Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki espwa ki gen pou zansèt mwen yo?

Ki espwa ki gen pou zansèt mwen yo?

SA GEN kèk tan, gen yon tit frapan ki te parèt nan yon jounal nan peyi Kore kote yo te poze kesyon sa a: “Èske ‘bon moun ki rele Shim Cheong’ nan, ki pa t konn anyen sou Jezi, te ale nan lanfè?” — The Chosun Ilbo.

Tit sa a te choke anpil moun paske Shim Cheong se yon jèn dam yo pale de li nan lejann Koreyen yo e moun yo renmen l anpil. Li te fè anpil sakrifis pou l ede papa l ki te avèg. Tank ane ap pase, moun yo te fè anpil lwanj pou li. Anfèt, nan peyi Kore, yo konsidere “Shim Cheong” kòm yon bèl egzanp pitit fi ki devwe.

Pou anpil moun, jis panse yo pral boule yon moun konsa nan lanfè senpleman paske l pa t batize antanke kretyen sanble yon bagay ki enjis, sa menm choke yo. Epitou, istwa sa a dwe te pase lontan anvan yo te kòmanse preche mesaj konsènan Kris la nan vilaj dam sa a te rete a.

Nan atik la, yo te fè yon entèvyou ak yon manm klèje. Yo te mande l èske tout moun ki mouri san yo pa t gen posiblite pou yo aprann konnen Jezi kondane pou y al boule nan lanfè. Ki repons li te bay? Men sa l te di: “Nou pa konnen. Nou jis panse Bondye ki gen sajès ap fè yon bagay [pou moun sa yo].”

ÈSKE YON MOUN DWE BATIZE POU L SOVE?

Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Batèm nan nesesè pou yon moun ka sove. Jan Kris te di sa, pou yon moun fèt yon lòt fwa ankò, fòk li batize nan dlo e fòk li resevwa lespri sen. Si se pa sa, li pa ka antre nan wayòm Bondye a (Jn 3.5).” ​(The New Catholic Encyclopedia). Pou rezon sa a, kèk moun kwè moun ki mouri san yo pa t batize yo, y ap lage yo nan lanfè oswa y ap soufri yon fason kèlkonk apre yo fin mouri.

Sepandan, gen anpil lòt moun ki panse li pa lojik pou moun kwè yon bagay konsa. Gen plizyè milyon moun ki mouri ki pa t janm tande pale de Bib la. Èske yo merite pou y al toumante yo etènèlman? Ki sa Bib la di sou sa?

ESPWA BIB LA BAY

Yon fason klè, Bib la montre Bondye pa neglije moun ki pa t konnen sa li te mande pou yo fè lè yo te vivan. Men ki asirans nou jwenn nan Travay 17:30: “Bondye te fèmen je l sou tan kote moun yo te nan inyorans.” Kidonk, ki espwa Bib la bay pou moun ki mouri san yo pa t gen posiblite pou yo aprann konnen Bondye?

Lè Jezi te di: “W ap avèk mwen nan Paradi a”, ki sans pwomès sa a genyen?

Nou jwenn repons lan nan pawòl Jezi te di youn nan kriminèl ki t apral mouri bò kote l yo. Mesye a te di Jezi: “Sonje m lè w vin wa.” Ki repons Jezi te ba l? “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” — Lik 23:39-43.

Èske Jezi te pwomèt mesye a li pral nan syèl? Non. Mesye a pa t “fèt yon lòt fwa ankò”, li pa t batize nan dlo ni li pa t resevwa lespri sen e bagay sa yo se kondisyon pou moun antre nan Wayòm syèl la (Jan 3:3-6). Olye de sa, Jezi te pwomèt kriminèl la li pral viv nan Paradi a. Antanke juif, mesye a te abitye ak kesyon Paradi sou tè a, sètadi jaden Edenn nan, yon jaden yo dekri nan premye liv ki nan Bib la (Jenèz 2:8). Pwomès Jezi te fè mesye a te ba l yon espwa ki sèten l ap resisite lè tè a vin yon paradi ankò.

Anfèt, Bib la pwomèt ap gen “yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis”. (Travay 24:15.) “Moun ki enjis” yo se moun ki te mouri san yo pa t fè sa Bondye mande paske yo pa t konnen volonte Bondye. Jezi pral resisite kriminèl sa a ki “enjis” ki te pale avè l, menm jan Jezi pral fè sa pou plizyè milyon moun, e menm pou plizyè milya moun ki te mouri nan inyorans. Apre sa, nan Paradi a, yo pral anseye yo sa Bondye mande pou yo fè, e yo pral gen posiblite pou yo pwouve yo renmen Bondye lè yo obeyi kòmandman l yo.

LÈ MOUN KI ENJIS YO RESISITE

Lè “moun ki enjis” yo resisite, èske y ap jije yo sou baz sa yo te fè lontan? Non. Women 6:7 di: “Yon moun ki mouri peye pou peche l.” Lefètke moun ki enjis yo mouri, yo gentan peye pou peche yo. Konsa, yo pral jije yo sou baz sa yo fè apre yo fin resisite. Yo pa pral jije yo sou baz sa yo te fè anvan yo te mouri. Ki byenfè yo pral jwenn?

Apre moun ki jis yo fin resisite, yo pral gen posiblite pou yo aprann konnen lwa Bondye yo, yon seri lwa moun pral konnen apre yo fin ouvri woulo senbolik yo. Lè sa a, yo pral jije yo “selon aksyon yo”, sètadi èske yo obeyi lwa Bondye yo oswa èske yo pa obeyi yo (Revelasyon 20:12, 13). Pou anpil moun ki enjis se pa yon dezyèm chans sa ap ye, men se pral premye vrè posiblite y ap jwenn pou yo gen lavi etènèl sou tè a lè yo aprann konnen Bondye epi yo fè volonte l.

Ansèyman sa a ki soti nan Bib la ede anpil moun gen lafwa nan Bondye ankò. Yeong Sug se youn nan moun sa yo. Dam sa a te leve antanke fran katolik. Plizyè moun nan fanmi l te prèt. Etandone li te vle vin mè, li te antre nan kouvan. Annapre, li te kite kouvan an paske l te desi poutèt sa l te wè ki t ap pase nan kouvan an. Sa k pi rèd la, li pa t ka aksepte doktrin lanfè a paske l te panse si Bondye ta tòtire moun nan dife lanfè sa pa t ap jis ni sa pa t montre l gen lanmou.

Apre sa, gen yon Temwen Jewova ki te montre Yeong Sug pawòl sa yo nou jwenn nan Bib la ki di: “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men kanta pou moun ki mouri yo, yo pa konn anyen ditou, nitou yo pa gen salè ankò.” ​(Eklezyas 9:5, NW). Sè a te ede l konprann zansèt li yo pa al toumante nan yon dife lanfè. Okontrè, y ap dòmi nan lanmò, y ap tann pou yo resisite.

Etandone Yeong Sug te konnen gen anpil moun ki poko janm tande pale de verite ki nan Bib, li te pran trèzoserye pawòl sa a Jezi te di nan Matye 24:14: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” Kounye a, l ap preche bon nouvèl la e l ap pataje bèl esperans li genyen ki baze sou Bib la ak lòt moun.

“BONDYE PA GEN PATIPRI”

Bib la fè nou konnen: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Travay 10:34, 35). Se kalite jistis san fay sa a nou atann Bondye genyen, li menm ki ‘renmen ladwati e ki renmen jistis’. — Sòm 33:5, NW.