Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa Jeremi te vle di lè l te pale de Rachèl k ap kriye pou pitit gason l yo?

Men sa nou li nan Jeremi 31:15 (NW): “Men sa Jewova di: ‘Yo tande yon vwa nan vil Rama, vwa yon moun k ap plenn e k ap kriye anpil. Se Rachèl k ap kriye pou pitit gason l yo. Li pa vle yo konsole l paske pitit gason l yo pa la ankò.’”

Etandone Rachèl te mouri anvan de pitit gason l yo, sa Jeremi te ekri konsènan Rachèl sa gen 1 000 an an gendwa sanble pa egzat.

Se Jozèf ki te premye pitit gason Rachèl (Jen. 30:22-24). Apre sa, Rachèl te vin gen yon lòt pitit gason ki rele Benjamen. Men, Rachèl te mouri pandan l t ap fè dezyèm pitit sa a. Kidonk, nou kapab poze kesyon sa a: Poukisa Jeremi 31:15 di Rachèl t ap kriye paske pitit gason l yo “pa la ankò”?

Li enpòtan pou n konnen Joseph, premye gason l lan, te vin gen de pitit ki se Manase ak Efrayim (Jen. 41:50-52; 48:13-20). Pi devan, Efrayim te vin tounen tribi ki te gen plis moun e ki te pi gwo nan tout wayòm ki te nan nò Izrayèl la e li te vin reprezante tout dis tribi yo. Yon lòt bò, wayòm sid la te gen ladan l tribi ki te soti nan Benjamen, dezyèm pitit Rachèl la, ansanm ak tribi Jida a. Donk, nan yon sans, yo te ka pale de Rachèl kòm yon senbòl ki reprezante tout manman ann Izrayèl yo, kit se sa ki te nan wayòm nò a kit se sa ki te nan wayòm sid la.

Rive nan moman Jeremi te ekri liv li a, dis tribi wayòm nò a te gentan tonbe anba men Asiryen yo e yo te mennen anpil moun pami pèp la kòm prizonye. Sepandan, sanble gen kèk desandan Efrayim ki te kouri pran refij sou tèritwa Jida a. Nan ane 607 anvan epòk nou an, Babilonyen yo te anvayi de tribi wayòm Jida a. Sanble youn nan bagay Babilonyen yo te fè apre yo te fin anvayi de tribi yo se mennen yo te mennen anpil moun kòm prizonye nan vil Rama, yon vil ki te twouve l a anviwon 8 kilomèt nan nò Jerizalèm (Jer. 40:1). Petèt, yo te asasinen kèk nan moun sa yo nan vil Rama ki se vil kote yo te antere Rachèl la e ki nan tèritwa Benjamen (1 Sam. 10:2). Kidonk, nan yon sans senbolik, ekspresyon Rachèl k ap kriye pou pitit li yo kapab vle di li nan chagren pou moun tribi Benjamen yo oswa pou moun Rama yo an patikilye. Nan yon lòt sans, li kapab vle di tou se tout manman pami pèp Bondye a ki t ap kriye akoz lanmò Izrayelit yo oswa paske yo te mennen yo kòm prizonye.

Antouka, sa Jeremi te di konsènan Rachèl k ap kriye pou pitit gason l yo te pwofetize sa k t ap gen pou rive plizyè syèk annapre nan moman lavi Jezi te an danje pandan l te timoun. Wa Ewòd te bay lòd pou fè touye tout tigason ki te gen plis pase dezan ki t ap viv nan vil Betleyèm, yon vil ki te twouve l nan sid Jerizalèm. Konsa, pitit gason sa yo pa t la ankò, yo te mouri. Imajine jan manman sa yo ki te nan lapenn t ap rele paske yo te pèdi pitit gason yo! Se kòmsi yo te ka tande rèl manman sa yo byen lwen nan Rama ki te nan nò Jerizalèm. — Mat. 2:16-18.

Kidonk, ni nan epòk Jeremi an ni nan epòk Jezi a, ekspresyon Rachèl k ap kriye akoz pitit gason l yo se yon ekspresyon ki byen montre kalite lapenn medam Juif yo te genyen akoz pitit yo ki te mouri. Nòmalman, moun ki mouri e ki al nan “peyi ènmi an”, anpalan de lanmò, ap ka soti anba grif ènmi sa a nan moman rezirèksyon an. — Jer. 31:16; 1 Kor. 15:26.