Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Èske Jezi te konn resisite moun vre?

Jezi te resisite Laza ki te mouri depi kat jou.

Yon fason klè, Bib la fè konnen Jezi te konn resisite moun ki mouri. Istwa sa yo se pa bagay moun envante. Yo te fèt nan zòn ki egziste vre e nan yon lè ki byen presi. Pa egzanp, nan ete ane 31 epòk nou an, te gen yon gwo foul moun ki t ap vwayaje avèk Jezi. Yo te soti Kapènawòm yo t apral Nayin. Lè yo rive, yo rankontre yon lòt foul moun. Ou ka kwè istwa yo rapòte sou rezirèksyon Jezi te fè nan okazyon sa a paske yo ekri l nan Bib la, Pawòl Bondye a, e paske Jezi te fè l devan tout foul moun yo. — Li Lik 7:11-15.

Anplis de sa, Jezi te resisite Laza, zanmi li, ki te mouri depi kat jou. Ou ka kwè rezirèksyon yo rapòte Jezi te fè jou sa a paske te gen anpil moun ki te wè rezirèksyon sa a tou. — Li Jan 11:39-45.

Poukisa Jezi te konn resisite moun?

Jezi te konn resisite moun paske li gen konpasyon. Li te konn fè sa tou pou l montre nou Papa l, Kreyatè a ki ban nou lavi, ba li pouvwa sou lanmò. — Li Jan 5:21, 28, 29.

Rezirèksyon Jezi te fè yo fè nou gen konfyans nan pwomès li fè ki gen pou reyalize alavni yo. Jezi pral resisite yon gwo foul moun, pami yo gen yon pakèt moun enjis ki pa t konn anyen sou vrè Dye a. Moun sa yo pral gen posiblite pou yo konnen Jewova e pou yo renmen li. — Li Travay 24:15.