Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Ki sa moun ki t ap konstwi bato nan tan lontan yo te fè pou dlo pa antre nan bato yo?

Lionel Casson, yon espesyalis ki etidye ansyen bato, esplike sa moun ki t ap konstwi bato nan epòk Women yo te konn fè pou yo bouche jwen ki te ant fèy planch yo. Byen souvan, “yo te konn pase yon bagay yo rele pwa [bitim] nan jwen bato a oubyen yo te menm konn badijonnen tout kò bato a ak pwa, pafwa yo melanje pwa a ak lasi pou yo fè travay la. Epi, pa anndan bato a yo te konn pase yon kouch pwa tou”. Byen lontan anvan Women yo, ansyen Akadyen yo ak Babilonyen yo te konn itilize bitim tou pou yo ka anpeche dlo antre nan bato yo.

Te gen anpil bitim likid nan peyi Bib la site yo.

Nan liv ki te ekri ann Ebre yo, nan Jenèz 6:14, yo fè referans ak yon teknik konsa. Sa klè, mo ebre lè yo tradui l ki bay “goudwon” an fè referans ak bitim, yon pwodui natirèl nou jwenn nan petwòl.

Bitim nan egziste sou de fòm, youn likid, youn solid. Moun ki te konn konstwi bato nan tan lontan yo te konn itilize bitim ki likid la. Yo te konn pase l dirèkteman sou bato a. Apre sa, bitim nan te vin sèch e li te vin di jis li fòme yon kouch ki anpeche dlo antre nan bato a.

Te gen anpil bitim nan peyi Bib la site yo. Plèn Sidim, ki nan zòn lanmè Sale, “te gen anpil twou byen fon ki te plen [bitim]”. — Jenèz 14:10.

Ki metòd yo te itilize pou yo konsève pwason nan tan lontan?

Depi lontan, pwason se yon manje ki gen anpil enpòtans. Anvan kèk nan apot Jezi yo te kòmanse vwayaje ak Jezi, yo te konn peche pwason nan lanmè Galile (Matye 4:18-22). Yo te konn voye prepare omwen yon pati nan pwason yo te pran yo nan kèk “endistri” ki te toupre yo.

De pechè pwason ejipsyen nan tan lontan.

Petèt, teknik yo te itilize pou yo konsève pwason nan zòn Galile tan lontan an moun toujou itilize l nan kèk zòn jodi a. Toudabò, yo retire trip pwason yo epi yo lave yo nan dlo. Men kòman yon liv dekri lòt etap yo: “Apre sa, yo mete gwo sèl anndan pwason yo, nan gòjèt yo, nan bouch yo, epi yo pase gwo sèl sou kò yo ak tout kal. Ansuit, yo met yon kouch sèl, apre sa yo met yon kouch pwason, epi yo kouvri yo ak yon nat ki sèch. Apre 3 a 5 jou, yo chanje pwason yo bò epi yo kite yo pou menm kantite tan an. Pandan pwason yo ap seche, likid ki nan kò yo a soti epi sèl la antre nan chè yo. Lè yo fin seche, yo vin byen fèm e yo vin di”. — Studies in Ancient Technology.

Yo pa konnen konbyen tan pwason yo te ret konsève lè yo te itilize metòd sa a. Sepandan, lefètke Ejipsyen nan tan lontan yo te konn voye pwason ki prepare nan peyi Siri, sa montre metòd yo te itilize yo te mache byen.