Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Prepare nasyon yo pou “ansèyman [...] Jewova a”

Prepare nasyon yo pou “ansèyman [...] Jewova a”

‘Administratè a vin kwè paske ansèyman l te tande sou Jewova a te frape l anpil.’ — TRA. 13:12.

1-3. Ki difikilte disip Jezi yo te jwenn pou yo rive preche bon nouvèl la “pami moun tout nasyon”?

TRAVAY Jezi Kris te konfye disip li yo pa t piti. Men ki lòd li te ba yo: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” Toutpandan yo t ap fè travay sa a, yo t ap rive “preche bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. — Mat. 24:14; 28:19.

2 Disip yo te renmen Jezi e yo te renmen bon nouvèl la. Sepandan, yo gendwa t ap mande tèt yo ki jan l t ap fè posib pou yo rive fè travay sa a. Dayè, disip yo pa t anpil. Moun yo t ap fè konnen ki se Pitit Gason Bondye a, anpalan de Jezi, te mouri. Yo te konsidere disip Jezi yo kòm ‘moun ki pa t fè gwo etid e ki òdinè’. (Tra. 4:13.) Disip yo te gen pou yo preche yon mesaj ki te depaman ak ansèyman gwo chèf relijye yo ki te etidye yon seri tradisyon ki la depi byen lontan. Yo pa t bay disip yo valè nan pwòp peyi yo. Epitou, ki sa nasyon Izrayèl la te reprezante devan kokennchenn Anpi women an?

3 Anplis de sa, Jezi te fè disip li yo konnen yo t ap rayi yo, yo t ap pèsekite yo e yo t ap touye kèk nan yo (Lik 21:16, 17). Yo t ap gen pou fè fas ak trayizon, fo pwofèt ansanm ak mechanste ki t apral ogmante (Mat. 24:10-12). Epitou, menmsi yo ta byen resevwa mesaj yo a toupatou, ki jan l t ap fè posib pou yo rive preche “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”? (Tra. 1:8.) Difikilte sa yo dwe te dekouraje yo!

4. Jis nan ki pwen disip nan premye syèk yo te reyisi nan travay predikasyon an?

4 Kèlkeswa enkyetid disip yo te ka genyen an yo te konsantre yo sou preche bon nouvèl la nonsèlman nan Jerizalèm ak nan Samari, men tou, pami tout nasyon ki te egziste nan epòk la. Byenke disip yo te fè fas ak anpil difikilte, nan anviwon 30 an sèlman yo te rive preche bon nouvèl la “tout kote anba syèl la” epi mesaj la te ‘pote fwi e l te kontinye grandi nan lemonnantye’. (Kol. 1:6, 23.) Pa egzanp, grasa sa apot Pòl te di ak sa l te fè pandan l te sou zile Chip la, gen yon administratè an chèf women ki rele Sèjiyis Polis ki te ‘vin kwè paske ansèyman l te tande sou Jewova a te frape l anpil’. — Li Travay 13:6-12.

5. a) Ki asirans Jezi te bay disip li yo? b) Ki sa kèk moun fè konnen lè yo konsidere sitiyasyon ki te egziste nan premye syèk la?

5 Disip Jezi yo te konnen yo pa t ap ka rive fè travay predikasyon an ak pwòp fòs yo. Jezi te fè yo konnen li t ap avèk yo epi lespri sen t ap ede yo (Mat. 28:20). Nan kèk aspè, sitiyasyon ki te egziste nan epòk la dwe te ede yo nan travay predikasyon Wayòm nan. Men sa yon liv fè konnen: “Sanble pa gen okenn epòk nan tout istwa lèzòm ki te pi bon pou resevwa Krisyanis la pase premye syèk epòk nou an. [...] Apati dezyèm syèk la, [...] kretyen yo te kòmanse fè konnen se Bondye ki te prepare monn nan pou Krisyanis la ki te gen pou vini.” — Evangelism in the Early Church.

6. Ki sa n pral egzamine a) nan atik sa a? b) nan atik ki vin apre a?

6 Jis nan ki pwen Bondye te sèvi ak pwogrè lèzòm te fè nan premye syèk la pou pèmèt travay predikasyon an gaye? Bib la pa di anyen sou sa. Men, yon bagay ki sèten sèke Jewova te vle pou yo preche bon nouvèl la alòske Satan li menm pa t vle sa. Nan atik sa a, nou pral konsidere kèk bagay ki petèt te fè l pi fasil pou travay predikasyon an fèt nan premye syèk la pase si l t ap fèt nan yon lòt epòk nan listwa lèzòm. Nan atik ki vin apre a, nou pral konsidere kèk pwogrè lèzòm fè nan epòk nou an ki ede n preche bon nouvèl la jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.

FASON PAX ROMANA A DWE TE EDE YO

7. Ki sa Pax Romana a te ye, e ki sa k fè l te espesyal?

7 Nan kèk aspè, Anpi women an te pote anpil byenfè pou kretyen yo nan premye syèk la. Pa egzanp, yo te gen Pax Romana oswa lapè women an. Kokennchenn Anpi women an te anpeche moun fè rebelyon anba dominasyon l lan. Jan Jezi te fè konn sa, pafwa, te konn gen “lagè [...] ak nouvèl sou lagè”. (Mat. 24:6.) Lame women an te detwi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an epi te konn gen batay toupre fwontyè anpi an. Men, te gen lapè nan tout zòn Meditèrane a pandan anviwon 200 an soti depi nan epòk Jezi a. Gen yon liv ki fè konnen: “Pa t janm gen yon epòk konsa nan listwa lèzòm kote lapè te blayi tout kote pandan tout tan sa a e pa janm gen yon epòk konsa ankò kote tout kantite moun sa yo ap viv anpè.”

8. Ki jan anbyans lapè ki te genyen an te pwofitab pou premye kretyen yo?

8 Men sa Orijèn, yon teyolojyen ki t ap viv nan twazyèm syèk la, te fè konnen: “Li te ka difisil anpil pou ansèyman Jezi a rive gaye toupatou sou tè a si te gen anpil wayòm [...] paske gason tout kote t ap gen obligasyon pou yo fè sèvis militè epi pou yo goumen pou pwòp peyi yo. [...] Donk, ki jan ansèyman sa a, yon ansèyman k ap ankouraje moun viv anpè e ki pa ankouraje mesye yo tire revanj sou ènmi yo, t ap rive jwenn bon rezilta si sitiyasyon monn nan pa ta chanje toupatou epi moun yo pa ta vin gen tanperaman dou anvan Jezi vini?” Pwoklamatè Wayòm nan te jwenn pèsekisyon nan tout Anpi women an, men, yo te renmen fè lapè e sanble yo te byen pwofite anbyans lapè ki te egziste nan epòk la. — Li Women 12:18-21.

FASON POSIBLITE POU MOUN VWAYAJE BYEN FASIL LA TE EDE YO

9, 10. Ki sa k fè l te fasil pou disip yo vwayaje nan Anpi women an?

9 Kretyen yo te byen sèvi ak wout women yo te fè yo. Pou gouvènman women an te bay moun li t ap dirije yo sekirite epi pou l te gen kontwòl yo, li te tabli yon lame ki te djanm e ki te efikas anpil. Pou twoup ki nan lame a te ka deplase byen rapid, li te nesesè pou te gen bon wout e women yo te fò nan bati wout. Enjenyè women yo te konstwi plis pase 80 000 kilomèt wout ki te mennen nan prèske tout pwovens. Wout sa yo te pase nan forè, nan mitan dezè ak nan mòn.

10 Anplis pakèt wout women yo te konstwi yo, te gen posiblite pou moun fè anviwon 27 000 kilomèt ap vwayaje sou rivyè ak kanal. Bato women yo te konn suiv anviwon 900 wout sou lanmè ki te mennen nan plizyè santèn waf. Konsa, kretyen yo te ka vwayaje toupatou nan Anpi women an. Se vre te gen anpil difikilte pou fè vwayaj sa yo, men, apot Pòl ak lòt kretyen yo te ka vwayaje toupatou nan Anpi women an san paspò ak viza. Pa t gen zafè imigrasyon ak zafè dwàn. Moun ki pa respekte lalwa yo te pè pou women yo pa pini yo, konsa, te prèske pa gen danje sou wout yo. Se te menm bagay la tou pou vwayaj sou lanmè yo paske bato women yo te konn siyonnen lanmè a pou kouri dèyè pirat. Byenke batiman te fè nofraj ak Pòl plizyè fwa epi l te rankontre anpil danje sou lanmè, Ekriti yo pa di egzakteman si se akoz pirat li te jwenn pwoblèm nan vwayaj sa yo. — 2 Kor. 11:25, 26.

FASON LANG NAN TE EDE YO

Li te pi fasil pou jwenn yon vèsè grasa yon kodèks. (Gade paragraf 12.)

11. Poukisa disip yo te sèvi ak lang grèk la?

11 Lang moun yo te plis pale nan epòk la, ki se lang grèk koyinè a, te pèmèt gen bon kominikasyon ak inite nan kongregasyon kretyen yo. Etandone Aleksann Legran te anvayi yon pakèt peyi, lang grèk la te vin gaye toupatou e moun yo te konprann li. Konsa, sèvitè Bondye yo te ka pale ak tout kalite moun e sa te ede yo gaye bon nouvèl la. Mete sou sa, Juif ki t ap viv ann Ejip yo te tradui Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk. Moun yo te abitye ak vèsyon Septant lan e premye disip Kris yo te alèz pou yo sèvi avè l. Anplis de sa, kretyen yo te wè l pi bon pou yo te ekri nan lan grèk la. Li te gen anpil vokabilè epi l te chaje ak yon seri ekspresyon ki te itil anpil lè yo t ap esplike bagay espirityèl yo.

12. a) Ki sa kodèks la ye, e nan ki sans li te pi bon pase yon woulo? b) Ki lè kretyen yo te kòmanse sèvi toupatou ak kodèks la?

12 Ki fason kretyen yo te konn sèvi ak Ekriti yo nan travay predikasyon an? Woulo yo te anbarase yo anpil paske yo te oblije woule yo dewoule yo epi, dabitid pachemen yo te konn ekri nan yon sèl bò. Levanjil Matye a poukont pa l te ka pran yon woulo ann antye. Men, annapre te vin gen kodèks la ki se premye fòm liv ki te egziste. Yon kodèks te yon pakèt paj yo te met ansanm. Yon lektè te ka ouvè yon kodèks pou l jwenn yon pasaj nan Ekriti yo byen fasil. Byenke nou pa konnen egzakteman ki lè kretyen yo te kòmanse sèvi ak kodèks la, gen yon liv ki fè konnen: “Kretyen yo te tèlman sèvi ak kodèks la toupatou nan dezyèm syèk la opwen nou panse moun te kòmanse sèvi avè l byen lontan anvan ane 100 apre Jezi Kris.”

FASON LWA WOMEN AN TE EDE YO

13, 14. a) Ki fason Pòl te sèvi ak sitwayènte women l te genyen an? b) Ki fason lwa women an te pwofitab pou kretyen yo?

13 Moun toupatou nan Anpi women an te respekte lwa women an epi sitwayen women yo te jwi anpil dwa ak anpil pwoteksyon. Pòl te sèvi ak sitwayènte women l te genyen an nan plizyè okazyon. Pandan yo t apral bat apot la nan Jerizalèm, apot la te mande yon ofisye women: “Èske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa kondane?” Yo pa t gen dwa sa. Lè Pòl te fè konnen li fèt antanke sitwayen women, “moun ki t apral bat li pou fè l pale yo [te] retire kò yo bò kote l. Ata kòmandan an te pè lè l vin aprann se yon sitwayen women li te fè mare nan chenn nan”. — Tra. 22:25-29.

14 Antanke yon sitwayen ki t ap viv anba lwa women an, sitwayènte sa a te pwoteje Pòl pandan l te nan vil Filip (Tra. 16:35-40). Administratè vil Efèz la te fè referans ak kòd lwa women an apre l te fin kalme yon foul ki te an kòlè (Tra. 19:35-41). Lefètke Pòl te sèvi ak dwa l te genyen an pandan l te nan vil Sezare sa te ba l posiblite pou l defann lafwa l devan Seza (Tra. 25:8-12). Konsa, lwa women an te bay kretyen yo posiblite pou yo “defann bon nouvèl la [epi] fè rekonèt li devan lajistis”. — Flp. 1:7.

EFÈ SA TE GENYEN LEFÈTKE JUIF YO TE GAYE TOUPATOU

15. Jis nan ki pwen Juif yo te gaye toupatou nan premye syèk la?

15 Nan kèk aspè, kretyen yo dwe te twouve l fasil pou yo fè travay predikasyon yo a paske gen anpil Juif ki te gaye toupatou nan Anpi women an. Plizyè syèk anvan sa, Asiryen yo te mennen anpil Juif kòm prizonye nan peyi yo epi Babilonyen yo te fè sa tou annapre. Apati kòmansman senkyèm syèk anvan epòk nou an, gen anpil Juif ki t ap viv nan 127 pwovens nan Anpi pès la (Estè 9:30). Lè Jezi te sou tè a, gen anpil Juif ki t ap viv ann Ejip ansanm ak kèk lòt kote ann Afrik dinò, Lagrès, Azi minè ak Mezopotami. Selon sa yo fè konnen te gen 60 000 000 moun ki t ap viv nan Anpi women an e sou chak 14 moun te gen anviwon yon Juif. Kèlkeswa kote Juif yo te ale a yo te mennen relijyon yo a avèk yo. — Mat. 23:15.

16, 17. a) Nan ki sans anpil moun ki pa Juif te jwenn byenfè lefètke Juif yo te gaye toupatou? b) Ki abitid Juif yo te genyen disip yo te vin adopte?

16 Lefètke Juif yo te gaye toupatou konsa gen anpil moun ki pa Juif ki te vin abitye ak Liv ki te ekri ann ebre yo. Yo te vin aprann gen yon sèl vrè Dye epi moun k ap sèvi vrè Dye sa a dwe obeyi lwa ak prensip li yo. Mete sou sa, Liv ki te ekri ann ebre yo te chaje ak pwofesi ki pale konsènan Mesi a (Lik 24:44). Ni Juif yo ni kretyen yo te konnen Liv ki te ekri ann ebre yo se te Pawòl Bondye te fè ekri a, sa ki te fè l posib pou Pòl rive antann li ak moun ki te renmen sa ki jis yo sou kèk pwen yo te dakò sou yo. Konsa, apot la te gen abitid antre nan sinagòg Juif yo pou l rezone avèk yo sou Ekriti yo. — Li Travay 17:1, 2.

17 Juif yo te tabli yon fason pou yo adore Jewova. Yo te konn reyini regilyèman nan sinagòg yo oswa lòt kote. Yo te konn chante, priye epi pale sou Ekriti yo. Jodi a kongregasyon kretyen yo suiv menm modèl sa a.

SA RIVE POSIB GRASA ÈD JEWOVA

18, 19. a) Ki sa sitiyasyon ki te egziste nan premye syèk la te fè vin posib? b) Ki santiman enfòmasyon nou sot egzamine la yo fè w genyen konsènan Jewova?

18 Kidonk, gen yon pakèt bèl sikonstans ki te pèmèt travay predikasyon bon nouvèl la rive fèt. Pax Romana a, posiblite ki te genyen pou moun vwayaje pi fasil la, lang moun yo te pale tout kote a ansanm ak gaye Juif yo te gaye toupatou a te ede disip Jezi yo pou yo rive fè travay predikasyon Bondye te konfye yo a.

19 Men sa filozòf grèk ki rele Platon an te ekri kat syèk anvan Jezi te vin sou tè a nan youn nan liv literè l yo: “Li t ap difisil anpil pou yon moun ta rive jwenn moun ki fè e ki papa linivè sa a nou ladan l lan, e menmsi nou ta rive jwenn li, li t ap enposib pou n pale de li ak tout moun.” Sepandan, men sa Jezi te di: “Bagay ki enposib pou lèzòm posib pou Bondye.” (Lik 18:27). Kreyatè linivè a vle pou moun yo rive jwenn li e pou yo rive konnen l. Anplis de sa, Jezi te mande disip li yo pou yo “fè disip pami moun tout nasyon”. (Mat. 28:19.) Grasa èd Jewova Dye, li posib pou n rive fè travay sa a. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan travay sa a ap fèt nan epòk nou an.