Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Yon epòk vrèman espesyal”

“Yon epòk vrèman espesyal”

NAN ane 1870, te gen yon ti gwoup moun nan Pitsbèg (Allegheny), Pennsilvani, Ozetazini, ki te kòmanse fouye nan Ekriti yo. Ti gwoup moun sa a, ki te gen Charles Taze Russell alatèt li, te etidye sijè ki gen rapò ak ranson Kris la e byen vit yo te vin konprann plas enpòtan ranson an genyen nan objektif Jewova. Se pa ti kontan yo te kontan aprann ranson an te ouvri chemen pou moun sove, menm pou moun ki potko tande pale de Jezi yo! Sa te pouse yo komemore lanmò Jezi chak ane pou yo montre yo sonje l. — 1 Kor. 11:23-26.

Frè Russell te pibliye Toudegad Siyon an, ki te defann doktrin ranson an e ki te montre ranson an se pi gwo fason Bondye montre l renmen limanite. Toudegad Siyon an te pale de epòk Memoryal lanmò Kris la kòm “yon epòk vrèman espesyal” e l te ankouraje lektè yo pou yo fè ti gwoup pou yo komemore l nan Pitsbèg oswa lòt kote ankò. Toudegad la te fè konnen “menm lè se de oswa twa moun ki gen lafwa” ki reyini ansanm, oswa menm lè se ta youn, nan yon sans Kris t ap ansanm avèk yo.

Chak ane, te gen plis moun toujou ki te konn vin asiste Memoryal la nan vil Pitsbèg. Men sa yo te ekri nan fich envitasyon an: “Bèl akèy w ap jwenn ap fè w santi w byen.” Vrèmanvre, Etidyan Labib ki te nan vil sa a te kontan akeyi frè ak sè yo lakay yo e yo te ba yo manje. Nan ane 1886, pandan epòk Memoryal la, yo te fè yon festen espirityèl pou Etidyan Labib yo ki te dire plizyè jou. Men ki ankourajman Toudegad te bay moun yo: “Vini ak kè nou chaje ak lanmou pou Mèt la, pou frè l yo ansanm ak verite l la.”

Yon chema ki montre fason yo te pase anblèm Memoryal la nan Tabènak vil Lonn nan.

Pandan plizyè ane, Etidyan Labib ki nan vil Pitsbèg yo te konn òganize kongrè pou moun ki te kwè nan ranson an e ki te konn vin asiste Memoryal nan vil sa a. Tank kantite Etidyan Labib yo t ap ogmante, se tank te vin gen plis moun ki te konn asiste Memoryal la e yo te vin òganize plis Memoryal toujou sou tout tè a. Ray Bopp, ki te nan kongregasyon Chikago, sonje yo te konn pran plizyè èdtan pou yo pase anblèm yo nan ane 1910. Lè sa a, te gen plizyè santèn moun ki te konn vin asiste e prèske yo tout te konn patisipe nan anblèm yo.

Ki sa yo te konn itilize kòm anblèm? Byenke yo konnen Jezi te itilize diven pandan Soupe Seyè a, pandan yon tan, Toudegad te ankouraje frè yo pou yo sèvi ak ji yo fè ak rezen ki fèk keyi oswa ak rezen ki kuit yon fason pou yo pa fè moun ki fèb yo trebiche. Sepandan, moun ki te konprann se diven fèmante yo te dwe itilize yo te konn jwenn diven. Annapre, Etidyan Labib yo te vin konprann se diven wouj ki pa gen anyen ladan l ki byen reprezante san Jezi.

Nan yon prizon nan peyi Nikaragwa, yo te pase papye sa a ak kreyon sa a nan chak selil pou konte kantite moun ki te asiste Memoryal la.

Komemorasyon lanmò Jezi te bay moun posiblite pou yo byen medite. Sepandan, nan kèk kongregasyon, moun yo te tankou moun ki nan antèman e lè pwogram nan fini se apèn si youn te konn pale ak lòt. Nan ane 1934, liv Jéhovah a te fè konnen nan moman Memoryal la nou pa dwe “tris” poutèt Jezi te mouri yon fason ki terib, men, nou dwe “kontan” lefètke Jezi ap dirije antanke wa depi 1914.

Kèk frè ki reyini nan yon kan travo fòse nan vil Mòdovi pou yo selebre Memoryal la nan ane 1957.

Nan ane 1935, te gen yon gwo chanjman ki te vin gen efè sou fason yo t apral selebre Memoryal la alavni paske yo te vin konprann ki moun ki reprezante “gwo foul moun” yo pale de li nan Revelasyon 7:9 la. Anvan sa, sèvitè Jewova yo te konprann gwoup sa a reprezante yon seri moun ki vwe lavi yo bay Jewova men ki pa t zele anpil. Kounye a, yo vin konprann gwo foul moun sa a se adoratè fidèl Jewova ki gen esperans pou yo viv nan yon paradi sou tè a. Men sa Russell Poggensee te fè konnen apre yo te fin fè ajisteman sa a e apre l te fin byen egzamine tèt li: ‘Lespri sen Jewova pa t fè m santi m gen esperans pou m al nan syèl.’ Frè Poggensee ansanm ak anpil lòt moun ki fidèl menm jan avè l te sispann patisipe nan anblèm yo, men, yo te kontinye asiste Memoryal la.

Pandan ‘epòk sa a ki te vrèman espesyal’, yo te konn òganize yon seri kanpay predikasyon ki te espesyal ki te bay tout moun yon bèl posiblite pou yo montre apresyasyon yo pou ranson an. Gen yon nimewo Bilten (anglè) ki te parèt nan ane 1932 ki te ankouraje kretyen yo pou yo pa aji tankou swadizan “sen Memoryal”, sa vle di, pou yo pa tankou moun k ap patisipe nan anblèm yo men ki pap travay antanke moun k ap preche mesaj verite a. Nan ane 1934, men sa yo te di nan Bilten an pou ankouraje moun vin pyonye oksilyè: ‘Èske n ap jwenn 1 000 pyonye oksilyè anvan Memoryal la?’ Men sa Enfòmatè a (anglè) te di konsènan moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl yo: “Se sèlman si yo patisipe nan bay temwayaj konsènan Wayòm nan y ap vin gen yon jwa total.” Annapre, se t ap menm bagay la pou moun ki gen esperans pou viv sou tè a *.

Menm lè Harold King te nan kacho poukont li li te ekri plizyè powèm ak chante konsènan Memoryal la.

Sware Memoryal la se sware nan ane a ki pi sakre pou tout moun ki fè pati pèp Jewova a. Yo selebre l menm lè y ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil anpil. Nan ane 1930, Pearl English ansanm ak sè l, Ora, te fè anviwon 80 kilomèt ap mache pou y al asiste Memoryal la. Menm lè yon misyonè ki rele Harold King te nan kacho poukont li nan yon prizon nan peyi Lachin, li te ekri plizyè powèm ak chante konsènan Memoryal la e l te itilize rezen sèk ak diri pou l fè anblèm yo. Soti Ewòp delès pase Amerik santral pou rive Afrik, avèk kouraj, gen yon seri kretyen ki te afwonte lagè oswa entèdiksyon pou yo te ka komemore lanmò Jezi. Kèlkeswa kote nou ye oswa kèlkeswa sitiyasyon nou, nou reyini ansanm pou n onore Jewova ak Jezi Kris pandan epòk Memoryal la, yon epòk ki vrèman espesyal.

^ § 10 Yo te vin rele Bilten an Enfòmatè annapre. Kounye a yo rele l Ministè Wayòm nan.