Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki fason yo nome ansyen ak asistan ministeryèl yo nan chak kongregasyon?

Men sa apot Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo nan premye syèk epòk nou an: “Veye sou tèt nou, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou ka pran swen kongregasyon Bondye a, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a.” (Tra. 20:28). Ki wòl lespri sen jwe nan nominasyon ansyen ak asistan ministeryèl yo jodi a?

Premyèman, lespri sen te enfliyanse moun ki te ekri Bib la pou yo ekri kondisyon yon moun dwe ranpli pou l vin ansyen oswa asistan ministeryèl. Nan 1 Timote 3:1-7 nou jwenn 16 kondisyon ansyen yo dwe ranpli. Nou jwenn lòt kondisyon ankò nan Tit 1:5-9 ak Jak 3:17, 18. Kondisyon yo bay pou asistan ministeryèl yo parèt nan 1 Timote 3:8-10, 12, 13. Dezyèmman, frè k ap fè rekòmandasyon yo ak frè k ap fè nominasyon yo priye Jewova espesyalman pou yo mande l direksyon lespri sen toutpandan y ap egzamine si frè sa a ranpli kondisyon Ekriti yo nan yon degre ki rezonab. Twazyèmman, frè y ap rekòmande yo bezwen demontre fwi lespri sen Bondye a nan lavi yo (Gal. 5:22, 23). Kidonk, lespri Bondye enplike nan tout aspè nan pwosesis nominasyon an.

Men, kiyès ki nome frè yo kounye a? Anvan sa, yo te konn voye tout rekòmandasyon konsènan nominasyon ansyen oswa asistan ministeryèl yo bay biwo filyal ki nan peyi a. Lè sa a, gen frè Kolèj santral la nome ki la pou egzamine rekòmandasyon sa yo epi pou fè nominasyon ki apwopriye yo. Apre sa, biwo filyal la ap fè gwoup ansyen yo konn sa. Ansyen yo bò kote pa yo ap fè frè ki fèk nome a konnen nominasyon l lan, epi y ap mande l si l dispoze aksepte asiyasyon sa a e si l santi l toujou kalifye pou asiyasyon an. Finalman, yo fè yon anons pou fè kongregasyon an konn sa.

Men, ki jan nominasyon sa yo te konn fèt nan premye syèk la? Pafwa, apot yo te konn fè kèk nominasyon byen presi, tankou lè yo te nome sèt gason pou yo te distribye manje chak jou bay vèv yo (Tra. 6:1-6). Sepandan, mesye sa yo genlè te deja kòmanse sèvi kòm ansyen anvan menm yo te ba yo asiyasyon anplis sa a.

Menm lè Ekriti yo pa ban nou tout detay sou fason yo te konn fè chak nominasyon, nou jwenn kèk enfòmasyon sou fason yo te konn fè sa. Nou aprann nan moman Pòl ak Banabas  t ap tounen sot nan premye vwayaj misyonè yo a, “yo te nome ansyen nan chak kongregasyon pou ede disip yo. E yo [te] priye, yo [te] fè jèn pou yo remèt yo bay Jewova, li menm yo te vin kwè nan li a”. (Tra. 14:23.) Kèk ane apre, Pòl te ekri Tit ki te konpayon vwayaj li e l te di l: “Mwen te kite w Krèt pou w ka met rès bagay yo annòd e pou w ka nome ansyen nan chak vil, jan mwen te ba w lòd fè a.” (Tit 1:5). Menm jan an tou, sanble Timote, yon moun ki te konn vwayaje souvan ak apot Pòl, te jwenn menm otorite sa a (1 Tim. 5:22). Sa klè, nan epòk sa a se siveyan sikonskripsyon yo ki te konn fè nominasyon sa yo, men, se pa t ni apot yo ni ansyen nan Jerizalèm yo.

Ann amoni ak egzanp biblik sa a, Kolèj santral Temwen Jewova yo fè ajisteman nan fason yo nome ansyen ak asistan ministeryèl yo. Apati 1ye septanm 2014, nominasyon yo ap fèt konsa: Chak siveyan sikonskripsyon ap byen egzamine rekòmandasyon ki fèt nan sikonskripsyon pa l. Pandan l ap vizite kongregasyon yo, l ap eseye konnen frè yo rekòmande yo, l ap travay avèk yo nan ministè a si sa posib. Apre siveyan sikonskripsyon an fin pale avèk ansyen yo sou rekòmandasyon yo, li gen responsablite pou l nome ansyen ak asistan ministeryèl nan kongregasyon ki nan sikonskripsyon l lan. Konsa, dispozisyon an ap pi pwòch sa k te konn fèt nan premye syèk la.

Ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon an k ap pale sou kalifikasyon yon frè. (Malawi)

Ki moun ki jwe diferan wòl ki gen nan pwosesis sa a? Tankou nou konn sa, premye responsablite “esklav fidèl ki prevwayan an” genyen se bay domestik li yo manje (Mat. 24:45-47). Sa gen ladan l, fouye nan Ekriti yo grasa lespri sen yon fason pou l bay direksyon sou fason pratik pou yo aplike prensip biblik ki gen enfliyans sou fason kongregasyon ki sou tout tè a òganize. Se esklav fidèl la tou ki nome tout siveyan sikonskripsyon ak manm Komite filyal yo. Chak biwo filyal bò kote pa yo bay èd ki pratik ann amoni ak direksyon yo resevwa nan men Kolèj santral la. Tout gwoup ansyen yo gen responsablite pou yo byen egzamine si frè yo rekòmande a kalifye selon Ekriti yo pou l nome nan kongregasyon Bondye a. Chak siveyan sikonskripsyon gen gwo responsablite pou yo byen egzamine rekòmandasyon ansyen yo fè yo, pou yo priye sou sa epi pou yo nome frè ki kalifye yo.

Lè nou byen konprann fason yo fè nominasyon yo, nou vin pi byen apresye wòl lespri sen jwe nan pwosesis sa a. Konsa, nou fè frè yo nome nan kongregasyon kretyen an plis konfyans e nou gen plis respè pou yo. — Ebre 13:7, 17.

 De temwen yo pale de yo nan Revelasyon chapit 11 lan, kiyès yo ye?

Revelasyon 11:3 pale konsènan de temwen ki t ap pwofetize pandan 1 260 jou. Pasaj la fè konnen bèt sovaj la t ap gen pou l “pote laviktwa sou yo, e l [t] ap touye yo”. Men, apre “twa jou edmi”, de temwen sa yo t ap retounen vivan ankò e tout moun ki t ap gade yo t ap sezi wè sa. — Rev. 11:7, 11.

Kiyès de temwen sa yo ye? Detay yo bay sou resi a ede n idantifye kiyès yo ye. Premyèman, yo di nou yo reprezante “de pye oliv ak de pòtlanp”. (Rev. 11:4.) Sa fè n sonje pòtlanp ak de pye oliv yo pale de yo nan pwofesi Zekarya a. Dapre sa nou aprann, pye oliv sa yo te reprezante “de moun Bondye chwazi”, anpalan de gouvènè Zowobabèl ak gran prèt Yochouwa “ki kanpe bò kote [...] Seyè tout tè a”. (Zek. 4:1-3, 14, NW.) Dezyèmman, yo di de temwen yo ap akonpli yon seri siy ki sanble ak siy Moyiz ak Eliya te akonpli yo. — Konpare Revelasyon 11:5, 6 ak Nonb 16:1-7, 28-35 ansanm avèk 1 Wa 17:1; 18:41-45.

Ki resanblans nou jwenn nan vèsè sa yo? Nan chak ka sa yo, vèsè yo pale konsènan kèk moun Bondye chwazi ki te pran latèt pandan yon peryòd eprèv ki difisil. Kidonk, nan akonplisman Revelasyon 11 lan, frè Bondye chwazi pou al nan syèl ki te pran latèt nan epòk Wayòm Bondye a te tabli nan syèl la an 1914 te preche nan “twal sak” pandan twazan edmi.

Nan fen predikasyon nan twal sak yo a, yon fason senbolik yo te touye kretyen sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl yo lè yo te mete yo nan prizon pandan yon ti tan tou kout, yon tan ki senbolize twa jou edmi. Nan je ènmi pèp Bondye a travay yo t ap fè a te mouri, sa ki te fè opozan sa yo kontan anpil. — Rev. 11:8-10.

Sepandan, tankou pwofesi a te di sa, nan fen twa jou edmi an, de temwen yo te retounen vivan ankò. Nonsèlman moun sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl la te soti nan prizon, men tou, sa ki te rete fidèl yo te resevwa yon asiyasyon espesyal nan men Bondye pa mwayen Jezi Kris, Seyè yo a. An 1919 yo te pami moun yo te nome pou sèvi antanke “esklav fidèl ki prevwayan an” pou yo pran swen pèp Bondye a nan domèn espirityèl pandan dènye jou yo. — Mat. 24:45-47; Rev. 11:11, 12.

Li enteresan pou n konnen Revelasyon 11:1, 2 montre evènman sa yo gen rapò ak yon peryòd kote yo t ap mezire tanp espirityèl la. Malaki chapit 3 pale konsènan yon enspeksyon konsa yo te fè nan tanp espirityèl la, kote tousuit apre, te vin gen yon peryòd netwayaj (Mal. 3:1-4). Konbyen tan sa te pran pou yo te enspekte epi netwaye tanp lan? Sa te kòmanse an 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919. Peryòd tan sa a gen ladan l ni 1 260 jou a (42 mwa) ni twa jou edmi senbolik Revelasyon chapit 11 pale de li a.

Ala kontan nou kontan dèske Jewova te fè aranjman pou netwayaj espirityèl sa a yon fason pou l te pirifye yon pèp espesyal ki la pou fè bèl travay (Tit 2:14)! Anplis de sa, nou apresye egzanp moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl yo kite a, yo menm ki te pran latèt pandan peryòd eprèv sa a e ki te sèvi antanke de temwen senbolik yo *.