Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou dwe sen nan tout konduit nou

Nou dwe sen nan tout konduit nou

“Se pou nou menm tou nou vin sen nan tout konduit nou.” — 1 PYÈ 1:15.

1, 2. a) Anrapò ak konduit, ki sa Bondye atann nan men pèp li a? b) Bay kèk kesyon atik sa a pral reponn.

JEWOVA te enspire apot Pyè pou l montre lyen ki genyen ant vin sen yo pale nan liv Levitik la ak enpòtans pou n sen nan tout konduit nou antanke kretyen. (Li 1 Pyè 1:14-16.) Jewova, “Sen an”, atann li pou moun li chwazi pou al nan syèl la ansanm ak “lòt mouton” yo fè tout sa yo kapab pou yo vin sen, pa sèlman nan kèk fason yo konpòte yo, men, nan tout konduit yo! — Jan 10:16.

2 N ap jwenn anpil byenfè lè n pi byen egzamine enfòmasyon espirityèl nou jwenn nan liv Levitik la, e lè n aplike sa n aprann yo n ap montre nou se moun ki sen nan tout konduit nou. Nou pral konsidere kèk kesyon tankou: Ki jan n ta dwe konsidere konpwomi? Ki sa n aprann nan liv Levitik la konsènan soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a? Ki sa n ka aprann nan sakrifis yo te konn ofri yo?

VEYE POU N PA FÈ KONPWOMI

3, 4. a) Poukisa kretyen yo dwe evite fè konpwomi ak lwa ansanm ak prensip ki nan Bib la? b) Ki sa k fè n pa dwe tire revanj oswa kenbe rankin nan kè n?

3 Si n vle fè Jewova plezi, nou dwe kenbe lwa l yo ak prensip li yo byen djanm, nou pa dwe janm adopte yon move konduit ki  ka fè n fè konpwomi anvè yo. Byenke n pa anba Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, egzijans ki te gen nan Lwa sa yo ede n konprann sa k akseptab ak sa k pa akseptab nan je Bondye. Pa egzanp, men ki kòmandman yo te bay Izrayelit yo: “Nou pa dwe tire revanj, ni nou pa dwe kenbe yon moun nan pèp la sou kè nou. Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. Mwen se Jewova.” — Lev. 19:18, NW.

4 Jewova vle pou n pa chèche vanje tèt nou epi pou n pa kite rankin grandi nan kè n (Wom. 12:19). Dyab la ap kontan si n meprize lwa ak prensip Bondye yo e sa ap lage vèni sou Jewova. Menmsi yon moun ta chwazi fè n yon bagay ki mal, nou dwe fè efò pou n pa tounen veso ki chaje kòlè. Bondye ban nou privilèj pou n tounen “veso ki fèt an tè” ki gen ladan l travay predikasyon an ki se yon trezò (2 Kor. 4:1, 7). Rankin tankou asid, li pa ka fè pati kalite veso sa yo!

5. Ki sa n ka aprann nan istwa Arawon lè pitit gason l yo te mouri a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Nan Levitik 10:1-11, yo rakonte yon sitiyasyon difisil ki te rive fanmi Arawon. Yo dwe te nan gwo lapenn lè dife te sot nan syèl la epi l te boule Nadab ak Abiyou pitit Gason Arawon yo nan tabènak la. Se pa ti tès sa te ye pou lafwa Arawon ak fanmi l paske yo pa t dwe kriye pou manm fanmi yo ki te mouri! Èske w montre w sen anrapò ak lòd ki mande pou n pa gen relasyon ak manm fanmi n oswa lòt moun ki eskominye? — Li 1 Korentyen 5:11.

6, 7. a) Lè n ap deside si wi ou non nou ka patisipe nan yon maryaj k ap fèt nan yon legliz, ki pwen enpòtan nou dwe pran an konsiderasyon? (Gade nòt anba paj la.) b) Ki jan n ka rezone ak manm fanmi nou ki pa Temwen anrapò ak patisipe nan yon maryaj k ap fèt nan yon legliz?

6 Nou gendwa pa gen pou n sibi yon tès difisil menm jan ak sa Arawon ak fanmi l te sibi a. Men, ki sa n ap fè si yo envite n al asiste epi patisipe nan yon maryaj yon manm fanmi nou ki pa Temwen k ap fèt nan yon legliz? Pa gen okenn kòmandman ki parèt byen klè nan Ekriti yo ki entèdi n asiste yon maryaj konsa, men, èske gen kèk prensip biblik ki enplike nan yon desizyon konsa *?

7 Detèminasyon nou pran pou n ret sen anvè Jewova nan sikonstans nou sot pale la a kapab fè manm fanmi nou ki pa Temwen sezi (1 Pyè 4:3, 4). Nòmalman, n ap toujou eseye evite ofanse yo, men, li toujou pi bon pou n pale ak yo avèk dousè e yon fason ki onèt. Petèt nou ka fè sa byen lontan anvan evènman an. Nou kapab remèsye yo epi n di yo nou kontan dèske yo envite n patisipe nan maryaj la. Annapre, nou gendwa di lefètke sa gen rapò ak kesyon relijyon, prezans nou kapab anpeche moun yo jwenn lajwa nan jou espesyal sa a e sa ka fè yo menm ak lòt moun yo wont. Sa se youn nan fason nou kapab evite fè konpwomi ak kwayans nou ansanm ak lafwa nou.

SOUTNI DWA JEWOVA GENYEN POU L DIRIJE A

8. Ki fason liv Levitik la met aksan sou dwa Jewova genyen pou l dirije a?

8 Liv Levitik la met aksan sou dwa Jewova genyen pou l dirije a. Pandan plis pase 30 fwa, yo montre se Jewova ki bay lwa nou jwenn nan liv Levitik la. Moyiz te rekonèt sa e l te fè sa Jewova te mande l fè yo (Lev. 8:4, 5). Menm jan an tou, nou dwe toujou fè sa Jewova, Souvren nou an, vle nou fè. Nan sans sa a, nou jwenn èd nan òganizasyon Bondye a. Men, menm jan Jezi te jwenn tantasyon pandan l te nan dezè a, se konsa tou lafwa n ka pase anba eprèv pandan n poukont nou (Lik 4:1-13). Si n ret konsantre sou dwa Bondye genyen  pou l dirije a epi n met konfyans nou nan li, pa gen pèsonn k ap kapab fè n fè konpwomi e pa gen pèsonn k ap rive fè n pè jis li pran nou nan pyèj. — Pwo. 29:25.

9. Ki sa k fè tout nasyon rayi pèp Bondye a?

9 Antanke moun k ap suiv Kris e antanke Temwen Jewova, nou jwenn pèsekisyon toupatou sou tè a. Nou dwe atann ak sa paske Jezi te di disip li yo: “Moun pral fè nou pase tribilasyon, y ap touye nou, e tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen.” (Mat. 24:9). Sepandan, malgre n ap fè fas ak rayisman sa a, nou kontinye andire nan travay predikasyon Wayòm nan e n kontinye montre nou sen devan Jewova. Ki sa k fè yo rayi n konsa aktout nou se moun ki onèt, k ap mennen yon lavi pwòp e ki se sitwayen ki respekte lalwa (Wom. 13:1-7)? Ebyen, se paske se Jewova nou chwazi kòm Souvren Seyè nou. Se “li menm sèl” n ap bay yon sèvis sakre e n pap janm fè konpwomi anrapò ak lwa ak prensip li yo ki jis. — Mat. 4:10.

10. Ki sa k te rive yon lè pandan yon frè te fè konpwomi ak netralite l?

10 Anplis de sa, nou “pa fè pati monn nan”. Pou rezon sa a, nou ret net nan zafè lagè ak zafè politik monn nan. (Li Jan 15:18-21; Izayi 2:4.) Gen kèk moun ki te fè yon ve bay Bondye men ki vin fè konpwomi ak netralite yo. Gen anpil nan moun sa yo ki vin repanti e ki retounen gen yon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la e ki gen pitye a (Sòm 51:17). Gen kèk nan yo ki pa repanti. Pa egzanp, pandan Dezyèm Gè mondyal la, gen yon seri ofisye ki te rasanble 160 frè yo te arete san rezon e ki gen mwens pase 45 an ki te soti nan tout prizon nan peyi Ongri e yo te rasanble yo tout yon sèl kote. Lè yo rive kote sa a, yo te ba yo lòd pou yo fè sèvis militè. Yon fason ki fèm, frè ki fidèl yo te kontinye refize fè sèvis la, men, gen nèf nan yo ki te fè sèman militè a e ki te aksepte met inifòm nan. Dezan apre, youn nan moun ki te fè konpwomi yo te twouve l pami yon gwoup sòlda yo te bay lòd pou egzekite Temwen fidèl yo. Li te gen pwòp frè chanèl li pami Temwen fidèl sa yo! Men, jan bagay yo te vin pase, yo pa t gentan egzekite yo.

BAY JEWOVA SA W GENYEN KI PI BON AN

11, 12. Ki siyifikasyon fason yo te konn ofri Jewova sakrifis ann Izrayèl tan lontan an genyen pou kretyen yo jodi a?

11 Selon Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz la, Izrayelit yo te dwe ofri yon seri sakrifis byen presi (Lev. 9:1-4, 15-21). Sakrifis sa yo te dwe san defo paske yo te prefigire sakrifis pafè Jezi a. Mete sou sa, Izrayelit yo te dwe suiv yon etap byen presi pou chak kalite ofrann oswa sakrifis yo t ap fè. Pa egzanp, ann konsidere ki sa yo te egzije nan men yon manman ki te fèk fè yon pitit. Men sa nou li nan Levitik 12:6 (NW): “Lè kantite jou pou l pirifye tèt li yo fini, kit se yon tigason kit se yon tifi li te fè, l ap bay prèt la yon timouton ki gen apeprè ennan kòm sakrifis pou yo boule nèt e l ap bay yon ti pijon oswa yon toutrèl kòm sakrifis pou peche devan antre tant reyinyon an.” Sa Bondye te mande yo te byen presi, men, Lwa a te montre byen klè jan Bondye se yon Dye ki gen lanmou e ki rezonab. Si manman an pa t ka ofri yon mouton, yo te ba l posiblite pou l ofri de toutrèl oswa de ti pijon (Lev. 12:8). Byenke manman sa a te pòv, Jewova te renmen l e l te apresye l menm jan ak moun ki te bay ofrann ki koute pi chè a. Ki sa n ka aprann nan sa?

12 Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo bay Bondye “louwanj kòm sakrifis”. (Ebre 13:15.) Nou dwe sèvi ak bouch nou pou n fè deklarasyon piblik pou non Jewova ki sen. Frè ak sè ki soud yo sèvi ak lang siy pou yo fè louwanj pou Bondye. Kretyen ki pa ka kite kay yo bay Jewova louwanj lè yo ekri lèt, lè yo  preche nan telefòn ak lè yo preche moun k ap pran swen yo e ki vin vizite yo. Sakrifis louwanj n ap bay Jewova lè n fè lòt moun konn non l ak lè n pwoklame bon nouvèl la dwe fèt selon kapasite nou ak eta sante. Nou dwe bay sa n genyen ki pi bon an. — Wom. 12:1; 2 Tim. 2:15.

13. Ki sa k fè n dwe bay yon rapò sou sa n akonpli nan travay predikasyon an?

13 Sakrifis louwanj nou yo se ofrann volontè nou fè bay Bondye paske n renmen l (Mat. 22:37, 38). Sepandan, yo mande n pou n bay yon rapò pou aktivite nou akonpli nan ministè a. Donk, ki jan n ta dwe konsidere dispozisyon sa a? Rapò nou bay chak mwa a gen yon lyen ak atachman nou anvè Bondye (2 Pyè 1:7). Nòmalman, okenn nan nou pa dwe santi l oblije pase anpil èdtan nan travay predikasyon an jis pou l ka bay yon pi gwo rapò sou aktivite li akonpli nan travay la. Se egzakteman rezon sa a ki fè yon pwoklamatè Wayòm nan ki nan mezon retrèt oswa ki limite akoz laj li gendwa bay yon rapò 15 minit sèlman olye l bay yon rapò plizyè èdtan. Jewova apresye minit sa yo kòm ofrann ki pi bon an pwoklamatè Wayòm nan ba li e l konsidere yo kòm yon fason pwoklamatè a demontre lanmou l gen pou Li ansanm ak fason l apresye privilèj san parèy li genyen pou l sèvi kòm youn nan Temwen L yo. Menm jan ak Izrayelit sikonstans yo pa t pèmèt yo ofri kèk nan sakrifis ki te pi chè yo, sèvitè sa yo ki gen anpil valè nan je Jewova kapab toujou bay yon rapò malgre yo limite. Epitou, rapò nou bay yo vin fè pati rapò total tout pwoklamatè ki nan monn nan, sa ki ede òganizasyon an fè planifikasyon pou travay predikasyon Wayòm nan pi devan. Kidonk, èske n panse se twòp bagay sa ye pou n remèt yon rapò sou sa n akonpli nan travay predikasyon an?

FASON NOU ABITYE ETIDYE AK SAKRIFIS LOUWANJ NOU YO

14. Esplike rezon ki fè n ta dwe egzamine fason n abitye etidye a.

14 Apre w fin egzamine kèk bèl enfòmasyon nou jwenn nan liv Levitik la, ou kapab di tèt ou: ‘Kounye a mwen pi byen konprann rezon ki fè liv sa a fè pati Pawòl Bondye te fè ekri a.’ (2 Tim. 3:16). Kounye a, ou kapab pran plis detèminasyon pou w montre w se yon moun ki sen nonsèlman paske Jewova mande w sa, men tou, paske l merite tout efò w ap fè pou w fè l plezi yo. Petèt sa w aprann nan de atik sa yo fè w anvi fouye pi fon toujou nan tout Ekriti yo. (Li Pwovèb 2:1-5.) Egzamine fason w abitye etidye a nan lapriyè. Sandout, ou vle pou Jewova aksepte sakrifis louwanj w ap ba li a. Men, èske w santi w kite pwogram televizyon, jwèt videyo, aktivite spòtif ansanm ak lòt divètisman ankò distrè w epi anpeche w pwogrese nan domèn espirityèl? Si se wi, ou kapab jwenn anpil byenfè lè w medite sou kèk deklarasyon apot Pòl te fè nan liv Ebre a.

Èske w bay etid Labib ak adorasyon an fanmi priyorite nan lavi w? (Gade paragraf 14.)

15, 16. Ki rezon ki fè Pòl pa t kache anyen lè l t ap ekri kretyen Ebre yo?

15 Pòl pa t kache anyen lè l t ap ekri kretyen Ebre parèy li yo. (Li Ebre 5:7, 11-14.) Apot la pa t nan voye wòch kache men! Li te di yo “vin mal” pou yo konprann.  Ki sa k fè Pòl te pale ak tout fòs e l te dirèk konsa? Li te montre l gen menm lanmou ak menm sousi Jewova genyen pou kretyen sa yo ki t ap eseye viv grasa lèt nan domèn espirityèl. Se vre li te enpòtan pou yo te konn doktrin fondamantal yo. Men, li te nesesè pou yo te manje “gwo manje” yon fason pou yo te ka grandi nan domèn espirityèl jiskaske yo atenn matirite.

16 Olye kretyen Ebre yo te pwogrese jiskaske yo ka anseye lòt moun se yo menm ki te bezwen moun anseye yo. Sa k fè sa? Se paske yo pa t manje “gwo manje”. Mande tèt ou: ‘Èske m byen reyaji devan gwo manje nan domèn espirityèl? Èske m konn manje yo? Oswa èske m neglije lapriyè ak bonjan etid Labib? Si se wi, èske fason m abitye etidye a pa fè pati pwoblèm nan?’ Nonsèlman nou gen pou n preche moun yo, men tou, nou dwe anseye epi fè disip. — Mat. 28:19, 20.

17, 18. a) Ki sa k fè n dwe manje gwo manje nan domèn espirityèl regilyèman? b) Anrapò ak reyinyon kretyen yo, ki jan n ka konsidere itilizasyon bwason ki gen alkòl yo?

17 Etidye Bib la gendwa pa fasil pou anpil nan nou. Nòmalman, Jewova pap eseye fòse pèp li a etidye lè l fè yo santi yo koupab si yo pa fè sa. Sepandan, kit nou se sèvitè ki vwe lavi n bay Bondye depi plizyè ane kit se yon ti tan sèlman nou genyen depi n ap sèvi Bondye, nou dwe kontinye manje gwo manje nan domèn espirityèl. Li enpòtan pou n fè sa si n vle kontinye gen yon konduit ki sen.

18 Pou nou vin sen, nou dwe pran san n pou n byen fouye nan Ekriti yo epi n dwe fè sa Bondye mande n. Ann pran egzanp Nadab ak Abiyou, pitit gason Arawon yo ki te mouri paske yo t ap ofri Jewova lansan “san yo pa t gen dwa”, petèt pandan yo te sou (Lev. 10:1, 2, NW). Remake ki sa Bondye te di Arawon. (Li Levitik 10:8-11.) Èske pasaj sa a vle di nou pa dwe bwè okenn bwason ki gen alkòl anvan n al nan reyinyon? Fè yon ti reflechi ak pwen sa yo: Nou pa anba Lalwa (Wom. 10:4). Nan kèk peyi, kwayan parèy nou yo sèvi ak bwason ki gen alkòl avèk moderasyon lè y ap manje anvan y al nan reyinyon. Yo te sèvi ak kat koup diven nan fèt Pak la. Lè Jezi t ap etabli Memoryal la, li te bay apot li yo bwè diven ki reprezante san l (Mat. 26:27). Bib la kondane bwè san kontwòl ak bwè pou sou (1 Kor. 6:10; 1 Tim. 3:8). E gen anpil kretyen ki santi konsyans yo pa pèmèt yo bwè okenn bwason ki gen alkòl anvan y al patisipe nan kèlkeswa fòm sèvis sakre a. Sepandan, sikonstans yo pa menm nan chak peyi, epi, bagay ki pi enpòtan pou yon kretyen se chèche “fè diferans ant bagay ki sakre ak bagay ki pa sakre” yon fason pou l ka gen yon konduit ki sen, yon konduit ki fè Bondye plezi.

19. a) Ki sa n ta dwe sonje lè n ap fè adorasyon an fanmi ak etid pèsonèl? b) Ki sa w detèmine pou w fè pou w montre w se yon moun ki sen?

19 W ap jwenn anpil lòt bèl enfòmasyon espirityèl ankò si w fouye nan Pawòl Bondye a. Sèvi ak zouti pou fè rechèch ki disponib yo pou w amelyore pwogram adorasyon an fanmi w ak etid pèsonèl ou. Chèche gen plis konesans sou Jewova ak objektif li yo. Chèche vin pi pwòch avè l (Jak 4:8). Priye Bondye menm jan ak salmis la ki te di nan yon chante: “Ouvri je m pou m ka wè bèl bagay ki gen nan lwa w yo byen klè.” (Sòm 119:18, NW). Pa janm fè konpwomi ak lwa ak prensip biblik yo. Toujou dispoze soumèt ou devan lwa Jewova yo, li menm ki se “Sen an”, epi kontinye patisipe avèk zèl nan “travay anonse moun yo bon nouvèl Bondye a, ki se yon travay sakre”. (1 Pyè 1:15; Wom. 15:16.) Montre w se yon moun ki sen pandan dènye jou difisil sa yo. Kidonk, se pou nou tout vin sen nan tout konduit nou yon fason pou n soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a, li menm ki se Bondye nou an ki sen an!

^ § 6 Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 me 2002, fransè.