Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la”

“Pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la”

“Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la.” — SÒM 144:15, NW.

1. Ki sa kèk moun panse nan zafè Bondye gen yon pèp sou tè a?

JODI A, san pèdi tan, anpil moun ap dakò se yon tikras bagay relijyon ki la depi lontan yo pote kòm byenfè pou limanite, kit se relijyon ki fè pati lakretyente kit se sa k pa ladan l yo. Gen kèk moun ki dakò relijyon sa yo mal prezante Bondye pa mwayen ansèyman yo ak konduit yo, e konsa, yo pa ka gen apwobasyon Bondye. Sepandan, yo ret kwè gen moun sensè nan tout relijyon, Bondye wè moun sa yo e l aksepte yo kòm moun k ap adore l sou tè a. Yo panse moun sa yo pa oblije sispann patisipe nan zafè fo relijyon yo yon fason pou yo vin adore Bondye kòm yon pèp ki apa. Men, èske se konsa Bondye wè bagay yo? Ann fè yon ti pale sou kèk istwa nou jwenn nan Ekriti yo konsènan vrè adoratè Jewova yo pou n jwenn repons lan.

YON PÈP BONDYE FÈ ALYANS AVÈ L

2. Rive yon lè, ki moun ki te vin tounen pèp Jewova met apa pou li a, e ki sa k te distenge yo ak lòt pèp yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Depi nan kòmansman 20yèm syèk anvan epòk nou an,  Jewova gen yon pèp apa sou tè a. Abraram, yon moun yo te rele “papa tout moun ki gen lafwa” yo, se te chèf yon fanmi ki te vin gen plizyè santèn moun ladan l (Wom. 4:11; Jen. 14:14). Dirijan nan peyi Kanaran yo te konsidere l kòm “yon chèf” e yo te konn trete l avèk respè (Jen. 21:22; 23:6, NW). Jewova te fè yon alyans ak Abraram ansanm ak desandans Abraram yo (Jen. 17:1, 2, 19). Men sa Bondye te di Abraram: “Men alyans mwen fè avè w, pou ou menm ak desandan w yo toujou kenbe: Tout gason ki pami nou dwe sikonsi. [...] E sa ap sèvi kòm siy pou alyans mwen fè avèk nou an.” (Jen. 17:10, 11, NW). Selon jan Bondye te mande a, Abraram ak tout gason lakay li yo te sikonsi (Jen. 17:24-27). Sikonsizyon an se te yon siy fizik ki te distenge desandan Abraram yo kòm sèl pèp ki te fè yon alyans ak Jewova.

3. Ki fason desandan Abraram yo te vin tounen yon pèp?

3 Jakòb, yon pitit pitit Abraram yo te vin rele Izrayèl tou, te gen 12 pitit gason (Jen. 35:10, 22b-26). Rive yon lè, mesye sa yo te vin tounen chèf patriyach 12 tribi Izrayèl yo (Tra. 7:8). Akoz yon gwo grangou ki te vin genyen, Jakòb ak tout moun lakay li t al chèche refij nan peyi Ejip kote Jozèf, youn nan pitit gason Jakòb yo, te vin tounen administratè manje pou Farawon e l te sèvi kòm bra dwat Farawon tou (Jen. 41:39-41; 42:6). Desandan Jakòb yo te vin anpil, yo te vin tounen “yon pakèt pèp”. — Jen. 48:4NW; li Travay 7:17.

YON PÈP BONDYE SOVE

4. Okòmansman, ki relasyon ki te egziste ant Ejipsyen yo ak desandan Jakòb yo?

4 Pandan yon tikras plis pase 200 an, desandan Jakòb yo te abite nan peyi Ejip nan yon zòn toupre Nil la ki rele Gochèn (Jen. 45:9, 10). Sanble yo t ap viv anpè ak Ejipsyen yo pandan anviwon mwatye nan tan sa a e yo te abite nan yon seri ti vil ki te gen kote pou twoupo bèt yo manje. Farawon, yon moun ki te konnen Jozèf e ki te apresye l, te byen akeyi yo (Jen. 47:1-6). Pèp Ejipsyen an pa t vle wè gadò mouton (Jen. 46:31-34). Aktout sa, yo te oblije tolere Izrayelit yo.

5, 6. a) Ki jan sitiyasyon pèp Bondye a te vin chanje nan peyi Ejip? b) Ki fason yo te sove lavi Moyiz, e ki sa Jewova te fè pou tout pèp Li a?

5 Sepandan, sitiyasyon pèp Bondye a te vin chanje. Bib la di: “Rive yon lè, te vin gen yon nouvo wa ann Ejip ki pa t konn Jozèf. Li te di pèp li a: ‘Tande non, pèp Izrayèl la plis pase nou e yo pi fò pase nou.’ Konsa, yo te fè Izrayelit yo tounen esklav e yo te fè yo travay di. Yo te fè lavi yo difisil anpil piske yo te fè yo travay di nan fè mòtye ak ajil, brik, ak tout kalite kòve nan jaden. Vrèmanvre, yo te fè yo fè tout kalite kòve nan kondisyon ki te difisil anpil.” — Egz. 1:8, 9, 13, 14, NW.

6 Farawon te menm bay lòd pou yo touye tout ti gason yo lè yo fèk fèt (Egz. 1:15, 16). Se nan epòk sa a Moyiz te fèt. Lè l te gen twa mwa, manman l te kache l pami wozo ki nan flèv Nil la e se la pitit fi Farawon an te jwenn li. Annapre, pitit fi Farawon an te vin adopte Moyiz. Erezman Moyiz te grandi nan men Yokebèd manman l ki te fidèl e sa te fè Moyiz vin tounen yon sèvitè Jewova ki fidèl (Egz. 2:1-10; Ebre 11:23-25). Jewova “te wè nan ki sitiyasyon” pèp li a te ye anba men moun ki t ap toupizi yo a e l te deside sèvi ak Moyiz pou l delivre yo (Egz. 2:24, 25; 3:9, 10). Konsa, yo t ap vin tounen yon pèp Jewova “sove”. — Egz. 15:13, NW; li Detewonòm 15:15.

 YON PÈP KI VIN TOUNEN YON NASYON

7, 8. Ki fason pèp Jewova a te vin tounen yon nasyon ki sen?

7 Aktout Jewova potko òganize Izrayelit yo pou yo vin yon nasyon, li te rekonèt yo kòm pèp li. Se sa k fè, men sa l te mande Moyiz ak Arawon pou yo di Farawon: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la di: ‘Voye pèp mwen an ale pou y al fè yon fèt pou mwen nan dezè a.’” — Egz. 5:1, NW.

8 Pou Jewova te ka delivre pitit Izrayèl yo anba men Ejipsyen yo, li te oblije lage dis flewo sou peyi a e l te oblije detwi Farawon ansanm ak lame l la nan lanmè Wouj (Egz. 15:1-4). Nan mwens pase twa mwa apre sa, Jewova te fè yon alyans ak Izrayelit yo sou mòn Sinayi kote l te fè yo pwomès istorik sa a: “Si nou obeyi tout sa m di nou e si nou kenbe alyans mwen an, n ap vin yon byen espesyal pou mwen pami tout lòt pèp yo, [...] yon nasyon ki sen.” — Egz. 19:5, 6, NW.

9, 10. a) Selon Detewonòm 4:5-8, ki fason Lalwa te fè Izrayelit yo diferan ak lòt pèp yo? b) Ki jan Izrayelit yo t ap ka montre yo se “yon pèp ki apa pou” Jewova?

9 Toutpandan Ebre yo te nan peyi Ejip, anvan menm yo te fè yo vin esklav, pèp la te òganize antanke yon sosyete tribal kote se chèf fanmi yo oswa patriyach yo ki te alatèt. Menm jan ak sèvitè Jewova ki t ap viv anvan yo, chèf fanmi sa yo te konn aji antanke dirijan, antanke jij e antanke prèt pou fanmi yo (Jen. 8:20; 18:19; Jòb 1:4, 5). Sepandan, pa mwayen Moyiz, Jewova te bay Izrayelit yo yon kòd lwa ki t apral fè yo vin diferan parapò ak tout lòt nasyon yo. (Li Detewonòm 4:5-8; Sòm 147:19, 20.) Lalwa te pèmèt vin gen yon klas prèt apa, epi, se “ansyen yo” ki te konn rann lajistis. Ansyen sa yo se te yon seri moun yo te respekte pou konesans yo ak sajès yo (Det. 25:7, 8, NW). Lalwa te fikse règ pou zafè relijyon ak aktivite sosyal nouvo nasyon an.

10 Yon ti tan anvan Izrayelit yo te antre nan Latè pwomiz, Jewova te fè yo sonje lwa l yo e Moyiz te di yo: “Jodi a, nou fè Jewova konnen n ap vin pèp li, byen espesyal li, jan li te pwomèt nou sa a, e n ap obeyi tout kòmandman l yo. [...] L ap mete nou pi wo pase tout lòt nasyon li fè yo depi nou montre nou se yon pèp ki apa pou li. L ap fè nou vin gen gwo repitasyon, l ap fè nou jwenn louwanj ak glwa.” — Det. 26:18, 19, NW.

YO AKEYI MOUN LÒT NASYON YO

11-13. a) Ki moun ki te vin fè pati pèp Bondye chwazi a? b) Ki sa yon moun ki pa t Izrayelit te dwe fè si l te vle adore Jewova?

11 Byenke kounye a Jewova te vin gen yon nasyon li chwazi sou tè a, li pa t entèdi moun ki pa t Izrayelit vin fè pati pèp li a. Li te pèmèt “yon pakèt lòt moun” ki pa t Izrayelit akonpaye pèp li a lè l te delivre yo ann Ejip, e te gen Ejipsyen pami moun sa yo tou (Egz. 12:38, NW). Nan moman Jewova te voye setyèm flewo a, gen kèk moun “pami sèvitè Farawon yo” ki te vin gen lakrentif pou pawòl Jewova a e sandout moun sa yo te pami pakèt lòt moun ki te kite peyi Ejip ansanm ak Izrayelit yo. — Egz. 9:20, NW.

12 Yon ti tan anvan Izrayelit yo te travèse rivyè Jouden an pou yo antre nan peyi Kanaran, Moyiz te di yo pou yo “renmen etranje” ki nan mitan yo (Det. 10:17-19, NW). Pèp Bondye chwazi a te dwe aksepte pami yo nenpòt etranje ki te dispoze obsève Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la (Lev. 24:22). Gen kèk rezidan etranje ki te vin tounen adoratè Jewova, e moun sa yo te santi yo menm jan ak Rit, yon fi Mowabit, ki te di yon  Izrayelit ki rele Nawomi: “Pèp ou a ap pèp mwen, e Dye w la ap Dye m.” (Rit 1:16, NW). Rezidan etranje sa yo te vin tounen pwozelit, e gason yo te dakò pou yo sikonsi (Egz. 12:48, 49). Jewova te kontan akeyi moun sa yo kòm moun ki vin fè pati pèp li chwazi a. — Nonb 15:14, 15.

Izrayelit yo te renmen rezidan etranje yo. (Gade paragraf 11-13.)

13 Lè Salomon t ap vwe tanp lan bay Jewova a, te gen dispozisyon ki te pran an favè adoratè Jewova ki pa t Izrayelit yo jan sa parèt nan priyè Salomon an. Men sa l te di: “Si yon etranje ki pa fè pati pèp Izrayèl la soti nan yon peyi ki byen lwen paske li tande pale de non w ki gran e paske li tande pale de fòs ponyèt ou, si li vini nan peyi a e li priye nan direksyon kay sa a, se pou w koute l detan w nan syèl la, kote w rete a, e se pou w fè tout sa l mande w. Konsa, tout moun sou tè a ap konnen non w, y ap gen lakrentif pou ou menm jan pèp Izrayèl la gen lakrentif pou ou e y ap konnen kay sa a mwen bati pou ou a glorifye non w.” (2 Kwo. 6:32, 33NW). Sa te toujou yon verite nan epòk Jezi a paske tout moun ki pa t Izrayelit ki te vle adore Jewova te dwe vin fè pati pèp Jewova te fè alyans avè l la. — Jan 12:20; Tra. 8:27.

YON NASYON KI SÈVI KÒM TEMWEN

14-16. a) Nan ki sans Izrayelit yo te yon nasyon k ap bay temwayaj pou Jewova? b) Ki obligasyon pèp k ap sèvi Bondye jodi a genyen?

14 Izrayelit yo t ap adore Jewova, Bondye yo a, e lòt nasyon yo t ap adore pwòp dye pa yo. Nan epòk pwofèt Izayi a, Jewova te konpare sitiyasyon monn nan menm jan ak pwosè ki konn fèt nan tribinal. Men sa l te di pou l te bay dye lòt nasyon yo defi pou yo chèche temwen pou bay prèv yo se dye: “Se pou tout nasyon rasanble yon sèl kote e se pou pèp yo reyini ansanm. Kiyès pami dye yo ki ka di sa? Oubyen èske yo ka fè nou tande bagay ki pral rive an premye yo? Se pou yo vin ak temwen yo pou yo montre se yo ki gen rezon! Oubyen se pou yo tande e se pou yo di: ‘Sa se laverite!’” — Iza. 43:9, NW.

15 Dye lòt nasyon yo pa t ka bay okenn prèv pou montre yo se dye. Yo te sèlman yon seri zidòl ki pa t ka pale e ki te  bezwen yon moun pote yo pasipala (Iza. 46:5-7). Yon lòt bò, men sa Jewova te di pèp Izrayèl la: “Nou se temwen m, wi, nou se sèvitè m mwen chwazi, pou nou ka konnen m, pou nou ka gen lafwa nan mwen e pou nou ka konprann mwen se menm Moun nan. Anvan m, pa t gen okenn dye ki te fèt, e apre m, pa menm gen youn. Mwen menm, mwen se Jewova, e apa mwen menm, pa gen okenn sovè. [...] Se sa k fè nou se temwen m, e se mwen ki Bondye.” — Iza. 43:10-12, NW.

16 Nan kesyon ki gen rapò ak pwosè inivèsèl konsènan “Kiyès ki Dye siprèm nan?”, pèp Jewova chwazi a te gen pou l fè konnen byen fò e yon fason klè se Jewova ki se sèl vrè Dye a. Jewova te rele yo “pèp mwen te fè pou mwen an, pou yo ka fè konnen glwa mwen”. (Iza. 43:21, NW.) Yo te yon pèp ki pote non Bondye. Antanke yon pèp Jewova te sove nan peyi Ejip, yo te gen obligasyon moral pou yo soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a devan tout lòt pèp sou tè a. Anfèt, pozisyon yo t ap pran an te dwe ann amoni ak sa pwofèt Mika te vin di pi devan konsènan pèp Bondye a jodi a. Men sa l te di: “Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak pral mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan.” — Mika 4:5, NW.

YON PÈP KI REBÈL

17. Selon Jewova, ki fason pèp Izrayèl la te vin tounen ‘yon pye rezen etranje ki fin depafini’?

17 Malerezman, pèp Izrayèl la pa t rete fidèl anvè Jewova, Bondye yo a. Yo te kite nasyon ki t ap adore dye ki fèt ak bwa ansanm ak wòch yo enfliyanse yo. Men sa pwofèt Ocheya te ekri nan uityèm syèk anvan epòk nou an: “Moun Izrayèl yo se yon pye rezen ki fin depafini [...]. L ap ogmante kantite lotèl li yo. [...] Yo vin ipokrit. Kounye a, moun ap wè yo koupab.” (Och. 10:1, 2, NW). Anviwon yon syèk edmi annapre, Jeremi te fè pèp enfidèl la konnen pawòl sa yo Jewova te di: “Mwen te plante w tankou yon bon pye rezen, yon bon semans, pou w bay rezen wouj. Men, kòman w fè vin gate konsa a? Kòman w fè tounen yon pye rezen mawon? [...] Kote tout dye w fè yo kounye a? Se pou yo vin sove w si yo kapab pandan w nan malè a. [...] Pèp mwen an gen lontan depi l bliye m.” — Jer. 2:21, 28, 32, NW.

18, 19. a) Ki fason Jewova te predi li t apral gen yon nouvo pèp pou non l? b) Ki kesyon n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Olye pou pèp Izrayèl la te pratike vrè adorasyon an pou yo te bay bon fwi, epi, olye pou yo te aji antanke temwen fidèl pou Jewova, yo te pito pratike idolatri ki se yon fwi pouri. Se sa k fè Jezi te di chèf Juif nan epòk li yo ki te ipokrit: “Y ap retire wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi wayòm nan y ap bay li.” (Mat. 21:43). Se sèlman moun ki te nan “nouvo alyans” Jewova te predi pa mwayen pwofèt Jeremi an ki t ap vin fè pati nouvo nasyon sa a ki se Izrayèl espirityèl la. Men sa Jewova te pwofetize konsènan Izrayelit espirityèl ki t ap fè pati nouvo alyans sa a: “M ap vin Bondye yo e yo menm y ap vin pèp mwen.” — Jer. 31:31-33, NW.

19 Apre pèp Izrayèl selon lachè a te fin montre yo enfidèl, jan Jewova te deja di sa, li te fè Izrayèl espirityèl la vin pèp li nan premye syèk la. Men, jodi a, ki pèp Bondye gen sou tè a? Ki fason moun ki gen kè sensè yo ka idantifye vrè adoratè Bondye yo? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa yo.