Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONVÈSASYON AK YON MOUN NAN VWAZINAJ LA

Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? (Dezyèm pati)

Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? (Dezyèm pati)

Konvèsasyon ki vin apre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Kamelo ki retounen lakay yon mesye ki rele Jan.

YON TI REZIME SOU RÈV NEBOUKADNETSA TE FÈ A

Kamelo: Jan, mwen byen kontan wè w ankò. Se toujou yon plezi pou m vin fè etid la avè w chak semèn *. Kòman w ye?

Jan: Mwen byen, mèsi.

Kamelo: Mwen kontan ou byen. Dènye fwa m te vin isit la, nou te pale sou rezon ki fè Temwen Jewova yo di Wayòm Bondye a te kòmanse dirije an 1914 *. Jan nou te deja wè sa, nou jwenn yon prèv ki vrèman enpòtan nan yon pwofesi ki nan liv Dànyèl la nan chapit 4 la. Èske w sonje sa yo di nan chapit sa a?

Jan: Li pale sou yon gwo pyebwa Neboukadnetsa te wè nan yon rèv li te fè.

Kamelo: Wi, se sa. Nan rèv la, Neboukadnetsa te wè yon gwo pyebwa ki gen pwent li rive jis nan syèl la. Epi li te tande yon mesaje Bondye ki bay lòd pou yo koupe pyebwa a, men pou yo kite chouk li ak rasin li nan tè. Apre yon peryòd “sèt tan”, pyebwa a t ap pouse ankò *. Nou te pale tou sou rezon ki fè pwofesi a gen de akonplisman. Èske w sonje ki premye akonplisman li te genyen?

Jan: Se yon bagay ki te rive Neboukadnetsa, pa vre? Li te pèdi bonsans li pandan sèt ane.

Kamelo: Trè byen. Pandan yon tan, Neboukadnetsa te pèdi bonsans li, konsa dominasyon l lan te sispann. Men, nan pi gwo akonplisman pwofesi a genyen an, nan yon sans, se dominasyon Bondye a ki t ap sispann pandan yon peryòd ki t ap dire sèt tan. Jan nou te deja wè sa, sèt tan yo te kòmanse lè yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an. Depi lè sa a, pa t gen okenn wa sou tè a ki te reprezante Jewova Dye ki t ap dirije pèp li a. Sepandan, nan fen sèt tan yo, Bondye t ap nome yon nouvo Dirijan pou dirije pèp li a, yon dirijan ki t ap nan syèl la. Sa vle di, lè sèt tan yo t ap fini, dominasyon Wayòm Bondye a ki nan syèl la t ap kòmanse. Bon, nou te deja egzamine ki lè sèt tan yo te kòmanse. Donk, si nou ka detèmine konbyen tan sèt tan yo te dire, lè sa a n ap konnen ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije. Èske w konprann tout sa m sot esplike w yo?

Jan: Wi, ti revizyon sa a rafrechi memwa m.

Kamelo: Se byen. Kounye a, annou kòmanse egzamine konbyen tan sèt tan yo dire. Mwen fèk fin li kèk piblikasyon sou sijè sa a pou m ka sonje pwen kle yo. M ap fè tout sa m kapab pou m esplike w yo.

Jan: Oke.

SÈT TAN YO FINI, DÈNYE JOU YO KÒMANSE

Kamelo: Nan premye akonplisman pwofesi a ki te gen rapò ak Neboukadnetsa, li klè, sèt tan yo te reprezante sèt ane literal. Men, nan pi gwo akonplisman an ki gen rapò ak Wayòm Bondye a, sèt tan yo dwe pi long lontan pase sèt ane literal.

Jan: Poukisa w di sa?

Kamelo: Gen yon rezon ki fè nou di sa, sonje sèt tan yo te kòmanse lè yo te detwi Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an. Si nou kòmanse konte apati ane 607 la, sèt ane yo t ap fini nan ane 600 anvan epòk nou an. Men, pa t gen okenn evènman enpòtan ki te pase nan ane sa a ki gen rapò ak dominasyon Bondye a. Mete sou sa, jan nou te deja wè sa, plizyè syèk annapre, lè Jezi te sou tè a, li te fè konnen sèt tan yo potko fini.

Jan: Oo, wi. M sonje sa kounye a.

Kamelo: Donk, olye sèt tan yo reprezante sèt ane literal, yo dwe reprezante yon peryòd ki pi long.

Jan: Konbyen tan konsa?

Kamelo: Liv Revelasyon an, yon liv ki gen yon rapò sere ak liv Dànyèl la, ede nou detèmine dire sèt tan yo yon fason ki egzak. Li pale de yon peryòd ki dire twa tan edmi ki egal ak 1 260 jou *. Kidonk, sèt tan, ki se de fwa twa tan edmi, ap egal 2 520 jou. Èske w toujou la?

Jan: Wi, m la. Men, m pa wè ki jan sa montre Wayòm Bondye a te kòmanse dirije an 1914.

Kamelo: Oke, annou wè si nou ka fè rapò a. Pafwa, nan pwofesi biblik yo, yon jou senbolize yon ane *. Si nou aplike prensip yon jou pou yon ane a, sèt tan yo ap egal 2 520 ane. Lè n konte soti 607 anvan epòk nou an, 2 520 ane yo ap fini an 1914 *. Se fason sa a nou rive konnen ane 1914 la se ane sèt tan yo te fini. Se nan ane sa a Jezi te kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Yon bagay enpòtan, depi 1914, gen anpil gwo evènman ki rive nan monn nan, se yon seri evènman Bib la te predi ki t ap rive nan dènye jou yo.

Jan: Ki evènman sa yo?

Kamelo: Ann egzamine sa Jezi te di nan Matye 24:7 la. Konsènan moman Jezi t ap kòmanse dirije nan syèl la, men sa li te di: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” W ap remake Jezi te di ap gen rate manje ak tranblemanntè nan peryòd sa a. Nan syèk ki pase a gen anpil pwoblèm konsa ki rive nan monn nan, pa vre?

Jan: Wi, se vre.

Kamelo: Nan vèsè sa a, Jezi te predi lè li prezan antanke Wa nan Wayòm Bondye a ap gen lagè tou. E nan Bib la, nan liv Revelasyon an, yo te predi se pa nan kèk ti zòn sèlman k ap gen lagè nan tan lafen an, men se toupatou sou tè a *. Èske ou sonje nan ki ane Premye Gè mondyal la te eklate?

Jan: Li te fèt an 1914, se nan menm ane sa a Jezi te kòmanse dirije! Anvan sa, m pa t janm wè gen yon rapò ant de evènman sa yo.

Kamelo: Lè w mete tout prèv sa yo ansanm, sètadi pwofesi konsènan sèt tan an ak lòt pwofesi nou jwenn nan Bib la konsènan tan lafen an, nou vin wè evènman sa yo vrèman gen relasyon youn ak lòt. Temwen Jewova yo gen konviksyon Jezi te kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a an 1914, e dènye jou yo te kòmanse nan menm ane sa a *.

Jan: M ap eseye konprann tout sa w sot di m yo.

Kamelo: Mwen konprann ou. Jan m te deja di w sa, sa te pran m yon bon ti tan pou m te rive byen konprann pwofesi sa yo. Men omwen, m swete konvèsasyon nou sot genyen an ap ede w konprann pwen sa a: menmsi Bib la pa mansyone ane 1914 la yon fason presi, sa Temwen Jewova yo kwè an rapò ak ane 1914 la baze sou Bib la.

Jan: Wi, ou toujou enpresyone m nan sans sa a, kèlkeswa sa w di, ou toujou kore yo ak yon vèsè nan Bib la. Ou pa janm annik bay opinyon w. Men, m ap mande tèt mwen poukisa bagay sa yo konplike konsa. Sa k fè Bondye pa t annik fè ekri nan Bib la se nan ane 1914 Jezi t ap kòmanse dirije antanke Wa nan syèl la?

Kamelo: Jan, se yon bèl kesyon ou poze. Anfèt, gen anpil bagay Bib la pa bay detay sou yo. Kidonk, poukisa Bondye fè ekri Bib la yon fason ki mande pou moun fè efò pou yo konprann li? Petèt nou ka pale sou sijè sa a lè m tounen.

Jan: Mwen t ap byen kontan.

Èske gen yon sijè ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen konnen kèk nan kwayans Temwen Jewova yo oubyen èske w ta renmen konnen relijyon yo a pi byen? Si se sa, pa ezite poze yon Temwen Jewova kesyon w genyen yo. L ap byen kontan pale avè w sou sijè sa yo.

^ § 5 Grasa pwogram etid biblik Temwen Jewova yo genyen an, byen souvan yo fè bonjan konvèsasyon ak moun nan vwazinaj yo sou Bib la.

^ § 24 Gade tablo ki gen tit: “Pyebwa ki te nan rèv Neboukadnetsa a.”

^ § 30 Gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.