Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann imite Jezi: Li gen kouraj ak bon konprann

Ann imite Jezi: Li gen kouraj ak bon konprann

“Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. Byenke nou pa wè l kounye a, nou demontre nou gen lafwa nan li.” — 1 PYÈ 1:8.

1, 2. a) Ki jan n ka vin nan pozisyon pou n jwenn delivrans? b) Ki sa k ka ede n ret nan vwayaj k ap fè n jwenn delivrans lan?

LÈ YON moun vin disip Kris, nan yon sans, se yon vwayaj li kòmanse. Vwayaj sa a ka fè l jwenn lavi swa nan syèl la swa sou tè a. Men sa Jezi te di: “Moun ki andire jiska lafen an [fen lavi li gen kounye a oswa fen sistèm mechan sa a], se li k ap sove.” (Mat. 24:13). Vrèmanvre, si n rete fidèl n ap nan pozisyon pou n jwenn delivrans. Sepandan, toutpandan n nan vwayaj la, nou dwe fè atansyon pou n pa vin distrè oswa pou n pa pèdi (1 Jan 2:15-17). Ki jan n ka ret nan vwayaj nou an?

2 Jezi, Modèl nou an, trase chemen an pou nou. Yo pale de vwayaj li te fè a nan Bib la. Lè n etidye istwa sa a n ap rive konnen ki kalite moun Jezi te ye. Nou kapab vin renmen l e n kapab montre n gen lafwa nan li. (Li 1 Pyè 1:8, 9.) Sonje apot Pyè te di Jezi te kite yon modèl pou nou pou nou ka suiv tras li pye pou pye (1 Pyè 2:21). Si nou byen suiv tras li n ap rive jwenn “rezilta” lafwa nou anpalan de delivrans nou *. Nan atik ki vin anvan an, nou te pale sou fason n ka imite imilite Jezi ak kè sansib li te gen lakay li. Kounye a, ann wè ki jan n ka suiv tras Jezi nan fason l montre l gen kouraj ak bon konprann.

JEZI GEN KOURAJ

3. Ki sa kouraj ye, e ki fason n ka rive genyen l?

3 Kouraj se yon kalite konfyans yon moun genyen ki kapab ba l fòs e ki ka ede l andire. Yo pale de yon moun ki gen kouraj kòm yon moun “k ap kenbe fas ak pwoblèm”, “k ap defann sa ki dwat” e “k ap andire soufrans ak lafwa oswa ak diyite”. Kouraj se yon kalite ki gen yon rapò sere sere ak lakrentif, esperans ak lanmou. Nan ki sans? Lakrentif pou Bondye ban nou kouraj pou n venk lakrentif pou lòm (1 Sam. 11:7; Pwo. 29:25). Bonjan esperans nou genyen ede n wè pi lwen pase eprèv n ap sibi yo epi l ede n wè lavni avèk konfyans (Sòm 27:14). Lanmou ki pouse n fè sakrifis la ankouraje n demontre kouraj menm lè sa mande pou n pran gwo risk (Jan 15:13). N ap rive gen kouraj lè n met konfyans nou nan Bondye epi n suiv tras Pitit Gason l lan. — Sòm 28:7.

4. Ki fason Jezi te montre l gen kouraj lè l te “nan mitan anseyan yo” nan tanp lan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Avèk kouraj, Jezi te pran pozisyon fèm pou sa ki dwat menm lè l te gen 12 an sèlman. Gade sa k te rive lè Jezi, ki te timoun lè sa a, te antre “nan tanp lan [epi l] chita nan mitan anseyan yo”. (Li Lik 2:41-47.) Nonsèlman anseyan sa yo te byen konn Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, men, yo te byen konn tradisyon lèzòm yo tou, yon seri tradisyon ki te fè Lalwa parèt difisil pou moun yo. Sepandan, olye pou Jezi te kite sa enpresyone l opwen pou l pa ta di anyen, li te pran “poze yo kesyon”. Se sèten, kesyon l te poze yo pa tankou kesyon timoun k ap chèche konnen yo konn abitye poze. Nou kapab imajine Jezi k ap poze anseyan sa yo ki te byen konn Lalwa yon seri kesyon ki te kapte atansyon yo e ki te pouse yo chita pou yo reflechi. Epi, si anseyan sa yo te eseye pran Jezi nan pyèj nan poze l yon seri kesyon pou fè pawòl anpil, yo te echwe. Rezon an se paske tout moun ki t ap koute yo, anseyan yo ladan l tou, te “ret bouch ouvè devan entèlijans li e devan repons li t ap bay” yo, yon seri repons ki te kore verite ki nan Pawòl Bondye a!

5. Nan ki sans Jezi te montre l gen kouraj nan travay predikasyon an?

5 Gen plizyè fason Jezi te montre l gen kouraj nan travay predikasyon an. Avèk kouraj, li te denonse chèf relijye yo ki t ap twonpe pèp la ak fo ansèyman (Mat. 23:13-36). Li te rete tennfas kont move enfliyans monn nan (Jan 16:33). Li te kontinye preche malgre opozan l yo t ap fè presyon sou li (Jan 5:15-18; 7:14). Pandan de fwa, li pa t pè netwaye tanp lan lè l te met moun ki t ap kòwonp vrè adorasyon an deyò. — Mat. 21:12, 13; Jan 2:14-17.

6. Ki fason Jezi te montre l gen kouraj nan dènye jou l te pase sou tè a antanke moun?

6 Lè n konsidere jan Jezi te montre l gen kouraj lè l t ap soufri, sa ap ranfòse lafwa nou. Pa egzanp, gade ki kalite kouraj li te demontre nan dènye jou l te pase sou tè a antanke moun. Jezi te konnen tout sa k t apral rive l yonfwa moun ki t ap trayi l la te fè sa. Aktout sa, men sa l te di Jida nan dènye repa Pak la: “Sa w ap fè a, fè l pi vit.” (Jan 13:21-27). Lè sòlda yo te vin arete Jezi nan jaden Jetsemane a li pa t pè idantifye tèt li. Menm lè lavi l te an danje li te pran defans disip li yo (Jan 18:1-8). Lè yo t ap poze l kesyon devan Sanedren an, avèk kouraj li te fè konnen l se Kris la e l se Pitit Gason Bondye a menm lè l te konnen gran prèt la t ap chèche yon rezon pou fè touye l (Mak 14:60-65). Jezi te kenbe entegrite l yon fason fèm jis li mouri sou yon poto. Pandan l t ap rann dènye souf li, li te pouse yon kri viktwa lè l te di: “Sa reyalize!” — Jan 19:28-30.

ANN IMITE KOURAJ JEZI

7. Jèn, ki jan w santi w dèske w pote non Jewova, e ki jan w ka montre w gen kouraj?

7 Ki jan n ka imite Jezi nan fason l montre l gen kouraj? Nan lekòl. Jèn, ou montre w gen kouraj lè w pa pran tan pou w idantifye w kòm Temwen Jewova menmsi w konnen w ap jwenn fawouch nan men kamarad ou yo ak lòt moun lè w fè sa. Konsa, ou montre w fyè dèske w pote non Jewova. (Li Sòm 86:12.) Ou kapab fè fas ak anpil presyon pou w aksepte teyori evolisyon an. Men, ou gen bonjan rezon pou w gen konfyans nan kwayans ou gen nan kreyasyon an ki baze sou Bib la. Ou kapab sèvi ak bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a pou w reponn moun ki bezwen konn ‘rezon ki fè w gen esperans ou genyen an’. (1 Pyè 3:15.) Konsa, w ap jwenn satisfaksyon dèske w konnen w te kore verite ki nan Pawòl Bondye a.

8. Ki rezon nou genyen pou n preche avèk kran?

8 Nan ministè a. Antanke vrè kretyen, nou vle kontinye “pale avèk kran grasa pouvwa Jewova” ban nou (Tra. 14:3). Ki rezon nou genyen pou n preche avèk kran oswa ak kouraj? Nou konnen n ap preche laverite paske sa n ap preche a baze sou Bib la (Jan 17:17). Nou rekonèt nou se “konpayon travay Bondye” epi n gen lespri sen k ap ede n (1 Kor. 3:9; Tra. 4:31). Nou konprann lè n bay temwayaj avèk zèl se yon fason nou montre atachman nou pou Jewova ansanm ak lanmou pou pwochen nou (Mat. 22:37-39). Grasa kouraj nou genyen, nou pap sispann preche. Okontrè, nou pran detèminasyon pou n devwale fo ansèyman relijye ki anpeche moun aprann laverite (2 Kor. 4:4). Epi n ap kontinye preche bon nouvèl la menm lè n jwenn moun ki pa enterese nan mesaj la k ap pase n nan rizib oswa ki opoze avè n. — 1 Tes. 2:1, 2.

9. Ki jan n ka montre nou gen kouraj lè n ap soufri?

9 Lè n ap soufri. Konfyans nou gen nan Bondye ban nou lafwa ak kouraj pou n fè fas ak pwoblèm. Sa fè n mal anpil lè n pèdi yon moun nou renmen, men, nou pa pèdi espwa. Nou met konfyans nou nan “Bondye tout konsolasyon an” pou n jwenn fòs (2 Kor. 1:3, 4; 1 Tes. 4:13). Nou gendwa soufri anpil lè n ap fè fas ak yon maladi grav oswa lè n blese grav, men, nou pap fè konpwomi. Nou refize tout tretman ki pa ann amoni ak prensip nou jwenn nan Bib la (Tra. 15:28, 29). Si n ap fè fas ak depresyon ‘kè nou ka kondane nou’, sepandan, piske n met konfyans nou nan Bondye ki “toupre moun kè yo ap fann” nan nou pap bay legen *. — 1 Jan 3:19, 20; Sòm 34:18, NW.

JEZI GEN BON KONPRANN

10. Ki sa bon konprann ye, e ki fason yon adoratè Jewova ki gen bon konprann konn pale epi aji?

10 Yon moun ki gen bon konprann se yon moun ki gen bon jijman, sa vle di li gen kapasite pou l distenge sa ki byen ak sa ki mal epi pou l chwazi sa ki byen (Ebre 5:14). Yo defini bon konprann kòm “kapasite yon moun genyen pou l pran bon desizyon anrapò ak bagay espirityèl yo”. Yon adoratè Jewova ki gen bon konprann se yon moun ki konn pale epi ki aji yon fason ki fè Jewova plezi. Moun sa a chwazi di pawòl ki kapab ede lòt moun olye l di pawòl pou blese yo (Pwo. 11:12, 13). Li pa “prese fè kòlè”. (Pwo. 14:29, NW.) Li “mache sou wout ki dwat la” e l kontinye fè sa ki dwat toutpandan l nan vwayaj k ap fè l jwenn lavi a (Pwo. 15:21, NW). Ki jan n ka rive gen bon konprann? Nou dwe etidye Pawòl Bondye a epi n dwe aplike sa n aprann yo (Pwo. 2:1-5, 10, 11). Yon bagay ki ka ede n se lè n suiv egzanp Jezi, moun ki gen plis bon konprann ki te pase sou tè a.

11. Ki jan Jezi te montre l gen bon konprann nan pawòl li?

11 Jezi te montre l gen bon konprann nan tout sa l te di ak nan tout sa l te fè. Nan pawòl li. Li te montre l gen bon konprann lè l t ap preche bon nouvèl la nan fason l te chwazi “bèl pawòl ki plen cham” ki te fè moun ki t ap koute l yo sezi anpil (Lik 4:22; Mat. 7:28). Byen souvan, li te konn li nan Pawòl Bondye a, li te konn site l oswa l te konn fè referans ak yon pasaj byen presi nan Ekriti yo pou l kore yon ide (Mat. 4:4, 7, 10; 12:1-5; Lik 4:16-21). Anplis de sa, Jezi te konn esplike Ekriti yo e l te konn fè sa yon fason ki te konn touche kè moun ki t ap koute l yo. Apre rezirèksyon l, pandan l t ap pale ak de disip sou wout Emayis, li te “entèprete tout bagay ki te gen rapò avè l nan tout Ekriti yo pou yo”. Annapre, disip yo te di: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l [...] t ap byen esplike nou Ekriti yo?” — Lik 24:27, 32.

12, 13. Bay kèk egzanp ki montre Jezi pa t konn prese fè kòlè e l te konn aji yon fason rezonab.

12 Nan lespri l ak atitid li. Lefètke Jezi te gen bon konprann sa te pèmèt li metrize lespri l e konsa li pa t “prese fè kòlè”. (Pwo. 16:32, NW.) Li te gen “tanperaman dou”. (Mat. 11:29.) Li te toujou pran pasyans ak disip li yo menm lè yo te gen mankman (Mak 14:34-38; Lik 22:24-27). Li te rete kalm menm lè yo t ap trete l yon fason ki enjis. — 1 Pyè 2:23.

13 Mete sou sa, lefètke Jezi te gen bon konprann sa te ede l aji yon fason rezonab. Li te wè pi lwen pase pawòl ki nan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la paske l te konprann rezon ki fè Bondye te bay Lwa sa a epi l te aji ann amoni avè l. Pa egzanp, ann konsidere istwa yo rakonte nan Mak 5:25-34 la. (Li vèsè yo.) Gen yon fi ki te gen yon san k ap koule sou li ki te fofile kò l nan foul la, li touche rad Jezi epi l geri. Selon Lalwa, fi sa a pa t pwòp, donk, li pa t dwe touche pèsonn (Lev. 15:25-27). Men, etandone Jezi te gen bon konprann li te wè “pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo”, sa ki gen ladan l “mizèrikòd ak fidelite”, e sa te fè l pa fache sou fi a poutèt fi a te touche rad li (Mat. 23:23). Olye de sa, avèk jantiyès li te di: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” Se pa ti touchan sa touchan pou n wè jan bon konprann te pouse Jezi aji ak jantiyès!

14. Ki sa Jezi te chwazi fè, e ki fason l te kontinye nan vwayaj li a?

14 Nan fason l te viv. Jezi te montre l gen bon konprann lè l te chwazi fè sa ki dwat epi l te ret atache avè l. Li te bay tout li menm nan travay predikasyon bon nouvèl la e l te fè travay sa a tounen yon karyè pou li (Lik 4:43). Anplis de sa, Jezi te kontinye nan vwayaj li a lè l te pran yon seri desizyon ki te pèmèt li ret konsantre sou travay la epi fini travay la. Avèk sajès, li te chwazi kontinye viv yon fason ki senp pou l te ka bay tout tan l ak tout fòs li nan travay predikasyon an (Lik 9:58). Bon konprann te fè l wè enpòtans pou l fòme lòt moun pou kontinye fè travay la apre l fin mouri (Lik 10:1-12; Jan 14:12). Li te pwomèt disip li yo li t ap kontinye ede yo nan travay sa a “rive jis nan fen sistèm nan”. — Mat. 28:19, 20.

ANN IMITE BON KONPRANN JEZI GEN LAKAY LI

Chèche wè sa k enterese moun yo epi chwazi pawòl n ap di yo selon bezwen yo. (Gade paragraf 15.)

15. Ki jan n ka montre n gen bon konprann nan pawòl nou?

15 Ann wè yon lòt fason nou kapab imite Jezi. Nan pawòl nou. Lè n ap pale ak kwayan parèy nou yo, nou itilize pawòl k ap ankouraje yo e ki pap kraze yo (Efe. 4:29). Lè n ap pale ak lòt moun konsènan Wayòm Bondye a, nou sizonnen pawòl nou “ak sèl”. (Kol. 4:6.) Nou eseye chèche konprann bezwen moun n ap pale avè l la ak sa k enterese l epi annapre nou chwazi pawòl n ap di yo selon sitiyasyon l. Nou sonje bèl pawòl nou di ki gen cham kapab ouvri kè moun yo e yo ka fè moun yo ouvri pòt kay yo tou. Anplis de sa, lè n ap esplike moun yo kwayans nou, nou fè efò pou n sèvi ak Bib la. Konsa, nou montre se Bib la ki fè otorite e nou li ladan l depi sa posib. Nou rekonèt mesaj ki nan Bib la pi pisan lontan pase nenpòt sa n te ka di. — Ebre 4:12.

16, 17. a) Ki jan n ka montre nou pa prese fè kòlè epi nou rezonab? b) Ki jan n ka ret konsantre sou travay predikasyon an?

16 Nan lespri nou ak atitid nou. Lè n gen bon konprann sa ede n metrize lespri n e konsa nou pa “prese fè kòlè”. (Jak 1:19.) Lè yo ofanse n, nou fè efò pou n wè pi lwen pase pawòl yo di n oswa fason yo trete n. Lè n montre nou gen bon konprann nan fason sa a, sa ka ede n pou n pa fache epi pou n “pase sou fot moun”. (Pwo. 19:11, NW.) Bon konprann ede n aji yon fason rezonab tou. Konsa, nou fè efò pou n montre n reyalis nan sa n ap atann nan men kwayan parèy nou yo lè n sonje yo kapab ap fè fas ak yon seri difikilte nou pa fin byen konprann. Nou dispoze koute sa yo gen pou di e lè sa apwopriye nou respekte pwennvi yo. — Flp. 4:5.

17 Nan fason n ap viv. Antanke moun k ap suiv Jezi, nou rann nou kont pa gen pi gwo privilèj pase privilèj nou genyen pou n patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la. Nou kontinye nan vwayaj nou an lè n pran desizyon ki pèmèt nou ret konsantre sou travay predikasyon an. Nou chwazi bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi n epi n kontinye mennen yon vi senp yon fason pou n ka bay tout nou menm nan travay ki pi enpòtan an anvan lafen an vini. — Mat. 6:33; 24:14.

18. Ki jan n ka ret nan vwayaj k ap fè n jwenn delivrans lan, e ki detèminasyon w pran?

18 Èske n pa t kontan egzamine kèk nan bèl kalite Jezi genyen yo? Imajine byenfè n ka jwenn lè n etidye lòt kalite Jezi genyen yo epi n wè kòman nou ka pi byen imite Jezi. Kidonk, ann pran detèminasyon pou n suiv tras Jezi pye pou pye. Lè n fè sa, n ap ret nan vwayaj k ap fè n jwenn delivrans lan epi n ap vin pi pwòch Jewova, Moun Jezi te imite yon fason ki pafè a.

^ § 2 Yo te ekri pawòl nou jwenn nan 1 Pyè 1:8, 9 yo pou kretyen ki gen esperans pou viv nan syèl la. Sepandan, pawòl sa yo aplikab pou moun ki gen esperans pou viv sou tè a tou.

^ § 9 Pou n ka jwenn egzanp kèk moun ki te montre yo gen kouraj lè yo t ap soufri, gade Toudegad 1ye desanm 2000, paj 24-28, fransè; Réveillez-vous! 22 avril 2003, paj 18-21 ak Réveillez-vous! 22 janvye 1995, paj 11-15.