Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ancheri privilèj ou genyen pou w travay ak Jewova a!

Ancheri privilèj ou genyen pou w travay ak Jewova a!

“Nou se konpayon travay Bondye.” — 1 KOR. 3:9.

1. Ki jan Jewova konsidere travay, e ki sa sa pouse l fè?

JEWOVA se yon travayè ki pran plezi nan travay li fè (Sòm 135:6; Jan 5:17). Pou Jewova te pèmèt kreyati entèlijan l yo jwenn menm plezi sa a epi pou l pèmèt yo jwenn jwa ki genyen lè yon moun akonpli yon bagay, li te ba yo yon travay ki bay kè kontan e ki bay satisfaksyon. Pa egzanp, li te pèmèt premye Pitit gason l lan patisipe nan travay kreyasyon L lan. (Li Kolosyen 1:15, 16.) Bib la fè n konnen anvan Jezi te vin sou tè a, li t ap sèvi bò kot Bondye nan syèl la antanke “yon ouvriye abil”. — Pwo. 8:30, NW.

2. Ki sa k montre kreyati espirityèl yo te toujou gen yon travay enpòtan e ki bay satisfaksyon?

2 Depi nan kòmansman pou jis rive nan fen, Bib la gen anpil egzanp ki montre Jewova te toujou bay pitit gason espirityèl li yo travay pou yo fè. Apre Adan ak Èv te fin peche epi yo te mete yo deyò nan Paradi kote yo t ap viv la, Bondye te “mete kèk cheriben fè pòs nan lès jaden Edenn nan e li [te] mete yon epe ki klere kou dife k ap vire san rete pou bare wout ki mennen kot pyebwa lavi a ye a”. (Jen. 3:24, NW.) Epi, Revelasyon 22:6 fè konnen Jewova te “voye yon zanj li montre esklav li yo bagay ki gen pou rive talè konsa yo”.

 E KONSÈNAN LÈZÒM?

3. Pandan Jezi te sou tè a, ki fason l te suiv egzanp Papa l?

3 Pandan Jezi te sou tè a antanke moun pafè, li te pran plezi pou l fè travay Jewova te ba l fè a. Pou Jezi te suiv egzanp Papa l, li te bay disip li yo yon travay enpòtan pou yo fè tou. Men sa l te di yo pou l te ka fè yo chofe pou yo fè travay yo t apral akonpli a: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa, paske mwen menm, mwen pral jwenn Papa a.” (Jan 14:12). Pou Jezi te montre jan travay sa yo ijan, li te di: “Nou dwe fè travay moun ki voye m nan pandan li jou. Lannuit ap rive kote pèsonn pap ka travay.” — Jan 9:4.

4-6. a) Poukisa n ka rekonesan anvè Noye ak Moyiz lefètke yo te fè travay Jewova te ba yo fè a? b) Ki resanblans ki genyen nan tout travay Bondye bay lèzòm fè yo?

4 Menm anvan epòk Jezi a, Bondye te konn bay lèzòm fè travay ki bay satisfaksyon. Byenke Adan ak Èv pa t rive fè travay Bondye te ba yo fè a, gen lòt moun ki te fè travay Bondye te mande yo fè yo (Jen. 1:28). Pa egzanp, Noye te jwenn enstriksyon byen presi sou fason pou l te bati yon lach pou l te ka prezève lavi moun nan yon gwo delij. Li te byen fè tout sa Jewova te mande l fè yo. Se paske l te fè egzakteman sa Jewova te mande l la ki fè nou la jodi a! — Jen. 6:14-16, 22; 2 Pyè 2:5.

5 Moyiz te jwenn enstriksyon byen presi sou fason pou l bati tabènak la epi pou l òganize travay pretriz la, e l te byen suiv enstriksyon sa yo (Egz. 39:32; 40:12-16). Menm jodi a nou jwenn byenfè nan fason Moyiz te montre l fidèl lè l t ap akonpli asiyasyon sa a. Nan ki sans? Apot Pòl te fè konnen bagay sa yo ki fè pati Lalwa te reprezante lonbray “bon bagay ki gen pou vini yo”. — Ebre 9:1-5, 9, 10:1.

6 Travay Bondye bay sèvitè l yo fè a konn chanje detanzantan selon jan reyalizasyon objektif Bondye a ap pwogrese. Aktout sa, travay yo te bay sèvitè sa yo fè yo te toujou fè Jewova jwenn glwa, e l te toujou pote benediksyon pou moun ki kwayan yo. Sandout, se menm bagay la tou pou travay Jezi te akonpli ni anvan l te vin sou tè a, ni pandan l te sou tè a (Jan 4:34; 17:4). Menm jan an tou, travay n ap fè jodi a fè Jewova jwenn glwa. (Mat. 5:16; li 1 Korentyen 15:58.) Sa k fè sa?

KENBE YON BON PWENNVI SOU TRAVAY YO BA W FÈ A

7, 8. a) Fè yon ti pale sou travay kretyen yo gen privilèj pou yo fè jodi a. b) Ki jan n dwe reyaji devan direksyon Jewova ap bay yo?

7 N ap dakò se yon bèl bagay sa ye dèske Jewova onore lèzòm enpafè lè l envite yo vin sèvi kòm konpayon travay li (1 Kor. 3:9). Moun k ap patisipe nan travay konstriksyon Sal Asanble, Sal Wayòm ak filyal yo se moun k ap patisipe nan yon pwogram konstriksyon ki mande pou yo depanse yo fizikman menm jan ak Noye ak Moyiz. Kit w ap travay nan renovasyon Sal Wayòm ki nan zòn kote w ap viv la, kit w ap travay nan konstriksyon syèj mondyal nou an ki Warwick nan Nouyòk, ou dwe ancheri privilèj ou genyen pou w sèvi nan fason sa a. (Gade foto ki nan kòmansman atik la ki montre desen atis yo fè a.) Travay w ap fè a se yon sèvis sakre. Sepandan, pifò kretyen jwenn envitasyon pou yo patisipe nan yon pwogram konstriksyon nan domèn espirityèl. Pwogram sa a tou se yon pwogram ki la pou pèmèt Jewova jwenn glwa e pou ede moun obeyisan yo jwenn byenfè (Tra. 13:47-49). Pa mwayen òganizasyon Bondye a, nou jwenn bonjan direksyon sou pi bon fason pou n fè travay sa a. Pafwa, sa ka mande pou yo ban nou nouvo asiyasyon.

8 Sèvitè fidèl Jewova yo te toujou chofe pou yo soumèt yo anba direksyon Jewova  ap bay yo. (Li Ebre 13:7, 17.) Okòmansman, nou ka pa fin byen konprann rezon ki fè n dwe fè travay yo ban nou fè a yon fason byen presi. Sepandan, nou byen konnen byenfè sa ap pote lè n kowopere ak Jewova nan kèlkeswa chanjman li wè ki merite fèt la.

9. Ki egzanp ansyen yo kite pou kongregasyon an nan zafè travay?

9 Nou ka wè jan ansyen yo gen gwo anvi pou yo fè volonte Jewova nan fason yo pran latèt nan kongregasyon an (2 Kor. 1:24; 1 Tes. 5:12, 13). Ansyen yo montre yo dispoze travay di e yo montre yo vle kontinye mache pazapa ak chanjman k ap fèt yo. Yo montre yo chofe pou yo adapte yo ak nouvo fason pou yo fè travay predikasyon Wayòm Bondye a ki etabli. Byenke okòmansman, kèk nan yo gendwa ezite pou yo òganize temwayaj nan telefòn, sou bato oswa temwayaj nan lari, sepandan, yo pa pran tan pou yo wè bon rezilta sa bay. Pa egzanp, gen kat pyonye nan peyi Almay ki te deside al preche nan tèritwa kote ki gen biznis yo, yon seri tèritwa yo te neglije. Men sa Michael fè konnen: “Nou te gentan gen plizyè ane depi n pa t patisipe nan fòm sèvis sa a, donk, nou te santi n pè anpil. Jewova dwe te konn sa paske l te pèmèt nou fè yon bèl matine ap preche, yon matine nou pap janm bliye. Se pa ti kontan nou te kontan dèske n te suiv konsèy nou jwenn nan Ministè Wayòm nan, e dèske n te konte sou Jewova!” Èske w chofe pou w eseye nouvo fason yo kòmanse bay temwayaj nan tèritwa w la?

10. Ki chanjman yo te fè nan ane ki sot pase yo anrapò ak fason bagay yo òganize?

10 Pafwa, li konn nesesè pou yo chanje fason yo òganize bagay yo. Nan ane ki sot pase yo, gen plizyè biwo filyal ki te vin fè yon sèl ak lòt biwo filyal. Byenke chanjman sa yo te mande pou frè ak sè k ap sèvi nan filyal sa yo fè anpil ajisteman, anvan lontan, avantaj chanjman sa yo pote yo te vin parèt aklè pou tout moun ki konsène yo (Ekl. 7:8). Se pa ti kontan travayè sa yo ki ofri tèt yo volontèman yo kontan dèske y ap jwe yon wòl nan istwa pèp Jewova a ki kontinye ap vanse!

11-13. Ki difikilte kèk moun rankontre akoz chanjman ki fèt nan fason yo òganize bagay yo?

11 Nou ka aprann anpil leson nan men moun ki te enplike dirèkteman lè yo t ap fè plizyè biwo filyal vin fè yon sèl la. Gen kèk nan yo ki te gen plizyè dizèn ane depi yo t ap sèvi aplentan nan Betèl kote yo te ye a. Yo te mande yon koup ki t ap sèvi nan yon ti fanmi Betèl nan yon peyi ann Amerik santral pou y al sèvi nan Betèl Meksik la ki prèske 30 fwa pi gwo pase lòt la. Men sa yon frè ki rele Rogelio fè konnen: “Sa difisil anpil pou w kite fanmi w ak zanmi w.” Men sa Juan, yon lòt frè yo te mande al sèvi nan peyi Meksik, fè konnen: “Se prèske kòmsi w te fèt yon lòt fwa ankò. Ou oblije chèche fè lòt zanmi. Sa mande pou w adapte w ak lòt koutim ansanm ak lòt fason moun panse.”

12 Menm jan an tou, gen kèk Betelit ki soti nan kèk peyi ann Ewòp ki te jwenn difikilte lè yo te mande yo al sèvi nan biwo filyal Almay la. Nenpòt moun ki renmen zòn ki gen mòn kapab wè jan l te difisil pou moun ki soti nan peyi Laswis yo kite pakèt gwo mòn ki antoure peyi sa a. Epi, okòmansman, moun ki soti nan peyi Otrich yo te sonje bèl vi pezib yo t ap mennen nan peyi sa a.

13 Moun k al viv nan lòt peyi yo te oblije aprann viv nan lòt stil kay, travay ak frè ak sè yo pa konnen, e petèt, aprann fè yon lòt kalite travay. Sa mande tou pou yo adapte yo ak yon lòt kongregasyon, pou yo preche nan yon nouvo tèritwa, e petèt menm pou yo aprann yon lòt lang. Chanjman sa yo ka difisil anpil. Sepandan, gen anpil Betelit ki aksepte leve defi a. Poukisa yo fè sa?

14, 15. a) Ki fason anpil moun montre yo ancheri privilèj yo genyen pou yo travay ak Jewova nan kèlkeswa travay la? b) Nan ki sans yo se yon bon egzanp pou nou?

 14 Men sa Grethel fè konnen: “Mwen te aksepte envitasyon an paske se te fason pa m pou m montre Jewova jan lanmou m gen pou li a pi fò lontan pase lanmou pou yon peyi, yon kay oswa yon privilèj an patikilye.” Dayska fè konnen: “Lè m sonje se Jewova ki te fè m envitasyon an, mwen te kontan aksepte l.” André ak Gabriela dakò ak sa, men sa yo di: “[Grasa envitasyon] sa a, nou jwenn yon bon opòtinite pou n sèvi Jewova san n pa wè dezi pa nou sèlman. Nou di tèt nou: ‘Lè n ap fè fas ak van chanjman Jewova yo, li pi bon pou n lage vwal bato nou olye pou n met baryè.’”

Pi gwo privilèj nou genyen an se: Fè travay Jewova a!

15 Lefètke yo te fè plizyè biwo filyal vin fè yon sèl ak lòt biwo filyal, sa te fè kèk Betelit jwenn asiyasyon pou y al sèvi kòm pyonye. Se sa k te rive plizyè Betelit lè filyal peyi Dànmak, Nòvèj ak Lasyèd yo te vin fè yon sèl ak biwo filyal Eskandinavi a. Men sa Florian ak Anja ki te pami moun sa yo te di: “Nou konsidere nouvo asiyasyon nou an kòm yon defi ki bèl anpil. Pou nou menm, sa bèl anpil lefètke Jewova ap sèvi avè n kèlkeswa kote a. Ak tout kè nou, nou kapab di nou santi n jwenn anpil benediksyon!” Menm lè pifò nan nou gendwa pap janm gen pou n fè chanjman konsa, èske n pa dwe imite frè ak sè sa yo ki ofri tèt yo volontèman pou yo met enterè Wayòm nan an premye (Iza. 6:8)? Jewova toujou beni moun ki ancheri privilèj yo genyen pou yo travay avè l kèlkeswa kote a.

PRAN PLEZI NAN PRIVILÈJ OU GENYEN POU W TRAVAY AK JEWOVA A!

16. a) Ki sa Galat 6:4 mande nou? b) Ki pi gwo privilèj kèlkeswa moun nan ka genyen?

16 Lèzòm enpafè toujou gen tandans fè konparezon, men, Pawòl Bondye a mande n pou n ret konsantre sou sa n ka fè. (Li Galat 6:4.) Pifò nan nou pa nan yon pozisyon kote n gen otorite nan òganizasyon an. Mete sou sa, se pa nou tout ki kapab pyonye, misyonè oswa ki ka sèvi nan Betèl. Se sèten privilèj sa yo bèl anpil!  Men, nou pa dwe janm bliye pi gwo privilèj kèlkeswa moun nan ka genyen an se yon privilèj nou tout genyen. Nou vle pale de privilèj pou n sèvi kòm konpayon Jewova nan travay predikasyon an. E se yon privilèj nou dwe ancheri!

17. Ki bagay k ap kontinye egziste toutotan monn Satan an egziste, men, poukisa nou pa dwe kite sa dekouraje nou?

17 Toutotan monn Satan an egziste, posiblite nou genyen pou n sèvi Jewova a kapab limite. Nou kapab pa gen kontwòl sou responsablite nou genyen anvè fanmi nou, sou sante nou oswa sou kèk lòt sikonstans. Men, se pa yon rezon pou n kite dekourajman pote n ale. Pa janm minimize posiblite w genyen pou w travay ak Bondye a lè w bay yon temwayaj konplè pou non l ak lè w pwofite tout okazyon pou w fè lòt moun konnen Wayòm li an. Sa k pi enpòtan an se travay avè l nan mezi w kapab, epi kontinye priye pou frè ki ka fè plis pase w yo jwenn benediksyon. Pa bliye sa, tout moun k ap fè louwanj pou non Jewova yo se moun ki gen anpil valè nan je l!

18. Ki sa n ta dwe sispann fè, e poukisa?

18 Malgre nou se moun ki gen feblès e nou enpafè, Jewova kontan sèvi avè n kòm konpayon travay li. Se pa ti ancheri nou ancheri privilèj nou genyen pou n travay ak Bondye a nan dènye jou sa yo! Kidonk, nou dwe sispann kouri dèyè dezi pèsonèl nou yo paske n konnen nan monn nouvo a Jewova pral pèmèt nou jwi “lavi toutbon an” ki se lavi ki pap janm fini an nan lapè ak lakontantman. — 1 Tim. 6:18, 19.

Èske w ancheri privilèj ou genyen pou w sèvi a? (Gade paragraf 16-18.)

19. Ki bèl avni Jewova sere pou nou?

19 Etandone nou nan papòt monn nouvo a, fè yon ti reflechi ak pawòl Moyiz te di Izrayelit yo yon ti tan anvan yo te antre nan Latè pwomiz. Men sa l te di yo: “Jewova, Bondye nou an, ap fè tout bagay mache byen pou nou.” (Det. 30:9, NW). Yonfwa Amagedòn fin pase, moun ki toujou ret okipe nan travay y ap fè ak Bondye a pral antre nan peyi li te pwomèt yo a. Lè sa a, nou pral fikse atansyon nou sou yon lòt travay Bondye pral ban nou, anpalan de fè tè a tounen yon bèl paradi!