Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Kounye a, nou se pèp Bondye”

“Kounye a, nou se pèp Bondye”

“Gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye.” — 1 PYÈ 2:10.

1, 2. Ki chanjman ki te fèt nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, e ki moun ki te vin manm nouvo pèp Jewova a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

JOU Pannkòt ane 33 epòk nou an te yon jou enpòtan nan istwa pèp Jewova a sou tè a paske gen yon gwo chanjman ki te fèt nan jou sa a. Nan jou sa a, pa mwayen lespri sen l, Jewova te fòme yon nouvo nasyon ki se nasyon Izrayèl espirityèl la, “Izrayèl Bondye a”. (Gal. 6:16.) Pou premye fwa depi nan epòk Abraram nan, se pa t sikonsizyon mesye yo ki t ap fè yo idantifye pèp Bondye a ankò. Olye de sa, men sa Pòl te ekri konsènan chak moun ki fè pati nouvo nasyon sa a: “Sikonsizyon l lan se nan kè l li fèt. Se lespri a ki fè l.” — Wom. 2:29.

2 Premye moun ki te fè pati nouvo nasyon Bondye a se te apot yo ansanm ak plis pase 100 lòt disip Kris ki te reyini ansanm nan yon chanmòt nan Jerizalèm (Tra. 1:12-15). Yo te resevwa lespri sen ki te fè yo vin tounen pitit espirityèl Bondye (Wom. 8:15, 16; 2 Kor. 1:21). Sa k te rive a te bay prèv nouvo alyans lan te antre an fonksyon, yon alyans Kris te sèvi kòm medyatè l e ki te valide grasa san l. (Lik 22:20; li Ebre 9:15.) Konsa, disip sa yo te vin tounen manm nouvo nasyon Jewova a, nouvo pèp li a. Lespri sen te pèmèt yo preche nan diferan lang Juif ak pwozelit yo te konn pale yo. Moun sa yo te  soti toupatou nan Anpi women an pou yo te vin selebre fèt Semèn Juif yo oswa fèt Pannkòt la. Kretyen ki te vin pitit espirityèl Bondye yo te fè moun sa yo konnen “bagay estrawòdinè Bondye fè” yo, e moun yo te tande e yo te konprann bagay sa yo nan pwòp lang pa yo. — Tra. 2:1-11.

NOUVO PÈP BONDYE A

3-5. a) Ki sa Pyè te di Juif yo nan jou Pannkòt la? b) Ki bagay ki te rive youn apre lòt ki te ede nouvo nasyon Jewova a grandi pandan premye ane l yo?

3 Jewova te pèmèt apot Pyè pran latèt nan ouvè chemen pou Juif ak pwozelit yo vin fè pati nasyon sa a ki te fèk fòme, anpalan de kongregasyon kretyen an. Nan jou Pannkòt la, Pyè te met kouraj sou li pou l te fè Juif yo konnen yo dwe aksepte Jezi, moun yo te fè ‘kloure sou poto a’, paske “Bondye te fè l vin Seyè, e li te fè l vin Kris”. Lè foul la te mande Pyè ki sa yo dwe fè, Pyè te reponn: “Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize nan non Jezi Kris pou nou jwenn padon pou peche nou, e n ap resevwa lespri sen kòm kado.” (Tra. 2:22, 23, 36-38). Jou sa a, gen anviwon 3 000 moun anplis ki te vin fè pati nouvo nasyon an ki se Izrayèl espirityèl la (Tra. 2:41). Mete sou sa, travay predikasyon apot yo t ap fè avèk zèl la te kontinye pote plis fwi (Tra. 6:7). Nouvo nasyon an te kontinye ap grandi.

4 Pi devan, travay predikasyon an te rive jwenn Samariten yo e sa te bay bon rezilta. Filip ki te konn evanjelize a te batize anpil nan yo, men, yo pa t resevwa lespri sen menm kote a. Kolèj santral la ki te nan Jerizalèm te voye apot Pyè ak apot Jan al kot Samariten sa yo ki te konvèti, “mesye yo [te] poze men yo sou yo, e yo [te] vin resevwa lespri sen”. (Tra. 8:5, 6, 14-17.) Konsa, Samariten sa yo tou te vin tounen moun lespri sen chwazi kòm manm Izrayèl espirityèl la.

Pyè te preche Kònèy ak moun lakay Kònèy. (Gade paragraf 5.)

5 Nan ane 36 epòk nou an, yon lòt fwa ankò, Jewova te sèvi ak Pyè pou pèmèt lòt moun vin fè pati nouvo nasyon an ki se Izrayèl espirityèl la. Sa te rive lè l te preche yon ofisye lame women an ki rele Kònèy ansanm ak fanmi ak zanmi Kònèy (Tra. 10:22, 24, 34, 35). Men sa Bib la di: “Pandan Pyè kontinye ap pale [...], lespri sen desann sou tout moun ki t ap tande pawòl la. Frè ki te sikonsi ki te vin ansanm ak Pyè yo te sezi poutèt Bondye te bay moun ki soti nan lòt nasyon lespri sen kòm kado, menm jan l te fè pou yo.” (Tra. 10:44, 45). Konsa, kounye a, moun lòt nasyon ki pa sikonsi ki te vin kwayan yo te ka vin fè pati nouvo nasyon an ki se Izrayèl espirityèl la.

“YON PÈP POU NON L”

6, 7. Ki fason moun ki fè pati nouvo nasyon an te aji kòm “yon pèp pou non” Jewova, e jis nan ki pwen yo te fè sa?

6 Men sa disip Jak te di nan yon reyinyon kolèj santral premye syèk la te fè nan ane 49 epòk nou an: “Simeyòn [Pyè] rakonte an detay kòman, pou premye  fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo.” (Tra. 15:14). Nouvo pèp sa a ki pote non Jewova t apral gen ladan l ni Juif ni kwayan ki pa Juif (Wom. 11:25, 26a). Annapre, men sa Pyè te ekri: “Gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye.” Pyè te met aksan sou misyon yo genyen an lè l te di: “Nou se ‘yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè’ sila a ki te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la.” (1 Pyè 2:9, 10). Yo te gen pou yo fè louwanj pou Moun yo reprezante a e yo te dwe glorifye non l devan tout moun. Yo te gen pou yo met kran sou yo pou yo bay temwayaj pou Jewova, Sila a ki gen dwa pou dirije tout linivè a.

7 Menm jan sa te ye pou Izrayèl selon lachè a, moun ki fè pati Izrayèl espirityèl la se moun Jewova rele “pèp mwen te fè pou mwen an, pou yo ka fè konnen glwa mwen”. (Iza. 43:21, NW.) Premye kretyen sa yo te denonse tout fo dye moun te konn adore nan epòk la epi yo te met kran sou yo pou fè konnen Jewova se sèl vrè Dye a (1 Tes. 1:9). Yo te bay temwayaj pou Jewova ak Jezi “nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. — Tra. 1:8; Kol. 1:23.

8. Ki avètisman apot Pòl te bay pèp Bondye a nan premye syèk la?

8 Apot Pòl se youn nan moun ki te gen kouraj ki te fè pati “pèp pou non” Jewova a nan premye syèk la. Pandan l te kanpe devan kèk filozòf payen, li te defann dwa Jewova genyen pou l dirije a avèk kran, e l te fè konnen Jewova se “Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l [e Li se] Seyè syèl la ak tè a”. (Tra. 17:18, 23-25.) Nan fen twazyèm vwayaj misyonè Pòl la, men ki avètisman l te bay moun ki fè pati pèp ki pote non Bondye a: “Mwen konnen apre m fin ale, gen moun ki tankou chen sovaj k ap antre nan mitan nou, yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, e gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo.” (Tra. 20:29, 30). Apostazi sa a yo te anonse a te parèt aklè nan fen premye syèk la. — 1 Jan 2:18, 19.

9. Anrapò ak “pèp pou non” Jewova a, ki sa k te rive apre lanmò apot yo?

9 Apre lanmò apot yo, apostazi a te vin gaye e l te vin bay legliz lakretyente yo. Kretyen aposta yo te lwen pou yo vin “yon pèp pou non” Jewova, olye de sa, yo te menm retire non Bondye nan anpil tradiksyon Labib yo genyen. Yo te adopte yon seri koutim payen e yo te dezonore Bondye ak yon seri kwayans ki pa biblik, ak swadizan gè sakre yo fè yo ansanm ak konduit imoral yo genyen yo. Konsa, pandan plizyè syèk, Jewova te sèlman gen yon ti ponyen moun k ap adore l fidèlman sou tè a, men, li pa t gen yon ‘pèp òganize ki pote non l’.

PÈP BONDYE A VIN EGZISTE ANKÒ

10, 11. a) Ki sa Jezi te predi nan parabòl ble ak move zèb yo? b) Ki fason parabòl Jezi a te reyalize an 1914, e ki rezilta sa te bay?

10 Nan parabòl ble a ak move zèb yo, Jezi te pale konsènan nuit espirityèl ki t apral mennen nan apostazi a. Li te fè konnen “pandan tout moun ap dòmi” Dyab la t apral simen move zèb nan tè kote Pitit lòm nan te simen semans ble a. Toule de semans yo t ap gen pou yo grandi ansanm rive jis nan “fen sistèm nan”. Jezi te fè konnen “bon semans lan” reprezante “pitit wayòm nan” epi “move zèb yo” reprezante “pitit Mechan an”. Pandan tan  lafen an, Pitit lòm nan t apral voye “moun k ap rekòlte yo”, anpalan de zanj yo, pou yo separe ble senbolik la ak move zèb yo. Yo t apral rasanble pitit wayòm nan (Mat. 13:24-30, 36-43). Ki fason sa te fèt, e ki jan sa te fè l vin posib pou Jewova gen yon pèp sou tè a ankò?

11 “Fen sistèm nan” te kòmanse an 1914. Pandan gè ki te eklate nan ane sa a, kèk milye kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, sètadi “pitit wayòm nan”, te nan kaptivite espirityèl nan gwo Babilòn nan. Nan ane 1919, Jewova te delivre yo e l te fè yon distenksyon byen klè ant yo menm ak “move zèb yo” oswa fo kretyen yo. Li te rasanble “pitit wayòm nan” pou l fè yo vin tounen yon pèp òganize jan pwofesi Izayi a te gentan predi sa. Men sa pwofesi a di: “Èske yon peyi ap fèt nan yon sèl jou? Oswa èske yon nasyon ap vin egziste bridsoukou? Poutan, kou Siyon gen tranche, li fè pitit li yo.” (Iza. 66:8NW). Siyon ki se òganizasyon Jewova a ki gen ladan l kreyati espirityèl yo te fè pitit li yo Bondye chwazi grasa lespri sen l lan e l te òganize yo pou yo vin yon nasyon.

12. Jodi a, ki fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl la montre yo se “yon pèp pou non” Jewova?

12 Menm jan ak premye kretyen yo, “pitit wayòm nan” Bondye chwazi pou al nan syèl la dwe se moun k ap bay temwayaj pou Jewova. (Li Izayi 43:1, 10, 11.) Konsa, yo t ap montre yo diferan grasa konduit yo ansanm ak preche yo t ap preche “bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan [...] kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14; Flp. 2:15.) Nan fason sa a, yo pèmèt plizyè milyon moun vin nan yon pozisyon jis devan Jewova. — Li Dànyèl 12:3.

“NOU VLE ALE AVÈK NOU”

13, 14. Ki sa moun ki pa fè pati Izrayèl espirityèl la dwe fè pou yo adore Jewova epi pou yo sèvi l yon fason ki akseptab, e ki fason yo te predi sa nan pwofesi biblik yo?

13 Nan atik ki vin anvan an, nou te  wè rezidan etranje ann Izrayèl tan lontan an te ka bay Jewova yon adorasyon ki akseptab akondisyon etranje sa yo te vin fè pati pèp Jewova te fè alyans avè l la (1 Wa 8:41-43). Menm jan an tou, jodi a moun ki pa fè pati Izrayèl espirityèl la dwe vin asosye yo ak pèp Jewova a ki se “pitit wayòm nan” oswa Temwen Jewova chwazi pou al nan syèl la.

14 Gen de pwofèt nan tan lontan ki te gentan pale konsènan fason anpil moun nan tan lafen an t ap vin rasanble pou adore Jewova ak pèp li a. Men sa Izayi te pwofetize: “Moun ki sot nan anpil nasyon ap vini e y ap di: ‘Vini, annou monte nan mòn Jewova a, nan kay Bondye Jakòb la. L ap montre nou wout li yo, e n ap mache nan chemen l yo.’ Paske se Siyon lalwa ap soti, e se Jerizalèm pawòl Jewova ap soti.” (Iza. 2:2, 3NW). Nan menm sans lan, pwofèt Zekarya te fè konnen “anpil pèp ak anpil gwo nasyon ap vin chèche Jewova, Chèf lame yo, nan Jerizalèm e y ap chèche jwenn favè Jewova”. Yon fason senbolik, li te dekri yo tankou “dis moun ki soti nan tout nasyon, kèlkeswa lang yo pale”, ki t ap gen pou yo kenbe ke rad long Izrayèl espirityèl la, e yo t ap gen pou yo di: “Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — Zek. 8:20-23, NW.

15. Nan ki travay “lòt moun” yo “ale avèk” Izrayelit espirityèl yo?

15 “Lòt mouton” yo “ale avèk” Izrayelit espirityèl yo nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan (Mak 13:10). Konsa, yo vin fè pati pèp Bondye a, e anba direksyon “bon bèje a” ki se Kris Jezi, yo fè “yon sèl twoupo” ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl la. — Li Jan 10:14-16.

CHÈCHE JWENN PWOTEKSYON ANSANM AK PÈP JEWOVA A

16. Ki fason Jewova pral deklannche dènye faz “gwo tribilasyon” an?

16 Apre destriksyon gwo Babilòn nan, yo pral fè yon dènye atak sou pèp Jewova a e nan moman sa a nou pral bezwen pwoteksyon Jewova pral bay sèvitè l yo. Piske se atak sa a ki pral deklannche dènye faz “gwo tribilasyon” an, se Jewova li menm ki pral bay posiblite pou l fèt e se li menm ki pral chwazi lè pou l fèt (Mat. 24:21; Eze. 38:2-4). Nan moman sa a, Gòg pral atake pèp Jewova a, ‘yon pèp yo rasanble e ki soti nan divès nasyon’. (Eze. 38:10-12.) Se atak sa a ki pral sèvi kòm siyal pou Jewova egzekite jijman l sou Gòg ak akolit li yo. Jewova pral fè rekonèt dwa l genyen pou l dirije a e l pral fè non l vin sen paske l di: “Se sèten [...] m ap fè nasyon yo konnen m. Wi, y ap konnen mwen se Jewova.” — Eze. 38:18-23NW.

Pandan “gwo tribilasyon” an, nou pral bezwen ret atache ak kongregasyon kote n ye a. (Gade paragraf 16-18.)

17, 18. a) Ki enstriksyon pèp Jewova a pral resevwa lè Gòg pral atake yo? b) Ki sa n dwe fè si n vle jwenn pwoteksyon Jewova?

17 Men sa Jewova pral di sèvitè l yo lè Gòg kòmanse atak li a: “Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou, epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” (Iza. 26:20, NW). Nan moman difisil sa a, Jewova pral ban nou enstriksyon pou sove lavi nou, e “chanm” yo gendwa pral gen rapò ak kongregasyon kote nou ye a.

18 Sepandan, si n vle pwofite pwoteksyon Jewova pral bay pandan gwo tribilasyon an, nou dwe rekonèt Jewova gen yon pèp sou tè a, yon pèp ki òganize an plizyè kongregasyon. Nou dwe kontinye rete bò kote yo e nou dwe ret atache ak kongregasyon kote n ye a. Annou tout ini vwa nou ak salmis la ak tout kè n pou n di: “Se Jewova ki bay delivrans. Ou beni pèp ou a.” — Sòm 3:8, NW.