Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la”

“Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la”

“Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.” — MAT. 22:37.

1. Ki sa k te pèmèt lanmou Bondye ak Pitit li a gen youn pou lòt la grandi?

MEN sa Jezi Kris, Pitit gason Jewova a, te fè konnen: “Mwen renmen Papa a.” (Jan 14:31). Jezi te di tou: “Papa a gen afeksyon pou Pitit la.” (Jan 5:20). Nou pa ta dwe sezi pou sa! Dayè, pandan tout ane Jezi te pase nan syèl la anvan l vin sou tè a, li t ap sèvi antanke “ouvriye abil” Bondye (Pwo. 8:30, NW). Toutpandan Jewova ak Jezi t ap travay ansanm, Pitit la te aprann anpil bagay konsènan kalite Papa l genyen yo, e l te jwenn yon pakèt rezon pou l renmen Papa l. Anfèt, etandone yo te konn travay kòtakòt, se sèten sa te fè lanmou yo te gen youn pou lòt la grandi.

2. a) Ki sa renmen yon moun vle di? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Lè yon moun renmen yon moun, li gen anpil afeksyon pou moun sa a. Men sa salmis David te di nan yon chante: “Mwen gen afeksyon pou ou, o Jewova, ou menm ki se fòs mwen.” (Sòm 18:1, NW). Etandone Bondye gen afeksyon pou nou, se menm santiman sa a nou dwe genyen pou li tou. Si nou obeyi Jewova, l ap renmen nou. (Li Detewonòm 7:12, 13.) Men, etandone n pa ka wè Bondye, èske n ka renmen l toutbon? Ki sa renmen Jewova vle di? Poukisa nou dwe renmen l? Epi ki jan nou ka montre nou renmen Bondye?

 REZON KI FÈ L POSIB POU N RENMEN BONDYE

3, 4. Ki sa k fè l posib pou nou renmen Jewova?

3 Etandone “Bondye se yon Espri”, nou pa ka wè l (Jan 4:24). Poutan, li posib pou nou renmen Jewova, epi nou jwenn ankourajman nan Ekriti yo pou nou demontre lanmou sa a. Pa egzanp, men sa Moyiz te di Izrayelit yo: “Se pou nou renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou.” — Det. 6:5, NW.

4 Ki sa k fè n kapab renmen Bondye anpil? Se paske l kreye nou yon fason ki fè n rann nou kont nou gen bezwen l, epi l kreye nou ak kapasite pou nou demontre lanmou. Lè nou satisfè bezwen espirityèl nou genyen an kòmsadwa, nou vin renmen Jewova pi plis e nou vin gen bonjan rezon pou kè n kontan. Men sa Jezi te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye, piske wayòm syèl la se pou yo.” (Mat. 5:3). Men sa yon ekriven te fè konnen konsènan sa kèk moun rele anvi lèzòm genyen pou yo adore Bondye a: “Nou ta dwe gen lakrentif, nou ta dwe ret bouch ouvè e nou ta dwe demontre respè pou jan nou wè se toupatou lòm ap chèche prezans yon èt siprèm e pou jan nou wè li kwè nan Li.” — Lòm pa ka izole tèt li (anglè), A. C. Morrison.

5. Ki jan nou fè konnen lè yon moun ap chèche Bondye se pa pou granmesi l ap fè sa?

5 Èske lè yon moun ap chèche Bondye se pou granmesi l ap fè sa? Non. Rezon an se paske Bondye vle nou jwenn li. Apot Pòl te montre sa byen klè lè l t ap preche yon gwoup moun ki te rasanble nan Areyopaj la. Sa te pase yon kote moun te ka wè Patenon an delwen. Patenon an se te tanp yo te bati pou deyès Atena, yon deyès yo te panse ki t ap pwoteje vil Atèn tan lontan an. Imajine w te la pandan Pòl t ap pale konsènan “Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l” lan, epi annapre, li fè konnen Bondye sa a “pa abite nan tanp moun fè ak men”. Anplis de sa, apot la te fè konnen Bondye te “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon, pou yo abite sou tout kò tè a. Li fikse tan, e li mete limit kote pou moun rete, dekwa pou yo chèche Bondye, e menm pou yo tatonnen pou yo jwenn li e pou yo jwenn li vre, byenke, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou”. (Tra. 17:24-27.) Vrèmanvre, lèzòm ka jwenn Bondye. Gen plis pase 7,5 milyon Temwen Jewova ki rive “jwenn li vre”, e ki renmen l toutbon.

SA RENMEN BONDYE VLE DI

6. Ki kòmandman Jezi te di ki “pi gwo kòmandman an”?

6 Lanmou nou gen pou Jewova a dwe soti nan kè nou. Jezi te montre sa byen klè lè yon Farizyen te mande l: “Anseyan, ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?” Kòm repons, Jezi te di l: “‘Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a.” — Mat. 22:34-38.

7. Ki sa sa vle di pou n renmen Bondye ak a) “tout kè” nou? b) “tout nanm” nou? c) “tout lespri” nou?

7 Ki sa Jezi te vle di lè l te di nou dwe renmen Bondye ak “tout kè” n nan? Li te vle di nou dwe renmen Jewova ak tout kè senbolik nou an, sa ki gen ladan l sa n anvi, emosyon nou ak sa n santi. Nou dwe renmen Jewova tou ak “tout nanm” nou, sa vle di tout lavi nou oswa tout moun nou ye a. Anplis de sa, nou dwe renmen Bondye ak “tout lespri” nou, sa vle di tout entèlijans nou. Anfèt, nou dwe renmen Jewova ak tout nou menm, sa vle di san rezèv.

8. Lè n renmen Bondye ak tout nou menm, ki sa sa ap pouse n fè?

8 Si n renmen Bondye ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou, n ap vin moun k ap fè bonjan etid nan Pawòl Bondye a, n ap travay ak tout kè nou pou objektif li yo reyalize epi n ap montre nou zele nan fason n ap preche bon nouvèl Wayòm li an (Mat. 24:14; Wom. 12:1, 2). Bonjan lanmou nou gen pou Jewova ap fè nou vin pi pwòch avè l (Jak 4:8). Nòmalman, li pa posib pou n fè yon lis ki gen tout rezon ki fè n  ta dwe renmen Bondye. Sepandan, ann egzamine kèk nan rezon sa yo.

REZON KI FÈ NOU DWE RENMEN JEWOVA

9. Ki sa k fè w renmen Jewova antanke Kreyatè w e antanke Moun ki ba w sa w bezwen?

9 Se Jewova ki kreye nou e se li menm ki ban n sa n bezwen. Men sa Pòl te di: “Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” (Tra. 17:28). Se Jewova ki ban nou bèl kay kote nou rete a, anpalan de tè a (Sòm 115:16). Se li menm tou ki ban nou manje ansanm ak tout lòt bagay nou bezwen pou nou ka kontinye viv. Se sa k fè, Pòl te kapab di moun ki t ap viv nan vil Lis yo, yon seri moun ki t ap adore zidòl: “Bondye vivan an [...] pa t sispann bay temwayaj sou tèt li paske li fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.” (Tra. 14:15-17). Èske sa se pa yon rezon nou genyen pou n renmen Gran Kreyatè nou an, li menm ki ban n sa n bezwen paske l renmen nou? — Ekl. 12:1.

10. Ki jan nou ta dwe reyaji devan dispozisyon Bondye pran pou n soti anba peche ak lanmò a?

10 Bondye ban n posiblite pou n soti anba peche ak lanmò nou eritye nan men Adan an (Wom. 5:12). Bib la di: “Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:8). Vrèmanvre, etandone Jewova ban n posiblite pou n jwenn padon pou peche nou yo, si nou repanti e si nou demontre lafwa nan sakrifis ranson Jezi a, sa fè nou vin gen plis lanmou pou li. — Jan 3:16.

11, 12. Nan ki sans Jewova ban nou espwa?

11 Jewova ‘ban nou yon esperans ki ranpli nou ak yon jwa e ak yon lapè total’. (Wom. 15:13.) Esperans Bondye bay la pèmèt nou andire lè lafwa n ap pase anba eprèv. Moun ki gen esperans pou al nan syèl la e ki ‘rete fidèl jiska lamò yo ap resevwa kouwòn lavi a’. (Rev. 2:10.) Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a e ki rete fidèl yo pral jwi yon pakèt benediksyon k ap dire toutan nan Paradi a k ap sou tout tè a (Lik 23:43). Ki jan n santi nou lè n aprann bèl bagay sa yo? Èske n pa santi n kontan anpil, èske n pa santi n anpè, e èske sa pa fè n renmen Moun ki ban nou “tout bèl don ak tout kado pafè” a? — Jak 1:17.

12 Bondye ban nou esperans rezirèksyon an, yon esperans ki bay rekonfò (Tra. 24:15). Se sèten, lè nou gen yon moun nou renmen ki mouri, sa lage nou nan gwo lapèn. Men, “nou pa nan lapenn menm jan ak lòt moun yo ki pa gen esperans” paske nou gen esperans rezirèksyon an (1 Tes. 4:13). Lanmou Jewova Dye gen pou nou an fè l gen gwo anvi pou l resisite moun ki mouri yo, sitou moun ki fidèl yo, moun tankou Jòb, yon nonm ki te jis (Jòb 14:15). Imajine lajwa ki pral genyen lè moun ki mouri yo pral resisite pou yo viv sou tè a ankò. Se pa ti renmen nou renmen Papa nou ki nan syèl la, li menm ki ban nou bèl esperans rezirèksyon an!

13. Ki prèv nou genyen ki montre Bondye vrèman gen sousi pou nou?

13 Jewova gen sousi pou nou toutbon. (Li Sòm 34:6, 18, 19; 1 Pyè 5:6, 7.) Piske nou konnen Bondye ki renmen nou anpil la toujou prè pou l ede moun ki fidèl anvè l yo, antanke “mouton ki nan savann” li nou santi nou an sekirite (Sòm 79:13). Anplis de sa, lanmou Bondye gen pou nou an pral parèt aklè, lè Bondye pral akonpli yon seri bagay pou nou pa mwayen Wayòm Mesyanik la. Apre Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a, fin debarase tè a ak vyolans, enjistis ak mechanste, moun ki obeyisan yo pral jwenn lapè ak pwosperite kòm benediksyon (Sòm 72:7, 12-14, 16). Èske w pa dakò tout bèl bagay sa yo ban nou rezon pou nou renmen Bondye ki gen sousi pou nou an ak tout kè nou, tout nanm nou, tout fòs nou, e ak tout lespri nou? — Lik 10:27.

14. Ki gwo privilèj Bondye ban nou?

14 Jewova fè nou favè lefètke li ban nou gwo privilèj pou nou sèvi l antanke Temwen l (Iza. 43:10-12). Nou renmen Bondye  paske l ban nou posiblite pou n soutni souvrènte l epi pou n pote bonjan espwa pou moun yo nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm. Anplis de sa, etandone n ap pwoklame yon bon nouvèl ki baze sou Pawòl vrè Dye a, Pawòl sa a ki gen yon seri pwomès ki bay espwa e k ap reyalize san mank, sa fè n ka pale ak lafwa e ak konviksyon. (Li Jozye 21:45; 23:14.) Se sèten, si n ta pran pou n site tout benediksyon nou jwenn ak tout rezon nou genyen pou n renmen Jewova, nou pa t ap janm fini. Men, ki jan nou ka montre nou renmen Bondye?

FASON NOU KA MONTRE NOU RENMEN BONDYE

15. Ki jan lè n etidye Pawòl Bondye a ak lè n aplike sa n aprann yo sa ka ede nou?

15 Fè bonjan etid nan Pawòl li a epi aplike sa n aprann yo. Lè nou fè sa, nou montre nou renmen Jewova epi n vle pou Pawòl li a tounen yon “limyè k’ap klere chemen” nou toutbon (Sòm 119:105). Si n ap fè fas ak sitiyasyon difisil, nou kapab jwenn rekonfò nan kèk bèl pawòl ki ban n asirans tankou pawòl sa yo: “O Bondye, ou pap meprize yon kè k ap fann.” Oswa: “Lanmou w ak fidelite w te soutni m, o Jewova. Lè enkyetid anvayi m, ou konsole m, ou soulaje m.” (Sòm 51:17; 94:18, 19, NW). Jewova montre l gen pitye pou moun k ap soufri yo, e Jezi tou montre l gen pitye pou moun (Iza. 49:13; Mat. 15:32). Lè n etidye Bib la, sa ka ede n wè jan Jewova gen sousi pou nou, e sa ka pouse n demontre gwo lanmou pou li anretou.

16. Lè n priye Bondye regilyèman, ki jan sa ka fè n vin pi renmen l?

16 Priye Bondye regilyèman. Priyè nou yo fè n vin pi pwòch Moun “ki konn tande priyè” a (Sòm 65:2, NW). Lè n wè jan Bondye reponn priyè nou yo, sa fè nou vin renmen l pi plis. Pa egzanp, nou kapab wè jan li pa janm kite nou tante depase sa nou ka sipòte (1 Kor. 10:13). Lè n gen pwoblèm, si n priye Jewova avèk gwo siplikasyon, petèt sa ap fè n jwenn “lapè Bondye” ki san parèy la (Fil. 4:6, 7). Menm jan ak Neyemya, pafwa, nou gendwa fè yon priyè an silans, epi n rann nou kont Bondye reponn priyè a (Ney. 2:1-6). Toutpandan n ap “pèsevere nan lapriyè” epi n rann nou kont Jewova reponn priyè nou yo, nonsèlman n ap vin pi renmen Jewova, men tou, n ap vin gen plis konfyans Jewova ap ede n fè fas ak kèlkeswa eprèv lafwa n ap sibi. — Wom. 12:12.

17. Si nou renmen Bondye, ki jan n ap konsidere reyinyon yo?

 17 Pran abitid asiste reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo (Ebre 10:24, 25). Izrayelit yo te rasanble pou yo koute Jewova epi pou yo aprann konnen l yon fason pou yo te ka gen lakrentif pou li e pou yo te ka aplike Lwa l te ba yo a (Det. 31:12). Si nou renmen Bondye toutbon, nou pap twouve l difisil pou n fè volonte l. (Li 1 Jan 5:3.) Se sa k fè, nou pa dwe kite anyen fè n pa bay reyinyon nou yo valè. Se sèten, nou pa vle kite anyen fè n pèdi lanmou n te gen pou Jewova okòmansman an. — Rev. 2:4.

18. Anrapò ak bon nouvèl la, ki sa lanmou pou Bondye pouse n fè?

18 Preche lòt moun yo “verite ki nan bon nouvèl la” avèk zèl (Gal. 2:5). Lanmou nou gen pou Bondye a pouse n pale konsènan Wayòm Mesyanik Pitit gason li renmen anpil la, Pitit ki pral “batay [...] pou laverite” pandan gè Amagedòn nan (Sòm 45:4; Rev. 16:14, 16). Se pa ti kontan nou kontan dèske n gen posiblite pou n patisipe nan travay fè disip la, lè n ede moun yo aprann konnen lanmou Bondye gen pou yo ansanm ak pwomès li fè konsènan monn nouvo l la! — Mat. 28:19, 20.

19. Ki sa k fè n dwe apresye dispozisyon Jewova pran pou yo pran swen twoupo l la?

19 Montre nou apresye dispozisyon Bondye pran pou yo pran swen twoupo l la (Tra. 20:28). Jewova toujou vle sa k pi bon pou nou, se sa k fè l pran dispozisyon pou l ban nou ansyen yo. Ansyen yo “tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli, tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon mas wòch nan yon tè ki depafini”. (Iza. 32:1, 2, NW.) Se pa ti kontan nou t ap kontan si n ta jwenn yon kote pou n kache kont yon gwo van tanpèt oswa kont yon tanpèt lapli! Lè n gen yon solèy cho k ap bat nou, nou kontan anpil lè n jwenn lonbray anba yon mas wòch. Imaj sa yo Jewova itilize a ede n konprann fason ansyen yo ap ban nou bonjan èd ak rekonfò nan domèn espirityèl. Lè n obeyi moun ki pran latèt pami nou yo, se montre nou montre jis nan ki pwen nou apresye “gason kòm kado” sa yo, epi, se yon fason tou pou n montre aklè nou renmen Bondye e nou renmen Kris, li menm ki se Chèf kongregasyon an. — Efe. 4:8; 5:23; Ebre 13:17.

Jewova ban nou bèje ki montre yo vrèman enterese ak twoupo a. (Gade paragraf 19.)

KONTINYE RENMEN BONDYE PI PLIS

20. Si nou renmen Bondye, ki jan n ap reyaji devan pawòl nou jwenn nan Jak 1:22-25 lan?

20 Si w gen bon relasyon ak Jewova, ou pap ‘yon moun k ap tande pawòl la sèlman, men, w ap yon moun k ap fè travay la’. (Li Jak 1:22-25.) Yon moun k ap ‘fè travay la’ se yon moun ki gen kalite lafwa ki pèmèt li zele nan travay predikasyon an epi patisipe nan reyinyon yo. Si w gen bonjan lanmou pou Jewova, w ap dispoze obeyi “lwa pafè” Jewova a ki gen ladan l tout sa l mande w fè. — Sòm 19:7-11.

21. Ak ki sa nou kapab konpare priyè sensè nou fè yo?

21 Lanmou w gen pou Jewova Dye a ap pouse w priye l ak tout kè w souvan. Men sa salmis David te di nan yon chante pandan l t ap pale konsènan lansan yo te konn boule chak jou pandan alyans Lalwa a: “Se pou lapriyè m moute devan ou [Jewova] tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.” (Sòm 141:2; Egz. 30:7, 8). Se pou priyè w fè ak imilite yo, siplikasyon w fè ak yon kè sensè ansanm ak louwanj ak remèsiman w fè bay Bondye yo vin tankou lansan santi bon sa a ki reprezante priyè Bondye aksepte yo! — Rev. 5:8.

22. De ki kalite lanmou nou pral pale nan atik ki vin apre a?

22 Jezi te di nou dwe renmen Bondye e nou dwe renmen pwochen nou tou (Mat. 22:37-39). Toutpandan nou pral egzamine kalite sa a plis toujou nan atik ki vin apre a, lanmou nou gen pou Jewova ak prensip li yo ap ede n byen antann nou ak lòt moun, e l ap ede n demontre lanmou pou pwochen nou.