Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Èske kretyen yo ka ensinere moun?

Zafè konnen si wi ou non nou ka ensinere yon moun se yon desizyon pèsonèl. Byenke Bib la pa di anyen egzakteman sou pratik sa a, li bon pou n note yo te boule kò wa Sayil ak kò Yonatàn, pitit gason l, epi apre sa, yo te antere yo (1 Sam. 31:2, 8-13). — 15/6, paj 7.

Ki jan n ka gen asirans se pa Bondye ki lakòz move bagay rive?

Bondye jis nan tout sa l fè. Li jis, li fidèl e li dwat. Mete sou sa, Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd (Det. 32:4; Sòm 145:17; Jak 5:11). — 1/7, paj 4.

Ki difikilte yon moun ka jwenn lè l al sèvi kote ki gen plis bezwen nan lòt peyi?

Li ka jwenn twa difikilte: 1) adapte l ak fason moun yo viv, 2) fè fas ak anvi pou retounen lakay, epi 3) fè zanmi ak frè nan peyi a. Gen anpil moun ki te fè fas ak difikilte sa yo ki jwenn anpil benediksyon. — 15/7, paj 4-5.

Poukisa frè Jozèf yo te leve kont li?

Pou yon sèl bagay: Jakòb te montre l bay Jozèf yon apwobasyon espesyal lè l te ba l yon rad espesyal. Frè Jozèf yo te vin jalou e yo te vann li kòm esklav. — 1/8, paj 11-13.

Ki sa k fè nouvo feyè yo efikas e yo fasil pou n itilize konsa?

Yo tout gen menm fòma. Chak feyè ankouraje n li yon vèsè epi poze moun nou rankontre a yon kesyon. Kèlkeswa repons moun nan bay la, nou ka vire paj la epi montre l sa Bib la di. Nou kapab poze yon kesyon pou yon nouvèl vizit tou. — 15/8, paj 13-14.

Ki sa Pechita siryak la ye?

Siryak la se yon dyalèk arameyen yo te kòmanse itilize nan dezyèm oswa twazyèm syèk epòk nou an. Sanble se nan lang siryak la yo te premye tradui kèk pati nan Liv ki te ekri an grèk yo. Yo te vin konnen Bib ki te ekri nan lang siryak la sou non Pechita. — 1/9, paj 13-14.

Ki sa paran kretyen yo ka fè pou yo pran swen pitit yo?

Li enpòtan pou yo koute pitit yo pou yo ka konnen yo. Yo dwe fè efò pou anseye yo nan domèn espirityèl. Yo bezwen gide yo avèk amou, pa egzanp lè yo eseye venk dout yo genyen nan domèn espirityèl. — 15/9, paj 18-21.

Ki bagay ki pap la ankò lè Wayòm Bondye a ap dirije?

Lanmò, pwoblèm sante, pwoblèm travay, lagè, grangou ak mizè pap la ankò. — 1/10, paj 6-7.

Ki alyans biblik ki bay lòt moun posiblite pou y al dirije ak Kris?

Apre dènye repa Pak Jezi te pran ak apot yo, li te fè yon alyans ak disip fidèl li yo. Yo ka rele alyans sa a alyans Wayòm nan (Lik 22:28-30). Alyans sa a te ba yo asirans yo t ap gen pou dirije ak Jezi nan syèl la. — 15/10, paj 16-17.

Bay de egzanp biblik ki montre Satan egziste toutbon.

Ekriti yo fè konnen Satan te pale ak Jezi lè l t ap eseye tante l la. Mete sou sa, nan epòk Jòb la, Satan te pale ak Bondye. Istwa sa yo bay prèv Satan se yon moun reyèl. — 1/11, paj 4-5.

Jan sa parèt nan Travay 15:14, “pèp pou non [Jewova]” Jak te pale de li a, ki pèp li ye?

Pèp sa a se yon seri Juif ak moun ki pa Juif ki te vin kwayan Bondye te rasanble pou vin tounen yon ras li chwazi pou fè “konnen kalite estrawòdinè” Sila a ki te rele yo a (1 Pyè 2:9, 10). — 15/11, paj 24-25.

Ki kote Timgad te ye, e ki atitid kèk moun ki t ap viv nan vil sa a te genyen?

Timgad se te yon gwo vil Women ki te twouve l ann Afrik dinò (jodi a ki rele Aljeri). Men sa nou li nan yon enskripsyon ki montre nan ki sa kèk moun nan vil sa a te kwè: “Fè lachas, benyen, jwe, ri, se sa k lavi a!” Atitid sa a sanble ak sa yo pale de li nan 1 Korentyen 15:32 a. — 1/12, paj 8-10.