Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ap dirije travay ansèyman n ap fè sou tè a

Jewova ap dirije travay ansèyman n ap fè sou tè a

“Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan, Sila k ap fè w mache sou wout ou dwe mache a.” — IZA. 48:17, NW.

1. Ki difikilte kretyen nan epòk nou an te rankontre pou yo fè travay predikasyon an?

ETIDYAN Labib * ki t ap viv nan fen 19yèm syèk ak nan kòmansman 20yèm syèk la te fè fas ak anpil difikilte. Menm jan ak kretyen nan premye syèk la, yo t ap preche yon mesaj ki pa t enterese anpil moun. Yo pa t anpil epi, an jeneral, moun nan monn nan te konsidere yo kòm moun ki pa t fè gwo etid. Anplis de sa, rive yon lè, yo t ap gen pou fè fas ak Satan Ledyab ki t ap vin “an kòlè anpil”. (Rev. 12:12.) Epi, yo t ap gen pou yo fè travay predikasyon yo a nan “dènye jou yo”, yon epòk kote tan yo t ap ‘di, yo t ap difisil pou moun sipòte’. — 2 Tim. 3:1.

2. Ki sa Jewova fè pou l pèmèt travay predikasyon an kontinye vanse nan epòk nou an?

2 Objektif Jewova se pou pèp li a nan epòk nou an preche bon nouvèl la yon fason ki potko janm fèt anvan sa e pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif sa a. Menm jan l te delivre nasyon Izrayèl tan lontan an anba men Babilonyen yo, konsa tou, Jewova te delivre sèvitè l yo k ap viv nan epòk nou an anba men “Gran Babilòn nan” ki reprezante tout fo relijyon yo (Rev. 18:1-4). Li anseye nou pou byen nou, li fè nou viv anpè e l ede nou pataje ansèyman l lan ak lòt moun. (Li Izayi 48:16-18.) Sepandan, sa pa vle di Jewova ap sèvi ak kapasite l genyen an pou l konn tout bagay k ap fèt sou tè a alavans epi annapre pou l enfliyanse bagay sa yo yon fason pou l pèmèt travay predikasyon Wayòm nan kontinye vanse. Se vre gen kèk sitiyasyon ki pèmèt travay bay temwayaj la kontinye vanse, men, se sèlman grasa èd Jewova nou rive andire anba kèk pwoblèm tankou pèsekisyon ansanm ak lòt pwoblèm ankò ki fè l difisil pou n rive fè travay nou an nan monn sa a ki anba pouvwa Satan. — Iza. 41:13; 1 Jan 5:19.

3. Ki fason “vrè konesans lan” te vin anpil?

3 Jewova te enspire pwofèt Dànyèl pou l pale konsènan “vrè konesans lan” (NW) ki t ap gen pou l vin anpil nan tan lafen an. (Li Dànyèl 12:4.) Jewova te ede Etidyan Labib yo konprann verite fondamantal ki nan Ekriti yo, yon seri verite doktrin lakretyente yo te anpeche moun konprann depi lontan. Kounye a, Jewova ap sèvi ak pèp li a pou l gaye vrè konesans lan sou tout tè a. Jodi a, n ap viv akonplisman pwofesi Dànyèl la. Gen prèske 8 000 000 moun ki aksepte verite ki nan Bib la e k ap pataje verite sa a sou tout tè a. Ki bagay konsa ki fè l posib pou n rive fè travay sa a sou tout tè a?

FASON TRADIKSYON LABIB EDE NOU

4. Jis nan ki pwen yo te tradui Bib la nan 19yèm syèk la?

4 Lefètke anpil moun vin gen posiblite pou posede yon Bib sa fè l vin pi fasil pou n preche bon nouvèl la. Pandan plizyè syèk, klèje lakretyente yo pa t ankouraje moun li Labib e yo te opoze ak sa, yo te menm responsab lanmò kèk nan moun ki te tradui l yo. Sepandan, pandan 19yèm syèk la, sosyete biblik yo te pèmèt Bib la vin disponib ann antye oswa an pati nan anviwon 400 lang. Rive nan fen 19yèm syèk la, gen anpil moun ki te posede pwòp bib yo, men, yo pa t gen konesans egzak sou ansèyman ki nan Ekriti yo.

5. Ki sa Temwen Jewova yo fè pou tradui Labib?

5 Etidyan Labib yo te konnen yo dwe preche, e yo te kontinye esplike sa Bib la anseye yo san rete. Anplis de sa, pèp Jewova a te konn sèvi ak plizyè tradiksyon Labib e yo te konn distribye yo. Depi ane 1950, yo te kòmanse distribye Tradiksyon monn nouvo a ann antye oswa an pati nan plis pase 120 lang. Bib Tradiksyon monn nouvo revize ki te parèt ann anglè nan ane 2013 la pral fè l vin pi fasil pou yo tradui l nan lòt lang. Kòm rezilta, lè n sèvi ak yon tradiksyon Labib ki byen klè e ki fasil pou moun li, sa ede n fè travay predikasyon nou an.

FASON PERYÒD LAPÈ YO EDE NOU

6, 7. a) Jis nan ki pwen te gen lagè nan epòk nou an? b) Nan peyi ki konn plizoumwen gen lapè yo, ki jan sa te pwofitab pou travay predikasyon an?

6 Ou kapab ap mande tèt ou: ‘Èske te janm gen lapè nan monn nan vre?’ Pa egzanp, nan 20yèm syèk la gen plizyè milyon moun ki te pèdi lavi yo akoz lagè sitou pandan de gè mondyal yo. Sepandan, toutpandan Dezyèm Gè mondyal la t ap fè ravaj nan ane 1942, Nathan Knorr ki te pran latèt pami Temwen Jewova yo te bay yon diskou kongrè ki te gen tit: “Èske lapè a ap dire?” Nan diskou sa a, li te bay yon seri prèv ki soti nan chapit 17 liv Revelasyon an ki montre gè ki t ap fè raj la pa t ap mennen nan Amagedòn, men, li t apral debouche sou yon peryòd lapè. — Rev. 17:3, 11.

7 Pa t janm gen yon lapè total vre apre Dezyèm Gè mondyal la. Selon sa yon rapò fè konnen, soti nan ane 1946 pou rive nan ane 2013, te gen 331 konfli kote gen lame ki t ap goumen youn ak lòt. Gen plizyè milyon moun ki te mouri. Sepandan, pandan ane sa yo te plizoumwen gen lapè nan anpil peyi e pèp Jewova a te pwofite sitiyasyon sa a pou yo preche bon nouvèl la. Ki rezilta sa te bay? Nan ane 1944, te gen mwens pase 110 000 pwoklamatè Wayòm nan sou tout tè a. Jodi a, gen anviwon 8 000 000! (Li Izayi 60:22.) Èske n pa kontan lè n ka preche bon nouvèl la nan peryòd lapè?

FASON POSIBLITE POU MOUN VWAYAJE BYEN FASIL LA EDE NOU

8, 9. Ki pwogrè ki rive fèt nan zafè transpò, e ki fason pwogrè sa yo ede n nan travay nou an?

8 Pwogrè ki rive fèt nan zafè transpò yo pèmèt nou rive fè travay predikasyon an tou. Nan ane 1900, anviwon 21 an apre yo te fin enprime premye nimewo Toudegad la, yo te anrejistre 8 000 machin sèlman nan tout peyi Etazini, epi se kèk santèn kilomèt wout ki bon sèlman ki te genyen. Jodi a, yo anrejistre plis pase yon milya edmi machin ansanm ak plizyè milyon kilomèt wout ki bon nan monn nan. Machin yo ansanm ak wout yo pèmèt anpil nan nou rive pote bon nouvèl la bay moun k ap viv nan zòn ki lwen yo. Sepandan, menm lè n pa gen anpil mwayen transpò epi n dwe mache byen lwen, nou fè tout sa k nesesè pou n rive fè disip. — Mat. 28:19, 20.

9 Gen anpil lòt fason moun vwayaje ki ede n nan travay nou an tou. Pa egzanp, kamyon yo, bato yo ak tren yo fè l posib pou n voye piblikasyon ki baze sou Bib la nan zòn ki vrèman lwen yo nan kèk semèn sèlman. Avyon yo pèmèt siveyan sikonskripsyon yo, manm Komite filyal yo, misyonè yo ansanm ak lòt moun ankò vwayaje byen vit pou y al nan kongrè oswa pou y al ranpli lòt asiyasyon teyokratik. Mete sou sa, frè yo nan Kolèj santral la ansanm ak lòt frè k ap sèvi nan Syèl mondyal la konn pran avyon pou y al nan plizyè peyi pou yo ankouraje epi anseye kwayan parèy yo. Konsa, pwogrè ki fèt nan zafè transpò yo ede n gen inite nan mitan pèp Jewova a. — Sòm 133:1-3.

FASON LANG YO EDE NOU

10. Ki sa k fè n ka di anglè se yon lang entènasyonal?

10 Nan premye syèk la, anpil moun te konn pale lang grèk koyinè a nan Anpi women an. Jodi a, èske gen yon lang yo pale plizyè kote sou tè a? Anpil moun t ap di se anglè. Gen yon liv (English as a Global Language) ki fè konnen: “Gen anviwon yon ka nan popilasyon mondyal la ki deja byen konn pale anglè oswa ki konprann anglè.” Anglè se lang etranje moun plis aprann e l se lang yo plis itilize nan domèn entènasyonal nan kesyon komès, politik, lasyans ak teknoloji.

11. Nan ki sans lang anglè a jwe yon wòl nan ede adorasyon ki pwòp la kontinye vanse?

11 Lefètke se toupatou yo sèvi ak lang anglè a sa pèmèt adorasyon ki pwòp la kontinye vanse. Pandan plizyè ane, toudabò se ann anglè yo te konn enprime Toudegad ansanm ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la. Li se lang yo itilize nan Syèj mondyal Temwen Jewova yo. Epi, an jeneral, yo sèvi avè l lè y ap anseye etidyan yo nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk, Ozetazini.

12. Jis nan ki pwen sèvitè Jewova yo rive tradui piblikasyon ki baze sou Bib la, e ki fason pwogrè ki fèt nan domèn teknoloji yo rann sa posib?

12 Etandone nou gen privilèj pou n preche bon nouvèl Wayòm nan nan tout nasyon, nou tradui piblikasyon nou yo nan anviwon 700 lang. Pwogrè ki fèt nan zafè òdinatè ak pwogram òdinatè, sa ki gen ladan l devlopman yon pwogram ki rele MEPS (Système électronique d’édition multilingue), te ede n nan gwo travay sa a. Pwogrè sa yo ede n gaye mesaj Wayòm nan e l ede n rete ini toupatou nan monn nan. Men, nou sitou ini paske n pale lang ki pi enpòtan an, anpalan de “lang pwòp” (NW) nou jwenn nan verite ki nan Ekriti yo. — Li Sefànya 3:9.

FASON LWA PEYI YO EDE NOU

13, 14. Ki fason kretyen k ap viv nan epòk nou an jwenn byenfè grasa lwa yo ansanm ak desizyon tribinal yo?

13 Jan nou te remake sa nan atik ki vin anvan an, premye kretyen yo te jwenn byenfè grasa lwa women an ki te an vigè nan tout anpi a. Menm jan an tou, kretyen k ap viv jodi a pwofite dispozisyon lalwa met anplas yo. Pa egzanp, nan peyi Etazini, peyi kote Syèj mondyal nou an ye a, konstitisyon an garanti libète relijyon, libète lapawòl ak libète pou moun fè rasanbleman. Konsa, sa bay frè k ap viv Ozetazini yo libète pou yo reyini pou pale sou Bib la san pwoblèm epi pou yo pataje sa yo aprann yo ak lòt moun. Sepandan, pafwa, nou konn bezwen al devan tribinal pou n defann libète nou genyen pou n jwi kèk dwa (Flp. 1:7). Nan peyi Etazini, lè kèk moun rele pèp Jewova a lajistis, byen souvan, frè yo konn mennen ka a devan pi gwo tribinal peyi a yon fason pou yo defann dwa yo genyen pou pwoklame Wayòm nan.

14 Nou konn defann libète nou genyen pou n adore a ansanm ak dwa nou genyen pou n preche an piblik la nan tribinal ki nan lòt peyi yo tou. Gen kèk peyi kote nou konn pèdi kèk ka devan tribinal, men, nou konn mennen ka sa yo devan tribinal entènasyonal yo. Pa egzanp, nan mwa jen 2014 Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan te pran desizyon an favè nou nan 57 ka alòske tout nasyon ki nan Konsèy ewopeyen an pa t pran desizyon an favè nou nan ka sa yo. Menm lè “tout nasyon [yo] rayi” nou, nan anpil peyi tribinal yo konn pran desizyon ki ban n dwa pou n pratike vrè adorasyon an. — Mat. 24:9.

FASON KÈK LÒT BAGAY EDE NOU NAN TRAVAY ANSÈYMAN AN

Nou pwodui piblikasyon ki baze sou Bib la pou moun toupatou sou tè a.

15. Ki pwogrè yo te fè nan zafè enprimri, e ki fason pwogrè sa yo te ede nou?

15 Pwogrè ki fèt nan zafè enprimri ede travay predikasyon bon nouvèl la fèt nan lemonnantye. Pandan plizyè syèk, metòd pou enprime Johannes Gutenberg te envante ozanviwon ane 1450 lan te prèske pa chanje. Sepandan, pandan de syèk ki sot pase yo, gen yon seri chanjman remakab ki te fèt nan zafè enprimri a. Machin pou enprime yo vin pi gwo, pi rapid e pi sofistike. Zafè pwodui papye ansanm ak relye liv vin koute mwens kòb. Enprimant sofistike ki sèvi ak plak pou enprime yo vin ranplase metòd enpresyon lèt la sa ki fè pwodiksyon an vin pi rapid e sa amelyore kalite imaj yo. Ki efè tout bagay sa yo genyen sou travay nou an? Fè yon ti reflechi: Yo te enprime 6 000 Toudegad nan premye nimewo Toudegad ki te parèt la (an jiyè 1879), li pa t gen okenn imaj e yo te enprime l nan lang anglè sèlman. Jodi a, sa vle di 136 an annapre, yo enprime epi distribye plis pase 50 000 000 nan chak nimewo Toudegad. Li gen yon pakèt bèl imaj an koulè epi l disponib nan plis pase 200 lang.

16. Ki bagay nasyon yo envante ki te ede n preche sou tout tè a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

16 Ann konsidere kèk bagay yo te envante pandan 200 ane ki sot pase yo pèp Bondye a te itilize pou preche bon nouvèl la. Nou te pale konsènan tren, machin ak avyon, men tou, te gen bisiklèt, machin a tape, machin pou ekri an bray, machin pou voye telegram, telefòn, kamera, aparèy pou fè anrejistreman odyo ak videyo, radyo, televizyon, fim, òdinatè ak Entènèt. Bagay sa yo ede n nan travay fè disip la nan anpil domèn. Nan akonplisman pwofesi ki fè konnen pèp Jewova a t ap gen pou l “tete lèt nasyon yo” (NW), avèk sajès, nou sèvi ak bagay nasyon yo envante yo tankou teknoloji modèn yo yon fason pou n pwodui Bib la ansanm ak piblikasyon ki baze sou Bib la nan anpil lang. — Li Izayi 60:16.

17. a) Ki sa prèv nou genyen yo montre? b) Ki sa k fè Jewova pèmèt nou vin “konpayon travay” li?

17 Sa klè, nou gen bonjan prèv ki montre Bondye beni nou. Nòmalman, Jewova pa konte sou èd nou pou l akonpli objektif li. Sepandan, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an pèmèt nou vin “konpayon travay” li, konsa, li ban n posiblite pou n demontre lanmou nou gen pou li ak lanmou nou gen pou pwochen nou (1 Kor. 3:9; Mak 12:28-31). Kidonk, ann pwofite tout okazyon nou jwenn pou n preche mesaj Wayòm nan ki se travay ki enpòtan k ap fèt sou tè a. Epi, ann montre nou rekonesan anvè Jewova dèske l ap dirije travay ansèyman n ap fè sou tè a epi l beni travay sa a!

^ § 1 Nan ane 1931, Etidyan Labib yo te vin pote non Temwen Jewova a. — Iza. 43:10.