Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou w gen bonjan lafwa nan Wayòm nan!

Se pou w gen bonjan lafwa nan Wayòm nan!

“Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans.” — EBRE 11:1.

1, 2. Ki sa k ap fè n vin gen plis konviksyon Wayòm nan pral reyalize objektif Bondye gen pou limanite a, e poukisa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

ANTANKE Temwen Jewova, byen souvan nou konn di se sèl Wayòm nan ki ka pot yon solisyon pou tout pwoblèm nou yo, e nou toujou chofe pou n atire atansyon moun yo sou verite enpòtan sa a ki nan Ekriti yo. Nou jwenn bonjan rekonfò tou nan esperans Wayòm nan. Sepandan, jis nan ki pwen nou kwè Wayòm nan egziste toutbon e l pral reyalize objektif li? Sou ki sa n ka baze pou n gen bonjan lafwa nan Wayòm nan? — Ebre 11:1.

2 Wayòm Mesi a se yon dispozisyon Toupisan an pran yon fason pou l reyalize objektif li genyen konsènan kreyasyon l lan. Wayòm nan tabli sou yon fondasyon solid, anpalan de dwa san parèy Jewova genyen pou l dirije a. Gen kèk aspè enpòtan konsènan Wayòm nan, tankou wa a, moun k ap dirije ak wa a ansanm ak ki moun ak sou ki bagay yo pral dirije a, ki te etabli yon fason legal pa mwayen yon seri alyans. Alyans sa yo se te yon seri kontra oswa dispozisyon legal kote swa Bondye oswa Jezi Kris, Pitit gason l lan, te youn nan moun ki te nan alyans lan. Lè n reflechi ak alyans sa yo, n ap vin pi byen  konprann fason objektif Bondye yo ap reyalize san mank, e y ap ede n wè kòman dispozisyon sa a se yon dispozisyon ki byen solid. — Li Efezyen 2:12.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?

3 Bib la pale konsènan sis gwo alyans ki gen rapò ak Wayòm Mesi a, yon Wayòm Kris Jezi ap dirije. Alyans sa yo se: 1) alyans ak Abraram nan, 2) alyans Lalwa a, 3) alyans ak David la, 4) alyans pou gen yon prèt menm jan ak Mèlkisedèk la, 5) nouvo alyans lan ak 6) alyans Wayòm nan. Ann wè ki rapò chak alyans sa yo genyen ak Wayòm nan ak fason yo pral pèmèt Bondye reyalize objektif li gen pou tè a ak limanite. — Gade tablo ki gen tit “ Fason Bondye pral reyalize objektif li” a.

YON PWOMÈS KI MONTRE FASON OBJEKTIF BONDYE PRAL REYALIZE

4. Jan sa parèt nan liv Jenèz la, ki deklarasyon Jewova te fè ki gen rapò ak lèzòm?

4 Apre Jewova te fin prepare bèl planèt nou an pou lèzòm abite, li te fè twa deklarasyon ki gen rapò ak lèzòm: Bondye nou an t apral kreye lèzòm pòtre ak li, lèzòm t ap gen pou l etann Paradi a sou tout tè a epi ranpli tè a ak desandans yo ki jis, e lèzòm pa t gen dwa manje nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la (Jen. 1:26, 28; 2:16, 17). Deklarasyon sa yo te sifi pou objektif Bondye reyalize. Apre Bondye te fin kreye lèzòm, tout sa k te nesesè pou objektif li reyalize se te pou lèzòm respekte de lòt deklarasyon yo. Kidonk, poukisa l te vin nesesè pou gen alyans?

5, 6. a) Ki fason Satan te eseye kontrekare objektif Bondye? b) Ki fason Jewova te reyaji devan atak Satan te lanse ann Edenn nan?

5 Pou Satan Ledyab te eseye kontrekare objektif Bondye, li te vin ak yon rebelyon. Li te fè sa lè l te fikse atansyon l sou deklarasyon li te ka enfliyanse pi fasil la, anpalan de deklarasyon ki gen rapò ak obeyisans lèzòm nan. Li te tante Èv, premye fi a, pou l fè l dezobeyi lòd Bondye te bay konsènan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la (Jen. 3:1-5; Rev. 12:9). Lè Satan te fè sa a, li te atake dwa Bondye genyen pou l dirije kreyasyon L lan. Pi devan, Satan te fè konnen se pou dezi egoyis sèvitè fidèl Bondye yo ap sèvi Bondye. — Jòb 1:9-11; 2:4, 5.

6 Ki fason Jewova te reyaji devan atak Satan te lanse ann Edenn nan? Si Bondye te detwi rebèl yo sa t ap met yon fen nan rebelyon an, men, objektif Bondye te genyen pou tè a ranpli ak desandan Adan ak Èv ki obeyisan yo pa t ap reyalize. Olye pou Kreyatè ki saj la te egzekite rebèl yo lapoula, li te bay yon kokennchenn pwofesi, anpalan de pwomès ann Edenn nan, yon fason pou l te bay asirans tout ti detay anrapò ak sa l te di a t ap vin yon reyalite. — Li Jenèz 3:15.

7. Ki asirans pwomès ann Edenn nan ban nou konsènan Satan ansanm ak desandans li an?

7 Pa mwayen pwomès Jewova te fè ann Edenn nan, li te pwononse yon jijman kont sèpan an ki reprezante Satan Ledyab ansanm ak desandans sèpan an ki reprezante tout moun ki t ap gen pou pran pozisyon bò kot Satan nan kesyon konsènan dwa Bondye genyen pou l dirije a. Vrè Dye a te bay desandans fi li a ki nan syèl la pouvwa pou l detwi Satan. Konsa, nonsèlman pwomès ann Edenn nan te montre ki moun ki te vin ak rebelyon nan jaden Edenn nan e l te montre kòman tout move konsekans aksyon moun sa a te fè a t ap gen pou yo pa la ankò, men tou, pwomès sa a te idantifye mwayen Jewova t apral itilize pou l fè sa.

8. Ki sa n ka di konsènan idantite fi a ak desandans li an?

8 Kiyès ki t ap vin desandans fi a?  Etandone desandans lan t ap gen pou l kraze tèt sèpan an, sa vle di li t ap “detwi” Satan Ledyab ki se yon kreyati espirityèl, donk, desandans lan ta dwe yon kreyati espirityèl (Ebre 2:14). Anplis de sa, fi ki t ap gen pou fè desandans lan ta dwe yon fi nan sans espirityèl tou. Toutpandan desandans sèpan an t ap vin anpil, idantite fi a ansanm ak desandans li an te ret yon mistè pandan prèske 4 000 an apre Jewova te fin fè pwomès ann Edenn nan. Pandan tan sa a, Jewova te fè plizyè alyans ki te idantifye desandans lan e ki te bay moun k ap sèvi L yo asirans se ak desandans lan li t apral sèvi pou l retire tout malè Satan lakòz lèzòm sibi yo.

YON ALYANS KI IDANTIFYE DESANDANS LAN

9. Ki sa alyans ak Abraram nan ye, e ki lè l te antre an fonksyon?

9 Anviwon de mil an apre Jewova te fin pwononse jijman l sou Satan an, Jewova te mande patriyach Abraram pou l kite kote l t ap viv nan vil Ou a, ki nan Mezopotami, pou l al nan peyi Kanaran (Tra. 7:2, 3). Men sa Jewova te di l: “Kite peyi w, kite fanmi w ak lakay papa w pou w al nan peyi mwen pral montre w la. M ap fè w vin yon gwo nasyon, m ap beni w, m ap fè w vin gen yon gran non e m ap fè w vin yon benediksyon pou lòt moun. M ap beni moun ki beni w, m ap modi moun ki mande malediksyon pou ou. Tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon san mank grasa ou.” (Jen. 12:1-3, NW). Vèsè sa yo se premye kote nan Bib la yo pale de alyans ak Abraram nan ki se yon alyans Jewova Dye te fè ak Abraram. Nou pa konnen egzakteman ki lè Jewova te fè alyans sa a ak Abraram. Sepandan, nou konnen alyans sa a te antre an fonksyon nan ane 1943 anvan epòk nou an lè Abraram, ki te gen 75 an lè sa a, te kite Aràn epi l te travèse Rivyè Efrat la.

10. a) Ki fason Abraram te montre l gen bonjan lafwa nan pwomès Bondye yo? b) Ki detay Jewova te bay konsènan desandans fi a tikras pa tikras?

 10 Jewova te repete pwomès li te fè Abraram nan plizyè fwa, e pandan chak fwa sa yo li te bay plis detay sou sa (Jen. 13:15-17; 17:1-8, 16). Epi, nan moman kote Abraram te montre l gen bonjan lafwa nan pwomès Bondye yo lè l te dispoze ofri pitit gason l lan kòm sakrifis bay Jewova a, Jewova te vin bay alyans lan plis fòs lè l te fè Abraram yon pwomès k ap reyalize san mank. (Li Jenèz 22:15-18; Ebre 11:17, 18.) Apre alyans ak Abraram nan te fin antre an fonksyon, Jewova te bay yon seri detay enpòtan konsènan desandans fi a tikras pa tikras. Pa egzanp, desandans lan t ap soti nan fanmi Abraram, li t ap vin anpil, li t ap gen pou l vin wa, li t ap detwi tout ènmi Bondye yo e l t ap fè anpil lòt moun jwenn benediksyon.

Abraram te montre l gen bonjan lafwa nan pwomès Bondye yo. (Gade paragraf 10.)

11, 12. Ki fason Ekriti yo montre alyans ak Abraram nan gen yon pi gwo akonplisman, e ki sa sa vle di pou nou?

11 Byenke alyans ak Abraram nan te reyalize yon fason literal pou desandan Abraram yo lè yo te antre nan Latè pwomiz, Ekriti yo montre alyans sa a t ap gen yon akonplisman espirityèl tou (Gal. 4:22-25). Jan apot Pòl te esplike sa anba enfliyans lespri sen, nan pi gwo akonplisman alyans sa a se Kris ki pati prensipal desandans Abraram nan e dezyèm pati a gen rapò ak 144 000 kretyen Bondye chwazi grasa lespri sen l (Gal. 3:16, 29; Rev. 5:9, 10; 14:1, 4). Fi ki t ap bay desandans lan se “Jerizalèm anwo a”, anpalan de pati òganizasyon Bondye a ki nan syèl la ki gen ladan l kreyati espirityèl Bondye yo ki fidèl (Gal. 4:26, 31). Jan alyans ak Abraram nan te pwomèt sa, desandans fi a gen pou l pèmèt tout limanite jwenn benediksyon.

12 Alyans ak Abraram nan atire atansyon sou Wa ki pral dirije nan Wayòm Bondye a ansanm ak moun ki pral dirije avè l yo, e l fòme yon baz legal pou gen yon Wayòm nan syèl la (Ebre 6:13-18). Pou konbyen tan alyans sa a ap ret an fonksyon? Jenèz 17:7 (NW) fè konnen l se yon “alyans ki la pou toutan”. Kidonk, alyans sa a ap kontinye fonksyone jiskaske Wayòm Mesi a detwi tout ènmi Bondye yo epi tout moun sou tè a jwenn benediksyon (1 Kor. 15:23-26). Anfèt, moun ki pral viv sou tè a lè sa a ap jwenn benediksyon pou toutan. Alyans Bondye te fè ak Abraram nan montre jan Jewova detèmine pou l reyalize objektif li ki se pou ‘tè a ranpli’ ak moun ki jis! — Jen. 1:28, NW.

YON ALYANS KI BAY ASIRANS WAYÒM NAN AP LA POU TOUTAN

13, 14. Ki garanti alyans ak David la bay konsènan gouvènman Mesi a?

13 Pwomès Bondye te fè ann Edenn nan ansanm ak alyans ak Abraram nan aprann nou yon pwen enpòtan ki montre dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an, jan l fè konn sa pa mwayen Wayòm Mesi a, se yon dwa ki etabli solidman sou prensip Bondye yo ki jis (Sòm 89:14). Èske gouvènman Mesi a gen pou l vin kòwonpi opwen pou yo elimine l? Gen yon lòt alyans legal ki ban nou garanti sa pap janm rive.

14 Ann wè ki sa Jewova te pwomèt wa David, yon wa ann Izrayèl tan lontan an, pa mwayen alyans ak David la. (Li 2 Samyèl 7:12, 16.) Jewova te fè alyans sa a ak David nan epòk David te wa nan Jerizalèm, e l te pwomèt David Mesi a t ap soti nan fanmi l (Lik 1:30-33). Konsa, Jewova te vin bay plis detay byen klè konsènan liy fanmi kote desandans lan t ap soti a, e l te tou montre se yon eritye David ki t ap gen “dwa legal” pou l chita sou twòn  Wayòm Mesi a (Eze. 21:25-27, NW). Pa mwayen Jezi, wayòm David la t ap gen pou l tabli “pou toutan”. Kidonk, desandans David la “ap la pou toutan, [epi] twòn li an ap la pou toutan menm jan ak solèy la”. (Sòm 89:34-37, NW.) Sa klè, gouvènman Mesi a pap janm vin kòwonpi, e sa l pral akonpli yo ap la pou toutan!

YON ALYANS KI MONTRE NESESITE POU GEN YON PRÈT

15-17. Selon alyans pou gen yon prèt menm jan ak Mèlkisedèk la, ki lòt fonksyon desandans lan pral genyen, e poukisa?

15 Aktout alyans ak Abraram nan ansanm ak alyans ak David la te bay asirans desandans fi a t ap gen pou l vin wa, wòl sa a sèlman pa t ap sifi pou pèmèt moun ki nan tout nasyon yo jwenn benediksyon. Pou moun sa yo jwenn bonjan benediksyon, yo dwe libere anba esklavaj peche yo ye a epi yo dwe vin fè pati fanmi inivèsèl Jewova a. Pou desandans lan te ka rive respekte egzijans sa a, li t ap bezwen sèvi kòm prèt tou. Kreyatè nou an ki saj te pèmèt sa posib grasa yon lòt dispozisyon legal li te pran ki se alyans pou gen yon prèt menm jan ak Mèlkisedèk la.

16 Pa mwayen wa David, Jewova te fè konnen li t apral fè yon alyans pèsonèl ak Jezi, e alyans sa a t ap gen de objektif ki se: Pèmèt Jezi “chita adwat [Bondye]” jiskaske l soumèt ènmi l yo, epi, pèmèt Jezi vin “prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk”. (Li Sòm 110:1, 2, 4.) Poukisa se “menm jan ak Mèlkisedèk”? Se paske byen lontan anvan desandan Abraram yo te antre nan Latè pwomiz, Mèlkisedèk ki te wa Salèm t ap sèvi kòm “prèt Bondye Trèwo a”. (Ebre 7:1-3.) Se Jewova li menm ki te nome l nan fonksyon sa a. Li se sèl moun yo pale de li nan Liv ki te ekri ann ebre yo ki t ap sèvi alafwa kòm wa e kòm prèt. Anplis de sa, etandone pa gen okenn kote ki montre gen yon moun ki t ap sèvi kòm prèt anvan l oswa apre l, sa fè yo ka rele l “prèt pou toutan”.

17 Pa mwayen alyans pèsonèl sa a Jewova te fè ak Jezi a, Jewova te chwazi Jezi dirèkteman pou l vin prèt, e Jezi ap kontinye sèvi kòm “prèt pou toutan, menm jan ak Mèlkisedèk”. (Ebre 5:4-6.) Sa montre aklè Jewova te pwopoze tèt li yon fason legal pou l sèvi ak Wayòm Mesi a pou l reyalize objektif li te gen okòmansman an konsènan lèzòm ak tè a.

ALYANS YO FÒME YON BAZ LEGAL POU WAYÒM NAN

18, 19. a) Ki sa alyans nou sot egzamine yo montre konsènan Wayòm nan? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

18 Toutpandan n ap reflechi ak alyans nou sot egzamine yo, nou kapab wè fason yo toule twa gen rapò ak Wayòm Mesi a ak fason dispozisyon pou gen yon Wayòm nan se yon dispozisyon ki byen chita sou yon seri kontra legal. Pwomès ann Edenn nan montre Jewova ap sèvi ak desandans fi a pou l reyalize objektif li gen pou tè a ak limanite. Ki moun ki t ap vin desandans lan, e ki wòl desandans sa a t apral jwe? Alyans ak Abraram nan te bay yon repons pou kesyon sa yo.

19 Alyans ak David la te bay plis detay konsènan liy fanmi kote pati prensipal desandans lan t ap soti a, e l te pèmèt pati prensipal la jwenn dwa pou l dirije tè a yon fason pou benediksyon Wayòm nan pral pote yo ka la pou toutan. Alyans pou gen yon prèt menm jan ak Mèlkisedèk la te poze baz pou desandans lan sèvi kòm prèt. Sepandan, se pa Jezi poukont li ki pral ede limanite jwenn lapèfeksyon. Gen lòt moun ankò Bondye chwazi pou sèvi kòm wa e kòm prèt. Ki kote moun sa yo t ap soti? Nou pral pale de sa nan atik ki vin apre a.