskaske l ranpli tout tè a nèt. Lè Adan ak Èv te dezobeyi Bondye a, pandan yon ti tan, sa te anpeche dispozisyon sa a Jewova te pran an fèt jan l te dwe fèt la (Jen. 3:1-6). Rive yon lè, “Jewova te wè jan mechanste lèzòm te vin anpil sou tè a e lide ki nan kè yo te toujou panche sou bagay ki mal”. Kòm rezilta, “latè te fin pèvèti nan je vrè Dye a e latè te vin ranpli ak vyolans”. Se sa k fè, Bondye te deside fè yon delij vin sou tout tè a pou detwi moun ki pa gen respè pou li yo. — Jen. 6:5, 11-13, 17, NW.

6, 7. a) Ki sa k fè Noye te jwenn favè Jewova? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa k te rive tout moun ki pa gen lafwa ki t ap viv nan epòk Noye a?

6 Sepandan, “Noye te jwenn favè nan je Jewova” paske l te “yon nonm jis” ki “te montre l entèg pami moun ki t ap viv nan menm epòk avèk li yo”. Etandone “Noye t ap mache avèk vrè Dye a”, Jewova te ba l lòd pou l bati yon gwo lach (Jen. 6:8, 9, 14-16NW). Lach la te fèt yon fason pou l prezève lavi ni moun ni bèt. Avèk obeyisans, Noye te “fè tou sa Senyè a te ba li lòd fè a”, e grasa èd fanmi l te ba li, li te fin konstwi lach la yon fason ki òganize. Apre Jewova te fin fè tout sa ki vivan antre nan lach la, li te “fèmen pòt la”. — Jen. 7:5, 16.

7 Lè delij la te vini nan ane 2370 anvan epòk nou an, Jewova te “detwi [...] tou sa ki te sou latè”, men, li te sove Noye, yon moun fidèl, ansanm ak fanmi Noye (Jen. 7:23). Jodi a, tout moun k ap viv sou tè a se desandan Noye, desandan pitit gason Noye yo ak madanm yo. Sepandan, tout moun ki te rete deyò lach la, yon seri moun ki pa t gen lafwa, te mouri paske yo te refize koute Noye, “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. — 2 Pyè 2:5.

Bonjan òganizasyon te ede uit moun chape nan delij la. (Gade paragraf 6, 7.)

8. Ki sa k montre nasyon Izrayèl tan lontan an te byen òganize lè Bondye te mande yo pou yo antre nan latè Pwomiz?

8 Plis pase uit syèk apre delij la, Bondye te òganize Izrayelit yo pou yo vin yon nasyon.  Izrayelit yo te byen òganize nan tout aspè nan lavi yo, sitou nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Pa egzanp, nonsèlman te gen yon kantite prèt ak Levit, men tou, te gen yon seri ‘medam ki t ap sèvi devan tant reyinyon an, e yo t ap fè sèvis yo dapre aranjman ki te fèt pou sa’. (Egz. 38:8NW.) Sepandan, lè Jewova Dye te bay pèp Izrayèl la lòd pou l antre nan peyi Kanaran, jenerasyon sa a te montre yo pa fidèl. Se sa k fè, Jewova te di yo “pa gen youn nan nou k ap antre nan peyi m te fè sèman m ap abite ladan l avèk nou an, eksepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun nan”, paske yo te bay yon bon rapò lè yo te sot espyone latè Pwomiz (Nonb 14:30, 37, 38, NW). Annapre, ann amoni ak enstriksyon Bondye te bay Moyiz la, se Jozye ki te vin ranplase Moyiz (Nonb 27:18-23). Men sa Jewova te di Jozye lè lè a te rive pou Jozye fè Izrayelit yo antre nan peyi Kanaran: “Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. Pinga w tranble e pinga w panike, paske Jewova Bondye w la avèk ou kèlkeswa kote w prale.” — Joz. 1:9NW.

9. Ki santiman Rahab te genyen anvè Jewova ak pèp Jewova a?

9 Vrèmanvre, Jewova Dye te la avèk Jozye kèlkeswa kote Jozye te ale. Pa egzanp, ann wè sa k te pase lè Izrayelit yo te tabli kan yo toupre vil kananeyen ki te rele Jeriko a. Nan ane 1473 anvan epòk nou an, Jozye te voye de Izrayelit al espyone Jeriko. Lè mesye yo rive nan vil la, yo te rankontre yon pwostitye ki rele Rahab. Rahab te kache mesye yo yon fason pou moun wa Jeriko a te voye al chèche yo a pa t jwenn yo. Men sa Rahab te di espyon Izrayelit yo: “Wi, mwen konnen Jewova ap ban nou peyi a kanmenm [...]. Paske, nou tande ki jan Jewova te seche dlo lanmè Wouj la devan nou [...]. Nou tande sa nou te fè de wa peyi Amorit yo.” Li te ajoute: “Jewova, Bondye nou an, se Bondye nan syèl la, anwo, e li se Bondye sou tè a, anba.” (Joz. 2:9-11NW). Lefètke Rahab te pran pozisyon pou òganizasyon Jewova a nan epòk sa a, Jewova te fè yon fason pou Rahab ak fanmi l chape lè Izrayelit yo te detwi vil Jeriko (Joz. 6:25). Rahab te gen lafwa nan  Jewova, li te gen gwo respè pou Jewova, e l te demontre respè pou pèp Jewova a tou.

YON ÒGANIZASYON NAN PREMYE SYÈK LA KI TE TOUJOU AP BOUJE

10. Ki sa Jezi te di chèf relijye juif nan epòk li a, e ki sa k fè l te di yo pawòl sa a?

10 Anba direksyon Jozye, pèp Izrayèl la te mache pran vil sou vil nan peyi Kanaran epi yo te abite ladan yo. Men, ki sa k te vin pase annapre? Pandan plizyè syèk, Izrayelit yo pa t janm sispann vyole lwa Bondye yo. Lè Jewova te voye Pitit gason l vin sou tè a, yo te tèlman pa obeyi Bondye e yo te tèlman pa koute pòtpawòl Bondye yo, sa te fè Jezi te rele Jerizalèm “vil k ap touye pwofèt yo”. (Li Matye 23:37, 38.) Bondye te rejte chèf relijye Juif yo paske yo pa t fidèl. Pou rezon sa a, Jezi te di yo: “Y ap retire wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi wayòm nan y ap bay li.” — Mat. 21:43.

11, 12. a) Ki prèv ki montre nan premye syèk la, Bondye te sispann beni nasyon juif la e l te kòmanse beni yon lòt òganizasyon? b) Ki moun ki te vin fè pati nouvo òganizasyon Bondye ap soutni an?

11 Nan premye syèk epòk nou an, Jewova te rejte nasyon Izrayèl la ki pa t fidèl. Sepandan, sa pa t vle di Jewova t ap rete san l pa gen okenn òganizasyon ki gen moun fidèl sou tè a k ap sèvi l. Jewova te vin vide benediksyon l sou yon nouvo òganizasyon ki te toujou ap bouje, e ki te konsantre sou Jezi ansanm ak ansèyman Jezi yo. Òganizasyon sa a te kòmanse fonksyone nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Nan moman sa a, te gen anviwon 120 disip Jezi ki te reyini yon kote nan Jerizalèm lè “bridsoukou, [te vin] gen yon bri ki sot nan syèl la ki tankou bri yon gwo van ki pase rapid, e bri a gaye nan kay” la. Apre sa, te vin gen “yon bann lang, ki tankou dife, ki parèt e ki gaye, youn al poze sou tèt chak moun. Yo tout [te] vin ranpli ak lespri sen, e yo kòmanse pale divès lang, jan lespri a te pèmèt yo fè sa”. (Tra. 2:1-4.) Bèl evènman sa a ki te rive a te bay bonjan prèv ki montre Jewova t ap soutni nouvo òganizasyon sa a, yon òganizasyon ki te gen disip Kris yo ladan l.

12 Nan bèl jounen sa a, te “gen anviwon 3 000 moun ki te vin ajoute” sou kantite disip Jezi yo. Mete sou sa, “chak jou, Jewova te kontinye voye plis moun vin jwenn yo, moun ki t apral jwenn delivrans lan”. (Tra. 2:41, 47.) Travay moun sa yo ki t ap preche nan premye syèk la te fè a, te tèlman efikas opwen “pawòl Bondye a te kontinye ap gaye, [epi] kantite disip yo te kontinye ap ogmante rapidman nan Jerizalèm”. Te menm “gen anpil prèt ki te vin gen lafwa”. (Tra. 6:7.) Konsa, anpil moun ki te sensè te aksepte verite moun ki te vin fè pati nouvo òganizasyon sa a t ap preche yo. Apre sa, yon lòt fwa ankò, Jewova te montre li t ap soutni òganizasyon sa a lè l te kòmanse fè “moun ki soti nan lòt nasyon” yo antre nan kongregasyon kretyen an. — Li Travay 10:44, 45.

13. Ki travay nouvo òganizasyon Bondye a ap fè?

13 Nou pa gen okenn dout konsènan travay Bondye te bay disip Kris yo fè a. Dayè, Jezi li menm te kite yon egzanp pou yo, paske tousuit apre l te fin batize, li te kòmanse preche konsènan “wayòm syèl la”. (Mat. 4:17.) Jezi te anseye disip li yo pou yo fè menm travay la. Men sa l te di yo: “Nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Premye disip Kris yo te byen konnen ki travay yo dwe fè. Pa egzanp, pandan Pòl ak Banabas te nan vil Antyòch ki te nan Pizidi a, avèk kouraj, yo te di Juif ki te opoze yo: “Li te nesesè pou se nou menm yo te anonse pawòl Bondye a an premye. Men, piske nou voye l jete, e nou pa twouve nou diy pou nou resevwa lavi ki pap janm fini an, ebyen, n ap vire bò kot moun ki nan nasyon yo.  Anfèt, men kòmandman Jewova ban nou: ‘Mwen chwazi w kòm limyè pou nasyon yo, pou w ka anonse mwayen pou moun sove a jis nan dènye bout tè a.’” (Tra. 13:14, 45-47). Depi nan premye syèk la, pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a pa janm sispann fè moun konnen dispozisyon Bondye pran pou delivre yo a.

ANPIL NAN YO TE PÈDI LAVI YO, MEN SÈVITÈ BONDYE YO TE SOVE

14. Ki sa k te rive Jerizalèm nan premye syèk epòk nou an, men, ki moun ki te chape?

14 Pifò Juif pa t aksepte bon nouvèl la, e se sa k fè, kalamite t apral tonbe sou yo paske Jezi te di disip li yo: “Lè nou wè lame yo tabli kan toutotou Jerizalèm, lè sa a, konnen lè pou yo ravaje l la ap pwoche. Lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn, moun ki anndan Jerizalèm yo mèt retire kò yo, e kanta moun ki andeyò Jerizalèm yo, yo pa dwe antre anndan l.” (Lik 21:20, 21). Èske sa Jezi te anonse a te fèt vre? Nan ane 66 epòk nou an, anba direksyon Cestius Gallus, lame women an te antoure Jerizalèm paske Juif yo t ap revòlte. Sepandan, bridsoukou, sòlda sa yo te kase tèt tounen Wòm, sa ki te bay disip Jezi yo posiblite pou yo kite Jerizalèm ak Jide. Selon sa yon istoryen ki rele Eusebius fè konnen, gen anpil moun ki te travèse rivyè Jouden an pou y al Pela, yon vil ki te twouve l nan Pere. Nan ane 70 epòk nou an, anba direksyon jeneral Titis, lame women an te retounen Jerizalèm epi l te detwi vil la. Sepandan, kretyen fidèl yo te chape paske yo te koute avètisman Jezi a.

15. Ki sa ki pa t ka anpeche Krisyanis la kontinye pwogrese?

15 Malgre difikilte, pèsekisyon ansanm ak anpil lòt bagay ki te pase lafwa disip Kris yo anba eprèv, Krisyanis la te kontinye pwogrese nan premye syèk la (Tra. 11:19-21; 19:1, 19, 20). Premye kretyen sa yo te kontinye pwogrese nan domèn espirityèl paske Bondye te beni yo. — Pwo. 10:22.

16. Ki sa kretyen yo te dwe fè pou yo te ka pwogrese nan domèn espirityèl?

16 Pou kretyen yo te pwogrese nan domèn espirityèl, yo chak te dwe fè pwòp efò pa yo. Li te enpòtan pou kretyen yo fè bonjan etid nan Ekriti yo, pou yo te asiste reyinyon ki fèt pou adore Bondye yo, epi pou yo te zele nan travay predikasyon Wayòm nan. Nan epòk sa a, aktivite sa yo te ede pèp Jewova a pou yo rete djanm nan domèn espirityèl epi pou yo sèvi l nan inite, e se menm bagay la tou pou nou jodi a. Moun ki te vin fè pati kongregasyon premye syèk la, ki te byen òganize, te jwenn anpil byenfè grasa bonjan èd siveyan yo ansanm ak asistan ministeryèl yo te ba yo (Fil. 1:1; 1 Pyè 5:1-4). E se pa ti kontan yo dwe te konn kontan lè kèk ansyen ki te siveyan itineran, pa egzanp Pòl, te konn vin vizite kongregasyon yo (Tra. 15:36, 40, 41)! Gen anpil resanblans ant fason n ap adore Jewova a ak fason premye kretyen yo te konn adore l la. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jewova te òganize sèvitè l yo nan epòk sa a, e dèske l fè sa nan epòk nou an tou *!

17. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Toutpandan monn Satan an ap pwoche pi pre pou l rive nan bout li nan dènye jou sa yo, pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a kontinye ap pwogrese nan yon vitès li potko janm pran anvan sa. Èske w kontinye mache pazapa avè l? Èske w kontinye pwogrese nan domèn espirityèl? Atik ki vin apre a pral montre w kòman w ka fè sa.

^ § 16 Gade atik ki gen tit “Les chrétiens adorent Dieu avec l’esprit et la vérité” a ansanm ak atik ki gen tit “Ils continuent à marcher dans la vérité” a ki te parèt nan Toudegad 15 jiyè 2002, fransè. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a jodi a, gade liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a.