Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon sipriz pou peyi Japon

Yon sipriz pou peyi Japon

NAN jou ki te 28 avril 2013 la, nan yon reyinyon espesyal ki te fèt nan vil Nagoya nan peyi Japon, Anthony Morris, yon manm Kolèj santral la, te fè tout moun ki te nan asistans lan sezi lè l te fè yon anons ki te bay anpil kè kontan. Li te prezante yon liv ki parèt nan lang japonè ki gen tit: Labib — Bon nouvèl la selon Matye. Te gen plis pase 210 000 moun ki te suiv pwogram nan kote reyinyon an t ap fèt la oswa ki te suiv li an dirèk pa mwayen Entènèt e yo tout te bat bravo san rete.

Liv sa a ki gen 128 paj, se yon liv espesyal. Yo enprime l apati Bib Tradiksyon monn nouvo ki nan lang japonè a. Frè Morris te fè konnen yo fè l “pou ede moun nan tèritwa japonè yo”. Ki karakteristik liv sa a? Poukisa yo fè l? E ki jan moun yo te reyaji lè yo te resevwa l?

KI KARAKTERISTIK LI?

Moun ki te nan oditwa a te sezi wè fason yo prezante ekriti japonè a nan liv Matye a. Yo ka ekri siy ki nan lang japonè a swa nan sans vètikal swa nan sans orizontal, epi, gen yon bon kantite dokiman enprime, san wete dènye piblikasyon nou yo, ki ekri nan sans orizontal. Sepandan, yo ekri tèks ki nan nouvo liv sa a nan sans vètikal, e li parèt nan menm stil moun nan peyi Japon abitye ekri jounal ansanm ak lòt piblikasyon. Anpil nan lektè japonè yo twouve l fasil pou yo li piblikasyon ki ekri nan stil sa a. Anplis de sa, yo retire enfòmasyon ki konn parèt anlè tèt paj yo e yo mete yo kòm soutit yon fason pou lektè yo ka wè pwen ki pi enpòtan yo byen fasil.

Frè ak sè nan peyi Japon yo pa pèdi tan pou yo pwofite karakteristik liv Matye a. Gen yon sè ki gen 80 an ki di: “Mwen te li [Evanjil] Matye a plizyè fwa anvan sa, men, stil vètikal la ak soutit yo ede m pi byen konprann Sèmon sou montay la.” Men sa yon jèn sè te ekri lè l te fin li nouvo liv la: “Mwen li tout liv Matye a yon sèl kou. Mwen abitye ak stil orizontal la, men, anpil Japonè prefere lè tèks la parèt nan sans vètikal.”

LI FÈT POU TÈRITWA KOTE YO PALE JAPONÈ

Poukisa sèl liv sa a ki soti nan Bib la apwopriye pou tèritwa japonè yo? Se vre, anpil Japonè pa fin twò abitye ak Labib, men, yo pa gen pwoblèm pou yo li l. Liv sa a pral bay moun ki poko janm wè Bib la yon okazyon pou yo kenbe yon pati nan liv sakre sa a nan men yo epi pou yo li l.

Poukisa se Evanjil Matye a yo te chwazi? Lè pifò Japonè tande mo Bib la, sa fè yo panse ak Jezi Kris. Kidonk, yo te chwazi Evanjil Matye a paske l pale konsènan liy fanmi Jezi, nesans li ak istwa lavi l. Ladan l nou jwenn Sèmon sou montay la, ki se yon diskou anpil moun konnen, ak yon seri gwo pwofesi konsènan dènye jou yo e sijè sa yo ap enterese yon pakèt Japonè.

Pwoklamatè Wayòm nan k ap viv nan peyi Japon yo te kòmanse distribye nouvo liv la avèk zèl lè y ap preche kay an kay ak lè yo retounen vizite moun yo. Men sa yon sè te ekri: “Kounye a, mwen gen plis posiblite pou m kite Pawòl Bondye a nan men moun nan tèritwa a. Anfèt, mwen te anmezi pou m bay yon moun liv Matye a nan aprèmidi jou ki te gen reyinyon espesyal la!”

KI JAN MOUN YO TE REYAJI?

Ki jan pwoklamatè yo ofri moun yo liv Matye a? Anpil Japonè abitye ak kèk ekspresyon tankou “pòt ki jis la”, “pa lage grenn pèl nou devan kochon”, ak “pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”. (Mat. 6:34; 7:6, 13.) Yo sezi aprann se Jezi Kris ki te di pawòl sa yo. Men sa anpil nan yo di lè yo rann yo kont pawòl sa yo soti nan Evanjil Matye a: “Mwen te toujou vle li Labib omwen yon fwa.”

Lè pwoklamatè yo retounen al vizite moun ki te aksepte liv Matye a, byen souvan, moun sa yo konn di yo gentan li yon pòsyon ladan l, gen lòt menm ki di yo li tout. Men sa yon mesye ki nan swasantèn li te di yon pwoklamatè: “Mwen li l plizyè fwa e m santi li rekonfòte m. Tanpri, aprann mwen plis bagay nan Bib la.”

Liv Matye a fè pati liv yo itilize nan kad temwayaj an piblik. Pandan yon sè t ap patisipe nan aktivite sa a, li te bay yon jèn fi ki te aksepte liv Matye a adrès imel li. Inèdtan annapre, jèn fi a te gentan voye yon imel bay sè a pou l fè l konnen li gentan li yon bon pati nan liv la e l ta renmen konn plis bagay toujou. Yon semèn annapre, li te kòmanse fè etid la e l pa t pran tan pou l asiste reyinyon.

Yo te voye plis pase 1 600 000 liv Labib — Bon nouvèl la selon Matye nan kongregasyon ki nan peyi Japon yo, e chak mwa, Temwen yo bay moun nan tèritwa yo plizyè dizèn milye ladan yo. Men sa editè yo di nan entwodiksyon liv sa a ki montre santiman yo genyen: “Nou espere ak tout kè nou, lè nou li liv sa a n ap vin pi enterese nan Bib la.”