Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ap “chèche”?

Èske w ap “chèche”?

FERNANDO * te enkyè. Gen de ansyen ki te mande l pou yo fè yon ti pale avè l an prive. Apre siveyan sikonskripsyon an te fin vizite kongregasyon an plizyè fwa, ansyen yo te esplike l ki sa l dwe fè pou l vin kalifye pou l jwenn plis privilèj nan kongregasyon an. Tank tan t ap pase, Fernando te kòmanse ap mande tèt li si y ap janm nome l ansyen. Kounye a, siveyan sikonskripsyon an fèk fin vizite kongregasyon an. Ki sa ansyen yo ap di l fwa sa a?

Fernando ap koute youn nan ansyen yo k ap pale avè l. Frè a fè referans ak 1 Timote 3:1 epi l di Fernando gwoup ansyen an resevwa yon lèt ki fè konnen li nome kòm ansyen. Fernando sezi epi l di: “Ki sa w di?” Frè a repete sa l te di a, epi Fernando souri. Apre sa, lè yo anonse sa nan kongregasyon an, tout moun nan kongregasyon an te kontan.

Èske sa mal pou yon moun ap chèche gen privilèj nan kongregasyon an? Pa ditou. Selon 1 Timote 3:1, “si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen”. Gen anpil frè ki aplike pawòl ankourajan sa a e ki fè pwogrè nan domèn espirityèl yon fason pou yo kalifye pou yo jwenn privilèj nan kongregasyon an. Kòm rezilta, sa fè pèp Bondye a vin gen plizyè dizèn milye ansyen ak asistan ministeryèl ki gen kapasite k ap ede yo. Men, etandone gen anpil moun k ap antre nan kongregasyon yo, yo bezwen plis frè toujou pou sèvi. Ki pi bon fason yon frè ka fè sa? Èske menm jan ak Fernando moun k ap chèche vin siveyan yo ta dwe ap plede mande tèt yo ki lè y ap nome ansyen?

KI SA “CHÈCHE” VLE DI?

Mo “chèche” a soti nan tradiksyon yon vèb grèk ki gen sans yon gwo anvi e l gen sans detire. Sa ka fè w panse ak yon moun k ap detire kò l pou l pran yon bon fwi ki pandye nan yon pyebwa. Men, yon moun k ap chèche pa vle di li chofe pou l “vin siveyan”. Sa k fè sa? Se paske, moun ki vle sèvi kòm ansyen ak tout kè yo ta dwe vle sa paske yo ta renmen fè “yon bèl travay”, men se pa paske y ap chèche pozisyon.

Yo site anpil nan kondisyon yon moun dwe ranpli pou l fè bèl travay sa a nan 1 Timote 3:2-7 ak Tit 1:5-9. Men sa Raymond, ki gen lontan depi l ap sèvi kòm ansyen, fè konnen konsènan prensip wo nivo sa yo: “Pou mwen menm, sa k pi enpòtan se moun nou ye a. Lè yon moun konn pale byen e l konn anseye, sa enpòtan, men, kapasite sa yo pa ka ranplase enpòtans sa genyen pou yon moun san repwòch, modere nan abitid li, pou l gen bonsans, pou l gen lòd, pou l renmen akeyi moun epi pou l rezonab.”

“Chèche” vin siveyan lè w ede kongregasyon an plizyè fason.

Yon frè k ap chèche vin kalifye toutbon ap montre l se yon moun ki san repwòch lè l evite tout kalite aksyon malonèt ak tout bagay ki pa pwòp. Piske l se yon moun ki modere nan abitid li, ki gen bonsans, ki gen lòd, e ki rezonab, sa fè adoratè parèy li yo fè l konfyans pou l pran latèt e pou l ede yo fè fas ak pwoblèm y ap rankontre yo. Etandone l renmen akeyi moun, sa fè l vin yon sous ankourajman pou jèn yo ak moun ki nouvo nan laverite yo. Li ede moun malad yo ak moun ki aje yo e li rekonfòte yo paske l renmen bonte. Se paske l vle ede lòt moun ki fè li chèche devlope kalite sa yo, men li pa fè sa pou l ka vin gen plis chans pou l nome *.

Se vre gwoup ansyen yo pran plezi pou yo bay konsèy ak ankourajman, men, se moun k ap chèche vin siveyan an ki dwe fè efò anvan pou l respekte kondisyon Ekriti yo mande yo. Men sa, Henry, yon ansyen ki gen eksperyans fè konnen: “Si w ap chèche sèvi, travay di pou w pwouve w kalifye.” Men sa l fè konnen toutpandan l ap fè referans ak Eklezyas 9:10 (NW): “‘Tout sa men w jwenn pou l fè, fè li avèk fòs ou.’ Kèlkeswa asiyasyon ansyen yo ba w, fè l ak tout ou menm. Renmen tout travay yo ba w fè nan kongregasyon an, san wete lè yo mande w pou w netwaye atè a. Rive yon lè, moun ap ka wè travay ak efò w ap fè yo.” Si w ta renmen sèvi kòm ansyen yon jou, ou dwe travay di nan tout aspè nan sèvis sakre a, e moun dwe ka fè w konfyans nan sans sa a. Ou bezwen gen imilite nan tout aspè nan lavi w, e w dwe rejte anbisyon ki mache ak ògèy. — Mat. 23:8-12.

REJTE TOUT PANSE AK TOUT AKSYON KI PA BON

Gen kèk frè k ap chèche gen privilèj nan kongregasyon an, men, yo gendwa fè sa nan entansyon pou yo ka vin ansyen oswa pou yo ka ap eseye enfliyanse gwoup ansyen an. Gen kèk lòt ki konn montre yo pa kontan lè ansyen yo ba yo konsèy. Frè sa yo ta dwe poze tèt yo kesyon sa a: ‘Èske se enterè pa m mwen bay plis enpòtans, oswa se pran swen twoupo Jewova a avèk imilite ki gen plis enpòtans pou mwen?’

Moun k ap chèche vin siveyan yo pa dwe bliye yon lòt kondisyon yo atann pou ansyen yo ranpli. Yo mande ansyen yo pou yo “tounen egzanp pou twoupo a”. (1 Pyè 5:1-3.) Yon moun ki se yon egzanp pou kongregasyon an ap evite gen move panse e l pap fè aksyon ki pa bon. Se yon moun ki chèche vin gen pasyans ki mache ak andirans menmsi l gentan ansyen oswa l poko ansyen. Lè yon moun vin ansyen tout defo l genyen yo pa annik rete konsa yo disparèt (Nonb 12:3; Sòm 106:32, 33). Anplis de sa, ‘konsyans yon frè gendwa pa repwoche l anyen’ alòske gendwa gen lòt moun ki gen kèk rezon pou yo gen move opinyon sou li (1 Kor. 4:4). Kidonk, si ansyen yo ba w konsèy sensè ki sot nan Bib la, fè tout sa w kapab pou w koute yo san w pa fache. Apre sa, travay pou w aplike sa yo di w yo.

E SI W WÈ W TANN TWÒP?

Gen anpil frè k ap tann pou yo nome yo, e yo wè sanble sa pran twòp tan. Si w gen plizyè ane depi w ap “chèche vin siveyan”, èske pafwa w konn santi w pa ka tann ankò? Si se sa, reflechi ak pawòl enspire sa a ki di: “Yon bagay w ap tann ou pa jwenn li nan moman w ap tann li an fè kè a malad, men, lè sa w ta renmen an rive vre, se yon pyebwa lavi li ye.” — Pwo. 13:12, NW.

Yon moun kapab santi l malad lè l wè l poko ka atenn yon objektif li te fikse. Abraram te santi l konsa. Jewova te pwomèt li yon pitit gason, men, plizyè ane te pase e Abraram ak Sara potko janm gen pitit (Jen. 12:1-3, 7). Men sa Abraram te di pandan l t ap antre nan laj: “Jewova, Souvren Seyè a, ki sa w ap ban m piske w wè jis kounye a mwen pa gen pitit [...]. Gade! Ou pa menm ban m pitit.” Jewova te bay Abraram asirans pwomès li te fè pou l ba l yon pitit gason an t ap vin yon reyalite. Sepandan, gen omwen 14 an ankò ki te pase anvan Jewova te reyalize pwomès sa a. — Jen. 15:2-4; 16:16; 21:5.

Èske Abraram te pèdi jwa l te genyen nan sèvis Jewova a pandan l t ap tann nan? Non. Li pa t janm gen dout sou pwomès Bondye a. Li te kontinye tann yon bon rezilta. Men sa apot Pòl te ekri: “Se apre Abraram te fin demontre li gen pasyans, li te jwenn pwomès sa a.” (Ebre 6:15). Finalman, Bondye toupisan an te beni gason fidèl sa a, e l te ba l plis pase sa l t ap atann. Ki sa n ka aprann nan egzanp Abraram nan?

Si w ta renmen sèvi kòm ansyen, men, gen plizyè ane ki gentan pase e sa poko janm fèt, kontinye fè Jewova konfyans. Pa pèdi jwa w gen nan sèvis li a. Men sa Warren, yon frè ki te ede anpil frè pwogrese nan domèn espirityèl, fè konnen: “Sa mande tan pou tout moun rive wè yon frè kalifye pou l sèvi. Toutpandan tan ap pase, kapasite yon frè ansanm ak atitid li ap parèt tikras pa tikras nan fason l konpòte l ak nan fason l akonpli asiyasyon l. Gen kèk moun ki panse se sèlman si yo gen yon privilèj oswa si yo nome, yo reyisi nan sèvis Jewova a. Yon panse konsa pa bon, e l ka fè yon moun ap plede reflechi ak sa sèlman. Kèlkeswa kote w ye e kèlkeswa sa w ap fè, depi w ap sèvi Jewova fidèlman, ou mèt konnen w reyisi.”

Gen yon frè ki te tann plis pase dizan anvan l vin ansyen. Li te site yon egzanp nou byen konnen nou jwenn nan Ezekyèl chapit 1 pou l di ki leson li te aprann: “Jewova kondui cha l la, anpalan de òganizasyon l lan, nan vitès li vle. Se tan pa Jewova a ki enpòtan se pa tan pa nou ki enpòtan. Anrapò ak volonte m genyen pou m sèvi kòm ansyen an, se pa sa m vle oswa sa m ta swete ye a ki enpòtan. Sa m vle a gendwa se pa sa Jewova konnen m bezwen.”

Si yon jou ou ta renmen fè bon travay siveyan kretyen yo ap fè a, chèche vin kalifye lè w kontribye pou gen kè kontan nan kongregasyon an. Si w ta wè tan an sanble lan pou l pase, goumen kont enkyetid ak enpasyans. Men sa Raymond, nou te pale de li pi wo a, di: “Yon moun ki gen anbisyon pa janm ka kontante l. Moun ki toujou enkyè yo pèdi tout kè kontan ki genyen nan sèvis Jewova a.” Chèche devlope kalite ki nan fwi lespri a pi plis toujou, sitou pasyans. Fè efò pou w amelyore espirityalite w pa mwayen etid ou fè nan Ekriti yo. Ogmante patisipasyon w nan travay predikasyon an epi kondui etid biblik ak moun ki enterese yo. Pran latèt nan aktivite espirityèl fanmi w ak nan adorasyon an fanmi an. Pwofite tout opòtinite w jwenn pou w ansanm avèk frè ak sè yo. Toutpandan w ap travay pou w atenn objektif ou, w ap pran plezi pou w sèvi Jewova tank tan ap pase.

Lè yon moun ap travay pou l kalifye pou l jwenn privilèj nan kongregasyon an, se yon opòtinite Jewova ba li. Ni Jewova ni òganizasyon l lan pa ta renmen pou frè k ap chèche vin sèvi yo fristre epi pou yo pèdi jwa yo nan sèvis y ap ba l la. Bondye beni tout moun k ap sèvi l ak bon mobil e li ede yo. Menm jan ak tout benediksyon Bondye bay yo, li “pa ajoute okenn doulè avè l”. — Pwo. 10:22, NW.

Menmsi w gen kèk tan depi w ap chèche vin siveyan, ou kapab toujou fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Toutpandan w ap fè gwo efò pou w devlope kalite ki nesesè yo, w ap travay di nan kongregasyon an epi w pa neglije fanmi w, Jewova pap janm bliye tout sa w fè nan sèvis li. Kidonk, kèlkeswa asiyasyon w genyen an, se pou w toujou jwenn jwa nan sèvis w ap bay Jewova a!

^ § 2 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

^ § 8 Prensip yo bay nan atik sa a aplikab pou moun ki vle sèvi kòm asistan ministeryèl tou. Nou jwenn kondisyon frè sa yo dwe ranpli yo nan 1 Timote 3:8-10, 12, 13.